Doktrin ak Alyans 2021
20–26 Septanm. Doktrin ak Ak Alyans 106—108: “Pou Gen Syèl yo Louvri”


“20–26 Septanm. Doktrin ak Alyans 106–108: ‘Pou Gen Syèl yo Louvri,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“20–26 Septanm. Doktrin ak Alyans 106–108,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
solèy ka p klere nan mitan nyaj

20–26 Septanm.

Doktrin ak Alyans 106–108

“Pou Gen Syèl yo Louvri”

Èldè Ulisses Soares te anseye: “Nou bezwen demere nan [Sovè a], plonje tèt nou nan ekriti yo, rejwi nan yo, aprann doktrin ni an epi fè efò pou viv jan L te viv la.” (“Kijan m ka Konprann?Ensign oubyen Lyawona, Me 2015, 7). Pandan wap plonje tèt ou nan Doktrin ak Alyans 106–8 la, ekri fason w ka efòse w pou w viv verite w dekouvri yo.

Ekri enpresyon ou

Sou premye koudèy, Doktrin ak Alyans 107 la ka sanble l pale sèlman de òganizasyon ofis prètriz yo pou kreye yon lidèchip pou Legliz Senyè a. Anfèt, nan moman revelasyon sa te pibliye a, kantite manm yo nan Legliz la te deja depase kapasite kèk grenn dirijan ki te genyen yo nan moman sa a. Konsa, souliye wòl ak responsablite Premye Prezidans lan, Kolèj Douz Apot yo, Swasanndis yo, evèk yo, ak prezidans kowòm yo te siman bagay ki te nesesè ak itil. Men gen plis toujou nan enstriksyon diven ki nan seksyon 107 la pase jis fason pou òganize ofis ak kowòm yo nan prètriz la. La a, Senyè a anseye nou sou yon lòd prètriz ki te “enstitye nan epòk Adan an” (vèsè 41). Objektif li depi nan kòmansman an sete pou rann posib pou pitit Bondye yo—enkli oumenm—resevwa òdonans sali yo nan levanjil la epi jwi “tout benediksyon espirityèl yo nan legliz la—pou yo ka gen privilèj pou yo resevwa mistè wayòm selès yo, [epi] pou syèl yo ka ouvri pou yo” (vèsè 18–19).

Gade “Rétablir l’ordre ancien,” Révélations dans leur contexte, 208–12.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 106108

Senyè a enstwi, ankouraje, ak sipòte moun Li aple pou sèvi yo.

Nan Doktrin ak Alyans 106 ak 108, Senyè a te bay konsèy ak pwomès pou de manm ki te resevwa apèl pou yo te sèvi nan legliz la. Ki fraz nan revelasyon sa yo ki ofri ankourajman ak ide konsènan pwòp sèvis pa ou nan wayòm Bondye a? Men de pou w konsidere:

Ki lòt fraz nan seksyon 106 ak 108 yo ki gen enpòtans pou ou?

Gade tou nan Russell M. Nelson, “Sèvis pastoral avèk Pouvwa ak Otorite Bondye,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2018, 68-75; “Warren Cowdery,” Révélations dans leur contexte 219–23; “‘Poussé par l’Esprit’ à rechercher une révélation,” Révélations dans leur contexte, 224–28.

Doktrin ak Alyans 107

Senyè a dirije Legliz Li a atravè otorite prètriz la.

Pandan w t ap etidye Retablisman levanjil la, ou pwobableman te remake ke Senyè a dabitid pa eksplike yon doktrin totalman nan yon revelasyon. Okontrè, Li revele bagay yo “liy apre liy” (Doktrin ak Alyans 98:12) lè sikonstans yo mande sa. Malgre Senyè avan sa te bay enstriksyon konsènan prètriz la byen bonè depi 1829 (gade nan, paegzanp, seksyon 20 ak 84), Li te bay enstriksyon adisyonèl pou Sen yo an 1835 konsènan ofis spesifik yo bezwen nan prètriz la pou gouvène ak gide twoupo L la ki t ap grandi a.

Pandan w ap li konsènan ofis prètriz sa yo, panse sou fason w ka soutni moun k ap sèvi nan apèl sa yo pa “konfyans, lafwa, ak priyè ou” (Doktrin ak Alyans 107:22).

Doktrin ak Alyans 107:1–20

Òdonans prètriz yo founi benediksyon espirityèl ak tanporèl pou tout pitit Pè Selès la.

Èldè Neil L. Andersen te anseye: “Pètriz la se pouvwa ak otorite Bondye bay pou sali ak benediksyon tout moun—gason, fi, ak timoun. … Si nou diy, òdonans prètriz yo ka anrichi lavi nou epi prepare nou pou pwomès mayifik yo nan mond k ap vini an” (“Povwa nan Prètriz la,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2013, 92). Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 107:1–20 an (gade espesyalman nan vèsè 18–20) ak rès mesaj Èldè Andersen nan, panse pou w ekri enpresyon w resevwa yo sou fason pouvwa Bondye anrichi lavi ou sou tè a epi prepare w pou letènite. Kisa w ap fè pou w ka pi totalman resevwa—epi ede lòt moun resevwa—benediksyon sa yo?

Gade tou nan Doktrin ak Alyans 84:19–27; Dallin H. Oaks, “Kle yo ak Otorite nan Prètriz la,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2014, 49–52.

Doktrin ak Alyans 107:41–57

Prètriz la beni fanmi yo.

Adan te vle pou posterite li te beni pa prètriz la. Ki pwomès li te resevwa? (gade nan vèsè 4255). Pandan w ap li konsènan sa Adan te fè, anvizaje pwòp dezi pa w pou fanmi ou jwi benediksyon prètriz yo. Kisa w santi w enspire pou w fè pou ede fanmi ou resevwa benediksyon sa yo?

Imaj
Adan k ap beni data-posterite li

Adan k ap Beni Posterite Li, pa Clark Kelley Price

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 106:6.Kisa fanmi nou fè pou nou ka gen “lajwa nan syèl la”?

Doktrin ak Alyans 107:22.Kisa nou ap fè pou nou sipòte dirijan nou yo “atravè … konfyans, lafwa, ak priyè”?

Doktrin ak Alyans 107:27–31, 85Prensip ki gide konsèy yo nan Legliz la ka ede nou tou lè n ap fè konsèy ansanm antanke yon fanmi. Ki prensip nan vèsè sa yo nou ka aplike pou konsèy familyal nou yo? (Gade M. Russell Ballard, “Konsèy Familyal,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2016, 63–65.)

Doktrin ak Alyan 107:99–100Bay yon manm nan fanmi an enstriksyon alekri pou yon tach nan kay la, epi envite li pou l chwazi fason pou l ranpli tach la: avèk dilijans, avèk parès, oubyen san l pa li enstriksyon yo. Kite rès fanmi an obsève li k ap egzekite tach la epi devine ki apwòch manm fanmi sa a te chwazi. Apresa fè lòt manm fanmi yo pran tou pa yo. Poukisa Senyè a vle pou nou alafwa aprann devwa nou epi akonpli yo avèk dilijans? (Gade Becky Craven, “Atansyone oswa neglijan,” Ensign oswa Liahona, Me 2019, 9–11.)

Doktrin ak Alyans 108:7Kouman nou youn ka fòtifye lòt nan konvèsasyon nou? nan priyè nou?nan egzòtasyon nou, oubyen ankourajman nou? nan tout sa n ap fè? Ou ka chwazi youn nan bagay sa yo pou travay sou li antanke yon fanmi.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Viens écouter la voix de Dieu,” Cantiques, no. 12.

Amelyore etid pèsonèl nou

Ekri enpresyon ou. Lè w resevwa enpresyon oubyen ide espirityèl yo, ekri yo. Lè w fè sa, ou montre Senyè a ke w bay direksyon L yo valè . (Gade Anseye nan fason Sovè a, 12,30.)

Imaj
Mèlkisedèk beni Abraram

Mèlkisedèk beni Abraram, pa Walter Rane