Doktrin ak Alyans 2021
27 Septanm–3 Oktòb. Doktrin ak Alyans 109–110: “Se Kay Ou Li Ye, Yon Plas pou Sentete Ou”


“27 Septanm–3 Oktòb. Doktrin ask Alyans 109–110: “Sa se Kay, yon plas pou Sentete ou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“27 Septanm–3 Oktòb. Doktrin ak Alyans 109–110,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Tanp Kirtland nan

Tanp Kirtland nan pa Jon McNaughton

27 Septanm –3 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 109–110

“Sa se Kay Ou, yon Plas pou Sentete ou”

An referans ak Doktrin ak Alyans 109:24–28 la, Èldè David A. Bednar te di: “Mwen envite nou pou nou etidye san rete epi medite nan lapriyè sou enplikasyon ekriti sa yo genyen nan lavi nou ak pou fanmi nou” (“Maintenir Honorablement un Nom et une Position,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2009, 99). Konsidere envitasyon sa a pandan w ap etidye.

Ekri enpresyon ou

Pòt yo nan tanp Kirtland nan pa t sipoze louvri avan 8:00 nan jou maten 27 Mas 1836 la. Men Sen yo ki te gen espwa al asiste sèvis konsekrasyon yo te kòmanse pran liy byen bonè nan zòn 7:00. Lè ban yo ak koulwa yo te fin ranpli byen vit avèk adoratè yo, Joseph Smith te sigjere yon espas pou rès moun yo. Lè espas sa a te ranpli byen vit, yo te planifye yon dezyèm sesyon. Epi se pa t vivan yo sèlman ki te gen prese pou yo te prezan. Anpil temwen te temwaye ke yo te wè zanj, andedan tanp lan e menm sou twati a pandan ak apre konsekrasyon an. Li vrèman te sanble ke “lame selès yo” te vini pou “chante epi [pou] selebre” avèk Sen Dènye Jou yo (“L’esprit du Dieu Saint,” Cantiques, no. 2).

Poukisa gwo kè kontan konsa—sou toulède bò vwal la? Pwomès ke Sen yo ta pral “dote avèk pouvwa ki soti anwo” a sete youn nan rezon ki te fè yo te rasanble nan Ohio toudabò (Doktrin ak Alyans 38:32) Epi te gen pwomès pi gwo bagay alavni. Senyè a te deklare: “Sa a se kòmansman benediksyon ki pral tonbe sou tèt pèp mwen an” (Doktrin ak Alyans 110:10). Epòk n ap viv kounyea —avèk travay tanp ki akselere ak òdonans ki disponib pou dè milyon moun ki vivan ak mouri—te kòmanse nan Kirtland, lè “vwal la sou tè a [te] kòmanse louvri” (“L’esprit du Dieu Saint”).

Gade nan Les Saints, 1:232-41; “Une Maison pour Notre Dieu,” Révélations dans leur contexte, 169-72.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 109

Senyè a vle beni mwen nan kay sakre L la.

Nan yon sans, Tanp Kirtland nan te diferan de tanp nou konnen yo jodia. Pa t gen okenn otèl ni fon batismo, epi òdonans tankou batèm pou mò yo ak sèlman pa t ko retabli lèsa a. Men benediksyon yo dekri nan seksyon 109 yo, priyè konsekrasyon tanp Kirtland nan, se benediksyon nou resevwa nan kay Senyè a jodia. Repase vèsè ki pi ba a yo pou w ka wè kèk nan benediksyon sa yo. Pandan w ap li yo, medite sou rezon k fè yo enpòtan pou oumenm ak fanmi ou.

Vèsè 5, 12–13 (gade nan tou nan Doktrin ak Alyans 110:6–8): Nan tanp lan Senyè a ka manifeste tèt li a noumenm epi nou ka santi pouvwa Li.

Vèsè 9, 17–19, 26, 78–79: Nan tanp lan nou pran non Senyè a sou tèt nou.

Vèsè 22–23: Lè nou fè alyans nan tanp epi nou onore yo, Senyè a ba nou pouvwa pou nou fè travay Li.

Vèsè, 24–33: Lè nou antre nan tanp lan avèk diyite, nou ka resevwa pwoteksyon Senyè a.

Lòt benediksyon yo:

Kisa lespri a enspire ou pou w fè pou w resevwa benediksyon sa yo?

Doktrin ak Alyans 109

Priyè konsekrasyon tanp Kirtland nan ka anseye mwen sou lapriyè.

Seksyon 109 la se yon priyè konsekrasyon yo te bay Joseph Smith pa revelasyon (gade antèt seksyon an). Kisa w aprann konsènan lapriyè nan seksyon sa a? Pandan w ap li li, ou gen dwa panse a priyè pa w. Ki enpresyon w resevwa ki ka ede w amelyore kominikasyon w avèk Pè Selès la? Paregzanp, poukisa Pwofèt la te priye nan priyè sa a?

Doktrin ak Alyans 110:1–10

Sovè a ka manifeste Tèt li a mwen nan tanp lan.

Kijan w santi w apwopo Sovè a apre w fin li Doktrin ak Alyans 110:1-10 la? Kijan l te manifeste tèt li ba ou nan tanp lan? Nan ki fason Li ede w konnen ke li aksepte efò ou ak sakrifis ou yo?

Imaj
Andedan Tanp Kirtland nan

Chak ekstremite Tanp Kirtland nan gen chè pou dirijan prètriz yo.

Doktrin ak Alyans 110:11–16

Kle prètriz ki nesesè pou akonpli travay Bondye yo disponib nan Legliz la jodia.

Pou w ka konprann kle prètriz Moyiz, Eli, ak Elyas te konfye Joseph Smith ak Oliver Cowdery yo nan tanp Kirtland nan, ou gen dwa li mesaj Èldè Quentin L. Cook la “Prepare pou rankontre Bondye” (Ensign oubyen Lyawona, Me 2018, 114–17). Èldè Cook te dekri kijan kle sa yo koresponn avèk travay Legliz la jodia. Ou gen dwa anvizaje pou w aprann osijè ansyen pwofèt sa yo tou nan etidye “Moyiz,” “Eli,” ak “Elyas” nan Gid Ekriti yo nan (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Medite sou sa w ka fè pou ede nan travay ki anrapò avèk kle sa yo.

Gade tou “Kle Prètriz yo,” Ankre nan Lafwa, 126–27; Henry B. Eyring, “Li Mache Devan Nou,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2020, 66–69.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 109.Ansanm ak fanmi an, chèche kèk vèsè nan seksyon 109 la ki enspire w pou w pase pase plis tan nan tanp (paegzanp, gade vèsè nan lis ki anba seksyon “Ide pou Etid Pèsonèl Ekriti yo” yo). Pale konsènan fason nou ka fè sa Prezidan Russell M. Nelson te sigjere a: “Jwenn yon fason pou pran randevou regilyèman avèk Senyè a—andedan kay sakre L la—apresa kenbe randevou sa a avèk fidelite ak lajwa” (“Vin Sen Dènye jou Egzanplè,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2018, 114). Si oumenm oubyen fanmi w poko ale nan tanp, ou ka vizite temples.ChurchofJesusChrist.org pou ede prepare tèt ou pou w ale.

Doktrin ak Alyans 109:78–80.Kantik “L’esprit du Dieu Saint” (Cantiques, no. 2) an te ekri pou konsekrasyon tanp Kirtland nan—epi yo toujou chante li nan chak konsekrasyon tanp depi lè sa a. Nou ka chante kantik sa a ansanm epi chèche fraz ki ogmante gratitid nou pou tanp dènye jou yo. Kòman kantik sa a gen rapò avèk mesaj ki nan Doktrin ak Alyans 109:78–80 an?

(Ou ka jwenn priyè konsekrasyon pou tanp ki pi pre w la nan temples.ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 110.Pandan manm fanmi ou ap li seksyon 110 la epi gade imaj yo ki nan fen plan leson sa a, envite yo pou yo imajine kijan yo t ap santi yo si yo te prezan avèk Joseph Smith ak Oliver Cowdery nan tanp Kirtland nan. Bay fanmi ou yon opòtinite pou yo pataje kijan yo santi yo apwopo Sovè a.

Doktrin ak Alyans 110:15.Kisa ki ta ka ede “tounen kè” timoun yo sou zansèt yo? Ou ka jwenn kèk ide enteresan nan FamilySearch.org/discovery. Nou ta ka travay ansanm pou idantifye zansèt ki bezwen òdonans tanp yo epi planifye pou akonpli òdonans sa yo nan tanp lan. Nou ta ka pale tou konsènan fason travay Eli te retabli nan tanp Kirtland nan ogmante lanmou nou pou zansèt nou yo.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “L’esprit du Dieu Saint,” Cantiques, no. 2.

Imaj
senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Manifestasyon Espirityèl ak tanp Kirtland nan

Imaj
Konsekrasyon Tanp Kirtland nan

Brule comme une flamme, pa Glen S. Hopkinson

Pi ba a genyen pawòl kèk Sen Dènye Jou ki te la nan tanp Kirtland nan pandan konsekrasyon l lan ak nan lòt reyinyon ki te apre yo. Anpil moun te konpare eksperyans yo a avèk sa ansyen Sen yo te fè eksperyans lè yo te “dote avèk pouvwa ki soti anwo” nan jou Pannkot la (Lik 24:49; gade tou nan Travay 2:1–4; Doktrin ak Alyans 109:36–37).

Eliza R. Snow

“Seremoni konsekrasyon sa a gen dwa repete ankò, men okenn lang mòtèl pa ka dekri maniufestasyon selès yo nan jou memorab sa a. Zanj te parèt devan kèk moun, pandan ke tout moun ki te prezan yo te santi yon prezans divin, epi chak kè te ranpli avèk ‘lajwa ineksprimab epi chaje ak laglwa.’”1

Sylvia Cutler Webb

“Youn nan premye souvni mwen sete konsekrasyon tanp lan. Papa m te mete nou sou janm ni epi li te di nou poukisa nou ta prale ak kisa konsekrasyon yon kay pou Bondye te vledi. Epi malgre m te piti anpil nan moman sa a, mwen sonje okazyon sa a klèman. M ka voye je gade dèyè apre anpil ane ki pase yo epi wè jan m te wè pwofèt Joseph Smith lèsa a, kanpe avèk men li leve nan direksyon syèl la, figi li blanch tankou sann, dlo ap koule desann sou figi li pandan l t ap pale nan jou memorab sa a. Prèske tout moun te sanble yo t ap kriye. Kay la te tèlman boure ke timoun yo te oblije chita sou janm granmoun yo; sè m nan te chita sou papa m, mwen te chita sou manman m. M menm ka sonje ki rad nou te mete. Espri m te twò jèn nan moman sa a pou m te ka konprann siyifikasyon tout sa k te pase yo, men amezi tan t ap pase, yo te vin pi evidan pou mwen, epi mwen vrèman rekonesan dèske m te gen privilèj pou m te la.”2

Oliver Cowdery

“Nan aswè mwen te rankontre avèk ofisye legliz yo nan kay Senyè a. Lespri a te devèse an abondans—mwen te wè laglwa Bondye, tankou yon gwo nyaj, desann epi repoze sou kay la, epi ranpli li tankou yon van puisan k ap soufle. Mwen te wè lang ki te delye, kòmsi sete dife ki te desann sou anpil moun, … pandan yo t ap pale lòt lang epi pwofetize.”3

Benjamin Brown

“Moun [te] wè anpil vizyon. Yon moun te wè yon kolòn nyaj desann poze sou kay la, klere tankou lè solèy la klere sou yon nyaj tankou lò. De lòt moun te wè twa pèsonaj ki t ap flote nan sal la avèk kle briyan nan men yo, ansanm avèk yon chenn briyan nan men yo tou.”4

Orson Pratt

“Bondye te la, zanj li yo te la, Sentespri a te la nan mitan pèp la … epi yo te kouvri soti nan kràn tèt yo rive jis anba pye yo avèk pouvwa ak enspirasyon Sentespri a.”5

Nancy Naomi Alexander Tracy

“[Lè] Tanp lan te fini epi konsakre … jou sa yo sete de jou m te pi kontan nan lavi m. Kantik apwopriye yo te konpoze pou okazyon an sete ‘L’Esprit du Dieu Saint Brule comme une flamme.’ Sete reyèlman yon verite ke enfliyans selès te desann poze sou kay sa a. … Mwen te santi syèl la te desann sou tè a.”6

Nòt

  1. Nan Edward W. Tullidge, The Women of Mormondom (1877), 95.

  2. Nan Karl Ricks Anderson, Joseph Smith nan Kirtland: Resi Temwen yo (1996), 182–83.

  3. Jounal Oliver Cowdery, 27 Mas. 1836, Bibliothèque de l’Histoire de l’Eglise, Salt Lake City.

  4. Lèt Benjamin Brown te voye bay madanm ni, Sarah, circa Avril 1836, koleksyon fanmi Benjamin Brown, Bibliothèque de l’Histoire de l’Eglise, Salt Lake City; ponktyasyon ak kapitalizasyon modènize.

  5. “Remak,” Orson Pratt, Deseret News, 12 Jan., 1876, 788.

  6. Nan edisyon Richard E. Turley Jr. ak Brittany A. Chapman nan, Les Femmes de Foi dans les Derniers Jours (2011), 1:442.

Imaj
Moyiz, Eli, ak Elyas parèt nan Tanp Kirtland nan

Moyiz, Eli, ak Elyas parèt nan Tanp Kirtland nan, pa Gary E. Smith