Doktrin ak Alyans 2021
5–11 Avril. Doktrin ak Alyans 30–36: “Ou Aple Pou W Preche Levanjil Mwen an”


“5–11 Avril. Doktrin ak Alyans 30–36: “Ou Aple Pou W Preche Levanjil Mwen an” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doctrin ak Alyans 2021 (2020)

“5–11 Avril. Doktrin ak Alyans 30–36,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
premye misyonè Legliz yo

5–11 Avril

Doktrin ak Alyans 30-36

“Ou Aple Pou W Preche Levanjil Mwen an”

Nan ekriti yo, nou ka jwenn ide pou sikonstans san parèy nou. Mande Senyè a èd pou w jwenn yon mesaj ki te prepare pou ou nan Doktrin ak Alyans 30–36 la.

Ekri enpresyon ou

Parley P. Pratt te manm Legliz la depi prèske yon mwa lè yo te aple l “al nan dezè a pou l t al preche yo levanjil la. (Doktrin ak Alyans 32:2). Thomas B. March te yon manm pandan omwen pase senkan lè yo te di l“Lè misyon w rive” (Doktrin ask Alyans 31:3. Orson Pratt, Edwart patridge,ak anpil lòt moun te fèk batize lè misyon yo te rive. Petèt orè sa a te fèt pa nesisite—nan lotòn 1830 la, pat gen okenn noun ki te manm legliz la pandan plis pase sis mwa. Men gen yon leson nan chema sa a pou nou jodia. Si w konn ase pou w aksepte levanjil retabli a atravè batèm, ou konn ase pou pataje lak lòt moun. Natirèlman nou toujou vle ogmante konesans nou sou levanjil la, men Bondye pa janm ezite rele “moun ki pa save a” pou preche levanjil li a (Doktrin ak Alyans). Anfèt, li envite nou tout, pou nou “Ouvri bouch nou pou deklare levanjil mwen an” (Doktrin ak Alyans 30:5). Epi nou fè sa pi yen non pa pwòp sajès ak eksperyans pa nou men “pa pouvwa Lespri a” (Doktrin ak Alyans 35:13).

Gade tou “The Faith and Fall of Thomas Marsh,” “Ezra Thayer: From Skeptic to Believer,” “Orson Pratt’s Call to Serve,” Revelations in Context, 54–69.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 30–36

M aple pou m preche levanjil Jezikri a.

Keseswa ou gen yon apèl ofisyèl kòm misyonè ou pa, Senyè a vle w pataje levanjil li a, epi anpil nan pawòl li te di premye misyonè dispansasyon sa yo se pou ou tou. pandan w ap etidye Doktrin al Alyans 30–36 la, ekri sa w aprann sou apèl pou preche levanjil la. Ou gen dwa fè yon lis bagay sou tabli a Senyè a mande misyonè l yo (paregzanp, gade Doktrin ak Alyans 30:8) epi fè yon lòt lis bagay Senyè a pwomèt yo (oubyen, paregzanp, gade Doktrin ak Alyans 30:11).

Kijan vèsè sa yo ankouraje yon moun pou l konnen kimoun k ap sèvi oubyen prepare l pou l sèvi yon misyon sèvis Legliz la? Kisa w wè ki enspire w pou w pataje levanjil la?

Gade Doktrin ak Alyans 35:13–15; Russell M. Nelson and Wendy W. Nelson, “Lespwa Izrayèl” (devosyon mondyal pou jèn yo, 3 Jen 2018), HopeofIsrael.ChurchofJesusChrist.org; Silvia H. Allred, “Go Ye Therefore,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2008, 10–12.

Imaj
misyonè k ap anseye

Nou tout se misyonè pou Legliz Jezikri a.

Doktrin ak Alyans 31:1–2, 5–6, 9, 13

Senyè a kapab ede m fè fas a relasyon familyal mwen.

Fanmi an 1830 yo t ap lite anba anpil nan pwoblèm fanmi yo ap rankontre jodia. Ki direksyon ak pwomès Senyè a te bay Thomas B. March osijè fanmi li? Kijan pawòl li ka ede w nan relasyon familyal ou?

Pou plis enfòmasyon sou Thomas B. March, gade Sen yo, 1:79–80, 119–20.

Doktrin ak Alyans 3235

Èske misyon bò kot Lamanit yo sete yon echèk?

Lè Oliver Cowdery, Peter Whitmer Jr., Parley P. Pratt, ak Ziba Peterson te al preche Endien Ameriken yo nan lwès Missouri, yo te kwè ke yo sete akonplisman pwofesi nan Liv Mòmon an sou Lamanit yo k ap resevwa levanjil la nan dènye jou yo (gade, paregzanp, 1 Nefi 13:34–41; Enòs 1:11–18). Men, nan fen misyon yo, malgre yo te gen bon rapò ak kèk gwoup, yo pa t batize yon grenn Endyen Ameriken. Men yo te batize plis pase yon santèn moun tou pre Kirtland, nan Ohio, kote yo te rete sou wout pou yo t al Missouri a. Pami konvèti sa yo te gen fiti gwo dirijan Legliz, enkli Sidney Rigdon, epi Kirtland te vin yon lye rasanbleman enpòtan pou Legliz la nan apre. Kisa eksperyans sa a anseye w sou fason Senyè a akonpli travay li?

Gade “”A Mission to the Lamanites,” Revelations in Context, 45–49 tou.

Doktrin ak Alyans 33:12–18

Si m bati lavi m sou levanjil Sovè a, m p ap echwe.

Doktrin ak Alyans 33 te adrese a Northrop Sweet ak Ezra Thayer, de nouvo konvèti. Northrop te kite legliz la byen vit apre yo te bay revelasyon sa a. Ezra te sèvi fidèlman pandan yon tan, men li te finalman ale tou. Sa ta ka yon bon opòinite pou w evalye kijan w bati “sou wòk” (vèsè 13) levanjil la. Ki verite nan vèsè sa yo ki ka ede w rete fidèl anvè Sovè a?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 30:2.Kijan n ap fè antanke fanmi pou n konsantre nou sou bagay Bondye yo olye de “sou bagay latè yo”?

Doktrin ak Alyans 31.Pandan w ap li pwomès Senyè a te fè Thomas B. March osijè fanmi l yo, ou gen dwa pale de benediksyon fanmi w te resevwa gras ak travay misyonè. Ou gen dwa chante yon kantik ki anrapò ak sa tou, tankou “J’irai où tu veux” (Cantiques, no. 174). Kijan fanmi w te beni paske yo pataje levanjil la ak lòt moun?

Doktrin ak Alyans 33:7–10.Ki imaj Senyè a itilize nan vèsè sa yo pou dekri pataje levanjil la? A ki lòt imaj oubyen metafò fanmi w ka panse? Petèt imaj sa yo ta ka ede fanmi w panse sou fason kreyatif pou yo pataje levanjil la. Diskisyon sa a ka mennen nan yon plan pou pataje levanjil la apresa. Panse pou jwe wòl sou kèk sitiyasyon potansyèl.

Doktrin ak Alyans 34:10Chwazi yon fraz nan vèsè 10 la, epi envite yon manm fanmi w pou l chichote l. Lòt manm fanmi yo ta ka eseye devine fraz la. Apresa mande yon manm fanmi pou l li fraz la awotvwa. Kijan aktivite sa a ede w konprann poukisa Senyè a kòmande nou pou nou “leve vwa nou”?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “J’espère qu’on m’enverra en mission,” Chants pour les enfants, 91.

Imaj
vwa retablisman yo

Vwa Retablisman yo

Premye Konvèti

Menm anvan Legliz la te òganize, Senyè a te dekare: “Jaden an mi pou rekòt la” ((Doktrin ak Alyans 4:4).). Deklarasyon sa a te pwouve ke l te vrè nan mwa k te suiv yo, pandan anpil moun ki t ap chèche laverite te dirije pa Lespri Bondye a pou yo te jwenn Legliz retabli Jezikri a.

Anpil nan premye konvèti sa yo te jwe yon wòl enpòtan nan tabli fondasyon Retablisman an, epi istwa konvèsyon yo plen valè pou nou jodia. Lafwa yo te montre a se menm lafwa nou bezwen pou nou konvèti moun nan levanjil Jezikri a.

Abigail Carking Leonard

Lè Abigail Calkins Leonard te nan mitan trantèn ni, li te santi dezi pou l te jwenn padon pou peche li. Li te li Bib la okazyonèlman, epi moun legliz Kretyen yo te konn vizite lakay li, men li te gen konfizyon apwopo kisa k te fè diferans ant yon legliz ak yon lòt. Li di: “Yon jou maten, m te pran Bib mwen epi m t al nan bwa yo, kote m te mete m ajenou. Li te priye priye Senyè a avèk fèvè. “Imedyatman yon vizyon te pase devan je m, epi diferan gwoup relijye yo te pase devan m youn apre lòt, epi yon vwa te rele m pa non m, li te di: ‘Sa yo bati pou fè lajan.’ Epi, pa dèyè yo, m te wè yon gwo limyè, epi yon fwa ki te soti anlè a te di: ‘M ap elve yon pèp, ke m ap kontan posede ak beni.’” Yon ti tan apre, Abigael te tande pale de Liv Mòmon an. Malgre ke l pa t gen yon kopi liv la, , li te chèche “konnen verasite liv sa a, pa don ak pouvwa Sentespri a,” epi li te “imedyatman santi prezans li” Lè l te finalman kapab li Liv Mòmon an, li te “pare pou l te resevwa li.” Limenm ak mari l, Lyman, te batize an 1831.1

Thomas B. Marsh

Lè Thomas B. Marsh te yon jèn adilt, li te etidye Bib la epi l te antre nan yon legliz kretyen. Men li pa t satisfè, finalman li retire tèt li nan tout legliz. Li te di: “M te gen enpe espri pwofesi, epi m te di [yon lidè relijye] ke m t ap tann yon nouvo legliz leve, ki t ap gen verite a nan pite li.” Pa lontan apresa, Thomas te santi l pouse spirityèlman pou l te kite lakay li nan Boston Massachussetts, pou l te vwayaje al nan Lwès. Apre l te fin pase twa mwa nan Lwès Nouyòk san l pa t jwenn sa l t ap chèche a, li te derape pou l te retounen lakay li. Pandan l te sou wout, yon madanm te mande Thomas si l te tande pale de yon “Bib annò yon jèn mesye ki te rele Joseph Smith te jwenn”. Kaptive pa panse sa a, Thomas te imedyatman vwayaje al Palmira epi l te rankontre Martin Harris nan enprimri a, egzankteman lè premye 16 paj Liv Mòmon yo t ap soti nan près la. Yo te pèmèt Thomas pran yon kopi 16 paj sa yo pou l te pote lakay li bay madanm ni, Elizabeth. Thomas rakonte: “Li te kontan” pou liv la, li te “kwè ke l sete pawòl Bondye.” Thomas ak Elizabeth te demenaje al abite Nouyòk nan apre avèk pitit yo epi yo te batize.2 Pou plis enfòmasyon sou Thomas B. Marsh, gade Doktrin ak Alyans 31.)

Parley ak Thankful Pratt

Menmjan ak Thomas Marsh, Parley ak Thankful Pratt te reponn a pouse espirityèl pou yo te kite fèm ki t ap pwospere yo a nan Ohio avèk entansyon pou yo t al preche levanjil la jan yo te konprann ni nan Bib la. Jan Parley te di frè l la: “Lespri bagay sa yo repoze ak sitèlman fòs nan lespri m ke m pa ka pran repo.”3 Lè yo te rive nan lès Nouyòk, Parley te santi l pouse pou l te rete nan zòn nan pou yon moman. Yo te deside ke madanm ni, Thankful, t ap kontinye san li. Parley te di l: “Mwen gen yon travay pou m fè nan zòn sa a, e kisa l ye, ni konbyen tan l ap pran pou l fèt, m pa konnen, men, m ap vini lè l fin akonpli.”4 Sete la Parley te tande pale de Liv Mòmon an pou lapremyèfwa. Li di: “M te santi yon enteré etranj nan liv la” .5 Li te mande yon kopi epi l te li l pandan tout nuit la. Rive nan maten, li te konnen ke liv la te vrè, li te di ke l te vo “plis pase tout richès mond lan.”6 Nan lespas kèlke jou, Parley te batize. Apresa li te retounen al jwenn Thankful, ki te batize tou. Pou plis enfòmasyon sou Parley P. Pratt, gade Doktrin ak Alyans, 32).

Imaj
Parley P. Pratt

Foto Parley P. Pratt pa Jeffrey Hein

Sidney ak Phebe Rigdon

Sou wout li soti Nouyòk pou l t al nan yon misyon nan Missouri, Parley P. Pratt ak zanmi konpayon l yo te stope nan Mentor nan Ohio lakay Sidney ak Phebe Rigdon—ansyen zanmi Parley te konnen lè l te abite Ohio. Sidney sete yon pastè kretyen, epi Parley sete yon manm nan kongregasyon l lan yon fwa e l te konsidere l kòm yon dirijan espirityèl. Parley te kontan pale zanmi l yo de Liv Mòmon an ak Retablisman levanjil Jezikri a. Sidney limenm t ap chèche retablisman vrè Legliz li te wè yo dekri nan Nouvo Testaman an, malgre ke l pa t twò kwè nan Liv Mòmon an toudabò. “Men” li te di zanmi l Parley, “M ap li l epi m ap mande pou m ka konnen, kesewa pa yon revelasyon nan men Bondye oubyen non.”7 Apre de semèn ap etidye ak priye, limenm ak Phebe te vin gen konviksyon ke liv la te vrè. Men Sidney te konnen ke antre nan legliz la se t ap yon gwo sakrifis pou fanmi l tou. Li t ap pèdi djòb li kòm pastè a, ansanm ak ran sosyal li nan kominote a. Pandan li menm ak Phebe t ap diskite sou posiblite a, Phebe te deklare: “Mwen panse ak pri pou n peye a, epi … mwen vle fè volonte Bondye, pou lavi oubyen pou lanmò.”8

Imaj
gason k ap mache nan nèj

Antre nan dezè a, pa Robert T. Barrett