Doktrin ak Alyans 2021
5–11 Jiyè. Doktrin ak Alyans 76: “Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral etènèl”


“5–11 Jiyè. Doktrin ak Alyans 76: ‘Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral etènèl’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“5–11 Jiyè. Doktrin ak Alyans 76,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
galaksi nan lespas

Refij, pa Shaelynn Abel

5–11 Jiyè.

Doktrin ak Alyans 76

“Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral etènèl.

Nan seksyon 76 la, Senyè a te di kijan l vle revele nou verite a (gade vèsè 7–10). Li ekriti yo avèk lafwa ke l kapab revele w “bagay Bondye yo” (vèsè 12) ke w bezwen konnen yo. Apresa ekri ide w resevwa “pandan [ou] ankò nan Lespri a” (vèsè 28, 80, 113).

Ekri enpresyon ou

“Kisa ki pral pase apre m mouri?” Prèske tout relijyon nan mond lan adrese kesyon sa a sou yon fòm oswa yon lòt. Pandan dè syèk, anpil tradisyon Kretyèn, repoze sou ansèyman Biblik yo, te anseye sou syèl la ak lanfè, sou paradi pou moun ki jis ak touman pou moun ki mechan. Men èske fanmi imèn nan ka reyèlman divize osi kategorikman konsa ant bon ak mechan? Epi, kisa mo syèl la vrèman vledi? An Fevriye 1832, Joseph Smith ak Sidney Rigdon t ap mande tèt yo si pa t gen plis pou yo te konnen sou sijè a (gade Doktrin ak Alyans 76, antèt seksyon an).

Sètènman te gen plis. Pandan yo t ap medite sou bagay sa yo, Senyè a te “touche je konpreyansyon [yo] epi yo te louvri” (vèsè 19). Joseph ak Sidney te resevwa yon revelasyon si frapan, si grandyoz, e si anrichisan, ke Sen yo te tou senpleman rele l “Vizyon an.” Li te louvri fenèt syèl yo byen gran epi l te bay pitit Bondye yo yon vizyon sou letènite ki depase konpreyansyon nou. Vizyon an te revele ke syèl la pi gran, pi majestye, e pi ouvè pase anpil moun te konn sipoze anvan sa. Bondye pi mizèrikòdye e pi jis pase nou ka konprann. Epi, pitit Bondye yo gen yon destine etènèl pi gloriye pase nou ka imajine.

Gade Les Saints, 1:147–50; “La Vision,” Révélations dans leur contexte, 148–54.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 76

Sali vini atravè Jezikri, Pitit Gason Bondye a.

Lè Wilford Woodruff te li vizyon yo dekri nan seksyon 76 la, li te di: “M te santi dezi pou m renmen Senyè m nan plis pase m janm konn fè anvan nan lavi m” (gade “Vwa Retablisman yo” nan fen plan leson sa a. Petèt ou konn gen menm kalite santiman sa yo pandan w ap li revelasyon sa a. Apretou, okenn nan benediksyon gloriye yo dekri nan seksyon 76 la pa t ap posib san Sovè a. Petèt ou ta ka idantifye chak vèsè nan seksyon 76 la ki mansyone Senyè a, Jezikri. Kisa vèsè sa yo anseye w sou limenm ak wòl li nan plan Bondye a? Kijan yo infliyanse fason w santi w osijè limenm? Pandan w ap li ak medite a, ou gen dwa resevwa enpresyon sou fason w ka “resevwa temwayaj Jezi” ak vin pi “vanyan” nan li (vèsè 51, 79).

Doktrin ak Alyans76:39–44, 50–112

Bondye vle sove “tout zèv men li.”

Gen kèk moun, enkli kèk nan premye manm Legliz yo, ki te pwoteste kont vizyon ki nan seksyon 76 la paske li anseye ke prèske tout moun ap sove e resevwa yon sèten degre laglwa. Objeksyon yo te siman soti, an pati, nan yon move konpreyansyon sou Bondye ak relasyon li avèk nou. Pandan w ap li revelasyon sa a, kisa w aprann sou karaktè Bondye ak sou plan li pou pitit li yo?

Konsidere diferans ant sove (anba lanmò fizik ak espirityèl; gade vèsè 39, 43–44) ak egzalte (viv avèk Bondye epi vin menmjan avèk li; gade vèsè 50–70).

Gade Jan 3:16–17; Doktrin ak Alyans 132:20–25 tou.

Doktrin ak Alyans 76:50–70, 92–95

Papa m ki nan Syèl la vle pou m resevwa lavi etènèl nan wayòm selès la.

Èske w janm konn mande tèt ou—oubyen sousye w—si wi ou non w ap kalifye pou wayòm selès la? Lè w ap li deskripsyon moun ki resevwa glwa sa a (gade vèsè 50–70, 92–95), olye ke w sèlman chèche yon lis bagay ou dwe fè, chèche kisa Bondye fè—ap fè aktyèlman—pito pou ede w vin menmjan avèk li. Èske lè w li vizyon sa a nan fason sa a, sa afekte fason w santi w apwopo efò pèsonèl ou?

Ou ta gen dwa panse a gwosè benediksyon sa ye pou w konnen detay sa yo sou wayòm selès la tou. Kijan vizyon sa a sou wayòm selès la afekte fason w pèsevwa lavi kotidyèn nan ak fason w vle viv li?

Gade tou: Moyiz 1:39; Joy D. Jones, “Valè depase mezi,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 13–15; J. Devn Cornish, “Èske m bon ase? Èske m ap rive?Ensign oswa Liahona, Nov. 2013, 55–57.

Imaj
pyès yon kay nan diznevyèm syèk la

Joseph Smith te fè vizyon degre laglwa yo nan sal sa a.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 76:22–24, 50–52, 78–79, 81–82.Kisa nou aprann nan vèsè sa yo sou enpòtans temwayaj nou? Ki wòl temwayaj nou jwe nan destine etènèl nou? Sa ta bon tou pou nou ta chèche definisyon mo vanyan an pou diskite kijan nou ka “vanyan nan temwayaj Jezi” a (vèsè 79). Nou ka chante “Je serai vaillant” tou nan (Chants pour les enfants, 85).

Doktrin ak Alyans 76:24.Fanmi w gen dwa remake koneksyon ki egziste ant verite yo ki nan seksyon 76 la ak sa yo anseye nan kantik “Je suis enfant de Dieu” a nan (Chants pour les enfants, 2–3); n ap jwenn youn nan verite sa yo nan Doktrin ak Alyans 76:24. Kijan mond lan t ap diferan si tout moun te konprann ke nou tout se pitit Bondye? Kijan verite sa a afekte fason nou trete lòt moun? Petèt gade foto ki montre divès kalite pitit gason ak pitit fi Bondye sou tè sa a ta ka ede fanmi w medite sou kesyon sa a. (Gade “Video Presentation: I Am a Child of God,” la tou nan ChurchofJesusChrist.org.)

Panse pou nou chante “Je suis enfant de Dieu” ansanm epi chèche lòt koneksyon avèk lòt prensip ki nan seksyon 76 la (gade, paregzanp, vèsè 12, 62, 96).

Doktrin ak Alyans 76:40–41.Si nou ta gen pou n rezime “bòn nouvèl” (vèsè 40) ki nan vèsè sa yo nan yon brèf tit nan jounal oubyen nan yon ‘tweet’, kisa nou t ap di? Ki lòt bòn nouvèl nou jwenn nan seksyon 76 la?

Doktrin ak Alyans 76:50–70.Kijan w ka ede fanmi w tann epi prepare yo pou lavi etènèl nan wayòm syèl la? Nou ka travay ansanm pou nou chèche foto, ekriti, ak ansèyman pwofèt ki koresponn avèk fraz yo nan Doktrin ak Alyans 76:50–70 yo. Nou ka jwenn bagay sa yo nan revi Legliz yo, nan ChurchofJesusChrist.org, oubyen nan referans ekriti yo. Apresa nou ka rasanble foto, ekriti, ak ansèyman sa yo sou afich ki ka raple fanmi an bi etènèl yo.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Je sais qu’il vit, mon Rédempteur,”,” Cantiques no. 73

Imaj
senbòl vwa retablisman an

Vwa Retablisman yo: Temwayaj sou “Vizyon an”

Wilford Woodruff

Wilford Woodruff te antre Legliz la an Desanm 1833, prèske dezan apre Joseph Smith ak Sidney Rigdon te resevwa vizyon ki ekri nan Doktrin ak Alyans 76 la. Li t ap viv Nouyòk nan moman an epi li te tande misyonè yo ki t ap sèvi nan zòn nan ap pale de “Vizyon an.” Dèzane apre, li te pale de enpresyon li sou revelasyon sa a:

“Yo te anseye m depi nan anfans mwen ke te gen yon syèl ak yon lanfè, epi yo te di m ke tou moun ki mechan yo t ap gen pou yo resevwa yon pinisyon epi jis yo t ap resevwa yon laglwa. …

“… Lè m te li vizyon an …, li te eklere lespri m epi li te ban m gwo lajwa; sa te klè pou mwen ke Bondye sa a ki te revele lòm prensip sa a te saj, jis epi vrè, li te posede pi bon kalite yo ak bon sans ak konesans. M te santi ke li te konfòm a prensip lanmou, mizèrikòd, jistis ak jijman yo epi m te santi dezi pou m renmen Senyè a plis pase jamè anvan nan lavi m.”1

“‘Vizyon’ an [se] yon revelasyon ki bay plis limyè, plis verite ak plis prensip pase nenpòt ki lòt revelasyon ki nan nenpòt lòt liv nou te janm genyen. Li eksplike klèman pou konpreyansyon nou ak kondisyon aktyèl nou, ki kote nou soti, poukisa nou isit la, ak ki kote nou prale. Tout moun kapab konnen atravè revelasyon sa a kisa l pral resevwa.“2

“Anvan m te wè Joseph, m te di ke m pa t sousye pou m te konnen ki laj li te genyen, ni si l te jèn oubyen granmoun; m pa t sousye de kisa l te sanble—si cheve l te long oubyen kout; mesye ki te pibliye revelasyon sa a sete yon pwofèt Bondye. M te konnen sa pou tèt pa m.”3

Phoebe Crosby Peck

Lè Phoebe te tande Joseph ak Sidney ap anseye “Vizyon an,” li t ap viv Missouri epi li t ap elve senk pitit poukont li. Vizyon an te sitèlman enpresyone li ke l te ekri sa m pral di la a pou l te pataje sa l te aprann nan avèk fanmi elaji li:

“Senyè a revele mistè wayòm ni yo pou pitit li yo. … Joseph Smith ak Sidney Rigdon te rann nou vizit nan prentan pase a, epi nou te gen anpil reyinyon jwaye pandan yo te la a, epi te gen anpil mistè devwale devan nou, ki te ban m gwo konsolasyon. Nou te ka wè kondesandans Bondye nan prepare demè lapè pou pitit li. Epi, tout moun ki pa resevwa plenitid levanjil la epi ki pa kanpe kòm sòlda vanyan nan koz Kris la, yo p ap ka demere nan prezans Papa a ak Pitit la. Men, gen yon andwa ki prepare pou tout moun ki pa resevwa li, men se yon andwa ki gen mwens laglwa pase laglwa moun ki demere nan wayòm Selès la. Mwen p ap eseye di plis konsènan bagay sa yo puiske bagay sa yo ap enprime kounyeya epi yo pral prezante yo bay mond lan. E petèt ke nou va gen opòtinite pou nou li l noumenm, e, si wi, mwen espere ke n ap li l avèk swen ak yon priyè nan kè nou, paske bagay sa yo vo lapèn pou nou remake yo. Epi, m ta renmen pou nou etidye yo, paske se sa ki mennen nan bonè nan mond sa a ak nan mond ki gen pou vini an.”4

Nòt

  1. Remarks,” Deseret News, 27 Me 1857, 91.

  2. Deseret News, 3 Out 1881, 481; gade tou Enseignements des présidents de l’église: Wilford Woodruff (2004), 120–21.

  3. “Remarks,” Deseret Weekly, 5 Sept. 1891, 322.

  4. Lèt Phebe Crosby Peck te voye bay Anna Jones Pratt, 10 Out 1832, Libreri Istwa Legliz la, Salt Lake City; òtograf ak ponktyasyon modènize.

Imaj
reprezantasyon twa wayòm laglwa yo

Gloire par degrés, tablo Annie Henrie Nader