Doktrin ak Alyans 2021
18–24 Oktòb. Doktrin ak Alyans 121-123: “O Bondye, Kote ou Ye?”


“18–24 Oktòb. Doktrin ak Alyans 121–123 ‘O Bondye, Kote ou Ye?’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“18–24 Oktòb. Doktrin ak Alyans 121–123,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Prizon Liberty

Prizon Liberty nan Prentan Al Rounds

18–24 Oktòb.

Doktrin ak Alyans 121–123

“O Bondye, Kote ou Ye?”

Eksperyans ou nan etidye ekriti yo pral vin pi bèl si objektif ou se pou w dekouvri laverite. Kòmanse avèk yon priyè, koute Lespri a, epi ekri enpresyon ou .

Ekri enpresyon ou

Chanm ki anba nan prizon ki nan konte Liberty, Missouri a, te pote non kacho. Miray yo te epè, planche anwòch la te frèt epi l te sal, manje a— lè te genyen —te gate, epi sèl sous limyè a te soti nan fenèt etwat bare ak de bafè ki te toupre plafon an. Se nan kacho sa a Joseph Smith ak kèk nan frè l yo te pase pifò tan anprizònman yo—kat mwa gwo fredi pandan livè 1838–39 la—ap tann jijman pou akizasyon trayizon kont eta Missouri a. Pandan moman sa a, Joseph te toujou kontinye resevwa nouvèl sou soufrans Sen yo. Lapè ak optimis Far West la te dire kèk mwa sèlman, epi kounyea Sen yo te sanzabri yon lòt fwa ankò, ap mache pasipala nan dezè a ap chèche yon lòt kote pou yo rekòmanse—fwa sa a pandan Pwofèt yo a te nan prizon.

Se pa etonan ke Joseph Smith te kriye: “O Bondye, kote w ye?” Repons li te resewa yo, “konesans ki soti nan syèl” la ki te “devèse” nan prizon mizerab sa a, demontre ke menmsi sa pa toujou sanble l konsa, Bondye pa janm twò lwen. Okenn pouvwa pa kapab “bloke syèl yo,” se sa Pwofèt la te aprann. “Bondye ap akonpanye [Sen Fidèl Li yo] pou tout tan .” (Doktrin ak Alyans 121:1, 33; 122:9.)

Gade nan Les Saints, 1:323-96; “Dans la Prison de Liberty,” Révélations dans leur contexte, 256-63.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 121:1–10, 23–33122

Advèsite kapab “ pou byen [mwen].”

Lè noumenm oubyen moun nou renmen twouve yo nan mitan soufrans, se nòmal pou nou mande si Bondye konnen sa n ap andire. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 121:1-6 la, panse sou yon lè kote w te gen kesyon oubyen santiman ki tankou pa Joseph Smith yo. Kisa w jwenn nan repons Senyè a ki ta ka ede w lè w gen kesyon oubyen santiman sa yo? Paregzanp, nan vèsè 7–10, 26–33, remake benediksyon Li pwomèt pou moun ki “sipòte [afliksyon] byen.” Pandan w ap li seksyon 122 a, reflechi sou fason Senyè a vle w konsidere avèsite w yo.

Gade tou nan Henry B. Eyring, “Kote Paviyon an?Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2012, 72–75.

Doktrin ak Alyans 121:34–46

Nou ka gen aksè nan “pouvwa syèl la.”

Nan sa ki te sanble yon sitiyasyon san espwa nan Prizon Liberty a, Joseph te resevwa revelasyon konsènan pouvwa—non pa pouvwa politik ni militè ki te desann sou Sen yo men, “pouvwa syèl la.” Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 121:34-46 la, kisa w aprann konsènan pouvwa Bondye? Nan ki fason li diferan de pouvwa mond lan? Paregzanp, gade mo Senyè a itilize nan vèsè 41–43 yo pou L dekri “pouvwa oubyen enfliyans.” Kisa yo anseye konsènan fason Bondye mentni “pouvwa oubyen enfliyans” Li? Petèt vèsè sa yo ka enspire w pou w medite sou lavi w ak kisa w ka fè pou vin tounen yon enfliyans pou byen nan relasyon w avèk lòt moun.

Doktrin ak Alyans 122

Jezikri te desann pi ba pase tout bagay.

Joseph Smith te pran prizon enjisteman pandan kat mwa pandan yo te fòse zanmi l ak fanmi li kite kay yo. Travay li te konsakre lavi l pou li a te sanble l tonbe an myèt. Kisa w aprann konsènan Jezikri daprè pawòl Joseph yo nan seksyon 122 a? Kisa w aprann konsènan Joseph? Kisa w aprann konsènan oumenm?

Gade tou nan Alma 7:11–13; 36:3; Doktrin ak Alyans 88:6.

Imaj
Jezi atè a nan Jetsemane

Non pa volonte pa m, men volonte pa w, tablo Walter Rane

Doktrin ak Alyans 123

“Se pou nou fè tout sa ki nan pouvwa nou avèk kè kontan.”

An Mas 1839, li ka te sanble ke pa t genyen anpil bagay Sen yo ta ka fè pou yo te chanje sitiyasyon enstab yo a. Men nan lèt li te ekri panda l te nan Prizon Liberty a, Joseph te di yo kisa yo te ka fè: “[rasanble] tout enfòmasyon sou tout aksyon” epi “kanpe trankil, avèk asirans ki pi solid la, pou nou wè sali Bondye” (Doktrin ak Alyans 123:1, 17). Lè w konsidere twonpri ak “riz lèzòm” nan mond lan jodia, reflechi sou sa ki “nan pouvwa [ou]” pou w fè (vèsè 12, 17). Poukisa li enpòtan pou nou fè bagay sa yo “avèk kè kontan”? (vèsè 17). Kimoun ou konnen ki “poko jwenn verite a” (vèsè 12), epi kijan w ka ede moun sa a pou jwenn li?

Anpil nan enfòmasyon Joseph te mande yo nan lèt sa a te rive jwenn gouvènman an epi yo te pibliye nan yon seri ki te gen 11 pati nan yon jounal nan Novou, Times ans Seasons (gade “Yon Istwa sou Pèsekisyon, sou Legliz Jezikri pou Sen Dènye jou yo nan Missouri, Desanm 1839–Oktòb 1840,” [josephsmithpapers.org]).

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 121:1–10.“Kacho” a nan Prizon Liberty a te mezire sèlman 14 x 14.5 (4.2 pa 4.4 mèt). Kijan w ka ede fanmi w imajine kòman yon moun t ap santi l si l te oblije rete nan yon espas ki gen dimansyon sa a pandan kat mwa fredi? Ou ka jwenn lòt detay konsènan kondisyon yo nan Prizon Liberty a tou nan “Chapit 46: Joseph Smith nan Prizon Liberty a” (Istwa Doktrin ak Alyans yo, 172–74). Ou ka li tou “Vwa Retablisman yo: Prizon Liberty a” nan fen plan leson sa a oubyen gade yon videyo ki dekri tan Joseph te pase nan Prizon Liberty a nan videyo Joseph Smith: Pwofèt Retablisman an (ChurchofJesusChrist.org, kòmanse nan 43:00). Kouman enfòmasyon sa a afekte fason w santi w konsènan prensip ki nan Doktrin ak Alyans 121:1-10 yo?

Doktrin ak Alyans 121:34–36, 41–45.Petèt yon analoji ta ka ede fanmi w konprann “pouvwa syèl yo.” Paregzanp, ou ta ka konpare pouvwa Bondye avèk puisans elektrik; kisa ki ka anpeche yon aparèy elektrik resevwa elektrisite? Kisa analoji sa a, ansanm avèk vèsè 34–36, 41–45 yo, anseye nou konsènan fason pou nou ogmante pouvwa espirityèl nou? Petèt manm fanmi an ta ka pataje istwa nan lavi Sovè a ki se egzanp sou kalite sa yo.

Doktrin ak Alyans 122:7–9.Petèt manm fanmi an ta ka renmen fè ti pano ki reprezante kèk fraz nan vèsè sa yo ki enspire yo. Ou ka mete ti pano yo nan kay ou. Poukisa li enpòtan pou nou konnen ke “Pitit Gason Lòm nan te desann pi ba pase” tout bagay?

Doktrin ak Alyans 123:12.Kijan nou ka ede moun “konnen … kote pou jwenn” laverite?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade nan plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Où pourrais-je chercher?Cantiques, no. 68.

Imaj
senbòl vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Prizon Liberty

Pandan li te nan prizon Liberty a, nan Missouri, Joseph Smith te resevwa lèt ki te enfòme li sou sitiyasyon danjere Sen Dènye Jou yo ki te oblije kite eta a apre gouvènè a te pase lòd la. Madanm ni Emma te ekri l yon lèt trè touchan. Pawòl li yo, ak lèt Joseph te voye kòm repons yo, eksprime alafwa soufrans yo ak lafwa yo pandan moman difisil sa nan istwa legliz la.

Lèt Emma Smith te voye bay Joseph Smith, 7 Mas 1839

“Mari Cheri m nan

“Etandone m jwenn yon opòtinite pou m voye l pa yon zanmi, m fè tantativ pou m ekri w lèt sa a, men m p ap eseye ekri sa m santi, paske, sitiyasyon nou w ye a, mi yo, bafè yo, ak boulon yo, rivyè k ap koule, kolin k ap desann, mòn k ap monte, plèn k ap anfonse ak pil preri ki separe nou yo, ak enjsitis kriyèl ki lage w nan prizon toudabò epi ki toujou kenbe w la, ansanm avèk anpil lòt konsiderasyon, fè m epwouve santiman ki depase deskripsyon.

“Si m pa t konsyan de inosans mwen, e si se pa t pou entèvansyon dirèk mizerikòd divin, mwen sèten ke m pa t ap kapab jwenn kapasite pou m andire sèn soufrans mwen travèse yo … ; men mwen toujou vivan epi mwen ankò dispoze pou m soufri plis si se volonte Syèl la pou m ta fè sa pou ou.

“Nou tout byen pou kounyea, eksepte Fredrick ki pa twò byen.

“Ti Alexander ki nan bra mwen kounyea se youn nan pi bon timoun ou te janm wè nan lavi ou. Li tèlman gen fòs ke avèk asistans yon chèz l ap kouri nan tout kay la. …

“Pèsòn sinon Bondye pa konnen refleksyon ki nan panse m ak santiman ki nan kè m lè m te kite kay ak fwaye nou an, ak prèske tout sa nou posede eksepte timoun piti nou yo, epi m te pran wout pou m te kite Eta Missouri a, pandan w fèmen nan prizon sa a poukont ou a. Men souvni yo plis pase sa nou ka sipòte kòm imen. …

“… Mwen espere ap gen pi bon jou k ap tann nou pi devan. … [Mwen] toujou rete pa w, avèk afeksyon.

“Emma Smith”1

Lèt Joseph Smith te voye bay Emma Smith, 4 Avril 1839

“Madanm cheri—plen—afeksyon m nan.

“Jedi swa mwen te chita jis nan moman solèy la t ap kouche, pandan nou t ap fè yon ti koudèy atravè griyaj yo nan prizon solitè sa a, pou m te ekri ou, pou m ka fè w konnen sitiyasyon mwen. Mwen kwè sa fè apeprè senk mwa ak sis jou2 depi mwen anba kontwòl yon gad lajounen kou lannuit, epi andedan miray, griyaj, ak pòt anfè ka p fè bri nan yon prizon sal, fènwa, ak izole. Se avèk emosyon Bondye sèlman konnen m ap ekri w lèt sa a. Refleksyon ki nan panse m nan sikonstans sa yo pa ka jwenn ni plim, ni lang, oubyen Zanj yo, pou dekri yo, oubyen desine yo, pou yon èt imen ki pa janm fè eksperyans n ap fè la a. … Nou konte sou bra Jewova, e okenn lòt moun, pou delivrans nou epi si li pa fè sa, sa pa p fèt, mwen ba w garanti, paske anpil moun anvi bwè san nou nan eta sa a; non pa paske nou koupab pou yon bagay. … Chè Emma mwen, m panse avèk ou ak timoun yo san rete. … Mwen anvi wè ti Frederick, Joseph, Julia, Alexander, Joana, ak vye majò [chyen fanmi an]. … Ak kè kontan mwen ta mache soti la a pou vin jwenn ou pye atè, ak tèt san kouvri, prèske toutouni, pou ka wè w, e m t ap panse se t ap yon granplezi pou mwen, epi m pa t ap konsidere sa kòm yon fado. … Mwen sipòte tout opresyon m nan avèk kouraj, menmjan ak tout moun ki avèk mwen yo; nou youn poko flechi. Mwen vle [pou] w pa kite [pitit nou yo] bliye m. Di yo Papa yo renmen yo avèk yon lanmou pafè, epi l ap fè tout sa l konnen pou l soti anba grif bandi yo pou l ka vin jwenn yo. … Di yo Papa yo di yo dwe rete bon timoun, epi pran swen manman yo. …

“Moun pa w la,

“Joseph Smith Jinyò ”3

Nòt

  1. Lèt Emma Smith, 7 Mas 1839,” Letterbook 2, 37, josephsmithpapers.org; òtograf, ponktyasyon, ak gramè modènize.

  2. Yo te arete Joseph ak konpayon l yo jou 31 Oktòb 1838 la, epi yo te mete anpil gad pou veye yo lajounen kou lannuit. Aprè yon pwosè preliminè nan Richmond, Missouri, yo te mennen yo nan Prizon Liberty a jou 1e Desanm.

  3. Lèt Emma Smith, 4 Mas 1839,” 1, -3, josephsmithpapers.org; òtograf, ponktyasyon, ak gramè modènize.

Imaj
Joseph Smith nan Prizon Libète a

Pandan Joseph Smith t ap soufri nan Prizon Liberty a, Senyè a te konsole li epi revele l anpil verite.