Doktrin ak Alyans 2021
29 Novanm–5 Desanm. Doktrin ak Alyans 137–138: “Vizyon sou Redanmsyon Mò yo”


29 Novanm–5 Desanm. Doktrin ak Alyans 137–138: “Vizyon sou Redanmsyon Mò yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yoak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“29 Novanm–5 Desanm. Doktrin ak Alyans 137–138,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
moun nan mond dèzespri a

Joseph wè papa l, manman l, ak frè li nan wayòm selès la (Vizyon Joseph Smith sou Wayòm Selès la, Robert Barrett).

29 Novanm–5 Desanm.

Doktrin ak Alyans 137–138

“Vizyon sou Redanmsyon Mò yo”

President M. Russell Ballard te anseye: “M envite nou pou nou Ii [Doktrin ak Alyans 138] la konplètman epi panse sou li. Pandan n ap fè sa, m mande pou Senyè a beni nou pou nou ka pi totalman konprann ak apresye amou Bondye ak plan sali ak bonè L la pou pitit Li yo” (“Vizyon Redanmsyon Mò yo,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2018, 73).

Ekri enpresyon ou

Revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 137 ak 138 yo separe de plis pase 80 ane ak plis pase 2.400 konbyen kilomèt distans. Joseph Smith te resevwa Seksyon 137 la an 1836 nan Tanp Kirtland nan pandan l te an konstrisyon, epi Joseph F. Smith, sizyèm Prezidan Legliz la, te resevwa seksyon 138 la an 1918 nan Salt Lake City. Men, an tèm doktrin, de vizyon sa yo kanpe kòtakòt. Toulède reponn kesyon sou destine pitit Bondye yo nan lavi apre a. Epi yo chak gen pwofondè siyifikatif adisyonèl lè nou konsidere eksperyans pwofèt yo ki te resevwa yo a.

Vizyon Joseph Smith la te ede l konprann destine etènèl frè byeneme l, Alvin, ki te mouri sizan anvan otorite pou batize a te retabli. Joseph te gen kesyon sou sali etènèl Alvin ki te rete nan panse l depi lè sa a. Vizyon Joseph F. Smith la te revele verite gloriye sou mond dèzespri a—ki sete reyèlman yon rekonfò pou yon moun ki te nan lapenn poutèt lanmò anpil manm nan fanmi li. Joseph F. Smith te pèdi papa l, Hyrum Smith, nan laj 5 an ak manman l, Mary Fielding Smith, nan laj 13 an. Rive nan lè l te fè vizyon an, an 1918 la, li t ap kriye pou lanmò 13 pitit li.

Gen anpil kesyon moun genyen sou lavi apre lamò ki jwenn repons yo nan revelasyon sa yo. Seksyon 137 la pote kèk limyè sou kesyon sa yo toudabò, epi seksyon 138 la ouvri rido a pi laj toujou. Ansanm, yo temwaye sou “gran amou mèveye Papa a ak Pitit Gason an te manifeste” (Doktrin ak Alyans 138:3)).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 137

Chak nanm pral gen opòtinite pou yo chwazi glwa selès.

Sa tout Kretyen te konprann an 1836 sete ke si yon moun te mouri san l pa t batize—tankou Alvin, frè Joseph Smith la,—moun sa a pa t ka ale nan syèl. Sepandan, Joseph te wè Alvin nan wayòm selès la nan yon vizyon. Pandan w ap li seksyon 137 la, reflechi sou sa w aprann konsènan Papa nou ki nan Syèl la, plan sali L la, ak wayòm selès la.

Gade tou Les Saints, 1:232–35.

Doktrin ak Alyans 138:1–11, 25–30

Lè m li ak medite sou ekriti yo, sa prepare m pou m resevwa revelasyon.

Kèkfwa, revelasyon vini menm lè nou pa chèche l. Men, pi souvan, li vini paske nou chèche l avèk dilijans. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 138:1–11, 25–30 la, note kisa Prezidan Joseph F. Smith t ap fè lè “je konpreyansyon [l] te ouvri” pou l te ka pi byen konprann misyon redanmtè Sovè a. Apresa, konsidere kijan w ta ka suiv egzanp Prezidan Smith la. Paegzanp, ki chanjman ou ka fè nan etid ekriti w yo pou w ka fè plas pou plis “meditasyon sou ekriti yo” ak plis “refleksyon sou gran sakrifis ekspyatwa [Sovè a]”? (vèsè 1–2).

Nan mesaj li a “Vizyon sou Redanmsyon Mò yo” (Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2018, 71–74), Prezidan M. Russell Ballard te sigjere lòt fason Prezidan Smith te prepare pou l te resevwa revelasyon sa a. Konsidere fason w te prepare w pou eksperyans w ap fè oubyen ou pral fè alavni yo.

Gade tou “Sèvis Joseph F. Smith: Yon Vizyon sou Redanmsyon pou Mò yo,” videyo, ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
tablo sou Joseph F. Smith

Joseph F. Smith, tablo: Albert E. Salzbrenner

Doktrin ak Alyans 138: 25–60

Travay pou sali a ap fèt sou toulède bò vwal la.

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Mesaj nou pou mond la senp ak sensè: nou envite pitit Bondye yo sou toulède bò vwal la pou yo vin jwenn Sovè a, pou yo resevwa benediksyon tanp sakre yo, pou gen lajwa dirab, epi pou yo kalifye pou lavi etènèl” (“An Nou Tout Avanse,” Ensign oswa Lyawona, Me 2018, 118–19). Medite sou deklarasyon sa a pandan w ap li Doktrin ak Alyans 138:25–60 la. Ou ta ka konsidere kesyon sa yo tou:

  • Kisa w aprann nan vèsè sa yo sou fason travay sali a ap akonpli kounyea nan mond dèzespri a? Poukisa li enpòtan pou nou konnen travay sa a ap fèt? Nan ki fason vèsè sa yo ranfòse lafwa ou nan Ekspyasyon Sovè a?

  • Kisa vèsè sa yo anseye konsènan moun k ap patisipe nan travay sali a nan mond dèzespri a? Poukisa li enpòtan pou nou konprann ke travay sali a ap fèt kounyea sou toulède bò vwal la?

Gade tou Dallin H. Oaks, “Konfye nan Senyè a,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2019, 26–29; “Susa Young Gates et la vision de la rédemption des morts,” Révélations dans leur contexte, 315–22.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 137:1–5.Envite fanmi w desine a kisa yo panse wayòm selès la ka sanble baze sou vèsè sa yo. Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki fè w pa ka tann pou w al viv ladan l. Kisa n ap fè kounyea pou nou prepare pou n al viv nan wayòm selès la avèk Papa nou ki nan Syèl la ak Jezikri?

Doktrin ak Alyans 137:5–10.Pou aprann sou siyifikasyon sa te genyen pou Joseph Smith lè l te wè plizyè manm nan fanmi li ansanm nan wayòm selès la, fanmi w ta ka gade videyo “Ministè Joseph Smith: Tanp” la nan (ChurchofJesusChrist.org). Petèt ou ta ka pale de yon moun ou konnen ki te mouri san l pa t gen chans pou l te batize. Kisa Doktrin ak Alayns 137:5–10 anseye nou konsènan moun sa a?

Doktrin ak Alyans 138:12–24.Kisa Doktrin ak Alyans 138:12–24 anseye konsènan moun Sovè a te vizite nan mond dèzespri yo? Ki benediksyon yo te resevwa? Kisa nou aprann nan egzanp yo?

Doktrin ak Alyans 138:38–55.Vèsè sa yo dekri moun Presidan Joseph F. Smith te wè yo nan mond dèzespri a ak yon detay brèf sou yo. Petèt, fanmi ou ta ka fè yon lis sou zansèt ou yo ki nan mond dèzespri a, ansanm avèk detay sou lavi yo.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Kantik yo sigjere: “Quand je lis l’Ecriture sainte,” Chants pour les enfants,, 109.

Amelyore Aprantisaj Nou

Medite sou ekriti yo. Prezidan David O. McKay rele meditasyon “youn nan … pòt ki pi sakre kote nou pase pou nou antre nan prezans Senyè a” (Enseignements des présidents de l’église David O. McKay [2003], 32).

Imaj
Jezikri nan mond dèzespri a

Mandatè a, tablo: Harold I. Hopkinson. Jezikri te bay espri ki jis yo manda pou yo preche levanjil la nan mond dèzespri a.