Doktrin ak Alyans 2021
29 Mas–4 Avril. Pak: “Se Mwenmenm ki Vivan an, Se Mwenmenm Yo te Touye a”


“29 Mas–4 Avril. Pak: ‘Se Mwenmenm ki Vivan an, Se Mwenmenm Yo te Touye a,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“29 Mas–4 Avril. Pak,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Estati Kris la

29 Mas–4 Avril.

Pak

“Se Mwenmenm ki Vivan an, Se Mwenmenm Yo te Touye a”

Pandan w ap prepare pou w komemore Rezirèksyon Sovè a jou Dimanch Pak la, medite sou kijan revelasyon modèn nan apwofondi lafwa w ke Jezikri se Sèl Pitit Literal Bondye a ak Redanmtè mond lan.

Ekri enpresyon ou

3 Avril 1836 sete Dimanch Pak. Apre l te fin administre sentsèn bay Sen yo ki te rasanble nan nouto Tanp Kirtlland ki te fèk konsakre a, Joseph Smith ak Oliver Cowdery te jwenn yon ti plas trankil dèyè yon vwal nan tanp lan epi yo te mete ajenou nan priyè an silans. Epi, nan jou sakre sa a kote Kretyen toupatou t ap komemore Rezirèksyon Jezikri a, Sovè resisite a limenm te parèt nan tanp li a, li te deklare: “Se mwen menm ki vivan an, se mwen menm yo te touye a” (Doktrin ak Alyans 110:4).

Kisa sa siyifi pou n di ke Jezikri se “limenm ki vivan an”? Sa pa jis vledi ke l te leve soti nan tonm nan nan twazyè jou a epi l te parèt devan disip li yo nan Galile. Sa vle di li vivan jodia. Li pale atravè pwofèt jodia. L ap dirije Legliz li a jodia. Li geri nanm blese ak kè brize jodia. Konsa, nou ka repete pawòl temwayaj puisan Joseph Smith la: “Epi kounyeya, apre tout kantite temwayaj ki te rann konsènan li, sa a se temwayaj la, dènye nan tout, nou fè konsènan li pou fè konnen: Li vivan!” (Doktrin ak Alyans 76:22). Nou ka tande vwa l nan revelasyon sa yo. Nou ka temwen men l nan lavi nou. Epi nou chak ka santi “lajwa fraz sa a bay: ‘Mwen konnen Redanmtè m nan vivan!’” (Hymns, no. 136).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 29:5; 38:7; 62:1; 76:11–14, 20–24; 110:1–10

Jezikri vivan.

Pwofèt Joseph Smith te wè Sovè resisite a plizyè fwa, epi de nan eksperyans sa yo ekri nan Doktrin ak Alyans yo. Pandan w ap li seksyon 76:11–14, 20–24; 110:1–10 yo, kisa k enpresyone w osijè temwayaj Joseph Smith la? Poukisa temwayaj li a valab pou ou?

Atravè tout Doktrin ak Alyans yo, Sovè a rann temwayaj de misyon l ak idantite divin ni. Kisa w aprann osijè Kris vivan an nan pawòl li yo ki nan Doktrin ak Alyans 29:5; 38:7; 62:1 yo? Ou gen dwa panse pou w ekri deklarasyon tankou sa yo ou jwenn pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans yo.

Gade Joseph Smith—Istwa 1:17 tou.

Doktrin ak Alyans 29:26–27; 42:45–46; 63:49; 88:14–17, 27–31; 93:33–34

Gras ak Jezikri ak Rezirèksyon l lan, m ap resisite.

Joseph Smith te konn kisa sa vledi pou yon moun kriye pou lanmò moun li renmen. De nan frè l yo, Alvin ak Don Carlos, te mouri pandan yo te jèn. Joseph ak Emma te antere sis pitit, chak pi piti pase dezan. Men nan revelasyon l te resevwa yo, Joseph te akeri yon pèspektiv etènèl sou lanmò ak plan etètènèl Bondye a. Panse a verite ki revele nan Doktrin ak Alyans 29:26–27; 42:45–46; 63:49; 88:14–17, 27–31; 93:33–34 yo. Kijan revelasyon sa yo afekte fason w wè lanmò? Kijan yo ka afekte fason w ap viv?

Gade 1 Korentyen 15; M. Russell Ballard, “Vizyon redanmsyon mò yo,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2018, 71–74; Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 174–76.

Doktrin ak Alyans 18:10–13; 19:16–19; 45:3–5; 76:69–70

Jezikri te akonpli yon “ekspyasyon pafè.”

Yon fason pou konsantre sou Sovè a nan Pak se etidye revelasyon nan Doktrin ak Alyans yo ki anseye sou sakrifis ekspyatwa l la. Ou ka jwenn kèk nan Doktrin ak Alyans 18:10–13; 19:16–19; 45:3–5; 76:69–70. Petèt ou ta ka fè yon lis sou verite sou Ekspyasyon Sovè a ke w jwenn nan vèsè sa yo. Pou apwofondi etid ou, ou gen dwa ajoute sou lis ou a nan chèche referans ekriti ki nan “Ekspye, Ekspyasyon” (Gid Ekriti yo, scriptures.ChurchofJesusChrist.org).

Men kèk kesyon ki ta ka gide etid ou a:

  • Poukisa Jezi te chwazi pou l te soufri?

  • Kisa m dwe fè pou m ka resevwa benediksyon sakrifis li a pote yo?

  • Kijan m ka di si Ekspyasyon an gen efè nan lavi m?

Imaj
Jezi k ap priye

Senyè Priyè a, pa Yongsung Kim

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Konferans Jeneral.Paske konferans jeneral tonbe nan jou Dimanch Pak ane sa a, ou gen dwa konsidere kijan mesaj konferans yo (enkli mizik yo) ka apwofondi temwayaj fanmi w sou Jezikri. Paregzanp, timoun piti yo ka desine yon foto Sovè a, oubyen kenbe yon foto li, lè yo tande yon mesaj oubyen yon kantik sou Jezikri. Lòt manm fanmi yo ta ka fè yon lis sou verite yo tande sou Sovè a. Apresa, manm fanmi yo ka pataje desen oubyen lis yo a ak pwòp temwayaj pa yo konsènan Jezikri.

Doktrin ak Alyans 88:14–17; 138:17, 50.Fanmi an ta ka kontan panse ak yon analoji oubyen yon leson objè pou eksplike kisa savle di pou nou mouri epi resisite—youn ki ilistre kò a ak lespri a ki separe epi ki reyini ankò, tankou yon men ak yon gan. Kijan vèsè sa yo apwofondi apresyasyon nou pou sa Sovè a te fè pou nou?

“Kris Vivan an: Temwayaj Apot yo.”Pou ankouraje diskisyon osijè temwayaj pwofèt modèn yo sou Sovè a, ou gen dwa bay chak manm fanmi tach pou yo li yon pati nan “Kris vivan an: Temwayaj Apot yo” (Ensign oswa Liahona, Me 2017, andedan paj kouvèti a) epi pataje sa yo aprann sou Jezikri. Ou gen dwa pase videyo “Montaj Temwayaj Apot” yo tou ki nan (ChurchofJesusChrist.org). Ki verite nou jwenn ki enspire nou?

“Mwen konnen Redanmtè m nan vivan.”Pou ede fanmi w konsidere plizyè fason Sovè resisite a beni jodia, ou gen dwa chante ansanm “Je sais qu’il vit, mon Rédempteur” (Cantiques, no. 73) epi konekte verite yo anseye yo nan kantik la sa yo anseye nan ekriti sa yo: Doktrin ak Alyans 6:34; 45:3–5; 84:77; 98:18; 138:23. Fanmi w ta ka kontan ekri kèk vèsè adisyonèl pou kantik la ki eksprime kijan yo konnen ke Redanmtè yo a vivan tou.

Pou yon videyo sou Pak ak lòt resous, gade Easter.ComeUntoChrist.org.

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Jésus est ressuscité,” Chants pour les enfants, 70.

Amelyore ansèyman nou

Chèche leson nan bagay toulèjou yo. Panse kijan eksperyans chak jou manm fanmi w ap fè yo ka mennen nan konvèsasyon siyifikan sou yon verite levanjil (gade Anseye nan fason Sovè a, 4). Paregzanp, yon lapli ta ka yon opòtinite pou n pale sou fason Bondye vide benediksyon sou pitit li yo.

Imaj
Jezi ki parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery

Jezi parèt devan Joseph Smith ak Oliver Cowdery, pa Walter Rane