Doktrin ak Alyans 2021
28 Jen–4 Jiyè. Doktrin ak Alyans 71–75: “Pa Gen Okenn Zàm ki Fòme Kont Nou k Ap Pwospere”


“28 Jen–4 Jiyè. Doktrin ask Alyans 71-75: ‘Pa Gen Okenn Zàm ki Fòme Kont Nou k Ap Pwospere,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“28 Jen–4 Jiyè. Doktrin ak Alyans 71–75,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Jezi avèk mouton

Aux berger elles sont chères, pa Simon Dewey

28 Jen–4 Jiyè.

Doktrin ak Alyans 71-75

“Pa gen okenn zàm ki fòme kont nou k ap pwospere”

Èldè Quentin L. Cook te anseye: “Enfliyans Sentespri a pi souvan akonpaye etid ekriti pèsonèl ak lapriyè nan fwaye a” (“Konvèsyon Pwofon ak Dirab nan Pè Selès la ak Senyè a, Jezikri,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2018, 10).

Ekri enpresyon ou

Depi lè l te yon tigason, Joseph Smith te toujou anba kritik—enmi menm—pandan l t ap eseye fè travay Bondye a. Men sa dwe te patikilyèman dechiran pou li lè, nan fen ane 1831 an, Ezra Booth te kòmanse piblikman atake Legliz la, paske nan ka sa a, kritik la sete yon ansyen kwayan. Ezra te wè Joseph itilize pouvwa Bondye pou l te geri yon madanm. Yo te envite l pou l te akonpaye Joseph nan premye enspeksyon yo t al fè nan tè Siyon an nan Missouri. Men, li te vin pèdi lafwa apresa, epi, nan entansyon pou l te jete diskredi sou Pwofèt la, li te pibliye yon seri lèt nan yon jounal nan Ohio. Epi, efò l yo sanble yo t ap mache: “santiman negatif … te devlope kont Legliz la” nan zòn nan (Doktrin ak Alyans 71, antèt seksyon an). Kisa pou kwayan yo te fè nan yon ka konsa? Byenke pa gen yon sèl bon repons pou chak sitiyasyon, sanble ke, trè souvan—enkli nan ka sa a an 1831 an—yon pati nan repons Senyè a se pou defann laverite ak korije mansonj nan “pwoklame levanjil la” (vèsè 1). Wi, travay Senyè a toujou anba kritik, men, alafen, “Pa gen okenn zàm ki fòme kont [li] k ap pwospere” (vèsè 9).

Gade “Ezra Booth et Isaac Morley,” Révélations dans leur contexte, 134.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 71

Senyè a ap konfonn moun k ap kritike travay li a nan pwòp tan pa li.

Nou gen dwa enkyete lè nou tande moun ap kritike oubyen ridikilize Legliz la ak dirijan l yo, espesyalman lè nou pè pou moun nou konnen ak renmen pa enfliyanse pa kritik sa yo. Lè yon bagay konsa te rive nan Ohio an 1831 (gade antèt seksyon Doktrin ak Alyans 71) la, mesaj Senyè a te bay Joseph Smith ak Sidney Rigdon nan sete yon mesaj pou yo te gen lafwa, pa laperèz. Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 71 la, kisa w wè ki bati lafwa nan Senyè a ak nan travay li a? Kisa k enpresyone w nan enstriksyon Senyè a te bay sèvitè l yo nan sitiyasyon sa a?

Gade Robert D. Hales, “Le courage d’un chrétien, le prix à payer pour être un disciple,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 72–75; Jörg Klebingat, “Defendre la foi,” Ensign, Sept. 2017, 49–53.

Doktrin ak Alyans 72

Evèk yo se entandan ki responsab zafè espirityèl ak tanporèl wayòm Bondye a.

Lè Newel K. Whitney te resevwa apèl pou l te sèvi kòm dezyèm evèk Legliz la, devwa li te yon tijan diferan avèk devwa evèk jodia yo. Paregzanp, Evèk Whitney te sipèvize konsekrasyon byen yo avèk pèmisyon pou yo te enstale yo nan Missouri, nan tè Siyon an. Men, pandan w ap li sou apèl ak devwa ki nan Doktrin ak Alyans 72 yo, ou gen dwa remake kèk koneksyon avèk sa evèk yo ap fè jodia—omwen nan lespri, si se pa nan aspè espesifik devwa yo. Paregzanp, nan ki fason ou “rann kont” bay evèk ou? (vèsè 5). Nan ki sans evèk ou “responsab magazen Senyè a” epi jere fon konsakre manm pawas yo? (gade vèsè 10, 12). Kijan evèk ou ede ou?

Gade Sijè Levanjil tou, “Evèk,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
barik ak sak manje

Newel K. Whitney te jere magazen evèk la.

Doktrin ak Alyans 73

Mwen ka chèche opòtinite pou m pataje levanjil la.

Apre Joseph Smith ak Sidney Rigdon te retounen soti nan misyon kout yo a pou yo te repare domaj Ezra Booth te lakoz yo (gade Doktrin ak Alyans 71), Senyè a te di yo pou yo te retounen nan travay tradiksyon Bib la (gade Diksyonè Bib la, “Tradiksyon Joseph Smith”). Men li te vle yo kontinye preche levanjil la tou. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 73 la, konsidere kijan w ka fè preche levanjil la vin yon bagay pèmanan, “posib” (vèsè 4)—oubyen reyèl—nan lavi w pami tout lòt responsablite w genyen yo.

Doktrin ak Alyans 75:1–12

Senyè a beni moun ki fidèlman pwoklame levanjil li yo.

Pou yo te reponn ak kòmandman pou yo te “ale nan tout mond lan” pou preche levanjil la (Doktrin ak Alyans 68:8), anpil nan ansyen fidèl yo te chèche enfòmasyon adisyonèl sou fason Senyè a te vle yo akonpli tach sa a. Ki pawòl ak fraz ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 75:1-12 la ki ede w konprann kijan pou preche levanjil la efikasman Ki benediksyon Senyè a pwomèt misyonè fidèl yo? Konsidere kijan enstriksyon ak benediksyon sa yo aplike pou ou pandan w ap pataje levanjil la.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 71.Kisa yo te mande Joseph Smith ak Sidney Rigdon pou yo te fè lè lòt moun t ap kritike Legliz la ak dirijan l yo? Kijan nou “prepare chemen” pou moun yo resevwa revelasyon Bondye yo? (Doktrin ak Alyans 71:4).

Doktrin ak Alyans 72:2.Kijan evèk beni fanmi w? Kisa evèk nou mande nou pou nou fè, epi, kijan nou ka soutni li? Petèt fanmi w ta ka ekri yon kat pou remèsye evèk ou pou sèvis li.

Doktrin ak Alyans 73:3–4.Eske fanmi w t ap benefisye nan aprann osijè Tradiksyon Joseph Smith sou Bib la? (gade Diksyonè Bib la, “Tradiksyon Joseph Smith”). Ou gen dwa eksplore kèk pasaj Joseph Smith te revize nan Tradiksyon Joseph Smith a epi diskite sou verite presye Senyè a revele palentèmedyè Pwofèt la. Paregzanp, gade Tradiksyon Joseph Smith sou Jenèz 14:25–40 ak Jenèz 50:24–38 la nan apendiks Bib la; anpil referans nan Matye 4:1–11; ak Lik 2:46, referans c.

Doktrin ak Alyans 74:7.Kisa vèsè sa a anseye nou sou Jezikri ak timoun piti yo?

Doktrin ak Alyans 75:3–5, 13, 16.Ou ka ede fanmi w konprann kijan Senyè a vle nou sèvi li nan pale sou diferans ant rete “parese” ak “travay ak tout fòs nou.” Petèt ou ta ka chwazi kèk travay nan kay la epi mande yo pou yo demontre kijan y ap fè travay sa yo avèk parès epi apresa avèk tout fòs yo. Kijan nou ka sèvi Senyè a ak tout fòs nou? Selon Doktrin ak Alyans 75:3–5, 13, 16, kisa li pwomèt sèvitè fidèl li yo?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Mettons de l’ardeur,” Cantiques, no 159

Amelyore etid pèsonèl nou

Chèche mo ak fraz enspire. Pandan w ap li, Lespri a ka atire atansyon w sou kèk pawòl oubyen kèk fraz. Panse pou w pran nòt sou mo ak fraz nan Doktrin ak Ak Alyans 71-75 yo ki enspire ou.

Imaj
yon jenjan avèk yon dirijan Prètriz

Ilistrasyon jènjan ki avèk yon dirijan prètriz la pa D. Keity Larson