Doktrin ak Alyans 2021
4–10 Oktòb. Doktrin ak Alyans 111–114: “M Ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou”


“4–10 Oktòb. Doktrin ak Alyans 111–114: ‘M Ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“4–10 Oktòb. Doktrin ak Alyans 111–114,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Joseph Smith k ap preche

4–10 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 111-114

“M Ap Òdone Tout Bagay pou Byen Ou”

Nan lapriyè mande pou Lespri a gide ou pandan w ap li Doktrin ak Alyans 111–14 la epi ekri enpresyon w yo. Apresa anvizaje fason ou ka aplike enpresyon sa yo.

Ekri enpresyon ou

Èske w konn janm fè yon eksperyans espirityèl ki te fè w santi w gen konfyans ak asire nan lafwa ou—men apresa afliksyon lavi yo vin teste lafwa ou, epi ou vin twouve w ap lite pou w rejwenn lapè w te santi avan an? Yon bagay konsa te rive Sen yo nan Kirtland. Mwens pase ennan apre manifestasyon espirityèl ki te konekte avèk konsekrasyon tanp Kirtland nan, pwoblèm te leve. Yon kriz finansye, dezakò nan Kolèj Douz Apot yo, ak lòt eprèv te lakoz kèk nan yo sekwe nan lafwa yo.

Nou pa ka evite eprèv yo, konsa, kijan nou ka anpeche yo menase lafwa nou ak temwayaj nou? Petèt ou ka jwenn yon pati nan repons sa a nan konsèy Senyè a bay nan Doktrin ak Alyans 112 la, ke l te bay pandan advèsite nan Kirtland nan t ap gonfle. Senyè a te di: “Pirifye kè nou devan mwen” (vèsè 28), “Pa fè rebèl” (vèsè 15), “Mare senti nou pou travay la” (vèsè 7), epi “Se pou nou enb” (vèsè 10). Lè nou suiv konsèy sa a, Senyè a ap p “pran men [nou] pou l dirije nou” nan mitan advèsite pou mennen nou nan gerizon ak lapè (gade nan vèsè 10, 13).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 111

Senyè a ka “òdone tout bagay pou byen [mwen].”

Rive 1836, Legliz la te akimile anpil gwo dèt nan fè travay Senyè a. Pandan Joseph Smith ak lòt yo te gen anpil sousi konsènan dèt sa yo epi yo t ap anvizaje fason pou peye yo, yo te vwayaje ale Salem, nan Massachusetts, petèt paske rimè t ap sikile ke te gen yon lajan moun te abandone nan yon kay nan zòn nan (gade antèt seksyon Doktrin ak Alyans 111) la. Apre yo te rive nan Salem, Senyè a te deklare: “Gen plis pase yon grenn trezò pou ou nan vil sa a” (vèsè 10)—trezò ki enkli moun Li ta pral “rasanble nan moman apwopriye a pou benefis Siyon” (vèsè 2; gade tou nan Egzòd 19:5). Malgre yo pa t jwenn okenn lajan nan Salem, moun ki te konvèti kòm rezilta efò misyonè yo nan zòn nan apresa yo sete yon pati nan akonplisman pwomès Senyè a.

Pandan w ap li seksyon 111 la, panse a bagay ki ba w pwoblèm. Anvizaje kijan pawòl Senyè a te di Joseph yo ka aplike pou ou. Kòman Senyè a ede nou jwenn “trezò” nou pa t atann? (vèsè 10). Panse ak sa L fè pou “òdone tout bagay pou byen ou” (vèsè 11). Kisa fraz “osi vit nou ka resevwa yo” a anseye w sou Pè Selès la?

Gade tou nan Matye 6:19–21, 33; “Plus d’un trésor,” Révélations dans leur contexte, 229–34.

Doktrin ak Alyans 112:3–15

Senyè a ap dirije moun k ap enbleman chèche volonte li.

Inite nan Kolèj Douz Apot yo t ap febli nan ete 1837 la. Te gen dezakò osijè responsablite yo, epi kèk manm t ap pale kont pwofèt Joseph Smith. Thomas B. Marsh, ki sete Prezidan Kolèj Douz Apot yo lè sa a, te enkyete, epi li te soti Missouri ale Ohio, pou l t al pran konsèy nan men pwofèt la. Frè Marsh te resevwa konsèy sa a atravè revelasyon ki nan seksyon 112 la. Kòman konsèy Senyè a te ede limenm ak kowòm ni an? Ki leson li genyen pou ou pandan w ap chèche pou simonte kontansyon ak move santiman?

An patikilye, ou ka medite sou vèsè 10 la. Kisa sa vledi pou Senyè a “pran men ou” pou dirije w? Poukisa imilite se yon obligasyon pou kalite gidans sa a?

Gade tou nan Ulisses Soares, “Rete Dou ak enb nan kè,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2013, 9-11; “Lafwa ak Chit Thomas Marsh,” Revelasyon nan Konteks yo, 54–60.

Imaj
de moun k ap priye

Si nou rete enb, Senyè a ap gide nou epi reponn priyè nou yo.

Doktrin ak Alyans 113

Joseph Smith sete “yon sèvitè nan men Kris la.”

Ezayi te fè referans avèk youn nan desandan Ezayi yo kòm yon “baton” ak yon “rasin” (Ezayi 11:1, 10). Nan seksyon 113 la, Senyè a eksplike ke desandan sa a, yon sèvitè Kris la, t ap jwe yon gwo wòl nan rasanble pèp Senyè a nan dènye jou yo (gade nan Doktrin ak Alyans 113:4, 6)—yon pwofesi ki dekri pwofèt Joseph Smith ase byen. Kijan bagay sa a ak lòt verite ki nan seksyon 113 yo ka te ankouraje Sen yo pandan toumant yo t ap travèse nan Kirtland yo? Kisa w jwenn nan revelasyon sa a ki enspire w pou w patisipe nan travay Senyè a jodia?

Gade tou nan Gid Ekriti yo, “Ezayi,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; 2 Nefi 21:10–12; Joseph Smith—Istwa 1:40.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 111:2, 9–11.Vèsè sa yo ta ka ankouraje yon diskisyon sou sa fanmi w valorize kòm “trezò” etènèl. Ou ka kreye yon rechèch trezò kote w ap kache kèk bagay ki reprezante bagay Senyè a konsidere kòm trezò oubyen valorize tout kote nan kay la. Pandan fanmi w ap jwenn chak bagay yo, diskite kisa w ka fè pou montre ke w valorize li.

Doktrin ak Alyans 112:10.Èldè Ulisses Soares te dekri moun enb nan fason sa a: “Moun enb yo fasil pou anseye, paske yo rekonèt kijan yo depann de Bondye epi yo gen dezi pou soumèt anba volonte Li. Yon moun ki enb se yon moun ki dou epi ki gen kapasite pou l enfliyanse lòt moun pou vin menmjan an tou” (“Dou ak Enb nan kè,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2013, 10). Anvizaje fason pou ede fanmi w konprann kisa sa vle di pou yon moun enb. Ou ka chante yon kantik konsènan imilite, tankou “Oh, Sois Humble” (Cantiques no. 69), pandan ke youn nan manm fanmi an ap “pran men ” lòt epi gide yo vizite toutotou kay ou a. Oubyen pataje eksperyans kote Senyè a te “pran men” manm fanmi ou pou dirije yo epi ba yo “repons pou priyè [yo].”

Doktrin ak Alyans 112:11–14, 26.Ki diferans ki genyen ant konnen non yon moun ak konnen li? Kisa w aprann nan vèsè 11–14 yo konsènan sa sa vle di pou n konnen Senyè a?

Doktrin ak Alyans 112:15.Kisa sa vle di pou “rebele” kont pwofèt la? Kisa nou jwenn nan vèsè sa a ki ede nou vle soutni pwofèt la?

Doktrin ak Alyans 113:7–8.Kisa nou aprann nan vèsè 8 la ki ap ede pou “retabli Siyon” epi rachte Izrayèl?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Oh! Sois Humble,” Cantiques, no. 69.

Amelyore ansèyman nou

Pataje temwayaj ou. Èldè Neal A. Maxwell te anseye: “‘Se sa w ye ou anseye.’ ‘Y ap plis sonje karakteristrik ou yo … pase yon verite patikilye nan yon leson patikilye” (Anseye nan fason Sovè a,13).

Imaj
Thomas B. Marsh ak Joseph Smith

Thomas B. Marsh ekri revelasyon an Joseph Smith te ba li a. Oh! Sois humble, pa Julie Rogers.