Doktrin ak Alyans 2021
7–13 Jen. Doktrin ak Alyans 63: “Bagay Ki Soti Anwo Yo Sakre”


“ 7–13 Jen. Doktrin ak Alyans 63: ‘Bagay Ki Soti Anwo Yo Sakre,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“ 7–13 Jen. Doktrin ak Alyans 63,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Jaden nan Missouri

Spring Hill, Daviess County, Missouri, pa Garth Robinson Oborn

7–13 Jen.

Doktrin ak Alyans 63

“Bagay Ki Soti Anwo Yo Sakre”

Senyè a te di: “Ou resevwa Lespri a pa mwayen lapriyè” (Doktrin ak Alyans 63:64). Panse pou w priye pou Sentespri a pou l ka gide etid ou.

Ekri enpresyon ou

Anplasman pou vil Siyon an te deja chwazi. Dirijan Legliz yo te vizite zòn nan epi yo te konsakre l kòm yon lye rasanbleman pou Sen yo. Selon istwa Joseph Smith, “tè Siyon an sete objektif tanporèl ki pi enpòtan ki te devan nou kounyea” (Doktrin ak Alyans 63, antèt seksyon an). Men opinyon konsènan Siyon yo pa t menm pou tout moun. Anpil Sen te enpasyan pou yo te kòmanse rasanble nan Missouri. Yon lòtbò, gen moun tankou Ezra Booth ki te desi pa tè Siyon an epi yo te fè konnen opinyon yo. Anfèt, lè Joseph te retounen Kirtland soti Missouri, li te jwenn diskisyon ak apostazi ki te antre nan Legliz la pandan l pa t la a. Sete nan kontèks sa a li te resevwa revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 63 a. Ladan l, Senyè a te pale de achte tè epi deplase Sen yo al Missouri. Men pami aspè pratik sa yo, te gen yon rapèl byen apwopriye: “Mmwen menm Senyè a, m leve vwa m epi moun pral obeyi li” (vèsè 5). Vwa li, volonte li, kòmandman li—yo tout ki “[soti] anwo”—nou pa dwe trete yo sinikman ni alalejè. Se “bagay ki sakre epi moun dwe pale l avèk swen” (vèsè 64).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 63:1–6, 32–37

Kòlè Senyè a limen kont mechan yo ak rebèl yo.

Lè l te resevwa revelasyon sa a, Joseph Smith t ap fè fas ak gwo kritik nan pami plizyè manm Legliz ki te vire kont li (gade “Ezra Booth et Isaac Morley,” Révélations dans leur contexte, 130–36). Ki avètisman Senyè a bay nan Doktrin ak Alyans 63:1–6, 32–37 la konsènan “mechan ak rebèl yo”? Kijan avètisman sa yo se prèv lanmou Bondye?

Doktrin ak Alyans 63:7–12

Gen siy ki vini pa lafwa ak pa volonte Bondye.

Siy oswa mirak poukont yo pa pwodui yon lafwa inebranlab. Nan kòmansman ane 1831 an, Ezra Booth, yon pastè Metodis nan Kirtland, te deside vin batize apre l te fin wè Joseph Smith mirakilezman geri bra zanmi li, Elsa Johnson.

Men, nan lespas kèlke mwa, Booth te pèdi lafwa li epi l te vin ap kritike Pwofèt la. Kijan sa te fè fèt, lè n konsidere mirak li te temwen an? Reflechi sou sa pandan w ap li Doktrin ak Alyans 63:7–12 la. Ou ta gen dwa reflechi sou rezon k fè kèk moun resevwa siy “pou byen lèzòm ak pou laglwa [Bondye]” (vèsè 12) epi lòt resevwa yo “pou … kondanasyon yo” (vèsè 11). Baze sou sa w li yo, kisa panse Senyè a ta vle ou panse ak santi osijè siy yo?

Gade tou: Matye 16:1–4; Jan 12:37; Mòmon 9:10–21; Etè 12:12, 18.

Doktrin ak Alyans 63:13–23

Chastete vledi kenbe panse m ak aksyon mwen pwòp.

Pifò moun t ap rekonèt ke adiltè se yon move bagay. Men, nan Doktrin ak Alyans 63:13–19 la, Sovè a te rann klè ke panse ki pa pwòp gen konsekans espirityèl grav tou. “Poukisa move panse seksyèl se yon peche mòtèl konsa?” Èldè Jeffrey R. Holland te anseye: “Enben, anplis enpak totalman destriktè li genyen sou nanm nou, m panse l se yon peche paske li sal relasyon ki pi elve ak pi sakre Bondye ba nou nan mòtalite a—lanmou yon gason avèk yon fi genyen youn pou lòt ak dezi pou koup la mennen dimoun vin fèt nan yon fanmi ki destine pou l etènèl” (“Pa kite plas pou enmi nanm mwen an ankò,” Ensign oswa Liahona, Me 2010, 44).

Ki konsekans Senyè a mansyone nan Doktrin ak Alyans 63:13–19 la k ap tonbe sou moun ki pa repanti pou panse ak aksyon ki pa pwòp yo? Note benediksyon Sovè a pwomèt nan vèsè 20 ak 23 yo pou moun ki fidèl yo. Ki benediksyon ou resevwa nan lavi w paske w ap obeyi lwa chastete a? Kijan Sovè a ede w rete pwòp ak vin pwòp?

Gade tou: Doktrin ak Alyans 121:45; Linda S. Reeves, “Diy pou Benediksyon yo pwomèt yo,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2015, 9–11.

Imaj
gason ak fi nan lakou yon tanp

Nou beni lè nou kenbe panse nou ak aksyon nou pwòp.

Doktrin ak Alyans 63:24–46

Senyè a dirije zafè espirityèl ak tanporèl Sen l yo.

Apre Senyè a te fin idantifye kote pou yo te bati Siyon an, Sen nan Ohio yo te ankò bezwen direksyon pou yo te ka konn kilè pou yo te demenaje ak ki kote pou yo te jwenn kòb pou yo te ka achte tè. Pandan w ap li Doktryn ak Alyans 63:24–46 la, chèche direksyon espirityèl ak tanporèl Senyè a te bay konsènan Siyon. Ki direksyon espirityèl ak tanporèl Senyè a ba ou?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 63:7–12.Istwa Ezra Booth ki te kite Legliz la malgre l te temwen gerizon Elsa Johnson nan (gade brèf detay sou li nan seksyon “Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl” ak tablo ki akonpaye plan leson sa a) ka soulve yon diskisyon osijè mirak. Petèt manm fanmi w yo ta ka pale de mirak ki te fòtifye lafwa yo, enkli eksperyans fanmi w viv ak sa yo pran nan istwa familyal ou. Kijan yo te egzèse lafwa yo te bezwen pou yo te resevwa mirak sa yo? Kisa Doktrin ak Alyans 63:7-12 anseye sou relasyon ant lafwa ak mirak?

Doktrin ak Alyans 63:13–19.Kijan nou ka pwoteje tèt nou kont enfliyans ki pa pwòp, espesyalman pònografi? (Ou ka jwenn anpil resous pou ede fanmi yo nan AddressingPornography.ChurchofJesusChrist.org.) Ki benediksyon ki genyen nan viv lwa chastete a?

Doktrin ak Alyans 63:23.Kijan w ka ede fanmi w konprann fason “mistè wayòm [yo],” oswa verite levanjil yo se tankou yon “sous dlo lavi”? Paregzanp, nou ta gen dwa ale nan yon sous oubyen yon rivyè (oubyen pase yon videyo ki gen foto youn nan bagay sa yo). Nan ki fason verite levanjil yo sanble ak dlo?

Doktrin ak Alyans 63:58.Ki avètisman nou jwenn nan seksyon 63 a? Ki kèk avètisman nou tande nan men dirijan Legliz yo jodia?

Doktrin ak Alyans 63:58–64.Montre foto yon trezò fanmi an ki presye. Kijan nou trete objè sa a diferan ak lòt bagay ki pa osi presye yo? Kisa Doktrin ak Alyans 63:58–64 anseye nou sou sa nou ka fè pou nou gen reverans pou bagay ki sakre?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Le recueillement, c’est l’amour,” Chants pour les enfants,31.

Amelyore etid pèsonèl nou

Aplike sa w ap aprann yo. “Pandan w ap santi lajwa ki vini nan konprann levanjil la, w ap vin gen dezi pou w aplike sa w ap aprann yo Fè efò pou w viv an amoni avèk konpreyansyon sa a. Si w fè sa, sa ap fòtifye lafwa ou, konesans ou, ak temwayaj ou” (Preche Levanjil Mwen an, 19).

Imaj
Joseph Smith ki kenbe men yon fi

Gerizon Zepòl Elsa Johnson, pa Sam Lawlor