Doktrin ak Alyans 2021
31 Me–6 Jen. Doktrin ak Alyans 60–62: “Tout Kò Fizik nan Men Mwen”


“31 Me–6 Jen. Doktrin ak Alyans 60–62: ‘Tout Kò Fizik nan Men Mwen’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“Me 27–Jen 2. Doktrin ak Alyans 60–62,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Rivyè Missouri a

Kan nan Missouri, pa Bryan Mark Taylor

31 Me–6 Jen.

Doktrin ak Alyans 60-62

“Tout Kò Fizik nan Men Mwen”

Prezidan Ezra Taft Benson te anseye ke lè nou etidye etidye ekriti yo, “temwayaj nou ap grandi. Angajman nou ap ranfòse. Fanmi yo ap fòtifye. Revelasyon pèsonèl ap koule” (“Le pouvoir de la parole,” Liahona, Me 1986, 81).

Ekri enpresyon ou

An Jen 1831, Joseph Smith te fè yon konferans avèk ansyen yo nan Legliz la nan Kirtland. Ladan, Senyè a te òganize kèk nan ansyen yo kòm konpayon epi li te voye yo Conte Jackson, nan Missouri, avèk tach sa a: “Preche sou wout la” (Doktrin ak Alyans 52:10). Anpil nan ansyen yo te fè sa avèk anpil dilijans, men gen lòt ki pa t obeyi. Konsa, lè moman an te rive pou yo te retounen Kirtland, Senyè a te di: “M pa kontan avèk kèk [ansyen], paske yo pa vle louvri bouch yo, men, yo kache talan m ba yo, paske yo pè moun.” (Doktrin ak Alyans 60:2). Anpil nan nou ka santi konpasyon pou ansyen sa yo—nou gen dwa menm santi nou ezite pou louvri bouch nou epi pataje levanjil la. Petèt noumenm tou nou bloke paske nou “pè moun.” Petèt nou doute de diyite nou oswa kapasite nou. Kèlkeswa rezon an, Senyè a “konnen feblès lòm epi li konnen kijan pou pote sekou ba [nou]” (Doktrin ak Alyans 62:1). Atravè tout revelasyon sa yo li te bay premye misyonè yo, nou jwenn asirans ki ka ede nou simonte laperèz nou nan pataje levanjil la—oubyen lòt krent nou ka genyen: “Mwenmenm Senyè a, m dirije anlè nan syèl la.” “M kapab fè nou sen.” “Tout kò fizik nan men mwen.” Epi “Fè kè nou kontan, timoun piti m yo, paske m nan mitan nou.” (Doktrin ak Alyans 60:4, 7; 61:6, 36.)

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 6062

Senyè a kontan lè nou ouvri bouch nou pou nou pataje levanjil la.

Nou tout konn viv eksperyans kote nou ta ka pale de levanjil la avèk yon moun men, pou yon rezon kèlkonk, nou pa t fè li. Pandan w ap li pawòl Senyè a te di premye misyonè yo ki pa t “louvri bouch yo,” a, panse a opòtinite oumenm ou jwenn pou w pataje levanjil la. Kijan temwayaj ou de levanjil la se tankou yon “talan” oswa yon trezò Bondye ba ou? Nan ki fason nou pafwa “kache talan [nou]”? (Doktrin ak Alyans 60:2; gade tou Matye 25:14–30).

Senyè a te korije premye misyonè sa yo, men li te eseye enspire yo tou. Ki mesaj ankourajan li bay ke w ka jwenn nan seksyon 60 ak 62 yo? Kijan mesaj sa yo bati konfyans ou nan pataje levanjil la? Nan jou k ap vini yo, chèche opòtinite pou w louvri bouch ou pou w pataje sa Bondye konfye ou.

Gade tou: Doktrin ak Alyans 33:8–10; 103:9–10; Dieter F. Uchtdorf, “Travay Misyonè: Pataje sa k nan kè nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2019, 15–18.

Imaj
misyonè nan yon bis

Bondye vle pou m pataje levanjil la avèk lòt moun.

Doktrin ak Alyans 61:5–6, 14–18

Èske Senyè a modi tout dlo?

Avètisman Senyè a bay nan Doktrin ak Alyans 61 an, sete, an pati, yon avètisman sou danje pèp li a ta ka rankontre pandan yo t ap vwayaje ale Siyon sou Rivyè Missouri a, ke yo te rekonèt kòm yon rivyè danjere nan epòk sa a. Nou pa dwe entèpre li kòm yon avètisman ki vledi nou pa dwe vwayaje sou dlo. Senyè a gen “tout pouvwa,” enkli pouvwa sou dlo yo (vèsè 1).

Doktrin ak Alyans 61-62

Senyè a toupuisan e li ka prezève mwen.

Lè yo t ap retounen Kirtland, Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo te fè yon eksperyans ki te mete lavi yo andanje sou Rivyè Missouri a (gade Les Saints, 1:133–34). Senyè a te itilize opòtinite sa a pou l te avèti ak enstwi sèvitè l yo. Kisa w jwenn nan Doktrin ak Alyans 61 an ki ankouraje w pou w mete konfyans ou nan Senyè a lè w ap fè fas ak pwòp pwoblèm pa w? Paregzanp, poukisa li enpòtan pou nou konnen Bondye “kòmanse depi nan letènite jouk nan letènite”? (vèsè 1).

Gen menm kalite ide yo nan seksyon 62 a tou. Kisa Senyè a anseye w sou limenm ak pouvwa li nan revelasyon sa a?

Medite sou eksperyans ki edifye lafwa w te fè kote Senyè a te ede w simonte advèsite espirityèl oswa fizik.

Doktrin ak Alyans 62

Senyè a vle m pran kèk desizyon selon “jan sa sanble l bon pou [mwen].”

Pafwa Senyè a ba nou direksyon espesifik, epi pou kèk lòt, li kite nou deside. Kijan w wè prensip sa a ilistre nan Doktrin ak Alyans 62 a? (gade Doktrin ak Alyans 60:5; 61:22) tou. Kilè w konn wè prensip sa a aplike nan lavi ou? Poukisa li bon pou nou pran kèk desizyon san Bondye pa ba nou direksyon espesifik?

Gade tou Etè 2:18–25; Doktrin ak Alyans 58:27–28.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 60:2–3.Poukisa kèk nan premye misyonè yo te ezite pou yo te pataje levanjil la? Poukisa nou ezite pafwa? Panse pou w jwe wòl sou fason manm fanmi an ta ka pataje levanjil la nan plizyè kalite sitiyasyon.

Doktrin ak Alyans 61:36–39.Ki rezon nou wè nan vèsè sa yo pou nou “pran kouraj”? (gade Jan 16:33). Petèt fanmi w ta ka ekri oubyen fè desen sou kèk bagay ki pote lajwa pou yo epi mete yo ansanm nan yon bokal nou rele “pran kouraj.” (Asire w ke w mete foto Sovè a ak lòt bagay ki raple lanmou li pou nou.) Pandan tout semèn nan, lè manm fanmi w bezwen yon rapèl sou rezon k fè yo dwe gen kè kontan, yo ka chwazi yon bagay nan bokal la.

Doktrin ak Alyans 61:36.Kijan w ka ede fanmi w sonje ke Sovè a “nan mitan [nou[”? Nou gen dwa deside ansanm sou yon kote ki byen parèt nan kay la pou nou mete yon foto li. Kijan nou ka envite Sovè a nan lavi kotidyèn nou?

Doktrin ak Alyans 62:3.Petèt ou ta ka fè yon reyinyon temwayaj avèk fanmi an lè nou fin li vèsè sa a. Pou eksplike kisa yon temwayaj ye, ou gen dwa pataje kèk pati nan mesaj Prezidan M. Russell Ballard la ki rele: “Temwayaj pur” la (Ensign oswa Liahona, Nov. 2004, 40–43). Poukisa li enpòtan pou nou ekri temwayaj nou?

Doktrin ak Alyans 62:5, 8.Poukisa Senyè a pa bay kòmandman sou chak aspè nan lavi nou? Selon vèsè 8 la, kijan nou pran desizyon?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Le Saint-Esprit a témoigné,” Cantiques, no 74.

Amelyore etid pèsonèl nou

Kite Lespri a gide etid ou. Kite Lespri a gide ou. Se pou w pote atansyon a chichotman l yo pandan l ap gide w al nan bagay ou bezwen fè pou w aprann chak jou yo, menmsi chichotman l yo sigjere w pou w li oubyen etidye yon sijè diferan de jan w konn li dabitid, oubyen nan yon fason diferan.

Imaj
Jezi kenbe yon ti mounton

Bon Bèje a, pa Del Parson