Doktrin ak Alyans 2021
24–30 Me Doktrin ak Alyanss 58–59: “Angaje nou nan yon Bon Koz”


“24-30 Me. Doktrin ak Alyans 58–59: “Angaje nou nan yon Bon Koz,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“24-30 Me. Doktrin ak Alyans 58–59,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Ri Independence nan Missouri

Independence, Missouri, tablo Al Rounds

24–30 Me

Doktrin ak Alyans 58–59

“Angaje nou nan yon Bon Koz”

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye: “Ekriti yo ap ede nou rezoud tout kesyon pèsonèl nou yo paske lè nou li yo, nou envite Sentespri a epi nou kalifye tèt nou pou enspirasyon l yo, ki ap gide nou al nan tout verite” (nan David E. Edwards, “Are My Answers in There?New Era, Me 2016, 42).

Ekri enpresyon ou

Lè ansyen yo nan Legliz la te premye fwa wè sit Siyon an—Independence, Missouri—li pa t sa yo t ap atann nan. Gen kèk ladan yo ki te panse yo ta pral jwenn yon kominote travayan ki t ap pwospere, avèk yon gwoup Sen solid. Men olyesa, yo te jwenn yon zòn rekile ki pa t gen anpil moun, ki te manke sivilizasyon yo te abitye a epi ki te abite pa yon pakèt kolon brital olye de Sen. Sanble ke Senyè a pa t mande yo pou yo te senpleman vini nan Siyon—li te vle yo bati l tou.

Lè sa n ap atann yo pa koresponn ak reyalite a, nou ka sonje Senyè a te di Sen yo an 1831: “Nou pa kapab wè avèk je natirèl nou, objektif Bondye nou an … ak laglwa ki pral vini apre anpil tribilasyon.” (Doktrin ak Alyanss 58:3). Wi, lavi a ranpli ak tribilasyon, mechanste menm, men, nou ka “reyalize anpil jistis; paske pouvwa a nan nou]” (vèsè 27–28).

Gade Sen yo, 1:127–33 tou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 58:1–5, 26–33, 44; 59:23

Benediksyon yo vini selon kalandriye Bondye ak dilijans nou.

Sen yo t poze fondasyon Siyon an nan Konte Jackson, nan Missouri, kote yo te travèse anpil eprèv. Yo te siman espere ke pandan lavi yo, zòn sa a ta pral fleri pou l te vin tounen yon zòn kote tout Sen yo te ka rasanble. Men, yo te chase Sen yo fè yo kite Konte Jackson nan lespas kèlke ane, epi Senyè a te revele ke pèp li a ta pral gen pou l te “rete tann yon ti tan pou redanmsyon Siyon” (Doktrin ak Alyanss 105:9).

Pandan w ap etidye pasaj sa yo, chèche pou ki rezon yo ka refize nou kèk benediksyon pou yon tan. Kesyon anba yo kapab ede w medite.

Doktrin ak Alyans 58:1–5; 59:23. Ki mesaj nan vèsè sa yo ki ranfòse kapasite w pou w sipòte tribilasyon avèk plis pasyans? Ki benediksyon ou te resevwa apre tribilasyon? Poukisa w panse ke kèk benediksyon vini apre tribilasyon?

Doktrin ak Alyans 58:26–33. Lè nou angaje nan yon bon koz, ki wòl sa jwe nan akonplisman pwomès Bondye yo? Ki wòl obeyisans ou jwe?

Doktrin ak Alyans 58:44. Ki relasyon ki egziste ant “priyè lafwa” ak volonte Senyè a pou nou?

Doktrin ak Alyans 59, antèt seksyon an

Kiyès Polly Knight te ye?

Polly Knight ak mari li, Joseph Knight Sr. te pami premye moun ki te kwè nan apèl Joseph Smith kòm pwofèt la. Polly ak Joseph te bay Pwofèt la yon sipò vital nan travay tradiksyon Liv Mòmon an. Kignt yo te kite Colesville, nan Nouyòk, pou yo t al rasanble avèk Sen yo nan Ohio epi nan apre yo te kòmande yo pou yo te demenaje ale Konte Jackson, nan Missouri. Pandan yo t ap vwayaje a, sante Polly te kòmanse bese, men li te detèmine pou l te wè Siyon anvan l te mouri. Li te gen kèlke jou sèlman depi l te rive Missouri lè l te mouri (gade Saints, 1:127–28, 132–33). Revelasyon nan Doktrin ak Alyans 59 la ki te resevwa nan jou lanmò l la, ak vèsè 1 ak 2 yo sanble yo fè referans espeskfikman a limenm.

Doktrin ak Alyans 59:9–19

Sanktifye jou Saba a pote benediksyon tanporèl ak espirityèl.

Apre l te fin pwomèt pou l te beni Sen nan Siyon yo “avèk kòmandman ki anpil,” Senyè a te mete yon aksan espesyal sou youn nan kòmandman yo an patikilye: kòmandman pou nou onore “jou sakre” l la (Doktrin ak Alyans 59:4, 9). Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 59:9–19 la, medite sou rezon k fè onore Saba a te si enpòtan pou Sen sa yo pandan yo t ap chèche bati Siyon an.

Ou gen dwa medite sou kesyon tankou sa yo tou: Èske m ap itilize jou Saba a nan fason Senyè a te prevwa a? Kijan sanktifye jou Saba a ede m rete “pwoteje kont salte mond lan”? (vèsè 9). Kisa m ka fè pou m ofri “devosyon mwen bay Bondye ki Pi Wo a”? (vèsè 10).

Apre w fin li vèsè nou pral bay la yo, kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka pi totalman sanktifye jou Saba a? Jenèz 2:2–3; Egzòd 20:8–11; 31:13, 16; Detewonòm 5:12–15; Ezayi 58:13–14; Mak 2:27; Jan 20:1–19; Travay 20:7.

Ou ta ka benefisye nan youn nan pil videyo oswa lòt resous sou Saba yo tou ki nan sabbath.ChurchofJesusChrist.org la.

Gade RussellM. Nelson, “Saba a se yon Delis,” Ensign oswa Liahona, Me 2015, 129–32; Diksyonè Bib la, “Saba.” tou.

Imaj
pen ak kèp sentsèn

Pran sentsèn fè pati sanktifye jou Saba a.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 58:26–29.Petèt manm fanmi yo ta ka fè yon lis sou kèk bagay yo “totalman angaje” ladan yo. Èske yo tout se pou “bon kòz”? Poukisa Senyè a vle nou fè “anpil bagay pa pwòp volonte [nou]”? Mande chak manm nan fanmi an pou yo panse a sa yo kapab fè semèn sa a pou yo “reyalize anpil jistis.” Nan apre, yo ka fè rapò sou sa yo te fè.

Doktrin ak Alyans 58:42–43.Kisa manm fanmi yo santi lè yo li vèsè sa yo? Kijan vèsè sa yo ka ede yon moun ki bezwen repanti?

Doktrin ak Alyans 59:3–19.Kisa sa vledi pou nou “kouwone … avèk kòmandman”? (vèsè 4). Pandan w ap li kòmandman yo ki nan vèsè 5–19 la, diskite sou benediksyon ou te resevwa paske w te obeyi chak nan kòmandman sa yo.

Ou gen dwa remake tou kijan yo itilize mo tankou “lajwa,” “rejwi,” ak “kontan” yo pou dekri kòmandman pou onore jou Saba a. Kisa ki ka rann Saba nou pi jwaye? Petèt manm fanmi w yo ta ka fè yon jwèt kote y ap matche kat ki dekri kèk bagay nou ka fè pou nou sanktifye jou Saba a.

Doktrin ak Alyans 59:18–21.Kisa nou ka fè pou nou “konfese … men [Bondye] nan tout bagay”? (vèsè 21). Panse pou w al fè yon pwomnad oubyen gade foto, pandan n ap remake bagay ki “fè je moun plezi epi ki … fè kè moun kontan” (vèsè 18). Ou gen dwa pran foto oubyen fè desen sa w wè yo epi apresa pale de fason nou ka montre rekonesans nou pou bagay sa yo. Kijan nou konn wè men Bondye nan lavi nou?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Kantik yo sigjere: “Bien Choisir,” Cantiques, no. 154

Amelyore ansèyman nou

Pale de ekriti yo Bay manm fanmi w yo tan pou yo pale de pasaj ekriti yo te twouve ki enpòtan pou yo nan etid pèsonèl yo.

Imaj
yon tifi k ap priye pandan sentsèn

Ilistrasyon Marti Major