Doktrin ak Alyans 2021
8–14 Novanm. Doktrin ak Alyans 129–132: “Lè Nou Resevwa nenpòt Benediksyon nan men Bondye, se gras ak Obeyisans”


“8–14 Novanm. Doktrin ak Alyans 129–132: ‘Lè Nou Resevwa Nenpòt Benediksyon nan men Bondye, se gras ak Obeyisans,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“8–14 Novanm. Doktrin ak Alyans 129–132,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Joseph Smith k ap anseye nan Nauvoo

Joseph Smith nan Nauvoo, 1840, pa Theodore Gorka

8–14 Novanm

Doktrin ak Alyans 129–132

“Lè Nou Resevwa Nenpòt Benediksyon nan men Bondye, se gras ak Obeyisans”

Seksyon 129–32 a anseye anpil prensip presye, se sèlman kèk ki souliye nan plan leson sa a. Ki lòt verite w jwenn?

Ekri enpresyon ou

Brigham Young te di konsènan Joseph Smith yon fwa: “Li te ka senplifye bagay selès pou tout moun ka konprann” (nan Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith, 499–500). Sa sanble l espesyalman vrè konsènan ansèyman Pwofèt la nan Nauvoo nan ane 1840 yo, gen kèk nan yo ki nan Doktrin ak Alyans 129–32. A kisa Sovè a sanble? “Li se yon moun tankou noumenm.” A kisa syèl la sanble? “Menm sosyalite ki egziste nan pami nou isit la pral egziste nan pami nou lòtbò a” (Doktrin al Alyans 130:1–2), epi relasyon familyal nou pi renmen nan mond sa a, si l sele avèk otorite ki apwopriye a, “li pral gen fòs total li nan mond k ap vini an (Doktrin ak Alyans 132:19). Verite tankou sa yo kapab fè nou santi syèl la pi pre—li gloriye, men, li aksesib.

Men apresa, kèkfwa Bondye ka mande nou fè bagay ki sitèlman enkonfòtab ke yo parèt inaksesib. Pou anpil nan premye Sen yo, maryaj pliral sete youn nan kòmandman sa yo. Kòmandman pou yo l marye avèk plis pase yon madanm nan sete yon gwo tès lafwa pou Joseph Smith, pou madanm ni Emma, ak prèske tout moun ki te resevwa li. Pou yo te ka pase anba tès sa a, yo te bezwen gen plis pase senp santiman favorab pou levanjil retabli a; yo te bezwen yon lafwa nan Bondye ki te pi pwofon pase nenpòt santiman pèsonèl oubyen patipri. Kòmandman sa a pa la ankò jodia, men egzanp fidèl moun ki te suiv li yo toujou la. Epi egzanp sa a enspire nou lè yo mande nou pou nou fè pwòp “sakrifis nan obeysans” pa nou (Doktrin ak Alyans 132:50).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 130–31

Joseph Smith te revele laverite konsènan Divinite a ak “mond ki gen pou vini” an.

Ou ka remake ke seksyon 130–31 yo ekri yon tijan diferan de lòt seksyon nan Doktrin al Alyans yo. Se paske seksyon 130–31 yo baze sou nòt William Clayton, youn nan sekretè Joseph Smith yo, te pran sou bagay li te tande Pwofèt la t ap anseye. Kòm rezilta, seksyon sa yo plis tankou koleksyon verite olye de revelasyon ini yo te dikte. Malgre sa, gen kèk tèm komen nan mitan anpil nan verite sa yo. Paegzanp, ou ta ka li seksyon 130–131 yo avèk kesyon tankou sa yo nan lespri ou: Kisa m aprann osijè Bondye? Kisa m aprann konsènan lavi apre mòtalite a? Ki fason konesans sa a afekte lavi m?

Gade tou “Nous nous réjouissons de l’entendre parler,” Révélations dans leur contexte, 277–80.

Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:7, 13–25

Papa Nou ki nan Syèl la rann posib pou fanmi yo ka etènèl.

Youn nan verite ki pi rekonfòtan ki te retabli palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith sèke maryaj ak relasyon familyal ka dire pou tout tan. Atravè Joseph Smith, Senyè a te retabli òdonans ak otorite ki nesesè pou fè relasyon sa yo etènèl yo (gade Doktrin ak Alyans 132:7, 18–19). Panse a relasyon familyal ou genyen oubyen ou espere genyen alavni pandan w ap li Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:7, 13–15 yo. Kòman vèsè sa yo afekte fason w panse a relasyon sa yo?

Kèkfwa, sepandan, prensip fanmi etènèl la pa osi rekonfòtan—li gen dwa pote aksyete, menm tristès, lè sitiyasyon familyal aktyèl nou pa reponn a ideyal selès la. Lè Prezidan Henry B. Eyring te enkyete pou sitiyasyon sa a nan pwòp fanmi pa l, li te resevwa konsèy saj sa a nan men yon manm nan Kolèj Douz Apot yo: “Sèlman viv diy pou wayòm selès la, epi aranjman familyal la pral pi mèvèye pase w ta ka imajine” (nan “Yon Fwaye Kote Lespri Senyè a Abite,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2019, 25). Nan ki fason suiv konsèy sa a ka beni ou nan sityasyon aktyèl fanmi ou?

Gade tou Kristen M. Oaks, “Pou Selibatè yo nan Legliz la” (Devosyon Sistèm Edikatif Legliz la pou jèn adilt yo, 11 Sept., 2011), broadcasts.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
yon gason ak yon fi deyò Tanp Accra ki nan Gana a

Relasyon familyal ka vin etènèl atravè òdonans tanp yo.

Doktrin ak Alyans 132:1–2, 29–40

Maryaj pliral akseptab devan Bondye sèlman lè se Li ki kòmande l.

Nepòt moun ki li Ansyen Testaman an pwobableman poze tèt yo kesyon sou Abraram, Izaak, Jakòb ak Moyiz ak lòt ki te marye avèk plizyè madanm. Èske bon moun sa yo te komèt adiltè? Oubyen èske Bondye te apwouve aksyon yo? Chèche repons nan Doktrin ak Alyans 132:1–2, 29–40.

Maryaj ant yon gason ak yon fi se modèl Bondye bay pou maryaj (gade antèt seksyon Deklarasyon Ofisyèl 1; gade tou nan Jakòb 2:27, 30). Sepandan, te konn gen kèk peryòd nan listwa kote Bondye konn kòmande pitit Li yo pou yo pratike maryaj pliral.

Premye ane yo nan Legliz retabli a sete youn nan peryòd eksepsyon sa yo. Apre l te fin resevwa kòmandman sa a, Joseph Smith ak lòt Sen Dènye Jou te pratike maryaj pliral. Si w vle aprann plis sou maryaj pliral nan pami premye Sen Dèyne Jou yo, gade “Mercy Thompson et la révélation sur le mariage” (Révélations dans leur contexte, 281–93); Les Saints, 1:290–92, 432–35, 482–92, 502–4; “Plural Marriage in The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints” (Gospel Topics, topics.ChurchofJesusChrist.org); “Poukisa li te nesesè pou Joseph Smith ak Lòt Moun Pratike Poligami?” (videyo, ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrine ak Alyans 130:2, 18–19; 132:13, 19.Nan ki fason ou ta ka itilize vèsè sa yo pou ede fanmi w bay priyorite pou bagay ki dire etènèlman yo? Petèt ou ta kapab ranpli yon malèt oubyen yon valiz lekòl avèk atik ki reprezante bagay ke, daprè Doktrin ak Alyans 130:2, 18–19; 132:19 yo, nou ka pote avèk nou nan lavi aprè a, tankou foto familyal oubyen ekriti yo. Kisa Doktrin al Alyans 132:13 anseye nou konsènan bagay mond lan? Sa ta ka mennen nan yon diskisyon osijè konsantre sou bagay ki gen enpòtans etènèl.

Doktrin ak Alyans 130:20–21.Ou ta ka chante yon kantik sou gratitid, tankou “Compte les bienfaits” (Cantiques, no. 241), epi fè yon lis benediksyon fanmi w resevwa paske yo obeyi lwa Bondye yo. Ki benediksyon nou espere resevwa? Kijan nou ka resevwa benediksyon sa yo?

Doktrin ak Alyans 131:1–4; 132:15–19.Videyo “Marriage Is Sacred” (ChurchofJesusChrist.org) la ta ka ede fanmi w diskite sou verite ki nan vèsè sa yo. Kòman Senyè a santi L apwopo maryaj? Nan ki fason—keseswa nou marye ou pa marye—nou ka prepare pou nou gen yon maryaj etènèl?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Kantik yo sigjere “Ensemble à tout jamais,” Chants pour les enfants,, 98.

Amelyore etid pèsonèl

Chèche verite levanjil yo. Kèkfwa, verite levanjil yo site dirèkteman; kèk lòt fwa, yo enplike atravè yon egzanp oubyen yon istwa. Pandan w ap li, mande tèt ou: “Ki verite etènèl yo anseye nan vèsè sa yo?”

Imaj
sal sèlman nan Tanp Pari an Frans la

Yon sal sèlman nan Tanp Pari an Frans la