Doktrin ak Alyans 2021
26 Jiyè–1 Out. Doktrin ak Alyans 84: “Pouvwa Divinite a”


“26 Jiyè–1 Out. Doktrin ak Alyans 84: ‘Pouvwa Divinite a’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“26 Jiyè–1 Out. Doktrin ak Alyans 84,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Joseph Smith k ap resevwa Prètriz Mèlkisedèk la

Retablisman, tablo Liz Lemon Swindle

26 Jiyè–1 Out.

Doktrin ak Alyans 84

“Pouvwa Divinite a”

Pandan w ap li Doltrin ak Alyans 84 la, medite sou konsèy pou nou “viv dapre chak pawòl ki soti nan bouch Bondye” a (vèsè 44). Kijan w pral viv konfòm avèk pawòl yo ki nan revelasyon sa a?

Ekri enpresyon ou

Depi prètriz la te retabli an 1829 la, Sen Dènye Jou yo te beni pa pouvwa sakre sa a. Yo te batize, konfime, epi aple pou sèvi pa otorite prètriz la, menmjan sa ye jodia. Men, gen aksè nan pouvwa prètriz la se pa menm bagay avèk totalman konprann ni, epi Bondye te gen plis toujou li te vle Sen l yo konprann—patikilyèman avèk retablisman òdonans tanp yo. Revelasyon 1832 a sou prètriz la, ki se Doktrin ak Alyans 84 kounyea, elaji vizyon Sen yo sou sa prètriz la reyèlman ye. E li ka fè menm bagay la pou nou jodia tou. Apretou, gen anpil pou nou aprann sou pouvwa diven ki detni “kle konesans Bondye,” ki manifeste “pouvwa divinite a,” epi ki prepare nou pou nou “wè fas Bondye, Papa a menm, epi viv” (vèsè 19–22).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 84:1–5, 17–28

Mwen gen aksè nan pouvwa ak benediksyon Bondye yo.

Lè w panse ak mo prètriz la, kisa k vin nan lespri w? Konbyen fwa ou panse a prètriz la ak enfliyans li nan lavi kotidyèn ou? Apre w fin medite sou kesyon sa yo, etidye Doktrin ak Alyans 84: 1–5, 17–28 la, epi konsidere sa Senyè a vle w konnen osijè pouvwa prètriz la. Kijan w ka itilize vèsè sa yo pou dekri prètriz la bay yon moun epi eksplike objektif li?

Ou gen dwa reflechi sou òdonans prètriz ou konn patisipe yo tou. Èske w konn wè “pouvwa divinite” a (vèsè 20) manifeste nan yo? Konsidere sa Senyè a vle w fè pou w resevwa plis nan pouvwa li nan lavi ou.

Gade M. Russell Ballard, “Gason ak Fi ak Pouvwa Prètriz la,” Ensign, Sept. 2014, 28–33; Sijè Levanjil, “Prètriz,” nan topics.ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 84:31–42

Si m resevwa Senyè a ak sèvitè l yo, m ap resevwa tout sa Papa a genyen.

Èldè Paul B. Pieper te anseye: “Sa enteresan pou nou note ke nan sèman ak alyans prètriz la [Doktrin ak Alyans 84:31–42], Senyè a itilize vèb jwenn ak resevwa yo. Li pa itilize vèb òdone a. Se nan tanp gason ak fi yo—ansanm—jwenn ak resevwa benediksyon ak pouvwa Prètriz Aawon ak Prètriz Mèlkisedèk yo” (“Reyalite revele mòtalite yo,” Ensign, Jan. 2016, 21).

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 84:31-42 a, chèche mo “jwenn” ak “resevwa” yo. Medite sou kisa yo dwe vledi nan kontèks sa a. Kijan w “resevwa” Senyè a ak sèvitè l yo?

Ou gen dwa note pwomès nan vèsè sa yo ki asosye avèk sèman ak alyans prètriz la, ke Bondye “pa ka kraze” a (vèsè 40). Kisa w jwenn ki enspire w pou w pi fidèl nan resevwa Papa a, sèvitè l yo, ak pouvwa Prètriz li a?

Gade tou: Gid Ekriti yo, “Alyans,” “Sèman,” nan scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 84:43–58

Mwen vin jwenn Kris la lè m obeyi pawòl li ak koute Lespri li.

Li ekriti yo ak pawòl pwofèt yo regilyèman se plis pase yon bagay pou nou tcheke sou yon lis tach espirityèl pou nou akonpli. Ki verite ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 84:43-58 la ki ede w konprann poukisa w bezwen etidye pawòl Bondye a konstamman? Note kontras ki egziste ant limyè ak tenèb la nan vèsè sa yo; kijan “koute pawòl lavi etènèl yo avèk atansyon” ka pote limyè, verite, ak “Lespri Jezikri” nan lavi ou? (vèsè 43, 45).

Gade tou: 2 Nefi 32:3; “Liv Mòmon an—Kle Relijyon nou an,” Enseignements des présidents de l’église: Ezra Taft Benson (2014), 125–35.

Imaj
yon fi k ap li ekriti yo

Etidye ekriti yo ede m santi enfliyans Lespri a.

Doktrin ak Alyans 84:62–91

Senyè a ap avèk mwen lè m nan sèvis li.

Pandan w ap li vèsè sa yo, ou gen dwa idantifye fason Senyè a te di l t ap sipòte Apot li yo ak misyonè l yo. Kijan pwomès sa yo ta ka aplike pou travay li mande w pou w fè a? Paregzanp, kijan pwomès ki nan vèsè 88 la akonpli nan lavi ou?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyan 84:6–18.Apre w fin li sou fason Moyiz te resevwa otorite prètriz la, yon detantè prètriz nan fanmi ou oubyen yon frè sèvis pastoral pou fanmi ou ta ka pataje eksperyans kote l te òdone nan yon ofis nan prètriz la. Si posib, li ta ka pataje liy otorite prètriz li epi diskite sou li. Poukisa l enpòtan pou nou trase otorite prètriz nou nan Legliz la jodia retounen jiska otorite Jezikri? Pou w mande yon liy otorite prètriz, voye yon email nan lineofauthority@ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 84:20–21.Nan ki okazyon fanmi w te wè “pouvwa divinite” a manifeste atravè yon òdonans, tankou batèm oswa sentsèn. Petèt ou ka di yo kijan òdonans sa yo pote pouvwa Bondye nan lavi nou. Ou ta gen dwa montre yo foto yon tanp tou epi diskite sou fason òdonans tanp yo ba nou pouvwa adisyonèl pou nou vin menmjan ak Sovè a. Petèt nou ta ka chante yon chan sou prètriz la ansanm, tankou “La prêtrise rétablie” (Chants pour les enfants, 89), epi diskite kisa chan sa a anseye osijè prètriz la.

Doktrin ak Alyan 84:43–44.Nou ta gen dwa prepare yon repa oubyen yon desè ansanm epi bay chak engredyan non yon mo oubyen yon fraz nan vèsè 44la. Poukisa l enpòtan pou nou mete chak engredyan? Poukisa li enpòtan pou nou viv dapre chak pawòl Bondye?

Doktrin ak Alyan 84:98–102.Kisa nou aprann sou Jezikri nan “nouvo chan” (vèsè 98) an nan vèsè sa yo? Kisa nou ka fè nan epòk pa nou an pou n ede kreye kondisyon yo dekri yo nan chan sa a?

Doktrin ak Alyan 84:106–10.Kijan fanmi w te “edifye ansanm” pa don ak efò “chak manm” nan fanmi an? (vèsè 110).

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “La prêtrise rétablie,” Chants pour les enfants,60; gade “Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou” tou.

Amelyore ansèyman nou

Bay envitasyon pou yo aji epi fè suivi sou sa. Lè w envite fanmi w pou yo mete sa y ap aprann yo an aplikasyon, ou montre yo ke levanjil la se yon bagay pou yo viv, se pa jis yon bagay pou yo pale de li sèlman. Kisa w ka envite yo pou yo mete an aplikasyon nan etid ou sou Doktrin ak Alyans 84 la?

Imaj
Tanp Rome an Italie

Tanp Rome an Italie