Doktrin ak Alyans 2021
Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo


“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo,Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Itilize Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo

Pou kimoun Resous sa a ye?

Resous sa a destine pou tout moun ak tout fanmi nan Legliz la. Yo prepare l pou ede w aprann levanjil la—keseswa poukont ou oubyen ansanm avèk fanmi ou. Si w pa t konn etidye levanjil la regilyèman nan lepase, resous sa a ka ede w kòmanse fè sa. Si w te deja pran bon abitid pou etidye levanjil la, resous sa a ka ede w fè plis eksperyans siyifikatif.

Kijan m Ta Dwe Itilize Resous Sa a?

Itilize l nan nenpòt fason k ap itil pou ou. Ou gen dwa petèt itilize l kòm yon gid oubyen kòm yon èd pou etid ekriti pèsonèl ak familyal ou. Ou gen dwa itilize l pou sware familyal tou. Plan leson yo souliyen prensip enpòtan w ap jwenn nan Doktrin ak Alyans lan, ki sigjere ide ak aktivite pou moun yo ak fanmi yo, epi ki gen espas pou w note enpresyon ou.

Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo pa la pou ranplase ni antre an konpetisyon avèk bon bagay ou deja ap fè yo. Suiv direksyon Lespri a pou w ka detèmine kijan w ap òganize etid ou sou pawòl Bondye a.

Ki Rapò ki Genyen Ant Resous sa a Avèk Sa k ap Pase nan Legliz la?

Plan leson yo bay yo nan manyèl sa a òganize selon yon orè lekti chak semèn. Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a ak Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch la suiv menm orè a. Pou sipòte efò ou pou w aprann levanjil la ak aplike l nan fwaye ou, enstriktè w yo ap ba w opòtinite pou w pataje eksperyans ou, pou eksprime panse ou, ak poze kesyon w genyen sou pasaj ekriti w te etidye pandan semèn nan.

Paske Lekòldidimanch anseye sèlman defwa pa mwa, enstriktè Lekòldidimanch yo gen dwa chwazi pou yo sote oubyen konbine plan leson yo pou yo ka rete ajou avèk orè chak semèn nan. Sa ka nesesè nan semèn kote reyinyon nòmal Legliz yo pa fèt poutèt konferans pieu oubyen pou lòt rezon tou. Pandan semèn sa yo, yo envite nou pou nou kontinye etidye Doktrin ak Alyans lan lakay nou.

Èske m Oblije Suiv Orè pou Etid la?

Orè a prepare pou ede w fin li Doktrin ak Alyans lan rive nan fen ane a. Epitou, suiv menm orè avèk lòt moun ka mennen nan eksperyans siyifikatif nan fwaye a, nan Legliz la, ak tout lòt kote. Men, ou pa dwe santi w oblije suiv orè a oubyen ou oblije li chak vèsè; orè a se sèlman yon gid pou ede ou mezire pwogresyon ou. Sa k pi enpòtan an sèke w ap aprann levanjil la pèsonèlman epi ansanm avèk fanmi ou.

Imaj
yon koup k ap li ekriti yo