Doktrin ak Alyans 2021
12–18 Avril. Doktrin ak Alyans 37–40: “Si Nou Pa Fè Youn, Nou Pa Pou Mwen”


“12–18 Avril. Doktrin ak Alyans 37–40: “Si Nou Pa Fè Youn, Nou Pa Pou Mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“12–18 Avril. Doktrin ak Alyans 37–40,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Sen k ap prepare yo pou yo demenaje

Sen yo bwote al Kirtland, pa Sam Lawlor

12–18 Avril.

Doktrin ak Alyans 37–40

“Si Nou Pa Fè Youn, Nou Pa Pou Mwen“

Ekri enpresyon ou pandan w ap etidye se youn nan fason w ka obeyi konsèy Bondye pou “fè rezèv sajès” la (Doktrin ak Alyans 38:30).).

Ekri enpresyon ou

Pou premye Sen yo, Legliz la te plis pase yon lye pou yo te tande prèch jou Dimanch. Atravè revelasyon l te bay Joseph Smith, Senyè a te dekri Legliz la pa mo tankou kòz, wayòm, Siyon, ak, souvan, travay. Sete petèt sa k te atire anpil nan premye manm yo nan Legliz la. Otan yo te renmen doktrin retabli Legliz la, anpil nan yo te vle yon bagay yo pou yo te konsakre lavi yo. Menm la ankò, kòmandman Senyè a te bay Sen yo an 1830 la pou yo te rasanble nan Ohio a pa t fasil pou kèk te suiv. Pou moun tankou Phebe Carter, sa te vledi kite kay konfòtab yo pou yon zòn yo pa t konnen (gade “Vwa Retablisman” yo nan fen plan leson sa a) Jodia nou ka wè klèman sa Sen sa yo te ka sèlman wè ak je lafwa yo: Senyè a te gen gwo benediksyon k t ap tann yo nan Ohio.

Bezwen pou rasanble nan Ohio a pase depi lontan, men Sen yo jodia toujou ini otou menm kòz la, menm travay la: “etabli Siyon” (Doktrin ak Alyans 39:13). Menmjan ak premye Sen sa yo, nou abandone “bagay mond lan” (Doktrin ak Alyans 40:2) paske nou kwè nan pwomès Senyè a: “W ap resevwa … yon benediksyon ki pi gwo pase sa ou pat janm konnen” (Doktrin ak Alyans 39:10).

Gade Sen yo, 1:109–11 tou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 37:1

Kisa Joseph Smith t ap tradui an 1830?

Nan vèsè sa a, Senyè a fè referans ak travay Joseph Smith sou yon revizyon enspire de Bib la, ke yo fè referans kòm yon “tradiksyon.” Lè Joseph te resevwa revelasyon ki nan seksyon 37 la, li te fini kèk chapit nan liv Jenèz la epi li te fèk aprann konsènan Enòk ak vil Siyon an (gade Jenèz 5:18–24; Moyiz 7). Kèk nan prensip Senyè a te anseye Enòk yo sanble ak sa l te revele nan seksyon 38 la.

Gade Sijè Istwa Legliz la tou, “Joseph Smith Tradiksyon Bib la,” ChurchofJesusChrist.org/study/topics

Imaj
Joseph Smith ak Sidney Rigdon

Joseph Smith travay avèk Sidney Rigdon sou yon revizyon enspire de Bib la. Ilistrasyon pa Annie Herrie Nader

Doktrin ak Alyans 38

Bondye ransanble nou pou l beni nou.

Senyè a te fini kòmandman l la pou yo te rasanble nan Ohio a pa mo sa yo: “Gade, se sajès” (Doktrin ak Alyans 37:4). Men se pa t tout moun ki te wè sajès la tousuit. Nan seksyon 38la, Senyè a te revele sajès li an plis detay. Kisa w aprann nan vèsè 11–33 yo sou benediksyon rasanbleman yo? Yo pa kòmande manm Legliz yo pou yo rasanble nan bwote al nan yon lòt zòn ankò; nan ki fason nou rasanble jodia? Kijan benediksyon sa yo aplike pou nou? (gade Russell M. Nelson, “Rasanbleman Izrayèl,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2006, 79–81).

Pandan w ap li rès seksyon sa a, chèche pasaj ki ta ka ede Sen yo akeri lafwa yo te bezwen pou yo te obeyi kòmandman Bondye a pou yo te rasanble Ohio a. Epitou panse ak kòmandman l ba nou ak lafwa nou bezwen pou n obeyi yo. Kesyon sa a ta ka gide etid ou a:

  • Kisa w jwenn nan vèsè 1–4 yo ki ba w konfyans nan Senyè a ak nan kòmandman l yo?

  • Kijan vèsè 39 la ka ede w obeyi kòmandman Bondye yo menm lè yo mande sakrifis?

Ki lòt bagay ou jwenn?

Doktrin ak Alyans 38:11-13,22, 41-42

Si m prepare, m pa bezwen pè.

Sen yo te deja ap fè fas ak anpil opozisyon, epi Senyè a te konnen te gen plis ki t ap vini (gade Doktrin ak Alyans 38:11–13, 28–29). Pou l te ede yo pou yo pa t pè, li te revele yon prensip presye: “Si nou prepare, nou pa bezwen pè” (Doktrin ak Alyans 38:30). Pran yon minit pou w medite sou pwoblèm w ap rankontre. Apresa, pandan w ap etidye seksyon 38la, koute enspirasyon Lespri a ba ou sou fason w ka prepare w pou pwoblèm yo pou w pa bezwen pè.

Gade Ronald A. Rasband tou, “Pa twouble,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2018, 18–21.

Doktrin ak Alyans 39–40

Bagay mond lan ka anpeche m obeyi pawòl Bondye a.

Li seksyon 3940yo, enkli fon istorik nan antèt seksyon yo, epi reflechi sou fason eksperyans James Covel yo ta ka aplike pou ou. Paregzanp, panse ak tan kote “kè w … te dwat devan [Bondye]” (Doktrin ak Alyans 40:1). Kijan w te beni poutèt fidelite ou? Epi panse a ki “bagay mond lan” w ap fè fas (Doktrin ak Alyans 39:9; 40:2). Kisa w twouve nan seksyon sa yo ki enspire w pou w obeyi avèk plis konsistans?

Gade Matye 13:3–23tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 37:3.Pou ede fanmi w konprann sakrifis Sen yo te fè pou yo te rasanble nan Ohio a, ou ka ale nan kat jeyografik ki akonpaye plan leson sa a.

Doktrin ak Alyans 38:22.Kijan nou ka fè Jezikri vin “lejislatè” fanmi nou? Kijan suiv lwa l yo fè nou vin “yon pèp lib”?

Doktrin ak Alyans 38:24–27.Pou anseye timoun yo kisa savle di pou nou ‘fè youn’, ou ka ede yo konte manm fanmi ou epi di yo poukisa chak moun enpòtan pou fanmi an. Di yo ke ansanm nou fòme yon sèl fanmi. Ou ka ede timoun yo desine yon gwo chif 1 sou yon postè epi dekore l avèk non ak desen oubyen foto chak manm fanmi an. Ou gen dwa ekri sou postè a bagay ou pral fè pou nou pi ini kòm fanmi tou. Ou gen dwa gade video “Lanmou nan kè nou” an tou (ChurchofJesusChrist.org) oubyen li Moyiz 7:18.

Doktrin ak Alyans 38:29–30.Ou gen dwa diskite sou kèk eksperyans familyal oswa pèsonèl resan ki te mande preparasyon. Kijan preparasyon w lan te afekte eksperyans lan? Pou ki bagay Senyè a vle pou nou prepare nou? Kijan lè nou prepare sa ap ede nou pa pè? Kisa nou ka fè pou nou prepare?

Doktrin ak Alyans 40.Kisa fraz “bagay mond lan” (vèsè 2) vledi pou nou? Èske gen bagay nan mond lan ki anpeche nou resevwa pawòl Bondye a “ak lajwa”? Kijan nou ka simonte yo?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Aimez chacun,” Chants pour les enfants, 61.

Imaj
senbòl vwa retablisman an

Vwa Retablisman yo

Rasanbleman nan Ohio

Imaj
Batiman nan Kirtland

Kirtland Village, pa Al Rounds

Imaj
Phebe Carter Woodruff

Pami Sen k te rasanble nan Ohio yo nan ane 1830 yo te gen Phebe Carter. Li te antre nan Legliz la nan Nòdès Etazini nan mitan ventèn ni, malgre paran l pa t manm. Nan apre li te ekri sou desizyon l pou l te ale Ohio pou l te ini avèk Sen yo:

“Zanmi m yo te etone pou sa, ni mwenmenm tou, men gen yon bagay ki te pouse m kontinye. Chagren manman m lè m t ap kite lakay mwen an te prèske plis pase sa m te ka sipòte, e si se pat lespri a andedan mwen, m t ap febli alafen. Mnaman m te di li ta prefere wè m antere pase pou m te ale poukont mwen nan mond san kè sa a.

Li te di, “Phoeba, ‘èske w ap retounen vin jwenn mwen si Mòmonis la fo?’

“M te reponn, ‘wi, manman; m ap fè sa.’ … Repons mwen an te soulaje twoub li; men sa te rèd anpil pou nou te separe. Lè moman an te vire pou m tale, mwen pa t fè tèt mwen konfyans pou m te di orevwa; konsa m te ekri nòt orevwa pou yo chak, epi m te kite yo sou tab mwen, epi m te kouri desann epi m te vole antre kan kawòs la. Se konsa m te kite fwaye anfans mwen an pou m te liye lavi m avèk Sen Bondye yo.”1

Nan youn nan mesaj orevwa sa yo, Phoebe te ekri:

“Chè paran byeneme—m sou lepwen pou m kite rasin patènèl mwen pandan yon tan … M pa konn pou konbyen tan—men pa san santiman rekonesans pou bonte m te resevwa depi anfans mwen jiska jodia—men la Pwovidens sanble li òdone m kounyea plis pase jamè anvan. Annou remèt tout bagay sa yo nan men Pwovidans lan epi remèsye l dèske li te pèmèt nou viv ansanm si lontan nan sikonstans si favorab nou viv yo, ak konesans ke tout bagay ap travay pou byen nou si nou renmen Bondye totalman. Annou reyalize ke nou ka priye yon Bondye ki ap koute priyè sensè tout kreyati l yo e ba nou sa k pi bon pou nou. …

“Manman, mwen kwè sa se volonte Bondye pou mwen pou m ale nan lwès e m te jwenn konviksyon sou sa depi lontan. Kounyeya wout la louvri … ; mwen kwè ke se Lespri Senyè a ki fè l, sa ki ase pou tout bagay. O, pa pè pou pitit ou a; Senyè a ap rekonfòte m. Mwen kwè ke Senyè a ap pran swen m e ba n m sa k pi bon pou mwen. … M ale paske Mèt mwen rele m—li fè devwa m parèt klè.”2

Nòt

  1. Nan Edward W. Tullidge, The Women of Mormondom (1877), 412.

  2. Lèt Phebe Carter te ekri paran li, okenn dat, Libreri Istwa Leglia la, Salt Lake City; ponktyasyon modènize. Phebe te antre nan legliz la an 1834, li te demenaje ale Ohio vè 1835 epi li te marye avèk Willfford Woodruff an 1837.