Doktrin ak Alyans 2021
22–28 Novanm. Doktrin ak Alyans 135—136: “Li ‘Te Sele Misyon Li ak Travay Li avèk Pwòp San Pa Li’”


“22–28 Novanm. Doktrin ak Alyans 135–136: ‘Li ‘Te Sele Misyon L ak Travay Li Avèk Pwòp San Pa L’,”’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“22–28 Novanm. Doktrin ak Alyans 135-136,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
deyò prizon Cartage la

Prizon Carthage

22–28 Novanm.

Doktrin ak Alyans 135–136

Li “Te Sele Misyon L ak Travay Li Avèk Pwòp San Pa L”

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 135–36 la, Senyè a ka enspire w avèk ide pou ede w aplike sa w ap li a. Lè sa rive, ekri sa L anseye w yo.

Ekri enpresyon ou

Nan aprèmidi 27 Jen 1844 la, Joseph ak Hyrum Smith te nan prizon yon fwa ankò, akonpaye pa John Taylor ak Willard Richards. Yo te konnen yo te inosan, yo pa t komèt onkenn krim, men, yo te soumèt yo anba arestasyon, avèk espwa pou yo te anpeche vyolans kont Sen nan Nauvoo yo. Se pa t premye fwa enmi Legliz yo te mete Pwofèt Joseph Smith nan prizon, men fwa sa a sanble l te konnen li pa t ap retounen vivan. Pou yo te eseye rekonfòte youn lòt, limenm ak zanmi l yo te li Liv Mòmon an epi yo te chante kantik. Epi yo te tande bal t ap tire, epi nan lespas kèlke minit lavi mòtèl Joseph Smith ak Hyrum te fini.

Men, malge sa, se pa t lafen koz divin yo te anbrase a. Epi, se pa t fen Retablisman levanjil Jezikri a. Te gen plis travay pou fè ak plis revelasyon ki ta pral gide Legliz la pou l avanse. Touye Pwofèt la pa t ka touye travay Bondye a.

Gade Saints, 1:140–43.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 135; 136:37–39

Joseph ak Hyrum Smith te sele temwayaj yo avèk san yo.

Imajine kòman w ta ka santi w si w t ap viv nan Novou lè yo te touye Joseph ak Hyrum Smith la (gade Les Saints, 1:554–55). Kòman w t ap eseye konprann evenman trajik sa a? Doktrin ak Alyans 135, ki te pibliye toudabò nan mwens pase twa mwa apre yo te asasina ize a, ta ka petèt ede ou. Ou gen dwa make mo ak fraz ki ta ka pote konpreyansyon ak asirans pou ou yo. Kisa w t ap di yon moun ki mande: “Poukisa Bondye kite yo touye Pwofèt Li a?”

Gade tou Doktrin ak Alyans 5:21–22; 6:29–30; “En souvenir du martyre,” Révélations dans leur contexte, 299–306; Enseignements des Présidents de l’Eglise: Joseph Smith, 522–23, 529–40; M. Russell Ballard, “Èske Nou pa Ta dwe Angaje nou nan yon Gran Kòz konsa?Ensign oubyen Lyawona, Me 2020, 08–11).

Doktrin ak Alyans 153:3

Joseph Smith te fè plis pou sali nou pase nenpòt lòt moun eksepte Jezikri.

Panse a benediksyon ki te vin jwenn ou kòm manm Legliz Jezikri a. Konbyen ladan yo ki se rezilta misyon Pwofèt Joseph Smith te akonpli a? Doktrin ak Alyans 135:3 a site kèk nan gran bagay Joseph Smith te akonpli nan 24 ane ki te suiv Premye Vizyon an. Kijan bagay sa yo afekte oumenm ak relasyon w avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri? Panse pou w ta ekri temwayaj ou konsènan Pwofèt Joseph Smith. Kiyès ki ta kapab bezwen tande temwayaj ou?

Doktrin ak Alyans 136

Senyè a ban m konsèy pou “vwayaj” mwen nan lavi a.

Apre yo te fin chase yo sòt nan Novou, Sen yo te fè fas ak yon vwayaj long pou ale nan Vale Salt Lake la, epi premye santèn kilomèt yo te lan ak mizerab. Brigham Young, ki t ap dirije Legliz la kòm Prezidan Kolèj Douz Apot yo, te enkyete sou fason Sen yo ta ka siviv rès vwayaj la. Li te tabli yon kominote ki te rele Winter Quarters epi l te priye pou l te ka jwenn direksyon. An repons, Senyè a te ba l yon revelasyon, ki se seksyon 136 la kounyea. Nan pami lòt bagay, revalasyon sa a te raple Sen yo “ke konduit yo nan vwayaj la te osi enpòtan ke destinasyon yo” epi l “t ap ede transfòme deplasman yo al nan lwès la,soti nan yon nesesite regretab pou fè l vin tounen yon eksperyans spirityèl enpòtan yo t ap pataje” (“Ce sera là notre alliance,” Révélations dans leur contexte, 308).

Kenbe kontèks sa a nan lespri w pandan w ap etidye seksyon 136 la. Ki konsèy ou jwenn ki ta ka ede ou fè yon eprèv difisil nan lavi ou vin “tounen yon … eksperyans spirityèl ki enpòtan”? Ou gen dwa medite sou fason konsèy la ka ede w akonpli volonte Senyè a nan lavi ou, jan l te ede premye Sen yo fè vwayaj difisil al nan Lwès la.

Gade tou “Ce sera là notre alliance,” Révélations dans leur contexte, 307–14; Church History Topics, “Succession of Church Leadership (Siksesyon nan Lidèchip Legliz la),” ChurchofJesusChrist.org/study/history/topics.

Imaj
Winter Quarters

Winter Quarters, tablo: Greg Olsen

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 135:1–3.Pou ede manm fanmi yo konprann kisa sa vledi ke Joseph Smith “te sele misyon l ak travay li avèk san li,” a, fanmi w ta ka gade videyo “Temwayaj Liv Mòmon an” nan (ChurchofJesusChrist.org; gade touJeffrey R. Holland, “Safety for the Soul,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2009, 88–90). Kisa ki enpresyone w nan vèsè sa yo? Kijan nou ka pi fidèl nan temwayaj nou, menmsi yo pa mande nou pou nou bay lavi nou pou yo?

Doktrin ak Alyans 135:3.Pou diskite kisa sa vledi nan deklarasyon ki di ke Joseph Smith te fè “plis, eksepte Jezi, pou sali lèzòm nan mond sa a pase tou lòt moun” nan, konsidere repase sa fanmi w te aprann konsènan Joseph Smith ane sa a. Ou gen dwa itilize foto yo ki nan manyèl sa a pou ede yo sonje sa yo te aprann epi envite yo pataje istwa oubyen ansèyman yo pi renmen yo. Poukisa nou rekonesan pou Pwofèt Prophet Joseph Smith ak sa Senyè a akonpli atravè li? Ou gen dwa gade videyo “Joseph Smith: Le Prophète du Rétablissement” an tou nan (ChurchofJesusChrist.org).

Doktrin ak Alyans 136.Lè Senyè a te revele seksyon 136 la, Sen yo te gen yon vwayaj long, difisil devan yo, anba direksyon Brigham Young (gade chapit 5860, ak 62 nan Istwa Doktrin ak Alyans, 206–8, 211–16, 222–24). Pandan w ap li seksyon 136 la ansanm, panse sou bagay difisil fanmi w te fè fas. Ki konsèy nou jwenn nan revelasyon sa a ki ta ka ede nou gen aksè nan èd ak pouvwa Senyè a?

Doktrin ak Alyans 136:4.Kisa sa vledi pou nou “[mache] nan sentete devan Senyè a”? Kijan òdonans nou resevwa yo afekte lavi kotidyèn nou?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Au grand prophète,” Cantiques, no. 27

Amelyore etid pèsonèl

Chèche lanmou Bondye. Èldè M.Russell Ballard te anseye: “Levanjil la se yon levanjil lanmou—lanmou Bondye ak lanmou youn pou lòt” (L’amour de Dieu pour ses enfants,” Ensign, Me 1988, 59). Pandan w ap li ekriti yo, panse pou w ekri oubyen make prèv ou jwenn sou lanmou Bondye yo.

Imaj
popilas nan Prizon Cartage la k ap atake Joseph Smith ak lòt

Okenn mou pa gen pi gran amou pase sa, tablo Casey Childs