Doktrin ak Alyans 2021
14–20 Jen. Doktrin ak Alyans 64–66: “Senyè a Mande Yon Kè ak Yon Lespri Byen Dispoze”


“14–20 Jen. Doktrin ak Alyans 64–66: ‘Senyè a Mande Yon Kè ak Yon Lespri Byen Dispoze,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“14–20 Jen. Doktrin ak Alyans 64–66,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon jaden nan solèy leve

Daviess County, Missouri

14–20 Jen.

Doktrin ak Alyans 64–66

“Senyè a Mande Yon Kè ak Yon Lespri Byen Dispoze”

Prezidan Henry B. Eyring te di: “Mwen souvan ale nan ekriti yo avèk kesyon sa yo; ‘Kisa Bondye ta vle pou m fè?’ oswa ‘Kisa l ta renmen m santi?’ San fot mwen toujou jwenn nouvo ide ak panse m pa t janm te genyen anvan sa” (“Kijan Bondye pale avèk mwen atravè ekriti yo,” 6 Fev. 2019, blog.ChurchofJesusChrist.org).

Ekri enpresyon ou

Nan gwo chalè mwa Out 1831 an, plizyè nan ansyen yo te retounen Kirtland apre yo te fin egzamine peyi Siyon an nan Missouri jan Senyè a te kòmande yo a. Se pa t yon vwayaj agreyab. Vwayajè yo—Joseph Smith, Oliver Cowdery, Sidney Rigdon, Ezra Booth, ak lòt—te cho epi yo te fatige, epi tansyon te vin leve ki te rapidman tounen kerèl. Sete kòmsi bati Siyon, yon vil lanmou, inite ak lapè sa a, ta pral pran yon bon kantite tan.

Erezman, bati Siyon—nan Missouri an 1831 an oubyen nan kè nou ak nan pawas nou yo jodia—pa mande pou nou pafè. Olyesa, Senyè a di: “se yon egzijans pou nou padone tout moun” (Doktrin ak Alyans 64:10). Li mande “yon kè ak yon lespri byen dispoze” (vèsè 34) Epi li mande pasyans ak dilijans, paske Siyon dwe bati sou fondasyon “ti bagay,” ki akonpli pa moun ki pa p “sispann fè byen” (vèsè 33).

Gade tou: Les Saints, 1:133–34, 136–37.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 64:1–11

Yo mande m pou m padone tout moun.

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 64:1–11 la, panse sou yon lè kote Bondye te padone ou. Ou ta gen dwa panse ak yon moun ou bezwen padone tou. Kijan konpasyon Sovè a afekte sa w santi osijè tèt ou ak lòt moun? Poukisa ou panse Senyè a kòmande nou pou nou “padone tout moun”? (vèsè 10). Si w gen pwoblèm pou w padone, reflechi a sa resous nou pral bay la yo anseye sou fason Sovè a ka ede w: Jeffrey R. Holland, “Ministè Rekonsilyasyon an,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2018, 77–79; Gid Ekriti yo, “Padone,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 64:1–34

Bondye mande kè mwen ak yon lespri byen dispoze.

Èske w janm konn santi w “bouke” avèk tout “byen” w ap eseye fè yo? Chèche ki mesaj Senyè a genyen pou ou nan Doktrin ak Alyans 64:31–34. Kisa sa vledi pou nou bay Bondye “kè nou ak yon lespri byen dispoze?” (vèsè 34).

Doktrin ak Alyans 64:41–43

Siyon pral yon banyè pou nasyon yo.

Yon banyè se “yon drapo oswa yon etanda ki sèvi pou rasanble moun bò kote l nan yon menm bi oswa yon menm idantite” (Gid Ekriti yo, “banyè,” scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Ki fason Siyon—oswa Legliz Senyè a—se tankou yon banyè pou ou? Konsidere lòt egzanp sa yo sou bagay yo leve anlè, tankou yon banyè, pou beni moun: Kantite 21:6–9; Matye 5:14–16; Alma 46:11–20. Kisa vèsè sa yo anseye w sou fason ou ka ede Legliz la vin yon banyè kote w ap viv la? Chèche lòt fason Senyè a dekri Siyon nan Doktrin ak Alyans 64:41–43.

Imaj
Kapitèn Mowoni

Kapitèn Mowoni leve etanda libète a, pa Gary E. Smith

Doktrin ak Alyans 65

“Prepare chemen Senyè a”

Matye dekri Jan Batis kòm yon moun ki te rele: “Prepare chemen Senyè a” (Matye 3:3; gade tou Ezayi 40:3). Nan Doktrin ak Alyans 65, Senyè a itilize menm kalite langaj la pou dekri travay dènye jou a. Ki resanblans ou wè ant sa Jan Batis te fè a (gade Matye 3:1–12) ak sa Senyè a vle pou nou fè jodia? Kisa w jwenn nan revelasyon sa a ki enspire w pou w ede akonpli pwofesi ki ladan l yo? Reflechi sou fason w ka “fè moun konnen travay mèveye [Bondye] ap akonpli nan mitan pèp la” (vèsè 4).

Doktrin ak Alyans 66

Senyè a konnn panse ki nan kè mwen.

Tousuit apre l te fin antre Legliz la, William E. McLellin te mande Joseph Smith pou l te revele l volonte Bondye konsènan li. Joseph pa t konnen men, William te gen senk kesyon pèsonèl li te espere Senyè a tapral reponn palentèmedyè pwofèt li a. Nou pa konn kisa kesyon yo te ye, men nou konnen ke revelasyon yo te bay pou li a, ki nan Doktrin ak Alyans 66 jodia, te reponn tout kesyon William yo pou “satisfaksyon total li” (“Les cinq questions de William McLellin,” Révélations dans leur contexte, 138).

Pandan w ap li seksyon 66la, panse a Senyè a te konnen osijè William McLellin ak sou preyokipasyon ak entansyon ki te nan kè li. Ki fason Senyè a revele w ke l konnen ou? Si w gen benediksyon patriyakal ou, panse pou w li li. Pandan w ap fè sa, kisa Sentespri a ede w konprann sou volonte Bondye pou ou?

Gade tou Les Saints, 1:138–40; Sijè Levanjil, “Benediksyon Patriyakal” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 64:8–10.Relasyon familyal bay anpil opòtinite pou nou aprann padone. Petèt manm fanmi w ta ka di kijan padone youn lòt te beni fanmi ou Kijan Senyè a ede nou youn padone lòt? Nan ki fason nou “aflije” (vèsè 8) lè nou pa padone lòt moun?

Doktrin ak Alyans 64:34.Kisa Papa nou ki nan Syèl la vle fanmi w fè pou akonpli “gran travay” li a? Petèt se ale nan tanp, pataje levanjil la avèk yon vwazen, oubyen simote kontansyon. Petèt chak manm ta ka kolekte ti objè, tankou wòch oubyen bouton, oubyen moso jwèt kastèt, epi itilize yo pou reprezante “ti bagay” nou ka fè chak jou pou nou “poze fondasyon” pou gran travay Bondye a. Ansanm nan fanmi an, chwazi youn nan ti bagay sa yo pou nou travay semèn sa a.

Doktrin ak Alyans 66:3.Kijan w pral anseye enpòtans repantans? Ou gen dwa sèvi yon ti manje nan yon asyèt ki pwòp an pati epi li pawòl Senyè a te di William McLellin yo: “Ou pwòp, men pa totalman.” Apresa ou ka netwaye asyèt la epi pataje manje a pandan n ap diskite sou fason Jezikri rann posib pou nou pwòp espirityèlman.

Doktrin ak Alyans 66:10.Kijan fanmi w ka suiv konsèy Senyè a pou yo “pa chèche ankonbre yo,” ni chaje yo anba anpil bagay pou yo fè? Ou gen dwa rakonte yo istwa Mari ak Mat la tou (gade Lik 10:38–42), epi diskite sou kijan fanmi ou ka pa ankonbre yo anba bagay ki pa gen valè etènèl.

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Aide-moi, Père,” Chants pour les enfants,52

Amelyore ansèyman nou

Se pou ou disponib e aksesib. Kèk nan pi bon moman ansèyman yo kòmanse pa kesyon oubyen preyokipasyon nan kè manm fanmi yo. Fè yo konnen, pa pawòl ou ak aksyon ou, ke ou anvi tande yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 16.)

Imaj
Yon fi ki ajenou devan Jezi

Padone, foto Greg K. Olsen. Itilize avèk pèmisyon. www.GregOlsen.com