Doktrin ak Alyans 2021
21–27 Jen. Doktrin ak Alyans 67–70: “Vo … tout Richès Tè a”


“21–27 Jen. Doktrin ak Alyans 67–70: ‘Vo … tout Richès Tè a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“21–27 Jen. Doktrin ak Alyans 67–70,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
revelation manuscript book in display case

21–27 Jen.

Doktrin ak Alyans 67–70

“Vo … tout Richès Tè a”

Byenke anpil nan revelasyon ki nan liv Doktrin ak Alyans la te adrese a dè moun byen espesifik nan sikonstans byen espesifik, yo “pwofitab pou nou tout” (“Temwayaj Douz Apot yo sou verasite Liv Doktrin ak Alyans la,” Entwodiksyon Doktrin ak Alyans yo). Pandan w ap etidye, chèche verite ak prensip ki parèt pwofitab pou ou.

Ekri enpresyon ou

Soti 1820 rive 1831, Pwofèt Joseph Smith te resevwa anpil revelasyon nan men Senyè a, enkli konsèy divin pou moun endividyèl, enstriksyon pou gouvène Legliz la, ak vizyon enspiran sou dènye jou yo. Men anpil nan Sen yo pa t li yo. Revelasyon yo potko pibliye, e kèk grenn kopi ki te disponib yo te ekri alamen sou fèy papye ki t ap sikile nan pami manm yo ak nan men misyonè yo.

Epi, an Novanm 1831, Joseph te aple yon konsèy dirijan Legliz la pou yo te diskite sou piblikasyon revelasyon yo. Apre yo te fin chèche konn volonte Senyè a, dirijan sa yo te fè plan pou yo te pibliye Liv Kòmandman an—ki vin rele Doktrin ak Alyans yo jodia. Byenvit tout moun te vin kapab li pawòl Bondye te revele atravè pwofèt vivan l lan, prèv eklatan ke “Bondye te konfye lòm kle mistè wayòm Sovè nou an.” Pou rezon sa yo ak anpil lòt rezon, Sen yo nan epòk la ak nan epòk pa nou yo konsidere ke revelasyon yo “vo … tout richès tè a” (Doktrin ak Alyans 70, antèt seksyon an).

Gade Les Saints, 1:140–43.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doctrine and Covenants 67:1–9; 68:3–6

Bondye soutni sèvitè l yo ak pawòl yo pwononse nan non l yo.

Desizyon Joseph Smith te pran pou l te pibliye revelasyon yo sanble l se yon desizyon fasil men, kèk nan premye dirijan yo nan Legliz la pa t panse ke sete yon bon ide. Youn nan preyokipasyon yo te gen pou wè avèk enpèfeksyon langaj Joseph Smith te itilize pou l te ekri revelasyon yo. Revelasyon nan seksyon 67 la te vini kòm repons pou preyokipasyon sa a. Kisa w aprann osijè pwofèt ak revelasyon nan vèsè 1–9 yo? Ki ide adisyonèl ou jwenn nan 68:3–6yo?

Anvan yo te enprime Liv Kòmandman an, plizyè dirijan nan Legliz la te siyen yon temwayaj ekri pou yo te fè konnen ke revelasyon yo ki te nan liv la te vrè. Pou w wè yon kopi temwayaj yo, gade “Testimony, circa 2 November 1831,” Revelation Book 1, 121, josephsmithpapers.org.

Doktrin ak Alyans 68:1–8

Enspirasyon ki soti nan men Sentespri a reflete volonte Senyè a.

Pawòl nan vèsè sa yo te pwononse lè Orson Hyde ak lòt te resevwa apèl “pou pwoklame levanjil etènèl la, avèk Lespri Bondye vivan an, soti nan yon pèp al nan yon lòt, soti nan yon peyi al nan yon lòt” (vèsè 1). Kijan deklarasyon ki nan vèsè 4 la ta ka ede yon moun yo voye preche levanjil la? Nan ki fason pawòl sa yo aplike pou ou? Panse sou yon fwa kote ou te “anime pa Sentespri a” (vèsè 3) pou w te di oubyen fè yon bagay. Kisa w wè nan vèsè sa yo ki ka ba w konfyans pou w suiv enspirasyon espirityèl yo?

Doktrin ak Alyans 68:25–28

Paran yo responsab pou yo anseye pitit yo.

Sè Joy D. Jones, Prezidant Jeneral Primè a, te anseye: “[Yon] kle pou ede pitit nou yo vin reziste anba peche se kòmanse antre doktrin ak prensip debaz levanjil yo nan yo byen bonè—apati ekriti yo, Atik Lafwa yo, bwochi Pou Fòs Jèn yo , chan Primè yo, kantik yo, kantik yo, ak temwayaj pèsonèl pa nou—ki ap mennen pitit nou yo bay Sovè a. … (“Yon Jenerasyon ki Reziste anba Peche,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 88).

Selon Doktrin ak Alyans 68:25–28, ki kèk nan “doktrin debaz levanjil” Sè Jones mansyone yo paran yo ta dwe anseye pitit yo? Poukisa sa se yon responsablite ki enpòtan yo bay paran yo? Kisa w t ap di yon paran ki pa santi l kalifye pou l anseye pitit li bagay sa yo?

Gade Tad R. Callister, “Paran yo: Enstriktè prensipal pitit yo,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2014, 32–34.

Imaj
fanmi k ap li ekriti

Fwaye a se andwa ideyal pou timoun yo aprann levanjil la.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 67:10–14.Kijan jalouzi, krent, ak ògèy ka anpeche nou vin pi pre Senyè a? Poukisa yon “lòm natirèl” pa kapab rete nan prezans Senyè a? (vèsè 12; gade tou Mozya 3:19). Kisa w wè nan vèsè sa yo ki ka enspire nou pou nou “kontinye nan pasyans jiskaske [nou] vin pafè”? (vèsè 13).

Ansanm an fanmi, ou gen dwa repase mesaj Èldè Jeffrey R. Holland nan “Se pou nou pafè—alafen”an (Ensign oswa Liahona, Nov. 2017, 40–42).

Doktrin ak Alyans 68:3–4.Mande manm fanmi yo pou yo pataje eksperyans ki te fòtifye lafwa yo pou fè yo konnen pawòl sèvitè Senyè yo pale yo se“volonte Senyè a,” “panse Senyè a,” ak “pouvwa Bondye pou sali” (vèsè 4). Oubyen yo ta ka chèche mesaj nan dènye konferans jeneral la ki aplike pou yon pwoblèm fanmi yo t ap konfwonte.

Doktrin ak Alyans 68:25–35.Vèsè sa yo gen konsèy enpòtan pou “moun ki ap abite nan Siyon yo” (vèsè 26). Kisa nou santi nou pouse pou n amelyore apre nou fin li vèsè sa yo? Sa ta ka amizan pou nou ta kreye foto ki dekri kèk prensip nan vèsè sa yo epi kache yo nan tout kay la. Apresa, nan jou k ap vini yo lè yon moun jwenn youn nan foto yo, ou ta gen dwa itilize sa kòm yon opòtinite pou anseye sou prensip sa a. Poukisa fwaye a se pi bon kote pou timoun yo aprann bagay sa yo?

Doktrin ak Alyans 69:1–2.Yo te voye Oliver Cowdery Missouri avèk kèk kopi maniskri revelasyon Pwofèt la te enprime yo, ansanm ak lajan pou te ede bati legliz la nan kote sa a. Ki konsèy Senyè a te bay nan vèsè 1 an osijè vwayaj Oliver la? Poukisa li enpòtan pou nou avèk moun “ki vrè ak fidèl”? (vèsè 1). Kilè w te gen zanmi ki te enfliyanse w pou w te pran bon oubyen move desizyon? Kijan nou ka yon bon enfliyans pou lòt moun?

Doktrin ak Alyans 70:1–4.Senyè a te bay kèk nan ansyen yo responsablite pou yo te sipèvize piblikasyon revelasyon yo. Byenke nou pa gen responsablite espesifik sa a jodia, nan ki fason yo ta ka konsidere nou kòm “responsab pou revelasyon ak kòmandman yo”? (vèsè 3).

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere “Notre foyer ici-bas,” Cantiques, no. 188.

Amelyore ansèyman nou

Aplike ekriti yo nan lavi nou. Lè w fin li yon pasaj ekriti, mande manm fanmi yo pou yo di ki fason pasaj sa a aplike ak lavi yo. Paregzanp, ou ta gen dwa envite yo pou yo panse ak kèk sityasyon konsa kote yo ta ka afwonte ki enplike menm prensip levanjil yo.

Imaj
Enprimri Grandin an

Liv Kòmandman an, ki te anvan Doktrin ak Alyans yo, te enprime nan yon enprimri ki parèy avèk sa a.