Doktrin ak Alyans 2021
25–31 Oktòb. Doktrin ak Alyans124–125: “Yon Kay nan Non Mwen”


“25–31 Oktòb. Doktrin ak Alyans 124–125 ‘Yon Kay nan Non Mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“25–31 Oktòb. Doktrin ak Alyans 93,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Novou

Bèl Novou, tablo Larry Winborg

25–31 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 124

“Yon Kay nan Non Mwen”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 124–25 la, medite sou benediksyon Senyè a te envite Sen nan Nauvoo yo pou yo resevwa ak benediksyon Li ofri ou.

Ekri enpresyon ou

Malgre dènye sis ane yo te difisil pou Sen yo, bagay yo te kòmanse amelyore nan prentan 1839 la: Sen refijye yo te jwenn konpasyon nan mitan sitwayen nan Quincy, Illinois yo. Gad yo te pèmèt Pwofèt Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo chape soti anba kaptivite nan Missouri a. Epi Legliz la te fèk achte yon teren nan Illinois kote Sen yo ta ka rasanble ankò. Wi, sete yon marekaj, yon teren enfeste avèk moustik, men konpare ak pwoblèm Sen yo te deja rankontre, kote sa a te sanble l t ap pi fasil pou jere. Donk yo te seche dlo marekaj la epi yo te trase plan pou yon vil tou nèf, ke yo te rele Nauvoo. Li vledi “bèl” nan Ebre, malgre li te plis yon ekspresyon lafwa pase yon deskripsyon presi, omwen nan kòmansman. Antretan, Senyè a te pèmèt pwofèt Li a santi yon sansasyon ijans. Li te gen plis verite ak òdonans ki pou te retabli, epi Li te bezwen yon tanp sakre kote Sen yo te ka resevwa yo. Nan anpil fason, menm santiman lafwa ak ijans sa yo enpòtan nan travay Senyè a jodia.

Pandan Nauvo te vin tounen yon bèl vil avèk yon bèl tanp, toude te finalman vin abandone. Men, travay Senyè a ki te vrèman bèl la, poukont li, te “kouwone nou avèk onè, imòtalite, ak lavi etènèl” (Doktrin ak Alyans 124:55), epi travay sa a pa janm fini.

Gade nan Les Saints, 1:399-427; “Oganisation de l’Eglise à Nauvoo,” Révélations dans leur contexte, 264-71.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 124:12–21

Mwen ka yon disip Senyè a fè konfyans.

Malgre anpil dirijan enpòtan te kite legliz la nan fen ane 1830 yo, pi gwo majorite manm yo te rete fidèl. Sen fidèl sa yo te enkli moun sa yo ki te andire eprèv nan Missouri yo ansanm ak moun sa yo ki te resamman rantre nan Legliz la. Nan Doktrin ak Alyans 124:12–21, Senyè a te pale byen sou kèk nan yo. Ki ide konsènan vin tounen yon disip ou jwenn nan pawòl sa yo? Èske gen yon bagay konsènan Sen fidèl sa yo ki enspire w pou w vin tankou yo? Ou gen dwa medite tou sou fason Senyè a te eksprime lanmou Li pou ou.

Doktrin ak Alyans 124:22–24, 60–61

Senyè a vle pou m akeyi ak aksepte lòt moun.

Konsideran sa Sen yo te apèn soufri nan Missouri, yo ta gen dwa tante pou yo izole tèt yo epi dekouraje vizitè antre nan Nauvoo. Kenbe sa nan lespri ou pandan w ap li Doktrin ak Alyans 124:22-24, 60–61 an. Kisa ki enpresyone w apwopo enstriksyon Senyè a pou konstwi yon “kay pou pansyonè”? (vèsè 23). Kisa pawòl Li yo anseye w sou misyon legliz Li a ? Medite sou fason enstriksyon sa yo ka aplike pou ou ak fwaye w.

Gade videyo “Yon Zanmi pou Tout moun,” nan tou nan ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 124:25-45, 55

Senyè a kòmande nou pou nou bati tanp pou nou ka resevwa òdonans sakre yo.

Sa siman pa t yon sipriz pou Sen Dènye Jou yo ke imedyatman yo te tabli yo nan Nauvoo, Senyè a te bayo enstriksyon konsènan konstriksyon yon tanp—egzakteman jan L te fè nan Ohio ak Missouri a. Kisa w jwenn nan Doktrin ak Alyans 124:25–45, 55 ki ede w konprann poukisa Senyè a te di, “Pèp mwen an toujou resevwa kòmandman pou bati [tanp] nan non sakre mwen”? (vèsè 39).

Depi apre tanp Nauvoo a te fin bati a, gen plis pase 200 tanp ki bati oubyen ke yo anonse. Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Nou konnen tan nou pase nan tanp la esansyèl pou sali ak egzaltasyon nou ak pou fanmi nou. … Atak advèsè a ap ogmante rapidman, nan entansite ak nan varyete. Nesesite pou nou ale nan tanp regilyèman pa t janm osi gran pase jodia.” (“Vin Sen Dènye Jou Egzanplè,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2018, 114). Kouman tanp lan ede w anba “atak advèsè a”? Kisa w santi w enspire pou w fè pou suiv konsèy Prezidan Nelson an?

Gade tou nan Sijè Istwa Legliz , “Tanp Nauvoo,” ChurchofJesusChrist.org/study/topics

Imaj
Joseph Smith avèk mesye yo ka p konstwi tanp Nauvoo a.

Joseph nan tanp Nauvoo a, pa Gary E. Smith

Doktrin ak Alyans 124:84–118

Senyè a vle ban mwen konsèy espesifik pou lavi mwen.

Vèsè 84–118 yo ranpli avèk konsèy pou moun espesifik, epi kèk nan yo ka pa sanble yo gen anpil enpòtans pou lavi w. Men, ou ka jwenn yon bagay ou bezwen tande tou. Anvizaje pou w mande Senyè a ki mesaj Li genyen pou ou nan vèsè sa yo, epi chèche direksyon Lespri a pou jwenn ni. Apresa deside kisa w pral fè pou aplike li. Paegzanp, nan ki fason lè w pi enb sa ka ede w resevwa Lespri a? (Gade nan vèsè 97).

Ou gen dwa medite tou sou lòt konsèy Senyè a ba ou. Ki fason w ap travay sou sa?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 124:2–11.Si Senyè a te di fanmi w “pou fè yon pwoklamasyon solanèl sou levanjil mwen an” devan “wa yo nan mond lan” (vèsè 2–3), kisa pwoklamasyon w lan t ap di? Anvizaje pou kreye youn ansanm, epi envite manm fanmi w yo pou yo sigjere verite levanjil la yo vle enkli ladan.

Doktrin ak Alyans 124:15.Kisa sa vledi pou n gen entegrite? Poukisa Senyè a valorize entegrite? Ki egzanp sou entegrite fanmi w konn wè? Gade tou nan Pou fòs jèn yo, 19.)

Doktrin ak Alyans 124:28–29, 40–41, 55.Kisa nou aprann nan vèsè sa yo konsènan rezon k fè Senyè a kòmande nou pou n bati tanp? Fanmi w gen dwa vle desine foto yon tanp oubyen bati youn an blòk oubyen ak lòt materyo. Pandan n ap fè sa, nou gen dwa diskite poukisa nou santi nou rekonesan dèske nou gen tanp yo jodia ak poukisa nou bezwen adore ladan yo regilyèman.

Doktrin ak Alyans 124:91–92.Èske fanmi w t ap benefisye nan yon diskisyon konsènan benediksyon patriyakal? Manm fanmi w ki resevwa benediksyon patriyakal yo gen dwa pataje jan yo te santi yo lè yo te resevwa li ak kijan li beni yo. Ou gen dwa repase “Bénédictions Patriarchales” tou (Sijè Levanjil la, topics.ChurchofJesusChrist.org).

Pou plis ide pou anseye timoun, Gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere: “Oh, j’aime voir le temple,”,” Chants pour les enfants,99.

Imaj
senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Sosyete Sekou

Imaj
Joseph ak Emma Smith ak lòt fi

Tablo sou òganizasyon Sosyete Sekou a pa Paul Mann

An 1842, apre Sosyete Sekou te fin òganize nan Nauvoo, Illinois, Pwofèt Joseph Smith te di: “Legliz la pa t janm te fin pafètman òganize jiskaske medam yo te vin òganize konsa.”1 Se konsa tou, yon etid sou Retablisman Legliz Senyè a ak Prètriz Li a (gade Doktrin ak Alyans 107) pa p konplè si l pa enkli yon etid sou Sosyete Sekou, ki limenm se “retablisman yon modèl ansyen” pou fi ki disip Jezikri yo.2

Eliza R. Snow te jwe yon wòl enpòtan nan Retablisman sa a. Li te prezan lè Sosyete Sekou te òganize pou lapremyè fwa a epi, kòm sekretè sosyete a, li te pran nòt pandan reyinyon l yo. Li se temwen dirèk ki ka temwaye ke Sosyete Sekou te òganize “selon modèl prètriz la.”3 Pi ba la a n ap jwenn pawòl li, ke l te ekri pandan li t ap sèvi kòm Prezidant Jeneral Sosyete Sekou, pou ede sè l yo konprann travay diven ki sou responsablite pitit fi alyans Bondye yo.

Pou aprann plis konsènan fason Sosyete Sekou te òganize, gade nan Filles dans mon royaume: l‘histoire et l‘oeuvre de la Société de Secours (2017), 1–25; Premye Senkant Ane Sosyete Sekou yo (2016), 3–175.

Eliza R. Snow

Imaj
Eliza R. Snow, pa Lewis Ramsey

“Malgre non [Sosyete Sekou] a kapab parèt nan epòk modèn nan, enstitisyon an gen orijin ansyen. [Joseph Smith] te di nou, ke menm òganizasyon an te egziste nan legliz tan ansyen an, an referans ak sa ki te fèt nan epit yo nan Nouvo Testaman an, ki te itilize tit tankou, ‘dam chwazi’ [gade nan 2 Jan 1:1; Doktrin ak Alyans 25:3].

“Sa se yon òganizasyon ki pa ka egziste san Prètriz la, paske l tire tout otorite ak enfliyans li nan sous sa a. Lè Prètriz la te soti sou tè a, enstitisyon sa a osibyen ke tout lòt bagay ki apatni a vrè lòd legliz Jezikri a sou tè a, te vin elimine. …

“Paske mwen te prezan nan moman òganizasyon ‘Sosyete Sekou Fi yo nan Nauvoo,’ … epitou paske mwen te fè eksperyans konsiderab nan asosyasyon sa a, petèt mwen ka kominike kèk ide ki pral ede pitit fi Siyon yo pou yo avanse nan opòtinite trè enpòtan sa a, ki ranpli ak anpil nouvo responsablite. Si nenpòt nan pitit fi ak manman nan Izrayèl yo ta santi ke yo gen limitasyon nan pozisyon yo nan moman an, yo pral kounyeya devlope plis opòtinite pou jwenn tout pouvwa ak kapatite pou fè byen ke yo resevwa abondaman kòm dotasyon an. …

Imaj
Magazen an Brik Wouj

Sosyete Sekou a te òganize nan chanm aletaj nan Magazen an Brik Wouj la.

“Si nou kesyon sa a ta vini nan panse nou, tankou, Ki objektif Sosyete Sekou Fi a genyen? Ma p reponn—pou fè byen—pou ede devlope tout kapasite nou posede pou fè byen yo, pa sèlman nan sekouri pòv men nan sove nanm tou. Efò ini nou ap grandman akonpli plis pase sa ki te ka akonpli pa pifò enèji endividyèl ki te pi efikas yo. …

“Nan pran swen pòv yo, Sosyete Sekou Fi yo gen lòt responsablite pou l akonpli pase jis soulaje dezi kò a. Povrete nan lespri ak maladi nan kè mande anpil atansyon tou; epi anpil fwa yon ekspresyon jantiyès—kèk pawòl konsèy, oubyen menm bay yon moun yon bon lanmen plen afeksyon ap fè plis byen epi jwenn plis apresyasyon pase yon bous ranpli ak lò. …

“Lè Sen yo rasanble soti tout kote, etranje pou tout moun, ki gen dwa dewoute pa moun ki chita ap tann pou twonpe moun yo, Sosyete [Sekou] ta dwe rapidman chèche jwenn [yo], epi entwodui yo nan sosyete a ki pral rafine ak elve yo, epi sa ki pi enpòtan, fòtifye yo nan lafwa nan Levanjil la, epi lè yo fè sa, y ap vin tounen enstriman pou sove anpil moun.

“Sa t ap mande anpil liv si pou nou ta defini devwa, privilèj, ak responsablite yo ki sou responsablite Sosyete a. … Angaje nou ladan l ( sou direksyon evèk nou) byen deside, volontèman, ak anpil enèji, nan inite ak lapriyè, epi Bondye ap kouwone efò nou yo avèk siksè.”4

Nòt

  1. Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith(2007), 451.

  2. Filles dans mon royaume: l’histoire et l’oeuvre de la Société de Secours (2017), 1.

  3. Joseph Smith, nan Sarah M. Kimball, “Auto-biographie,” Woman’s Exponent, Sept. 1, 1883, 51.

  4. “Fi Sosyete Sekou yo,” Deseret News, 22 Avr. 1868, 81.

Imaj
Tanp Nauvoo

Tanp Nauvoo a pa George D. Durrant