Doktrin ak Alyans 2021
6–12 Desanm. Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 “Nou kwè”


“6–12 Desanm. Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 “Nou kwè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“6–12 Desanm. Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2, ” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
dra trikote ki montre men ak anpil koulè po

Pou Tout Manm Gason ki Diy, pa Emma Allebes

6–12 Desanm

Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo

“Nou kwè”

Pandan w ap etidye Atik Lafwa yo ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo, panse sou enpak yo te genyen sou Legliz la. Kisa ki enpresyone w konsènan verite yo anseye yo?

Ekri enpresyon ou

Apre 200 ane depi Premye Visyon Joseph Smith la, Bondye toujou kontinye ap bay “revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans” pou dirijan yo nan legliz Li a (Doktrin ak Alyans 42:61). Nan kèk ka, revelasyon sa a te enspire dirijan legliz yo pou yo te fè chanjman nan politik ak pratik yo nan legliz la, “dapre volonte Senyè a, pou reponn ak mizerikòd li dapre kondisyon pitit lezòm” (Doktrin ak Alyans 46:15.). Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo reprezante kalite revelasyon sa a—youn te mennen nan fini pratik maryaj pliral la, epi lòt la te rann benediksyon prètriz yo, enkli benediksyon tanp yo, disponib pou moun nan tout ras. Chanjman tankou sila yo fè pati de sa sa vledi pou n gen yon “legliz vrè ak vivan” (Doktrin ak Alyans 1:30), avèk yon vrè pwofèt vivan.

Men gen bagay ki pa p chanje tou—verite fondamantal, etènèl yo. Epi pafwa rezondèt yon revelasyon se pou pote limyè adisyonèl sou verite sa yo, pou ede nou wè yo avèk plis klète. Atik Lafwa yo—13 deklarasyon brèf Joseph Smith sou sa Sen Dènye Jou yo kwè—sanble yo jwe wòl klafirikasyon sa a. Toulède revelasyon yo gide ak beni Legliz la, yon Legliz ki fonde solidman sou verite etènèl men ki toujou ka grandi ak chanje pandan Senyè a ap ogmante konpreyansyon nou pou ede nou fè fas ak difikilte nan epòk nou yo. Otremandi, “Nou kwè tout bagay Bondye te revele, tout bagay li revele kounyeya, epi nou kwè li pral revele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a” (Atik Lafwa yo 1:9).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Atik Lafwa yo

Atik Lafwa yo gen verite fondamantal yo nan levanjil retabli a.

Yon fason ou ka etidye Atik Lafwa yo se drese lis verite ou jwenn nan yo chak yo epi apresa chèche ekriti ki gen rapò ak verite sa yo. Kijan ekriti sa yo anrichi konpreyansyon w sou verite ki nan Atik Lafwa yo?

Gade Gid Ekriti yo, “Atik Lafwa yo,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org; L. Tom Perry, “Les Doctrines et Principes Contenus dans les Articles de Foi,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2013, 46–48; “Chapit 38: Lèt Wentworth la,” nan Enseignements des Présidents de l’église: Joseph Smith, 435–47.

Atik Lafwa 1:9; ak Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2

Legliz Jezikri a gide pa revelasyon.

“Nou kwè [Bondye] pral revele anpil gwo bagay ki enpòtan ankò konsènan Wayòm Bondye a ” (Atik Lafwa yo 1:9), menm lè bagay sa yo vledi chanje politik ak pratik nan legliz la. Avèk prensip sa a nan lespri w, repase Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo, epi chèche mo ak fraz ki fòtifye lafwa ou nan revelasyon kontinyèl. Ki lòt egzanp sou revelasyon kontinyèl pwofèt Senyè a resevwa ki vini nan tèt ou? Kijan revelasyon sa yo afekte lavi ou? Kijan yo fè travay la avanse nan wayòm Pè Selès la?

Gade tou nan Amòs 3:7; 2 Nefi 28:30.

Deklarasyon Ofisyèl 1

Travay Bondye a dwe kontinye avanse.

Nan “Ekstrè yo ki soti nan Twa Diskou Prezidan Wilford Woodruff konsènan Manifès la” (nan fen Deklarasyon Ofisyèl 1)an, ki rezon pwofèt la te bay pou Senyè a te mete fen a pratik maryaj pliral la? Kisa sa a anseye w konsènan travay Bondye a?

Pou plis enfòmasyon konsènan kontèks istorik Deklarasyon Ofisyèl 1 an, gade nan “Le Messager et le Manifeste” (Révélations dans leur contexte, 323–31) ak “Marriage Plural et les Premières Familles en Utah” (Gospel Topics, topics.ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
tablo sou Wilford Woodruff

Wilford Woodruff, pa H. E. Peterson.

Deklarasyon Ofisyèl 2

Nou ka mete konfyans nan Senyè a, menm lè nou pa gen yon konpreyansyon pafè.

Ekriti yo anseye nou pou nou mete konfyans nan Senyè a (gade nan Pwovèb 3:5), epi se sa anpil manm Legliz la ki se desandan Afriken yo te fè lè Legliz la te refize yo patisipe nan òdinasyon nan prètriz la ak òdonans tanp yo. Malgre yo pa t konprann poukisa politik sa a te egziste—epi souvan, eksplikasyon yo te bay yo nan epòk la te blese yo, ke legliz la rejte jodia—anpil manm devwe desandan Afriken te konfye yo nan Senyè a epi yo te rete fidèl pandan tout lavi yo. Pandan w ap li Deklarasyon Ofisyèl 2 a, medite sou fason w aprann pou konfye w nan Senyè a menm lè w pa gen yon konpreyansyon pafè.

Aprann sou lafwa manm nwa yo nan Legliz la kapab enspiran pou ou. Men kèk nan istwa yo, ki disponib nan history.ChurchofJesusChrist.org:

  • Jane Elizabeth Manning James” (Sujets de l’ histoire de l’église)

  • In My Father’s House Are Many Mansions (Nan Kay Papa m nan gen anpil Chato” (istwa sou Green Flake)

  • You Have Come at Last (Ou vini finalman)” (istwa sou Anthony Obinna)

  • “Break the Soil of Bitterness (Kase Sòl Amètim nan)” (istwa sou Julia Mavimbela)

  • I Will Take It in Faith (M ap Pran l ak Lafwa)” (istwa sou George Rickford)

Gade tou nan “Témoin de la Fidélité,” Révélations dans leur contexte, 332–41; Sijè Levanjil yo, “Race et la Prêtrise,” topics.ChurchofJesusChrist.org; Ahmad Corbitt, “A Personal Essay on Race and the Priesthood,” pati 1–4, history.ChurchofJesusChrist.org; BeOne.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Atik Lafwa yo.Anvizaje kijan fanmi w ta ka kreye ti “leson kout” pou Atik Lafwa yo. Paegzanp, pandan tout semèn nan, chakmanm nan fanmi an ta ka chwazi yon atik epi chèche yon ekriti, foto, kantik, oubyen chan timoun ki anrapò avèk li oubyen pataje yon eksperyans pèsonèl.

Oubyen manm fanmi ou ta gen dwa pran tan pou youn poze lòt kesyon sou Legliz la ak kwayans nou epi apresa reponn kesyon sa yo avèk yon atik lafwa.

Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2.Deklarasyon Ofisyèl 1 ak 2 yo ede nou konprann wòl revelasyon modèn nan Legliz la. Pandan fanmi w ap li yo ansanm, anvizaje pou nou diskite kijan pwofèt la dirije nou “pa enspirasyon Bondye Toupuisan an” (Deklarasyon Ofisyèl 1). Nan ki fason de deklarasyon sa yo fòtifye lafwa nou nan yon Bondye vivan ki pèsonèlman ap gide legliz Li a? Nan ki fason nou wè men Li nan travay Legliz la jodia? Ou gen dwa deside pou nou eksplore ansanm kèk nan resous ki nan seksyon “Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl” la ki pi wo a.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Pour trouver la paix,” Chants pour les enfants, 146–47.

Amelyore ansèyman nou

Fè suivi sou envitasyon pou aji yo. “Lè w fè suivi sou yon envitasyon pou aji, ou montre [manm fanmi w yo] ke w sousye pou yo epi ou montre yo kòman levanjil la ap beni lavi yo. Ou ba yo opòtinite pou yo pataje eksperyans yo tou” (Anseye nan fason Sovè a, 35).