Doktrin ak Alyans 2021
13–19 Desanm. “Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan: ”Fanmi an Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a”


“13–19 Desanm. Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan: ‘Fanmi Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“13–19 Desanm. Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj

13–19 Desanm

Fanmi an: Yon pwoklamasyon pou mond lan

”Fanmi Se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a”

Prezidan Dallin H. Oaks te di:… “Mwen kwè ke atitid nou anvè pwoklamasyon an ak jan nou itilize li se [yon tès] pou jenerasyon sa a. Mwen priye pou tout Sen Dènye Jou kanpe fèm nan tès sa a” (“Plan an ak Pwoklamasyon an,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2017, 31). Medite sou pawòl sa yo pandan w ap etidye pwoklamasyon sou fanmi an semèn sa a.

Ekri enpresyon ou

Menm anvan nou te fèt, nou te fè pati yon fanmi—fanmi Paran Selès nou yo. Lè moman an te rive pou nou te kite prezans yo, sa te siman rekonfòtan pou nou konnen ke sou tè a, fanmi yo ta pral fè pati plan Bondye a tou. Modèl sou tè a te prepare pou reflete modèl pafè a ki nan syèl la.

Pa gen okenn garanti ke fanmi terès yo pral ideyal oubyen menm fonksyonèl. Men, jan Prezidan Henry B. Eyring te anseye a, fanmi yo “bay pitit Bondye yo pi bon chans pou akeyi yo nan mond lan avèk sèl lanmou sou tè a ki ka pi pre sa nou te santi nan syèl la—lanmou paran nou” (“Rasanble Fanmi Bondye a,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2017, 20). Konesan ke fanmi yo enpafè epi yo ka sibi atak advèsè a, Bondye te voye sèl Piti Gason Literal li a pou rachte nou ak geri fanmi nou. Epi Li te voye yon pwoklamasyon bay pwofèt nan dènye jou yo pou defann ak fòtifye fanmi yo. Si nou suiv pwofèt yo epi nou mete lafwa nou nan Sovè a, menmsi fanmi nan mòtalite yo pa ka atenn ideyal diven an, gen espwa pou fanmi yo—sou tè a ak nan syèl la.

Imaj

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

“Fanmi se Pwen Santral nan Plan Kreyatè a.”

Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan” klèman konsène fanmi yo. Men li egalman konsène plan sali Bondye a tou. Yon fason pou w etidye pwoklamasyon an se chèche wè kisa l anseye sou lavi premòtèl nou, lavi nou nan mòtalite a, ak lavi nou apre lanmò. Kisa w aprann lè w etidye pwoklamasyon an nan fason sa a? Kijan sa ede w konprann poukisa maryaj ak fanmi esansyèl nan plan Bondye a?

Gade Dallin H. Oaks, “Plan an ak Pwoklamasyon an,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2017, 28-31.

“Bonè nan lavi familyal kapab akonpli pi souvan lè l fonde sou ansèyman Senyè Jezikri yo.”

Panse sou paragraf sis ak sèt nan pwoklamasyon fanmi an kòm yon modèl pou “bonè nan lavi familyal.” Pandan w ap li paragraf sa yo, idantifye prensip pou “ maryaj ak fanmi ki gen siksè” yo. Apresa panse a yon relasyon familyal ou ta renmen ranfòse. Kisa w santi w enspire pou w fè? Kijan w pral enplike Sovè a nan efò w yo?

Gade tou nan Richard J. Maynes, “Etabli yon Fwaye ki Santre sou Kris la,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2011, 37–39; “Kisa ki pi Enpòtan,” video, ChurchofJesusChrist.org.

Mwen “pral rann kont devan Bondye” pou fason m trete fanmi mwen.

Pwoklamasyon sou fanmi an enkli benediksyon mèvèye Pè Selès la pwomèt pou moun ki suiv konsèy Li. Li enkli gwo avètisman pou moun ki pa fè sa yo tou. Anvizaje fè yon lis sou benediksyon ak avètisman ou jwenn yo.

Kijan w ap aplike konsèy Bondye bay yo nan pwoklamasyon an? Si w te kanpe devan Bondye jodia, kisa w t ap santi w gen asirans pou w diskite avèk Li konsènan relasyon familyal ou? Kisa w t ap bezwen amelyore?

Gade tou nan Alma 5:15–22; Doktrin ak Alyans 42:22-25; 93:39–44.

Imaj

Paran yo dwe elve pitit yo nan lanmou ak ladwati.

Èske m ka resevwa benediksyon yo pwomèt yo si sitiyasyon fanmi m pa nan nivo ideyal?

Èldè D. Todd Christofferson te anseye: “Lè nou deklare verite fondamantal konsènan maryaj ak fanmi yo, se pa pou nou inyore ni diminye sakrifis oubyen siksè moun k ap viv nan sitiyasyon kote ideyal sa a pa yon reyalite pou yo nan moman an. … Nou tout gen don; nou tout gen talan; e epi nou tout ka kontribye nan dewoulman plan diven an nan chak jenerasyon. Anpil nan sa ki bon, anpil nan sa ki esansyèl—pafwa menm tout sa ki nesesè pou kounyeya—kapab akonpli nan sitiyasyon ki pa ideyal. … Avèk konfyans nou temwaye ke Sakrifis Ekspyatwa Jezikri a prevwa epi, alafen, l ap dedomaje tout privasyon ak tout pèt pou moun ki mande èd Li. Okenn moun pa predestine pou l resevwa mwens pase tout sa Papa a genyen pou pitit Li” (“Poukisa Maryaj, Poukisa Fanmi,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2015, 52).

Imaj

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

“Maskilen ak feminen se yon karakteristik esansyèl pou idantite ak objektif moun nan lavi premòtèl, mòtèl, ak etènèl.”Si sa ta ka itil pou fanmi w diskite sou doktrin ki gen pou wè avèk sèks ak atirans pou moun menm sèks la, resous ki pi ba la yo gen dwa ede: Dallin H. Oaks, “Verite a ak Plan an,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2018, 25–28; Sijè Levanjil yo, “Atirans pou Moun Menm Sèks,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

“Plan bonè diven an.”Pou ede fanmi w wè enpòtans fanmi nan plan Pè Selès la, ou ta ka ekri lavi premòtèl, lavi mòtèl, ak lavi apre lanmò nan twa seksyon sou yon moso papye. Chèche nan pwoklamasyon an ansanm, epi ekri sou papye a kisa ou aprann konsènan chak nan pati sa yo nan plan Bondye a. Poukisa fanmi yo enpòtan konsa pou Bondye?

“Fanmi [kapab] ini etènèlman.”Ou gen dwa pase videyo “Plan Sali a—Nou toujou yon Fanmi” a nan (ChurchofJesusChrist.org). Chèche nan pwoklamasyon sou fanmi an pou w jwenn verite jèn gason an nan video a te konprann epi ki te ede l gen lafwa.

“Bonè nan lavi familyal.”Pou diskite sou kijan pou w atenn plis “bonè nan lavi familyal [ou],” ou ta ka chante ansanm yon chan konsènan fanmi, tankou “Notre Foyer ici-bas” (Cantiques, no. 188). Kisa nou aprann nan chan an ak nan pwoklamasyon sou fanmi an ki ta ka pote plis bonè nan fanmi nou? Kijan nou ka asire nou ke fanmi nou “bati sou ansèyman Senyè Jezkri yo”? Anvizaje chwazi yon ansèyman ou vle travay sou li pou semèn sa a.

“Fòtifye fanmi an kòm inite fondamantal sosyete a.”Kijan Satan ap eseye febli fanmi yo nan mond lan? Kijan nou ka fè pati pa nou an pou fòtifye fanmi yo? Pou ide, gade nan mesaj Sè Bonnie L. Oscarson nan “Defansè Pwoklamasyon sou Fanmi an” (Ensign oubyen Lyawona, Me 2015, 14–17).

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè.

Chan yo sigjere “Notre foyer ici-bas,” Cantiques, no. 188.

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche amou Bondye. Èldè M.Russell Ballard te anseye: “Levanjil la se yon levanjil lanmou—lanmou Bondye ak lanmou youn pou lòt” (L’amour de Dieu pour ses enfants,”,” Ensign, Me 1988, 59). Pandan w ap li pwoklamasyon sou fanmi anan, panse pou w note oubyen make prèv sou lanmou Bondye ki gen yon espesyalman siyifikatif pou ou yo.