Doktrin ak Alyans 2021
26 Avril–2 Me Doktrin ak Alyans 45: “Pwomès yo … Pral Akonpli”


“26 Avril–2 Me Doktrin ak Alyans 45: ‘Pwomès yo … Pral Akonpli’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“26 Avril–2 Me Doktrin ak Alyans 45,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
moun ki deyò yon tanp

26 Avril–2 Me

Doktrin ak Alyans 45

Doktrin ak Alyans 45: “Pwomès yo … Pral Akonpli”

Prezidan Russell M. Nelson te anseye: “Ekri panse ki vini nan lespri nou. Ekri sa nou santi epi fè sa nou santi nou pouse pou nou fè yo” (“Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou Lavi nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2018, 95

Ekri enpresyon ou

N ap viv nan tan danjere, e sa ka pètiban. Lè yo te tande l ap pwofetize kalamite ki t ap gen pou rive nan epòk nou yo, menm disip Jezi yo “te enkyete” (Doktrin ak Alyans 45:34). Premye Sen nan Kirtland, Ohio yo te enkyete tou akoz epòk danjere kote yo t ap viv la. Pami lòt bagay, “te gen anpil fo rapò … ak istwa moun fou” ki t ap sikile, ki te afebli mesaj levanjil la (Doktrin ak Alyans 45, antèt seksyon an). Men, repons Senyè a te bay, lè sa a ak kounyea, se “pa enkyete nou” (vèsè 35). Wi, se vre gen mechanste, men nou gen prèv tou ke Bondye ap akselere travay li a. Wi, gen peril yo te predi k ap presede Dezyèm Vini an, e nou dwe konsyan de yo. Men se pa avètisman kont danje ki genyen sèlman, gen siy ke pwomès Bondye yo prèske akonpli tou. Petèt se poutèt sa Doktrin ak Alyans 45 la—yon revelasyon ki dekri anpil nan siy yo an detay—te bay “pou lajwa Sen yo” (antèt seksyon an).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 45:1–5

Jezikri se Avoka nou bò kot Papa a.

Èske w janm konn santi w enkapab oubyen endiy devan Bondye? Ou gen dwa pran rekonfò nan Doktrin ak Alyans 45:1-5 la. Kisa mo tankou “avoka” ak “plede” yo sigjere ou? Ki fason Sovè a se avoka nou, oubyen ap plede koz nou? Kisa sa vledi pou ou lè w konnen Kris la se Avoka ou?

Pawòl sa yo Prezidan Joseph Fielding Smith te di yo ta ka ede w medite sou vèsè sa yo: “Jezi [se] avoka nou, l ap plede pou nou kòm medyatè nou atravè ministè l la epi l ap travay pou rekonsilye nou, pou fè nou vin annakò avèk Bondye” (nan Conference Report, Okt. 1953, 58).

Gade tou 2 Nefi 2:8–9; Mozya 15:7–9; Mowoni 7:27–28; Doktrin ak Alyans 29:5; 62:1.

Doktrin ak Alyans 45:9–10

Levanjil la se yon etanda pou nasyon yo.

Nan tan ansyen an, yon etanda sete yon banyè oubyen yon drapo yo te pote nan kè batay la. Li te ralye ak ini sòlda yo epi l te ede yo konnen ki kote pou yo te rasanble ak kisa pou yo te fè. Yon etanda se yon egzanp oswa yon règ ki ka sèvi pou yo jije yon moun tou. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 45:9-10 la, reflechi sou fason alyans levanjil yo konn sèvi kòm yon etanda pou ou. Kijan lavi w t ap diferan si w pa t gen alyans sa yo?

Gade tou: Ezayi 5:26; 11:10–12; Doktrin ak Alyans 115:5–6.

Doktrin ak Alyans 45:11–75

Pomès Senyè a bay yo ap akonpli:

Lagè, inikite, ak dezolasyon ap presede Dezyèm Vini Sovè a. Men, Senyè a di: “Pa enkyete nou, paske lè tout bagay sa yo pral rive, nou kapab konnen pwomès m te fè nou yo pral akonpli” (Doktrin ak Alyans 45:35).

Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 45:11-75 la, panse pou w konsantre pa sèlman sou evenman enkyetan yo pwofetize yo men sou benediksyon Senyè a pwomèt (paregzanp, nan vèsè 54–59 yo sou rèy milenè Sovè a) tou. Pou w fè sa, ou gen dwa kreye lis oubyen pran nòt oubyen make vèsè yo. Kisa w wè ki ka ede w “pa enkyete” apwopo dènye jou yo?

Doktrin ak Alyans 45:31–32, 56–57

“Rete … nan kote ki sen,” epi pa kite moun deplase nou.

Youn nan rezon k fè Sovè a ak pwofèt li yo anseye nou sou siy Dezyèm Vini yo se pou ede nou prepare nou. Kisa w aprann nan Doktrin ak Alyans 45:31–32, 56–57 la sou prepare w pou Dezyèm Vini Sovè a? Sa ta ka itil pou w ta repase parabòl dis vyèj yo, ki nan Matye 25:1–13 la. Sovè a te konpare luil la nan parabòl sa a avèk laverite ak Sentespri a (gade Doktrin ak Alyans 45:57). Ki ide ki vin nan lespri w lè w ap li parabòl la nan fason sa a?

Imaj
Dis vyèj yo

Parabòl Dis Vyèj yo, pa Dan Burr

Doktrin ak Alyans 45:11–15, 66–71

Siyon se yon lye sekirite pou Sen Bondye yo.

Sen yo nan epòk Joseph Smith la te anvi bati Siyon, Nouvèl Jerizalèm nan, jan yo dekri l nan Liv Mòmon an (gade Etè 13:2–9) ak nan revizyon enspire Joseph Smith la sou Bib la (gade Moyiz 7:62–64). Kisa w aprann osijè Siyon—ni ansyen vil nan epòk Enòk la ni vil dènye jou a—nan Doktrin ak Alyans 45:11-15, 66–71 la?

Jodia kòmandman pou nou etabli Siyon an fè referans ak etabli wayòm Bondye a kèlkeswa kote n ap viv—kèlkeswa kote pitit Bondye yo rasanble nan sekirite “alyans etènèl” li a (vèsè 9). Kisa w ka fè pou w bati Siyon kote w ye a?

Gade Sijè Levanjil tou, “Siyon,” topics.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 45:3–5.Kisa yon avoka fè pou nou? Ou gen dwa pase videyo “Le Médiateur” la nan (ChurchofJesusChrist.org) epi di poukisa yo rele Sovè a Avoka nou.

Doktrin ak Alyans 45:9–10.Si fanmi w ta gen yon “etanda,” oubyen yon drapo, pou reprezante angajman nou nan levanjil la, kisa l t ap ye? Sa t ap amizan tou pou nou ta fè yon drapo familyal ansanm epi diskite sou kijan nou ka ede lòt moun suiv prensip levanjil yo.

Doktrin ak Alyans 45:32.Ki kote ki “lye sen” pou nou? Kisa sa vle di pou nou “pa kite moun deplase nou”? Kijan nou ka fè lakay nou vin yon lye sen?

Doktrin ak Alyans 45:39–44.Kijan w ka ede manm fanmi ou konprann kisa sa vledi pou nou veye Dezyèm Vini Sovè a? Petèt ou ta ka panse a yon evanman w ap tann anpil epi di kijan w ap “veye” pou evenman sa a rive. Oubyen nou ta gen dwa kuit yon bagay ansanm epi veye pou n wè kilè li pare pou nou manje l. Kisa n ap fè pou nou veye kilè Dezyèm Vini an ap rive?

Doktrin ak Alyans 45:55.Lekti 1 Nefi 22:26 ak Revelasyon 20: 1–3 ta ka ede fanmi w konprann kijan yo “pral mare” Satan pandan Milenyòm nan. Kijan nou ka mare Satan nan lavi nou?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Quand Jésus reviendra,” Chants pour les enfants, 46; gade seksyon “Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou” a tou.

Amelyore etid pèsonèl nou

Itilize èd pou etid yo. Itilize referans yo, Gid pa Sijèa, Diksyonè Bib la, ak Gid Ekriti yo tou pou w ka jwenn ide nan ekriti yo.

Imaj
Kris la k ap desann

Vini Kris la, pa Jubal Aviles Saenz