Doktrin ak Alyans 2021
11–17 Oktòb. Doktrin ak Alyans 115–120: “Sakrifis Li a ap Pi Sakre pou Mwen Pase Ogmantasyon l lan”


“11–17 Oktòb. Doktrin ak Alyans 115–120: ‘Sakrifis Li a ap Pi Sakre pou Mwen Pase Ogmantasyon L lan’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“11–17 Oktòb. Doktrin ak Alyans 116–120,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Far West

Far West, tablo: Al Rounds

11–17 Oktòb

Doktrin ak Alyans 115–120

“Sakrifis Li a Ap Pi Sakre pou Mwen Pase Ogmantasyon l lan”

Senyè a vle pale avèk ou. Lè w ap etidye ekriti yo, priye epi mande L pou L ede w dekouvri mesaj Li gen pou ou.

Ekri Enpresyon ou

Te gen rezon pou moun yo te optimis apwopo nouvo plas rasanbleman Sen yo nan Far West, Missouri, an Jiyè 1838 la. Vil la t ap grandi rapidman, peyi a te parèt bèl, epi li te revele ke yon ti distans nan nò sete Adam-ondi-Ahman, yon kote ki gen gran siyifikasyon spirityèl (gade Doktrin ak Alyans 107:53–56116). Malgre sa, sa dwe te difisil kanmèm pou Sen yo pa t panse a sa yo te pèdi. Yo te chase yo soti nan Independance, kote ki te tabli pou Siyon an, epi chans pou yo ta retounen pwochènman te sanble l piti. Anplis, Sen yo te oblije kouri kite Kirtland, Ohio, yo te kite tanp byenneme yo a apre sèlman dezan. Epi fwa sa a se pat sèlman enmi andeyò Legliz la ki t ap koze pwoblèm—anpil manm renome te vire kont Joseph Smith, enkli Twa Temwen Liv Mòmon yo ak kat manm nan pami Douz yo. Kèk moun te mande tèt yo, èske wayòm Bondye a reyèlman ap vin pi solid, oubyen si l ap vin pi fèb?

Malgre sa, fidèl yo pa t kite kesyon konsa rete yo. Okontrè, yo te kòmanse bati yon nouvo kote sen, fwa sa a nan Far West. Yo te fè plan pou yon nouvo tanp. Kat nouvo Apot te aple, ladan yo de—John Taylor ak Wilford Woodruff—ki pita, te vin Prezidan Legliz la (gade Doktrin ak Alyans 118: 6). Sen yo te aprann ke menmsi w ap fè travay Bondye, sa pa vledi ke w p ap janm tonbe; men sa vledi w ap “leve ankò.” Epi malgre w ap oblije abandone kèk bagay, sakrifis sa yo pral sakre pou Bondye, menm “pi sakre … pase pwogresyon [ou]” (Doktrin ak Alyans 117:13).

Gade Les Saints, 1:296–99; “Far West et Adam-ondi-Ahman,” Révélations dans leur contexte, 235–41.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin al Alyans 115:4–6

Se Senyè a ki te bay non Legliz la.

Prezidan Russell M. Nelson te di, non Legliz la se “yon bagay ki gen gwo enpòtans” (“Non Korèk Legliz la,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2018, 87). Panse sou rezon ki fè bagay sa se verite pandan w ap li Doktrin ak Alyans 115:4–6la. Ki rapò non Legliz la genyen avèk travay ak misyon Legliz la?

Gade tou 3 Nefi 27:1–11.

Doktrin ak Alyans 115:5–6

Siyon ak pieu l yo ofri “refij kont siklòn.”

Malgre difikilte Sen yo t ap travèse an 1838 yo, Senyè a te toujou gen egzijans ki elve pou yo. Chèche mo nan Doktrin ak Alyans 115:5–6 la ki mete aksan sou wòl Senyè a vle Legliz Li a ak manm li yo ranpli nan mond la. Paegzanp, kisa w santi w ta dwe fè pou w “leve epi briye”? (vèsè 5). Ki siklòn spirityèl ou remake bò kote ou, epi kòman pou nou jwenn “refij” atravè rasanbleman? (vèsè 6).

Gade tou 3 Nefi 18:24.

Doktrin ak Alyans 117

Sakrifis mwen yo sakre pou Senyè a.

Kite Kirtland te kapab patikilyèman difisil pou moun tankou Newel K. Whitney, ki te etabli yon lavi pwosperite pou fanmi l nan kote sa a. Kisa w jwenn nan Doktrin ak Alyans 117:1–11 la ki te ede yo fè sakrifis sa a? Kòman vèsè sa yo chanje pèspektif ou sou sa ki reyèlman enpòtan?

Sakrifis Oliver Granger a te diferan: Senyè a te ba l responsablite pou l te rete nan Kirtland pou l te regle zafè finans Legliz la. Tach sa a te lou anpil, epi pandan ke l te reprezante Legliz la avèk entegrite, alafen li pa t rantre anpil lajan. Konsidere kijan pawòl Senyè a nan vèsè 12–15 yo ta ka aplike pou sa Senyè a mande w pou w fè.

Gade tou Matye 6:25–33; Boyd K. Packer, “Moun ki Pi Piti a,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2004, 86–88; “Far West et Adam-ondi-Ahman,” Révélations dans leur contexte, 239–40.

Imaj
Adam-ondi-Ahman nan Daviess Country, Missouri

Newel K. Whitney te jwenn kòmandman pou l te demenaje al nan Adam-ondi-Ahman, yo montre la a.

Doktrin ak Alyans 119–20

Lè m peye ladim, m ede bati ak “sanktifye tè Siyon an.”

Enstriksyon ki nan seksyon 119 ak 120 yo sonnen menmjan avèk fason travay Senyè a finanse nan epòk pa nou an. Jodia, Sen yo kontribye “yon dizyèm nan tout enterè yo [ke nou konsidere kounyea kòm salè] yo anyèlman” (Doktrin ak Alyans 119:4), epi se konsèy Premye Prezidans la, Kolèj Douz yo ak Episkopa Prezidan an ki administre fon sa yo. Konsidere kesyon sa yo pandan w ap etidye seksyon sa yo:

  • Nan ki fason obsève lwa ladim nan “sanktifye tè Siyon an”? Kijan lwa sa a ka ede pou fè kote w ap viv la vin tounen “yon tè Siyon pou ou” ? (Doktrin ak Alyans 119:6).

  • Kisa ki siyifikatif pou ou nan fraz “avèk vwa pa m m ap ba yo” a nan Doktrin ak Alyans 120an?

Gade tou Malachi 3:8–12; David A. Bednar, “Fenèt Syèl yo,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2013, 17–20; “La dime de mon peuple,” Révélations dans leur contexte, 250–55.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 115:4–6.Èske sa t ap bon pou fanmi w ta li vèsè sa yo pandan y ap gade solèy la k ap leve? Sa ta ka ede si w ta diskite kisa sa vledi pou “leve epi briye” (vèsè 5). Oubyen ou ta ka diskite sou kòman sa ye lè moun ap chèche abri kont yon siklòn. Kòman eksperyans sa a ta ka tankou chèche “refij” nan Legliz la? (vèsè 6). Apresa, ou ta ka pale sou fason fanmi w ka ede lòt moun jwi refij Legliz la bay la.

Doktrin ak Alyans 117:1–11.Fanmi w ta ka konpare yon “gout” avèk yon bagay ki gen plis “pwa” (vèsè 8), tankou yon boutèy dlo. Sa ta ka kreye yon diskisyon sou bagay ki gen mwens enpòtans nan lavi nou yo ki gen dwa anpeche nou resevwa benediksyon Bondye yo an abondans.

Doktrin ak Alyans 119.Ou ta ka chante yon kantik tankou “Je donne ma dime au SeigneurChants pour les enfants, 150). Kisa kantik la ak seksyon 119 la anseye sou rezon ki fè nou peye ladim? Timoun piti yo ta ka benefisye nan yon leson avèk objè tou: ou ta ka ba yo ti objè piti, ede yo kalkile yon dizyèm, epi di yo poukisa ou peye ladim. (Gade tou Ankre nan Lafwa, 180–82.)

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Kantik yo sigjere: “Je donne ma dime au Seigneur,” Chants pour les enfants, 150).

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje otonomi. “Lè [manm fanmi yo] gen kesyon, kèkfwa li pi bon pou anseye yo fason pou yo jwenn repons pou tèt pa yo, olye ke w reponn kesyon yo imedyatman” (Anseye nan Fason Sovè a, 28).

Imaj
itilizasyon ladim

Lè nou bay Senyè a 10 pousan kòm dim, sa ede pou avanse travay sali l la.