Doktrin ak Alyans 2021
20–26 Desanm. Nwèl: Kado Enkonparab Pitit Gason Diven Bondye a


“20–26 Desanm. Nwèl: Kado Enkonparab Pitit Gason Diven Bondye a,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“20–26 Desanm. Nwèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
tablo sou Mari ak tibebe Jezi

Nativite an Kuiv ak Bwa, pa J.Kirk Richards

20–26 Desanm

Nwèl

Kado Enkonparab Pitit Gason Diven an

Yon mwayen pou konsantre panse w sou Sovè a pandan Nwèl sa a se etidye “Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo.” Plan leson sa a sigjere fason w ka fè temwayaj pwofetik sa a vin tounen yon pati nan etid pèsonèl ak familyal levanjil la.

Ekri enpresyon ou

An 1836, Pwofèt Joseph Smith te deklare: “Prensip fondamantal relijyon nou an se temwayaj Apot yo ak Pwofèt yo, konsènan Jezikri, ke Li te mouri, li te antere, epi li te leve ankò nan twazyèm jou a, epi li te monte nan syèl; epi tout lòt bagay ki anrapò avèk relijyon nou an se sèlman ekspansyon li” (Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith, 49). Anpil ane apre, Prezidan Russell M. Nelson te souliye ke “sete menm deklarasyon sa a Pwofèt la te fè a ki te founi motivasyon pou 15 pwofèt, vwayan, ak revelatè pou yo prezante epi siyen temwayaj yo pou komemore 2000 yèm anivèsè nesans Senyè a. Temwayaj istorik sa a rele ‘Kris Vivan an.’ Anpil manm memorize verite ki ladan l yo. Kèk lòt apèn konnen ke l egziste. Pandan w ap aprann plis konsènan Jezikri a, mwen ankouraje w pou w etidye ‘Kris Vivan an’” (“Rale pouvwa Jezikri vin nan lavi nou,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2017, 40).

Antanke Sen Dènye Jou, nou rejwi nan benediksyion revelasyon ka p kontinye atravè pwofèt ak apot modèn. Nou rekonesan pou pawòl konsèy , avètisman ak ankourajman enspire yo. Men, pi enpòtan, nou beni pa temwayaj puisan yo sou Jezikri—nan sezon Nwèl ak pandan tout ane a. Bagay sa yo plis pase pawòl emouvan ekriven oubyen oratè piblik abil oubyen ide moun ki se ekspè nan ekriti. Yo se pawòl “temwen espesyal non Kris la nan tout mond lan” ke Bondye chwazi, aple, ak otorize (Doktrin ak Alyans 107:23).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

“Okenn lòt moun pa t gen yon enfliyans osi pwofon.”

Ki panse ki vin nan lespri w pandan w ap li Lik 2:10–11 a ansanm ak premye paragraf “Kris Vivan an”? Kisa w t ap di pou sipòte deklarasyon ke “okenn lòt moun pa t gen yon enfliyans osi pwofon [tankou Jezikri] sou tout moun ki te viv epi ap gen pou viv sou tè a”? Chèche verite ki nan “Kris Vivan an” an ki dekri efliyans pwofon Sovè a. Kijan L te enfliyanse w epi pote “gwo lajwa” pou ou? (Lik 2:10).

“Li te leve soti nan tonb lan.”

Nan “Kris Vivan an,” Apot yo temwaye sou rezirèksyon Sovè a, kote yo mansyone twa fwa Senyè resisite a te fè aparisyon (gade nan paragraf 5 la). Panse pou w li konsènan vizit sa yo nan Jan 20–21; 3 Nefi 11–26; ak Istwa—Joseph Smith 1:14–20. Kisa w aprann konsènan Sovè a nan pawòl ak aksyon Li pandan aparisyon sa yo?

“Prètriz Li a ak Legliz Li a retabli.”

Pandan etid ou nan Doktrin ak Alyans yo ane sa a, ou te gen opòtinite pou w te aprann plis konsènan fason “prètriz Sovè a ak Legliz Li a te retabli.” Ki verite oubyen prensip retabli ki espesyalman gen plis enpòtans pou ou? Anvizaje pou w repase kèk nan ekriti ki pi ba la yo ki anseye sou Retablisman an: Doktrin ak Alyans 1:17–23; 13; 20:1–12; 65; 110; 112:30–32; 124:39–42; 128:19–21. Medite sou fason verite yo nan levanjil retabli a ede w konnen ak adore Jezikri (gade nan Doktrin ak Alyans 93:19).

“L ap retounen sou tè a yon jou.”

Nwèl se yon moman pou nou alafwa gade dèyè sou jou Jezikri te fèt la epi gade devan pou tann jou L ap retounen an. Kisa w aprann konsènan retou L la daprè avan-dènye paragraf nan “Kris Vivan an” an? Sa ka enteresan tou pou w ta li, oubyen chante oubyen koute kantik Nwèl ki anseye sou Dezyèm Vini an, tankou “Oh quel bonheur” oubyen “Minuit, c’est l’heure ou retentit” (Cantiques, nos. 123, 130).

“Li se limyè, lavi, ak lespwa mond lan.”

Nan dènye paragraf nan “Kris Vivan an” an, remake kalite ak tit yo bay pou Sovè a. Ekriti ki pi ba yo ka ede w medite sou fason Jezikri se “Li se limyè, lavi, ak lespwa mond lan”: Lik 2:25–32; 1 Korentyen 15:19–23; Mowoni 7:41; Doktrin ak Alyans 50:24; 84:44–46; 93:7–10. Nan ki fason Li se limyè, lavi, ak lespwa ou? Ki lòt kalite oubyen tit Sovè a genyen ki vledi plis bagay pou ou?

Kijan etidye “Kris Vivan an” an afekte lafwa w nan Sovè a ak lanmou w pou Li?

Imaj
Jezikri

Limyè mond lan, pa Howard Lyon

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

“Kris vivan an.”Pou ede fanmi w konprann verite yo anseye konsènan Sovè a nan “Kris Vivan an,” ou ka seleksyone kèk fraz kle epi travay ansanm pou jwenn oubyen desine foto ki ilistre fraz sa yo. Apresa ou ka konpile foto ak fraz sa yo pou vin fòme yon liv.

“Nou ofri temwayaj nou.”Kisa nou aprann nan “Kris Vivan an” konsènan kisa sa vledi pou rann temwayaj? Ou gen dwa vle ekri temwayaj ou konsènanKris la pou komemore nesans Sovè a.

“Li te mache toupatou ap fè byen.”Kijan fanmi w ta ka suiv egzanp Sovè a sou sèvis pou Nwèl sa a? Kijan w pral simaye “lapè ak bòn volonte” nan fanmi w ak nan kominote ou? Kijan w ka ede pote “gerizon [pou] moun ki malad”? Ou ka jwenn ide nan kèk nan videyo sou Nwèl yo nan aplikasyon Gospel Media a oubyen Gospel Media Library a nan (medialibrary.ChurchofJesusChrist.org).

“Bay Bondye remèsiman pou kado enkonparab Pitit Gason Diven L lan.”Ki kado nou resevwa gras ak Jezikri? Petèt manm fanmi w ka jwenn repons nan “Kris Vivan an” epi apresa vlope an kado bagay ki reprezante kado sa yo yo resevwa nan men Sovè a. Fanmi w ta ka ouvri kado yo nan jou Nwèl la oubyen padan tout semèn nan epi li ekriti ki gen rapò avèk yo chak yo. Men kèk ekriti posib, menmsi fanmi w ka jwenn anpil lòt: Lik 2:10–14; 1 Pyè 2:21; Mozya 3:8; Alma 11:42–43; Doktrin ak Alyans 18:10–12. Nou gen dwa chante yon kantik sou Sovè a tou, tankou: “Il envoya son fils” (Chants pour les enfants, 16–17), pou jwenn lòt kado ki soti nan Li.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Kantik yo sigjere: “Ecoutez! Le Chant des Anges,” Cantiques, no. 128.

Amelyore etid pèsonèl nou

Konsantre sou Sovè a. “Li ‘Kris Vivan an’ an nan yon espri lapriyè se tankou li temwayaj Matye, Mak, Lik, Jan, ak pwofèt nan Liv Mòmon yo. Sa ap ogmante lafwa w nan Sovè a epi ede w rete konsantre sou Li” (M. Russell Ballard, “Retounen epi Resevwa,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2017, 65).