Doktrin ak Alyans 2021
19–25 Avril Doktrin ak Alyans 41–44: “Lwa mwen pou gouvène Legliz mwen an”


“19–25 Avril Doktrin ak Alyans 41–44: “Lwa mwen pou gouvène Legliz mwen an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“19–25 Avril Doktrin ak Alyans 41–44,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Jezikri

19–25 Avril

Doktrin ak Alyans 41–44

Lwa mwen pou gouvène Legliz mwen an

Senyè a pwomèt: “Si nou mande, n ap resevwa arevelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans” (Doktrin ask Alyans 42:61). Ki kesyon ou ka poze pou w ka resevwa revelasyon w bezwen an?

Ekri enpresyon ou

Kwasans rapid Legliz la an 1830 ak 1831 an—espesyalman arive pil nouvo konvèti ki t ap vin Kirtland, Ohio yo—te eksitan ak ankourajan pou Sen yo. Men sa te prezante kèk pwoblèm tou. Kijan pou w ini yon gwo foul kwayan k ap grandi vit, espesyalman lè y ap pote avèk yo doktrin ak pratik soti nan relijyon anvan yo a? Paregzanp, lè Joseph Smith te rive nan Kirtland nan kòmansman Fevriye 1831 an, li te jwenn nouvo manm ki t ap pataje pwopriyete yo an komen nan yon tantativ sensè pou yo te imite kretyen nan Nouvo Testaman yo (gade Travay 4:32–37). Senyè a te pote kèk koreksyon ak klarifikasyon enpòtan sou sa ak sou lòt sijè, grandman atravè yon revelasyon ki ekri nan Doktrin ak Alyans 42 a, ke l rele “lwa m pou gouvène legliz mwen an” (vèsè 59). Nan revelasyon sa a, nou aprann verite ki fondamantal nan etabli Legliz Senyè a nan dènye jou yo, ansanm avèk yon pwomès siyifikan ki rann klè ke toujou gen plis pou aprann: “Si nou mande, n ap resevwa revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans” (Doktrin ak Alyans 42:61).

Gade Sen yo, 1:114–19 tou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou etid ekriti pèsonèl

Doktrin ak Alyans 41

“Yon moun ki resevwa lalwa mwen an epi ki obsève l, moun sa a se disip mwen”

Nan kòmansman 1831, Sen yo te kòmanse rasanble nan Ohio, prese pou yo te resevwa lwa Bondye te pwomèt pou l te revel yo nan kote sa a (gade Doktrin ak Alyans 38:32). Men, toudabò, Senyè a te anseye kijan disip li yo ta dwe prepare yo pou yo te resevwa lwa l la. Ki prensip ou jwenn nan vèsè 1–5 yo ki t ap ede Sen yo resevwa lwa Bondye a? Kijan prensip sa yo ta ka ede w resevwa enstriksyon nan men li?

Doktrin ak Alyans 42

Lwa Bondye yo gouvène Legliz li a e yo ka gouvène lavi nou.

Sen yo te konsidere revalasyon ki nan Doktrin ak Alyans 42:1–72 yo kòm youn nan revelasyon pi enpòtan Pwofèt la te resevwa. Li te pami premye revelasyon k te pibliye yo, li te parèt nan de jounal nan Ohio, epi yo te rekonèt li senpleman kèm “lwa a.” Senyè a te revele anpil nan prensip ki nan seksyon sa a anvan sa. Pandan ke seksyon sa a pa enkli chak kòmandman Senyè a te vle pou Sen l yo obeyi, sa vo lapèn pou n mande tèt nou poukisa prensip sa yo te enpòtan pou l te repete yo pou Legliz ki te fèk retabli a.

Sa ta ka ede w si w ta li seksyon 42 a an ti pòsyon tankou sa a epi idantifye prensip yo anseye nan chak. Pandan w ap fè sa a, reflechi sou fason lwa sa a pou gide Legliz la ta ka ede w gide lavi pèsonèl ou tou.

Vèsè 4–9, 11–17, 56–58 

Vèsè 18–29 

Vèsè 30–31 

Vèsè 40–42 

Vèsè 43–52 

Gade 3 Nefi 15:9 tou.

Doktrin ak Alyans 42:30–42

Kijan Sen yo te “konsakre pwopriyete yo” pou yo te sipòte pòv yo?

Yon pati enpòtan nan lwa a yo revele nan seksyon 42 a se sa nou vin konnen kòm lwa konsekrasyon ak entandans la. Lwa sa a te anseye Sen yo kijan, tankou ansyen disip Kris yo, yo te ka mete “tout bagay an komen” (Travay 2:44; 4 Nefi 1:3), pou pa gen “okenn pòv nan pami yo” (Moyiz 7:18). Sen yo te konsakre pwopriyete yo kote yo te bay Senyè a li, atravè evèk la (gade Doktrin ak Alyans 42:30–31). Evèk la te retounen sa yo bezwen an ba yo (gade vèsè 32)—abityèlman sa yo te konsakre a ak plis. Manm yo te bay sa yo te genyen anplis pou ede pòv yo (gade vèsè 33–34). Lwa sa a sete yon gwo benediksyon pou Sen yo, espesyalman pou sa ki te abandone tout sa yo te genyen pou yo te vin Ohio yo. Anpil Sen te plen jenewozite nan don yo te bay yo.

Malgre nou fè sa yon fason diferan jodia, Sen Dènye Jou yo toujou kontinye viv lwa konsekrasyon an. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 42:30–42 a, reflechi sou fason w ka konsakre sa Bondye ba ou pou bati wayòm ni an ak beni moun ki nan bezwen.

Gade Linda K. Burton tou, “Mwen te yon etranje,” Ensign oswa Liahona, Me 2016, 13–15; “Lwa a,” Revelasyon an kontèks, 93–95, history.ChurchofJesusChrist.org.

Imaj
Kris la avèk Jenòm rich la

Kris la avèk jenòm rich la, pa Heinrich Hofmann

Doktrin ak Alyans 42:61, 65–68; 43:1–16

Bondye bay revelasyon pou gide Legliz li a.

Imajine ke w ap fè yon konvèsasyon avèk yon nouvo manm Legliz ki eksite pou l konnen ke Legliz la gide pa revelasyon. Kija w ka itilize Doktrin ak Alyans 43:1–16 la pou eksplike l chema Senyè a pou gide Legliz li a atravè pwofèt li? Kijan w ka itilize Doktrin ak Alyans 42:61, 65–68 la pou anseye sou resevwa revelasyon pèsonèl?

Gade “Tout bagay dwe fèt nan lòd,” Revelasyon nan kontèks, 50–53, history.ChurchofJesusChrist.org tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Doktrin ak Alyans 41:1–5Ki kèk egzanp lwa sivil ou ka bay, e kijan nou benefisye nan lwa sa yo? Kijan lwa oubyen kòmandman Pè Selès la bay yo beni nou? Manm fanmi w ta ka desine foto yomenm k ap obeyi lwa Bondye yo.

Doktrin ak Alyanss 42:45, 88.Kisa k ta ka ede fanmi w “viv ansanm nan lanmou”? (gade Mozya 4:14–15) tou. Panse pou w ekri oubyen di bagay pozitif osijè yon lòt moun oubyen chante yon kantik sou lanmou nan fanmi an, tankou “Dans nos foyers tout est beau” (Cantiques, no. 186).

Doktrin ak Alyanss 42:61.Petèt ou ta ka li vèsè sa yo pandan n ap jwe yon jwèt pasyans ansanm. Itilize jwèt pasyans lan pou anseye kijan Bondye revele mistè li—“revelasyon sou revelasyon, konesans sou konesans.” Manm fanmi yo ta ka di kijan Bondye te revele yo laverite yon ti kras alafwa.

Doktrin ak Alyans 43:25.Petèt gen yon bagay fanmi w ta ka itilize pou kreye son yon tanpèt kòm mwayen pou entwodui yon diskisyon sou vèsè 25 la. Kijan vwa Senyè a se tankou yon “vwa tanpèt”? Chèche vèsè a ansanm pou n wè fason Senyè a ka rele nou ala repantans. Kijan nou ka vin pi byen reponn vwa Senyè a?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “I Want to Live the Gospel,” Children’s Songbook, 148; gade “Ide pou amelyore Etid Ekriti Familyal ou.”

Amelyore ansèyman nou

Ankouraje yon anbyans lanmou. Fason manm fanmi w santi yo youn pou lòt ak fason youn trete lòt ka egzèse yon enfliyans pwofon sou espri ki nan fwaye a. Ede tout manm fanmi an fè pati pa yo pou etabli yon fwaye ki plen lanmou ak respè pou tout moun ka santi yo alèz pou pataje eksperyans, kesyon, ak temwayaj yo. (Gade Anseye nan fason Sovè a, 15.)

Imaj
Joseph Smith ap preche

Joseph Smith k ap preche nan Novou, pa Sam Lawlor