Doktrin ak Alyans 2021
19–25 Jiyè. Doktrin ak Alyans 81-83: “Moun ki Resevwa Anpil, Y Ap Mande Yo Anpil”


“19–25 Jiyè. Doktrin ask Alyans 81–83: “Moun ki Resevwa Anpil, Y ap Mande yo Anpil,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“19–25 Jiyè. Doktrin ak Alyans 81–83,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Kris la avèk jenòm rich la

Kris la avèk jenòm rich la, tablo Heinrich Hofmann

19–25 Jiyè.

Doktrin ak Alyans 81-83

Kote “Moun resevwa anpil, y ap mande yo anpil”

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 81-83 a, pran nòt sou prensip ki ka ede w fè byen nan mitan fanmi ou, zanmi ou, ak lòt moun.

Ekri enpresyon ou

An Mas 1832, Senyè a te aple Jesse Gause pou l te vin konseye Joseph Smith nan Prezidans Gran Prètriz la (ki rele Premye Prezidans kounyea) Doktrin ak Alyans 81 an se yon revelasyon li te bay pou Frè Gause, pou te enstwi l nan nouvo apèl li a epi pou te pwomèt li benediksyon si l te sèvi fidèlman. Men, Jesse Gause pa t sèvi fidèlman. Konsa, yo te aple Frederick G. Williams pou te ranplase li, epi non Frè Gause te vin ranplase pa non Frè Williams nan revelasyon an.

Sa ka sanble se yon ti detay, men li konsène yon verite enpòtan: Pifò nan revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans yo adrese a dè moun espesifik, men nou ka toujou chèche fason pou nou aplike yo a noumenm (gade 1 Nefi 19:23). Konsèy Senyè a te bay Frederick G. Williams pou l “pote jenou ki fèb yo sekou” a ka vire lespri nou sou moun nou ta ka fòtifye (Doktrin ak Alyans 81:5). Konsèy Senyè a te bay manm Firme Unie yo pou yo te “angaje tèt yo pa alyans sa a” pou yo te ka reponn bezwen tanporèl Legliz la ka vire espri nou sou pwòp alyans pa nou yo tou. Epi pwomès Senyè a ki di ke li “anba obligasyon lè nou fè sa m di” a ka raple nou pwomès li fè nou lè nou obeyi tou (Doktrin ak Alyans 82:10, 15). Se konsa sa ta dwe ye, paske Senyè a deklare tou: “Sa m di yon moun m di tout moun ni” (vèsè 5).

Gade “Newel K. Whitney et la Firme Unie,” “Jesse Gause: Conseiller du Prophète,” Révélations dans leur contexte, 142–47, 155–57.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 81

Mwen ka fidèl nan fè sa Senyè a mande mwen.

Èske pafwa ou konn mande tèt ou kijan w ka ranpli responsablite enpòtan ou genyen nan lavi w yo? Antanke konseye Pwofèt Joseph Smith, Frederick G. Williams te siman gen anpil responsablite enpòtan. Nan seksyon 81 an, Senyè a te ba l konsèy sou fason pou l ranpli yo. Kisa w ka jwenn nan seksyon sa a ki ka ede w ranpli responsablite Senyè a ba ou yo?

Men kèk kesyon pou ede w medite sou vèsè 5 la:

  • Ki kèk fason yon moun kapab “fèb”? Kisa sa vledi “pote sekou” bay moun ki fèb yo?

  • Kisa ki ka lakoz men yon moun figirativman “pandye”? Kijan nou ka “leve” men sa yo?

  • Kisa fraz “jenou ki fèb” la vledi? Kijan nou ka “ranfòse” jenou ki fèb sa yo?

Petèt etidye vèsè sa yo ka fè w sonje yon moun ou ta ka “pote sekou,” “leve,” oubyen “ranfòse.” Kisa w pral fè pou w pran swen moun sa a?

Imaj
Sidney Rigdon, Joseph Smith, Frederick Williams

Premye Prezidans lan: Sidney Rigdon, Joseph Smith, Frederick Williams

Doktrin ak Alyans 82:1–7

Senyè a envite m pou m repanti epi abandone peche m yo.

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 82:1–7 la, panse pou w fè de lis sou sa w aprann yo: avètisman kont peche ak verite sou padon. Kijan verite sa yo ka ede w reziste anba tantasyon advèsè a?

Doktrin ak Alyans 82:8–10

Kòmandman yo la pou sali mwen ak pwoteksyon m.

Si oumenm—oubyen yon moun ou konnen—konn ap mande poukisa Senyè a bay si anpil kòmandman konsa, Doktrin ak Alyans 82:8-10 la ta ka ede. Ki ide nan vèsè sa yo ki ta ka ede w eksplike yon moun poukisa w chwazi pou w suiv kòmandman Senyè a bay yo? Ou ta gen dwa konsidere fason kòmandman l yo chanje lavi w tou. Kisa w aprann sou Senyè a pandan w ap li vèsè 10 la?

Gade tou Doktrin ak Alyans 130:20–21; Carole M. Stephens, “Si w renmen mwen, kenbe kòmandman m yo,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 118–20.

Doktrin ak Alyans 83

“Pran swen vèv yo ak òfelen yo.”

An Avril 1832, jan Senyè a te mande li, Joseph Smith te vwayaje sou prèske mil twa san kilomèt pou l t al rann Sen ki te rasanble nan Missouri yo vizit (gade Doktrin ak Alyans 78:9). Youn nan kominote li te vizite yo te gen vèv ak òfelen ki t ap elve timoun poukont yo. Pami yo te gen Phebe Peck ak Anna Rogers, ke Pwofèt la te konnen pèsonèlman. Nan Missouri ane 1830 yo, lwa leta yo pa t bay vèv yo anpil dwa sou pwopriyete mari ki te mouri a te posede. Kisa nou aprann nan seksyon 83 a sou fason Senyè a santi l osijè vèv yo ak òfelen yo? Èske w konn yon moun ki nan sitiyasyon sa a, ki ta ka benefisye de lanmou w ak atansyon ou?

Gade tou: Ezayi 1:17; Jak 1:27.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 81:3.Ou gen dwa bay manm fanmi yo kè an papye epi envite yo pou yo desine oubyen ekri yon bagay yo ta renmen priye sou li. Di yo kisa sa vledi pou nou priye “tout tan, byenfò epi nan kè nou.”

Doktrin ak Alyans 81:5.Pou yo aprann sou prensip yo ki nan vèsè sa a, petèt manm fanmi w yo ta ka pataje egzanp sou moman kote yo te santi yo “fèb” epi yon moun te vin pote yo sekou oubyen fòtifye yo. Nou gen dwa gade videyo sou sèvi lòt moun tou, tankou: “Works of God (Travay Bondye)” oubyen “The Miracle of the Roof (Mirak Tèt Kay la)” nan (ChurchofJesusChrist.org). Diskite sou fason fanmi w ka regilyèman sèvi youn lòt nan fason senp.

Doktrin ak Alyans 82:8–10.Petèt yon senp jwèt ta ka ede fanmi w santi yo rekonesan pou kòmandman Bondye yo. Youn nan manm fanmi an ta ka bay enstriksyon pou ede yon lòt ki gen zye l bande fè yon sandwich oubyen fè pakou yon kous ki gen obstak. Panse ak yon bagay ki amizan ak kreyatif! Apresa, di kijan kòmandman Bondye yo se tankou enstriksyon yo ki nan jwèt sa a.

Doktrin ak Alyans 82:18–19.Kisa chak manm fanmi ka fè pou “devlope talan [li] epi “jwenn lòt talan”? Sa ta ka amizan pou nou ta fè yon sware talan familyal. Panse sou fason w ta ka enkli talan ki pa fasil pou prezante (tankou don espirityèl; gade Doktrin ak Alyans 46:11-26). Kijan nou ka itilize talan nou epi pataje sa nou genyen pou beni fanmi nou ak pwochen nou? Kisa sa vledi pou nou itilize talan nou “avèk je nou fikse sou laglwa Bondye”?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Have I Done Any Good?Hymns no 223; gade seksyon “Ide pou Amelyore Etid Ekriti Familyal ou” tou.

Amelyore ansèyman nou

Poze kesyon ki mennen nan aksyon. Panse a kesyon ki ka pouse manm fanmi w reflechi sou fason yo ka viv levanjil la pi totalman. “Kesyon sa yo pa abityèlman kesyon pou diskisyon; men yo se kesyon pou refleksyon pèsonèl” (Anseye nan fason Sovè a,31).

Imaj
Jezikri kap geri yon moun paralize

Ilistrasyon Jezi k ap geri yon moun pa Dann Burr