Doktrin ak Alyans 2021
6–12 Septanm. Doktrin ak Alyans 98–101: “Rete trankil epi Konnen M se Bondye”


“6–12 Septanm. Doktrin ak Alyans 98–101: ‘Rete trankil epi Konnen M se Bondye,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“6–12 Septanm. Doktrin ak Alyans 98–101,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Sen yo k ap kouri devan popilas

C. C. A. Christensen (1831–1912), Moun k ap chase Sen yo soti nan Konte Jackson nan Missouri, c. 1878, penti sou twal mouslin, 77 ¼ × 113 pous. Mize Atistik Inivèsite Brigham Young, kado pitit pitit C. C. A. Christensen yo, 1970

6–12 Septanm

Doktrin ak Alyans 98–101

“Rete trankil epi konnen m se Bondye”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 98–101 an, pote atansyon a panse ak enpresyon ki vini yo. Nan ki fason lè w suiv yo sa ka ede w vin tounen moun Bondye vle w ye a?

Ekri enpresyon ou

Pou Sen an 1830 yo, Independence, Missouri te literalman tè pwomiz la. Sete “plas santral” Siyon (gade nan Doktrin ak Alyans 57:3)—vil Bondye sou tè a—ke yo te fè anpil sakrifis pou yo te bati a. Pou yomenm, rasanbleman Sen yo nan kote sa a sete yon kòmansman glorye yo te antisipe pou Dezyèm Vini Jezikri a. Men, lòt moun nan vwazinaj yo te wè sa nan yon fason diferan. Yo te enkyete akoz bri ki t ap kouri pou di ke Bondye te bay Sen yo peyi a, epi yo pa t santi yo konfòtab avèk konsekans politik, ekonomik, ak sosyal yon bann moun nan yon relijyon yo pa t menm konnen ki te vin abite nan zòn nan osi rapidman. Byento, enkyetid sa yo te vin tounen menas, epi menas yo te vin tounen pèsekisyon ak vyolans. An jiyè 1833, yo te detwi biwo enprimri Legliz la, epi an Novanm Sen yo te oblije abandone kay yo nan Jakson County, Missouri.

Joseph Smith te nan yon distans plis pase 800 kilomèt nan Kirtland, epi sa te pran plizyè semèn pou l te resevwa nouvèl sa yo. Men, Senyè a te konnen sa k t ap pase ,epi l te revele Pwofèt li a prensip lapè ak ankourajman ki t ap rekonfòte Sen yo—prensip ki ka ede nou tou lè nou devan pèsekisyon, lè bon dezi nou yo pa akonpli, oubyen lè nou bezwen sonje ke afliksyon n ap travèse chak jou yo ap vin “travay ansanm pou byen [nou]” alafen (Doktrin ak Alyans 98:3).

Gade Les Saints, 1:171–93; “L‘attente de la parole de Dieu,” Révélations dans leur contexte, 196–201.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 98:1–3, 11–14; 101:1–16

Eprèv mwen yo ka travay pou byen m.

Se nou ki lakoz kèk nan afliksyon nou yo pa chwa ke nou fè. Gen kèk lòt ki rive akoz chwa lòt moun. Epi kèkfwa, pa gen pèson pou n blame—move bagay ka rive kanmèm. Kèlkeswa koz la, advèsite ka ede nan akonpli objektif diven. Pandan w ap li sa Senyè a te di konsènan kalamite Sen yo nan Doktrin ak Alyans 98:1-3. 11-14 ak ,101, 1-16, kisa w jwenn ki ka ede w nan eprèv ou w yo? Kouman vèsè sa yo ka enfliyanse fason w difikilte w ap fè fas yo? Medite sou fason eprèv ou yo travay ansanm pou byen ou ak pou akonpli objektif Bondye nan lavi ou.

Gade tou nan 2 Nefi 2:2; Doktrin ak Alyans 90:24.

Doktrin ak Alyans 98:23–48

Senyè a vle m chèche lapè nan fason pa Li.

Menmsi se pa tout bagay nan Doktrin ak Alyans 98:23–48 la ki aplikab nan entèraksyon ou avèk lòt moun, ki prensip ou jwen ki ka gide w lè lòt moun fè w mal? Sa ta ka ede si w ta make mo oubyen fraz ki dekri fason Senyè a te vle Sen yo regle konfli nan Missouri a.

Gade tou Jeffrey R. Holland, “Ministè Rekonsilyasyon an,,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2018, 77–79.

Imaj
Jezikri

Detay nan Kris ak jenòm rich la, tablo: Heinrich Hofmann

Doktrin ak Alyans 100

Senyè a pran swen moun k ap sèvi Li.

Jis kèk semèn apre Joseph te fin aprann pèsekisyon nan Missouri a, yon nouvo konvèti te mande l pou l te vwayaje al Kanada pou l te ka pataje levanjil la avèk pitit gason l yo. Joseph te dakò, malgre li te enkyè pou l te kite fanmi li, espesyalman akoz pèsekisyon ak menas kont fanmi l ak Legliz la. Sou wout pou l t ale Kanada a, Joseph ak konpayon li, Sidney Rigdon te priye pou rekonfò, epi seksyon 100 an sete repons Senyè a te ba yo. Kisa w jwenn nan repons Senyè a ki te siman ba yo asirans ak ede yo?

Petèt ou te fè kèk eksperyans ki te mande pou w jwenn balans ant sousi pou responsablite w yo nan Legliz la ak sousi pou fanmi ou. Kouman pawòl Senyè a ki nan seksyon 100 yo ta ka ede w nan sitiyasyon sa yo?

Gade tou “Une mission au Canada,” Révélations dans leur contexte, 202–7.

Doktrin ak Alyans 101:43–65

Lè nou suiv konsèy Bondye sa kenbe nou an sekirite.

Parabòl nan Doktrin ak Alyans 101:43–62 a te ekri pou eksplike poukisa Senyè a te pèmèt moun mete Sen yo deyò nan Siyon. Lè w ap li vèsè sa yo, èske w wè gen similarite ant oumenm ak sèvitè yo ki nan parabòl la? Ou ta ka mande tèt ou: èske m janm kesyone kòmandman Bondye yo? Nan ki fason yon mank lafwa oubyen angajman ka pèmèt “enmi an” gen enfliyans nan lavi m? Kouman m ka montre Bondye ke m “vle l dirije m nan fason dwat ki apwopriye a pou sali [mwen]”? (gade nan vèsè 63–65).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 98:16, 39–40.Kisa nan vèsè sa yo ki ka ede nou gen plis lapè nan fanmi nou? Ou ta ka chante yon chan sou lapè ak padon, tankou “Truth Reflects upon Our Senses”(Hymns, no. 273). Jèn timoun yo gen dwa renmen jwe wòl moun k ap padone youn lòt.

Doktrin ak Alyans 99.Lè John Murdock te resevwa apèl pou l te kite kay li “pou l pwoklame levanjil etènèl [la]” (vèsè 1), li te fèk retounen sòti nan yon misyon yon ane, ki te difisil nan Missouri (gade nan “Misyon John Murdock nan Missouri,” Révélations dans leur contexte,, 87–89). Kisa nou jwenn nan seksyon 99 la ki te petèt ede oubyen ankouraje Frè Murdock? Ki mesaj Senyè a gen pou nou nan revelasyon sa a?

Doktrin ak Alyans 100:16; 101:3–5, 18.Lè w fin li vèsè sa yo, ou ta ka diskite sou fason fòjewon yo dwe chofe yon metal avèk entansite pou retire salte epi apresa bat li anpil avèk mato pou ba l fòm (gade video “Dife Fòjewon an” sou ChurchofJesusChrist.org). Nou gen dwa aprann ansanm sou fason lòt bagay pirifye tou, tankou dlo ak sèl. Petèt ou ta ka pirifye oubyen netwaye yon bagay ansanm avèk fanmi ou. Poukisa nou vle vin pur? Kisa egzanp sa yo anseye nou sou fason eprèv nou yo ka ede nou vin “yon pèp ki pur”?

Doktrin ak Alyans 101:22–36.Kouman vèsè sa yo te petèt ede Sen yo ki t ap travèse pèsekisyon yo? Kouman yo ta ka ede moun ki gen krent konsènan kondisyon mond nou an jodia?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan ki sigjere: “Aide-moi, Père,” Chants pour les enfants, 52.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche prensip . Èldè Richard G. Scott te anseye: “Lè w ap chèche konesans spirityèl, chèche prensip. … Prensip se verite konsantre, ki anvlope pou aplikasyon nan yon varyete sikonstans” (“Jwenn Konesans Spirityèl,” Ensign, Nov. 1993, 86).

Imaj
popilas k ap pèsekite Sen yo

Missouri k ap Boule tablo Glen S. Hopkinson