Doktrin ak Alyans 2021
1–7 Novanm. Doktrin ak Alyans 125–128: “Yon Vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo”


1–7 Novanm. Doktrin ak Alyans 125–128: “Yon Vwa Kontantman pou Vivan yo ak Mò yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

1–7 Novanm. Doktrin ak Alyans 125–128,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo: 2021

Imaj
fanmi ak zansèt nan mond dèzespri a

Nou avèk yo epi yo avèk nou, tablo: Caitlin Connolly

1–7 Novanm.

Doktrin ak Alyans 125–128

“Yon vwa kontantman pou vivan yo ak mò yo”

Sonje pou w ekri sa w santi pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 125–28 la pou w ka reflechi sou yo ak pataje yo avèk lòt moun.

Ekri enpresyon ou

An out 1840, Jane Neyman ki te enkonsolab t ap koute Pwofèt Joseph Smith ki t ap pale nan antèman zanmi li, Seymour Brunson. Pitit gason adolesan Jane nan, Cyrus te mouri tou dènyèman. Pou ajoute a tristès li, Cyrus pa t janm batize, epi Jane te enkyete sou kisa sa te vledi pou nanm etènèl li. Joseph te konn kijan Jane te santi li; li te poze tèt li menm kesyon an pou frè byenneme li, Alvin, ki te mouri anvan l te batize tou. Konsa, Pwofèt la te deside pataje avèk Jane, ak tout lòt moun nan antèman an, kisa Senyè a te revele l konsènan moun ki te mouri yo san yo pa t resevwa òdonans levanjil yo—ak sa nou ka fè pou ede yo.

Doktrin batèm pou mò yo te fè Sen yo eksite ak lajwa: panse yo te vire imedyatman sou paran , granparan, ak lòt manm nan fanmi yo ki te desede yo. Kounyea, te gen espwa pou yo! Joseph te pataje lajwa yo, epi l te itilize bèl langaj plen antouzyas pou l te eksprime sa Senyè a te anseye li sou sali mò yo: “Se pou mòn yo rele avèk jwa, epi pou tout vale yo rele fò; epi tout lanmè ak tè sèch yo rakonte mèvèy Wa Etènèl nou an! ” (Doktrin ak Alyans 128:23).

Gade Les Saints, 1:415–27; “Lettre sur le baptême pour les morts,” Révélations dans leur contexte, 272–76.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 126

Senyè a vle m pran swen fanmi m.

Apre l te fin retounen lakay li sot nan dènye nan pakèt misyon li t al fè an Angletè yo, Brigham Young te resevwa yon lòt apèl enpòtan nan men Senyè a—pou l “pran swen espesyal fanmi [li]” (vèsè 3), ki te soufri pandan absans li. Pandan w ap reflechi sou fason konsèy sa a ak lòt ki nan seksyon 126 la aplike pou ou, konsidere pawòl sa yo Prezidan Bonnie L. Oscarson, ansyèn Prezidant Jeneral Jènfi yo te di:

“Sonje ke kèk nan pi gwo bezwen yo se petèt sa ki devan w yo kounyea. Kòmanse sèvis ou nan pwòp lakay ou ak andedan pwòp fanmi ou. Se relasyon sa yo ki ka etènèl. Menmsi—e petèt espesyalmam si—sityason familyal ou pa twò pafè, ou ka jwenn fason pou w sèvi, fòtifye ak ranfòse. Kòmanse kote w ye a, renmen yo jan yo ye a, epi prepare pou fanmi ou vle genyen nan lavni an” (“Bezwen ki Devan nou yo,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2017, 27).

Gade tou “Prends bien soin de ta famille,” Révélations dans leur contexte, 242–49.

Doktrin ak Alyans 127: 2–4

Senyè a konnen jwa ak tristès mwen.

Fo akizasyon ak menas arestasyon te fòse Joseph Smith al kache yon fwa ankò an Out 1842. Epi malgre sa, pawòl li te ekri Sen yo pandan tan sa a (kounyea Doktrin ak Alyans 127) chaje ak optimis ak lajwa. Kisa vèsè 2–4 yo anseye w osijè Bondye? sou fason w ka fè fas a eprèv pèsonèl?

Konsidere pou w ekri kijan Senyè a soutni w nan “dlo pwofon” lavi ou.

Doktrin ak Alyans 127:5–8; 128:1–8

“Nenpòt bagay ou lye sou tè a, ap lye nan syèl la.”

Lè w ap li Doktrin ak Alyans 127:5–8; 128:1–8, chèche rezon ki te fè Senyè a te bay Joseph Smith enstriksyon presi sa yo konsènan anrejistre batèm pou mò yo. Kisa bagay sa a anseye nou konsènan Senyè a ak travay Li a?

Imaj
jèn gason avèk kat ki gen non fanmi li

Lè nou fè sèvis nan tanp pou zansèt nou yo, sa lye kè nou avèk yo.

Doktrin ak Alyans 128: 5–25

Sali zansèt mwen yo esansyèl pou sali pa m.

Daprè sa Bondye te revele atravè Joseph Smith, nou ka klèman wè rezon ki fè zansèt nou yo ki pa t batize nan lavi sa a bezwen èd nou pou sali yo. Men, poukisa ou panse sali zansèt nou yo “nesesè epi esansyèl pou sali nou”? (gade Doktrin ak Alyans 128:15–18; italik ajoute).

Vèsè 5 anseye ke òdonans batèm pou mò yo te “prepare anvan fondasyon mond lan.” Kisa verite sa a anseye nou konsènan Bondye ak plan Li a? Kisa mesaj Prezidan Henry B. Eyring nan “Rasanble Fanmi Bondye a” ajoute sou konpreyansyon ou? (Ensign oubyen Lyawona, Me 2012, 31–33).

Joseph Smith te itilize fraz tankou “pouvwa ki lye,” “lyen ki soude,” ak “inyon ki pafè” lè l ap anseye sou òdonans prètriz ak batèm pou mò yo. Chèche fraz sa yo ak lòt ki sanble avèk yo pandan w ap li Doktrin ak Alyans 128:5–25 la. Ki kèk bagay, atravè Jezikri, ki ka lye ansanm gras ak òdonans prètriz pou mò yo? Poukisa “kare” se yon bon mo pou dekri doktrin sali pou mò yo? (gade vèsè 9–11).

Kisa k enpresyone w nan pawòl Joseph Smith yo ki nan vèsè 19–25 yo? Kòman vèsè sa yo afekte fason w santi w apwopo sèvis tanp pou zansèt ou yo? konsènan Jezikri? Kisa w santi w enspire pou w fè? (gade FamilySearch.org/discovery pou ide).

Gade tou 1 Korentyen 15:29; Dale G. Renlund, “Istwa Familyal ak Travay na Tanp: Sèlman ak Gerizon,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2018, 46–49; “Yon Sakrifis nan Tan” ak “Kè yo mare ak Ou,” videyo, ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 126.Lè w li konsèy sa a Brigham Young te resevwa a, sa ka enspire fanmi w pou yo di kijan w ta ka pase plis tan ap pran “swen espesyal” (vèsè 3) youn lòt.

Doktrin ak Alyans 128:15–18.Ki kèk nan benediksyon pou sali ak pèfeksyonman ki genyen nan travay istwa familyal? Ou ka jwenn kèk ide nan videyo “Benediksyon yo pwomèt pou Istwa Familyal” la nan (ChurchofJesusChrist.org) oubyen nan yon kantik konsènan istwa familyal, tankou “Ma généalogie” (Chants pour les Enfants, 100).

Doktrin ak Alyans 128:18.Konsidere pou w fè yon chenn an papye avèk non manm fanmi ak non zansèt ou yo sou chak lyen nan chenn nan pou montre kòman istwa familyal ak travay tanp kreye yon “lyen soude” ki konekte nou avèk zansèt nou yo. Petèt, ou ta ka fè kèk rechèch nan FamilySearch.org pou w jwenn manm fanmi adisyonèl epi pou w wè kijan chenn ou an ap grandi.

Doktrin ak Alyans 128:19–23.Petèt, manm fanmi yo ta ka fouye vèsè sa yo pou jwenn mo ki montre kijan Joseph Smith te eksite pou levanjil Jezikri a ak sali pou mò yo. Manm fanmi yo ta ka pataje eksperyans ki fè yo eksite apwopo travay sa a tou—oubyen nou ka chèche eksperyans sa yo ansanm nan FamilySearch.org/discovery.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Ma généalogie,” Chants pour les enfants, 100.

Imaj
senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Batèm pou Mò yo, “yon Sijè Nouvo ak Glorye”

Imaj
desen fon batèm nan Tanp Nauvoo a

Desen sa a montre fon batèm nan tanp Nauvoo a ki repoze sou douz towo bèf.

Phebe ak Wilford Woodruff

Phebe Woodruff te abite tou pre tanp Nauvoo a lè Joseph Smith te kòmanse anseye sou batèm pou mò yo. Li te voye yon lèt konsènan bagay sa a bay mari li, Wilford, ki t ap sèvi yon misyon an Angletè:

“Frè Joseph … aprann pa revelasyon ke moun ki nan legliz sa a ka batize pou nenpòt nan fanmi yo ki te mouri epi ki pa t gen privilèj pou yo te tande levanjil sa a, menm pou pitit yo, paran yo, frè, sè, granparan, tonton, ak matant yo. … Osito yo batize pou zanmi yo, zanmi sa yo soti nan prizon, epi yo ka reklame yo nan rezirèksyon an epi mennen yo nan wayòm selès la—legliz la resevwa doktrin sa a kòdyalman epi manm yo avanse an miltitid, gen kèk moun ki pral batize menm 16 fwa … nan yon sèl jou.”1

Nan apre, Wilford Woodruff te pale sou prensip sa a: “Menm moman m te tande bagay sa a, nanm mwen te sote avèk jwa. … M te ale epi m te batize pou tout fanmi m ki te mouri m te ka panse. … M te santi m ta rele alelouya lè yo te ba nou revelasyon konsènan batèm pou mò yo. M te santi nou te gen yon dwa pou nou rejwi nan benediksyon syèl yo.”2

Vilate Kimball

Tankou Sè Woodruff, Vilate Kimball te tande zafè batèm pou mò yo pandan mari l, Heber, te lwen ap preche levanjil la. Vilate te ekri Heber:

“Prezidan Smith ouvri yon nouvo sijè ki glorye … ki toutafè koze yon revèy nan legliz la. Ki se, batize pou mò yo. Pòl pale sou sa, nan premye Korentyen chapit 15 vèsè 29. Joseph resevwa yon eksplikasyon pi konplè sou sa pa revelasyon. … Se yon privilèj pou legliz sa a fè batèm pou tout fanmi ki te mouri anvan Levanjil sa a te vini; menm soti nan gran-grangrann ak manman. … Nan fè sa, nou aji kòm reprezantan pou yo; epi nou bayo privilèj pou yo leve nan premye rezirèksyon an. Li di levanjil la pral preche pou yo menm … men, pa gen afè pou espri yo resevwa batèm. … Depi lè lòd sa a preche bò isit la, dlo yo kontinyèlman boulvèse. Pandan konferans, pafwa te gen ant yuit a dis Èldè nan rivyè a ansanm ap fè batèm. … Mwen vle batize pou manman m. M te panse m t ap ret tann jistan w retounen, men, dènye fwa Joseph te pale sou sijè a, li te konseye pou chak moun kanpe epi aji, pou yo libere zanmi yo anba esklavaj osi vit sa te posib. Konsa, m panse m pral fè sa semèn sa a, kòm gen yon kantite vwazen k ap travay pou fè sa. Gen kèk ki deja batize plizyè fwa. … Konsa, ou wè, gen yon chans pou tout moun. Èske se pa yon doktrin ki gloriye?”3

Phebe Chase

Osito fon batèm nan te fin bati nan Tanp Nauvoo a, batèm pou mò yo te fèt ladan l olye de nan rivyè a. Phebe Chase, ki te abite Nauvoo, te ekri manman l konsènan tanp la; li te dekri fon batèm nan kòm yon plas kote “nou ka batize pou mò nou yo, pou nou vin tounen sovè sou Mòn Siyon.” Li te kontinye pou l eksplike ke nan fon sa a, “M te batize pou papa cheri m nan ak tout lòt zanmi m yo. … Kounyea, m vle konnen non manman w ak papa w pou m ka lage yo, paske m vle delivre Mò yo. … Senyè a pale ankò epi l retabli ansyen lòd la.”4

Sally Randall

Pandan l t ap ekri zanmi ak fanmi I yo konsènan batèm pou mò yo, Sally Randall te sonje lanmò pitit gason li a, George:

“O, sete yon moman eprèv pou mwen epi sanble m pa ka aksepte sityasyon sa a, men … papa l batize pou li epi èske se pa yon bagay gloriye pou nou kwè, pou nou resevwa plenitid levanjil la jan l preche kounyea epi nou ka batize pou tout zanmi nou ki mouri yo pou nou sove yo osi lwen ke nou ka rive jwenn enfòmasyon sou yo.

“M ta renmen w ekri m pou ban m non tout moun ki gen koneksyon avèk nou ki mouri deja soti nan granpè ak granmè ale nèt. M gen entansyon fè sa m kapab pou m sove zanmi m yo, epi m ta kontan anpil si kèk nan w ta ka vin ede m paske se yon gwo travay pou yon moun fè poukont li. … Mwen atann ke w pral panse se yon doktrin ki etranj, men, w ap wè li se verite.”5

Nòt

  1. Lèt Phebe Woodruff te voye bay Wilford Woodruff, 6 Okt. 1840, Libreri Istwa Legliz la, Salt Lake City; òtograf ak ponktyasyon modènize.

  2. Wilford Woodruff, “Remak,” Deseret News, Me 27, 1857, 91; ponktyasyon modènize.

  3. Lèt Vilate Kimball te voye bay Heber C. Kimball 11 oktòb 1840. Libreri Istwa Legliz la, Salt Lake City; òtograf ak ponktyasyon modènize.

  4. Lèt Phebe Chase, san dat, Libreri Istwa Legliz la, Salt Lake City; òtograf ak ponktyasyon modènize. Lè Sen yo te fèk kòmanse fè batèm pou mò yo, moun yo te batize kèkfwa pou zansèt ki ni fi ni gason. Sete nan apre li te vin revele ke gason dwe batize pou gason epi fi dwe batize pou fi.

  5. Lèt Sally Randal, 21 avril 1844, Libreri Istwa Legliz la, Salt Lake City; òtograf ak ponktyasyon modènize.

Imaj
fon batèm nan Tanp Ogden nan

Fon batèm nan Tanp Ogden nan repoze sou do douz towo bèf.