Istwa Legliz la
Joseph Smith ak maryaj Pliral


“Joseph Smith ak Maryaj Pliral,” Sijè sou Istwa Legliz la

“Joseph Smith ak Maryaj Pliral”

Joseph Smith ak Maryaj Pliral

Sen Dènye Jou yo kwè ke monogami—maryaj yon gason avèk yon fi—se lwa maryaj nòmal Senyè a.1 Nan epòk Bib la, Senyè a te kòmande kèk nan moun Li yo pou yo te pratike maryaj pliral—maryaj yon gason avèk plis pase yon fi.2 Kèk nan premye manm Legliz Jezikri pou Sen Dènye Jou yo te resevwa kòmandman sa a Bondye te bay atravè pwofèt epi yo te obeyi li.

Apre l te resevwa yon revelasyon ki te ba l kòmandman pou l te pratike maryaj pliral, Joseph Smith te marye avèk plizyè madanm, epi li te entwodwi pratik la bay asosye ki te pwòch li. Prensip sa a te nan pami aspè ki te pi difisil nan Retablisman an—pou Joseph pèsonèlman ak pou lòt manm Legliz yo. Maryaj pliral te teste lafwa epi l te pwovoke kontrovès ak opozisyon. Se sèlman kèlke Sen Dènye Jou ki te inisyalman aksepte retablisman yon pratik biblik ki te konplètman etranje pou sansiblite yo. Men, nan apre, anpil te temwaye de eksperyans spirityèl puisan ki te ede yo simonte ezitasyon yo, epi ki te ba yo kouraj pou yo te aksepte pratik sa a.

Anpil detay sou premye pratik mariaj pliral yo enkoni paske yo te mande patisipan yo pou yo te kenbe aksyon yo konfidansyèl. Se poutèt sa, dosye istorik premye maryaj pliral yo pa anpil: se sèlman kèk dosye nan epòk la ki bay detay, epi bagay moun yo sonje nan apre yo pa souvan fyab . Sen yo (Les Saints) rakonte plizyè istwa enpòtan sou pratik maryaj pliral Joseph Smith ak lòt premye Sen Dènye Jou te fè. Pou plis enfòmasyon sou premye maryaj pliral yo, gade nan “Plural Marriage in The Church of Jesus Christ of Latter-day Saints,” Gospel Topics Essays, topics.churchofjesuschrist.org

Sijè ki Anrapò: Joseph Smith Jr., Emma Hale Smith, Fanny Alger, Nauvoo Expositor