Doktrin ak Alyans 2021
Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou


“Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021, (2020)

“Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
fanmi k ap etidye ekriti yo

Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou

Etid ekriti familyal regilye se yon mwayen puisan pou ede fanmi w aprann levanjil la. Kantite sa w li ak dire lekti ou an fanmi an pa osi enpòtan ke konsistans nan efò w yo. Lè w fè etid ekriti yo vin yon pati enpòtan nan lavi familyal ou, w ap ede manm fanmi w rapwoche yo de Jezikri e bati temwayaj yo sou fondasyon pawòl Li yo.

Reflechi sou kesyon sa yo:

  • Kijan w ka ankouraje manm fanmi w pou yo etidye ekriti yo pèsonèlman?

  • Kisa w ka fè pou ankouraje manm fanmi w pataje sa y ap aprann?

  • Kijan w ka mete aksan sou prensip w ap aprann nan Doktrin ak Alyans yo nan moman ansèyman chak jou yo?

Sonje ke fwaye a se kote ideyal pou n aprann levanjil la. Ou ka aprann ak anseye levanjil la nan fwaye ou nan fason ki pa posib nan yon sal klas nan Legliz la. Se pou w kreyatif lè w ap panse sou fason pou w ede fanmi w aprann nan ekriti yo.

Ide pou aktivite

Konsidere kèk nan ide sa yo pou anrichi etid ekriti familyal ou:

Itilize mizik

Chante kantik ki ranfòse prensip yo anseye nan ekriti yo. Gen yon kantik oubyen chan pou timoun yo sigjere nan plan leson pou chak semèn nan. Ou gen dwa poze kesyon sou pawòl oubyen fraz ki nan tèks kantik yo. Anplis chante a, timoun yo ka fè jès ki mache avèk kantik yo oubyen yo gen dwa jis koute kantik yo kòm fon mizikal pandan y ap fè lòt aktivite.

Pataje ekriti ki siyifikatif yo

Bay manm fanmi w tan pou yo pataje pasaj ekriti yo twouve ki enpòtan nan etid pèsonèl yo.

Itilize pwòp mo pa w

Envite manm fanmi w yo pou yo fè rezime sa yo aprann nan ekriti w ap etidye yo nan pwòp mo pa yo.

Aplike ekriti yo nan lavi ou

Lè w fin li yon pasaj ekriti, mande manm fanmi yo pou yo di ki fason pasaj sa a aplike ak lavi yo.

Poze yon kesyon

Envite manm fanmi yo pou yo poze yon kesyon sou levanjil la, epi apresa, pran tan pou w chèche vèsè ki ka ede reponn kesyon an.

Afiche yon ekriti

Chwazi yon vèsè w twouve ki siyifikatif, epi afiche l kote tout manm fanmi an ka wè l souvan. Envite lòt manm fanmi yo pou yo chak pran tou pa yo pou chwazi yon ekriti pou yo afiche.

Fè yon lis ekriti

Antanke fanmi, chwazi plizyè vèsè nou ta renmen diskite pandan semèn k ap vini an.

Memorize ekriti yo

Chwazi yon pasaj ekriti ki siyifikatif pou fanmi ou epi mande yo pou yo memorize li kote y ap repete l chak jou oubyen y ap jwe yon jwèt memwa.

Prezante leson objè

Chèche objè ki anrapò avèk vèsè n ap li an fanmi yo. Envite manm fanmi yo pou yo di kijan chak objè gen rapò avèk sa yo anseye a nan ekriti yo.

Chwazi yon sijè

Fè chak manm fanmi w yo pran tou pa yo pou yo chwazi yon sijè pou fanmi an etidye ansanm. Itilize Gid pa Sijè a, Diksyonè Bib la, oubyen Gid ekriti yo (scriptures.lds.org) pou n ka jwenn pasaj ekriti sou sijè a.

Fè yon desen

Li kèk vèsè an fanmi, epi bay tan pou manm fanmi yo desine yon bagay ki anrapò avèk sa w ap li a. Pran tan pou nou chak diskite sou desen lòt.

Jwe wòl yon istwa

Lè w fin li yon istwa, envite manm fanmi yo pou yo jwe wòl istwa a. Apresa, pale sou fason istwa a anrapò avèk sa n ap viv pèsonèlman oubyen antanke fanmi.

Anseye timoun yo

Si w gen timoun piti nan fanmi ou, men kèk aktivite ki ka ede yo aprann:

Chante

Kantik ak chan ki nan Livre de Chants pour les enfants yo anseye doktrin nan avèk puisans. Chak plan leson ki nan manyèl sa a gen yon chan yo sigjere. Ou gen dwa itilize endèks pa sijè a ki nan do Livre de Chants pour les enfants an pou w ka jwenn chan ki anrapò avèk prensip levanjil w ap anseye yo. Ede timoun yo konpare mesaj ki nan chan yo avèk lavi yo.

Koute yon istwa oubyen jwe wòl li

Timoun piti yo renmen istwa anpil—nan ekriti yo, nan lavi ou, nan istwa Legliz la, oubyen nan revi Legliz yo. Chèche fason pou fè yo patisipe nan rakonte istwa. Yo gen dwa kenbe imaj oubyen objè, fè desen sa y ap tande a, jwe wòl sou istwa a, oubyen ede rakonte istwa a. Ede timoun yo rekonèt verite levanjil yo nan istwa w ap rakonte yo.

Li yon ekriti

Menmsi timoun piti yo gen dwa pa kapab li anpil, ou ka toujou fè yo pran angajman pou yo aprann nan ekriti yo. Petèt ou gen dwa oblije konsantre sou yon sèl vèsè, yon fraz kle, oubyen yon mo.

Gade yon imaj oubyen gade yon videyo

Poze kesyon sou yon foto oubyen videyo ki gen relasyon avèk prensip levanjil w ap diskite a. Paegzanp, ou ka mande: “Kisa k ap pase nan imaj sa a oubyen nan videyo sa a? Kijan sa fè w santi w? App Libreri Levanjil la, Gospel Media Library nan ChurchofJesusChrist.org, ak children.ChurchofJesusChrist.org se bon kote pou chèche foto ak videyo.

Kreye

Timoun yo kapab konstwi, fè desen, oubyen kolorye yon bagay ki anrapò avèk istwa oubyen prensip y ap aprann nan.

Patisipe nan leson objè

Yon leson objè senp kapab ede timoun yo konprann yon prensip levanjil ki difisil pou konprann. Lè w ap itilize leson objè, chèche fason pou fè timoun yo patisipe. Y ap aprann plis si yo fè eksperyans ansanm olye ke yo jis gade yon demonstrasyon.

Jwe wòl

Lè timoun yo jwe wòl yon sitiyasyon yo ka pwobableman rankontre nan lavi reyèl, yo pi byen kapab konprann kijan yon prensip levanjil aplike nan lavi yo.

Repete aktivite yo

Timoun piti yo gen dwa bezwen tande ansèyman yo plizyè fwa pou yo ka konprann yo. Paegzanp, ou gen dwa rakonte yon istwa nan ekriti yo plizyè fwa nan diferant kalite fason pandan yon leson—tankou li l nan ekriti yo, rezime l nan pwòp mo pa ou, pase yon videyo, fè timoun yo ede w rakonte istwa a, envite yo pou yo jwe wòl istwa a, eksetera.

Fè koneksyon avèk bi devlopman pèsonèl yo

Etid ekriti familyal la ka bay jèn yo ak timoun yo enspirasyon pou yo fikse bi pou devlopman spirityèl, fizik, entèlektyèl, ak sosyal yo (gade Lik 2:52).

Imaj
fanmi k ap souri ansanm

Anseye Jèn Moun

Si w gen jèn moun nan fanmi ou, men kèk aktivite ki ka ede yo aprann:

Envite yo pou yo anseye

An jeneral, nou aprann plis lè nou anseye yon bagay pase lè nou sèlman tande l. Bay jèn moun yo opòtinite pou yo dirije diskisyon familyal konsènan ekriti yo.

Fè koneksyon avèk seminè

Ane sa a, etidyan seminè yo ap etidye Doktrin ak Alyans. Si jèn moun ou yo ale nan seminè, envite yo pataje sa yo aprann nan seminè a.

Konpare ekriti yo

Kèkfwa, li difisil pou jèn yo wè fason doktrin ak prensip ki nan ekriti yo konekte avèk lavi yo. Ede yo wè kijan istwa ak ansèyman nan ekriti yo gen rapò avèk sityasyon y ap fè fas lakay yo, nan lekòl, oubyen avèk zanmi yo.

Poze kesyon ki ankouraje meditasyon

Anpil jèn moun byen reponn kesyon ki pèmèt yo eksprime panse ak santiman yo sou ekriti yo olye ke yo ta senpleman repete sa ekriti yo di. Paegzanp, ou ta ka mande, “Kisa Senyè a ap anseye ou nan vèsè sa yo?” oubyen “poukisa w panse revelasyon sa a ta ka siyifikatif pou Sen an 1830 yo?”

Fè koneksyon avèk bi devlopman pèsonèl yo

Etid ekriti familyal la ka bay jèn yo ak timoun yo enspirasyon pou yo fikse bi pou devlopman spirityèl, fizik, entèlektyèl, ak sosyal yo (gade Lik 2:52).

Reponn kesyon yo klè

Yon kesyon yon jèn poze se yon opòtinite presye pou pataje verite a ak chèche konpreyansyon sou yon sijè ki vrèman enterese li. Pa pè kesyon ni pa demake yo, menmsi yo sanble yo pa gen rapò avèk sijè diskisyon an. Sa pa yon pwoblèm si w pa gen tout repons yo. Fwaye a se andwa ideyal pou nou chèche repons ansanm .

Ankouraje yo pou yo pataje ide yo

Jèn yo gen pèspektif ak ide ki san parèy pou yo kontribye nan etid ekriti familyal la. Fè yo konnen ke w enterese nan sa Lespri a ap anseye yo konsènan ekriti yo. Ou gen dwa menm mande yo pou yo pataje ide yo jwenn nan etid pèsonèl yo.

Ou dwe fleksib

Si ou gen yon jèn ki pa vle patisipe nan etid ekriti familyal la, chèche lòt fason pou w konekte avèk li. Paegzanp, èske wta ka pale de levanjil la tou natirèlman nan konvèsasyon ou oubyen pataje yon ekriti siyifikatif nan yon fason ki pa sanble w ap preche oubyen depase limit? Etid ekriti a pa oblije sanble menm bagay nan chak fanmi. Kèk timoun ka pi byen reyaji nan etid ekriti w fè avèk yo pèsonèlman. Priye epi suiv enspirasyon Lespri a.

Prezidan Russell M. Nelson te di: “Mwen pwomèt ke pandan w ap travay avèk dilijans pou w remodle fwaye ou pou fè l vin yon sant aprantisaj levanjil la, avèk letan, jou Saba w yo pral vrèman vin yon delis. Pitit ou yo pral kontan pou yo aprann ak viv ansèyman Sovè a, epi enfliyans advèsè a nan lavi ou ak nan fwaye ou pral diminye. Chanjman nan fanmi w yo pral anpil ak dirab” (“Vin Sen Dènye Egzanplè,” Ensign oubyen Lyawona, Nov. 2018, 113).