Istwa Legliz la
Jane Elizabeth Manning James


“Jane Elizabeth Manning James,“ Sijè sou Istwa Legliz yo

“Jane Elizabeth Manning James”

Jane Elizabeth Manning James

Jane Elizabeth Manning James (anviwon 1822–1908) sete youn nan omwen senk pitit ki te fèt nan yon fanmi, yon koup Afriken Ameriken nan Connecticut, nan epòk kote majorite moun nwa nan Etazini Damerik yo te esklav.1 Lè l te jèn adilt, li te antre nan Nouvo Legliz kongregasyonèl Canaan an, an 1841, men, 18 mwa apre, nan ivè 1842–43 a, limenm ak plizyè manm fanmi li te batize nan Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo. Tousuit, Jane ak lòt moun nan fanmi li te vle al jwenn Sen yo nan Nauvoo, konsa, yo te vwayaje soti Connecticut pou yo t al New York, kote yo te planifye pou yo te vwayaje sou bato avapè ak bato sou kanal. Men, yo te refize aksepte yo kòm pasaje sou bato a poutèt yo te nwa, konsa, yo te mache pou rès 1.287 kilomèt yo. Nan Peoria, Illinois, otorite lokal yo te poze fanmi Mannings kesyon pou te mande yo si yo sete esklav ki te nan sove epi yo te mande yo papye yo pou yo te ka pwouve legalite yo. Rasis (racisme) sete yon obstak Jane Mannings te konfwonte pou rès lavi li.

Imaj
Foto Jane Mannings James

Foto Jane Mannings James

Koutwazi Libreri Istwa ak Achiv Legliz la

Lè l te rive Nauvoo, Jane te vit devlope yon amitye avèk Joseph ak Emma Smith. Li te viv avèk yo epi l te travay lakay yo. Nan yon pwen, Emma te envite Jane pou l te adopte l kòm yon pitit nan fanmi Smith la atravè yon sèlman prètriz2 Jane pa t aksepte, paske li pa t konprann nouvo pratik ki pa t familye sa a, men, li te kwè fèm ke Joseph sete yon pwofèt. Nan apre, li te temwaye, “M te konnen Pwofèt Joseph byen.” “Li sete pi bon gason m te janm wè sou latè. … M te sèten ke l sete yon pwofèt paske m te konnen sa.”3

Atravè konvèsasyon avèk Joseph ak manman l, Lucy Mack Smith, Jane te aprann plis sou Liv Mòmon an ak sou tradiksyon li, epi li te vin gen yon konpreyansyon ak yon respè pou òdonans tanp yo.

Jane te marye avèk Isaac James, yon nwa lib, konvèti, ki te soti nan New Jersey. Ansanm avèk pitit gason Jane nan, Sylvester, yo te kite Nauvoo an 1846 pou yo te ale nan lwès avèk Sen yo. An Jen nan ane sa a, pitit gason Isaac ak Jane nan, Silas, te fèt. Ane apre a, fanmi an te travèse plèn yo, yo te rive nan Vale Salt Lake la an otòn 1847 la. Isaac ak Jane te gen sis lòt pitit, sèlman de ladan yo te viv pi lontan pase Jane. Menmjan avèk lòt ansyen moun ki te tabli nan Vale Salt Lake la, Jane ak Isaac te travay di anpil pou yo te pran swen fanmi yo. Isaac te travay kòm ouvriye epi tanzantan li te kondi charyo Brigham Young, epi Jane te fè twal, koud rad, fè lesiv, jan l te konn fè nan Nauvoo a.

Pwoblèm marital te lakoz Isaac ak Jane divòse an 1870. Nan apre, Jane te fè yon maryaj brèf pou dezan avèk yon ansyen esklav, Frank Perkins, men, vit, li te kontinye lavi l kòm yon paran ak granparan san mari. Nesesite finansye ak lamò twa pitit te lakoz Jane retounen al travay. Li te fè savon pou l te vann, pandan de nan pitit gason l yo te anboche kòm ouvriye. An 1890, apre l te pati pou ventan, Isaac te retounen Salt Lake City, li te repran plas li kòm manm Legliz la, epi l te fòme yon relasyon amikal avèk Jane. Lè l te mouri yon ane apre, yo te fè antèman an lakay Jane.

Atravè tout difikilte nan lavi l yo, Jane te rete angaje nan lafwa l nan ansèyman levanjil yo epi li te valorize apatenans li kòm manm Legliz la. Li te bay don pou konstriksyon tanp epi l te patisipe nan Sosyete Sekou ak Sosyete Retranchman Medam yo4 Jane te fè anpil bèl eksperyans avèk don Lespri yo, enkli vizyon, rèv, gerizon pa lafwa, ak pale an lang. Nan apre, nan lavi l, li te ekri: “Lafwa m nan Levanjil Jezikri a osi solid jodia, non, si sa posib, li pi solid pase jan l te ye jou m te fèk batize a”5

Ant 1884 ak 1904, Jane te tout tan ap kontakte dirijan Legliz tankou—John Taylor, Wilford Woodruff, Zina D. H. Young, ak Joseph F. Smith—pou l te mande yo pèmisyon pou l te resevwa dotasyon tanp li epi pou l te sele.6 Nan epòk sa a, yo pa t bay gason ak fi Sen Dènye Jou ki te nwa yo otorizasyon pou yo te patisipe nan majorite nan òdonans tanp yo. An 1888, yon prezidan pieu ki te rele Angus M. Cannon te otorize Jane pou l te fè batèm pou fanmi l ki te mouri yo.7 Dirijan Legliz yo te finalman otorize l pou l te sele kòm sèvant nan fanmi Joseph Smith an 1894, san l pa t prezan, yon evènman ki te inabityèl. Malgre l pa t resevwa dotasyon tanp ni sele avèk fanmi li pandan l te vivan, òdonans sa yo te fèt pou li pa pwokirasyon an 1979.8

Li te mouri 16 Avril 1908, nan laj 95 zan, toujou yon Sen Dènye Jou fidèl. Jounal Deseret News te rapòte: “Pa gen anpil moun ki te pi koni pou lafwa ak fidelite yo pase Jane Manning James, e, byen ke l te pami moun enb sou tè a, li te gen zanmi ak relasyon pa santèn.”9

Nòt

  1. Manman Jane te esklav, men, lwa emansipasyon gradyèl nan Connecticut la te vin libere li. Jane te fèt lib, men, esklavaj te legal nan eta a jiskapre Jane te fin kite l. Pou lavi’ Jane, gade Henry J. Wolfinger, “A Test of Faith: Jane Elizabeth Manning James and the Origins of the Utah Black Community,” Clark Knowlton, ed., Akomodasyon Sosyal nan Utah (Salt Lake City: Inivèsite Utah, 1975), 126–75 ak Quincy D. Newell, “The Autobiography and Interview of Jane Elizabeth Manning James,” Journal of Africana Religions, vol. 1, no. 2 (2013), 251–91.

  2. Lèt Zina D. H. Young pou Joseph F. Smith, Jan. 15, 1894, Church History Library, Salt Lake City.

  3. “‘Tant’ Jane James,” nan “Joseph Smith, the Prophet,” Young Woman’s Journal, vol. 16, no. 12 (Dec. 1905), 551, 553.

  4. Minit ak Rejis Sosyete Sekou Eighth Ward, 1867–1969, Eighth Ward, Liberty Stake, Aug. 20, 1874; Oct. 20, 1874; Des. 21, 1874; Jan. 20, 1875; Mas. 22, 1875; Me 20, 1875; Nov. 20, 1875, vol. 1, Church History Library, Salt Lake City [Jane te siyen Perkins pandan yon ti tan]; “Ladies Semi-monthly Meeting,” Woman’s Exponent, vol. 22, no. 9 (Des. 1, 1893), 66. Jane te bay lajan pou konstriksyon Tanp St. George, Logan, ak Manti epi l te bay kontribisyon pou Misyon (Endyen) Lamanit yo. Gade nan Linda King Newell and Valeen Tippetts Avery, “Jane Manning James,” Ensign, Out 1979, 29.

  5. Jane Elizabeth Manning James autobiography, anviwon 1902, dikte a Elizabeth J. D. Roundy, Church History Library, Salt Lake City, 22.

  6. Lèt Jane E. James te voye bay John Taylor, 27 Des 1884; lèt Jane E. James te voye bay Joseph F. Smith, 7 Fev. 1890; lèt Jane E. James te voye bay Joseph F. Smith, 31 Out 1903.

  7. Lèt Angus M. Cannon te voye bay Jane E. James, 16 Jen 1888; gade touTonya Reiter, “Black Saviors on Mount Zion: Proxy Baptisms and Latter-day Saints of African Descent,” Journal of Mormon History, vol. 43, no. 4 (Oct. 2017), 100–123.

  8. Otobyografi Jane Elizabeth Manning James , anviwon 1902. Jane te dikte otobyografi l la nan Vil Salt Lake City nan epòk ant 1902 ak 1908; Ronald G. Coleman ak Darius A. Gray, “Two Perspectives: The Religious Hopes of ‘Worthy’ African American Latter-day Saints before the 1978 Revelation,” nan Newell G. Bringhurst ak Darron T. Smith, eds., Black and Mormon (Urbana: University of Illinois Press, 2004), 54. Gade tou nan Quincy D. Newell, “The Autobiography and Interview of Jane Manning James,” Journal of Africana Religions, vol. 1, no. 2 (2013), 256, 275 (note 34).

  9. “Death of Jane Manning James,” Deseret News, 16 Avr. 1908.