Doktrin ak Alyans 2021
Resous adisyonèl


“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“Resous adisyonèl,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon fanmi k ap etidye materyèl Legliz la

Resous adisyonèl

Nou ka jwenn majorite resous sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la ak nan ChurchofJesusChrist.org.

Cantiques ak Chants pour les enfants

Mizik sakre envite Lespri a epi anseye doktrin nan nan yon fason inoubliyab. Anplis vèsyon enprime Cantiques ak Chants pour les Enfants yo, ou ka jwenn anrejistreman odyo ak videyo pou anpil kantik ak chan timoun tou nan music.ChurchofJesusChrist.org ak nan app Sacred Music la.

Manyèl Seminè ak Enstiti

Manyèl Seminè ak Enstiti yo bay kontèks istorik ak kòmantè doktrinal sou prensip ak istwa ki nan ekriti yo.

Revi Legliz yo

Revi Zanmi an, New Era, Ensign, ak Liahona yo gen istwa ak aktivite ki ka kore prensip w ap anseye nan Doktrin ak Alyans yo.

Sijè Levanjil yo

Nan Sijè Levanjil yo ou ka jwenn enfòmasyon debaz sou yon varyete sijè levanjil, ansanm avèk lyen pou enfòmasyon itil, tankou bagay ki anrapò avèk diskou konferans jeneral, atik, ekriti ak video. Ou ka jwenn Tèks sou Sijè Levanjil tou, ki ofri repons an pwofondè pou kesyon doktrinal ak istorik yo.

Istwa Doktrin ak Alyans yo

Istwa Doktrin ak Alyans yo itilize foto ak langaj senplifye pou ede timoun yo aprann nan Doktrin ak Alyans yo. Nou ka jwenn videyo sou istwa sa yo nan app Bibliyotèk Levanjil la tou ak nan Gospel Media Library nan ChurchofJesusChrist.org.

Liv pou Kolore Istwa Ekriti: Doktrin ak Alyans

Resous sa a gen paj aktivite ki prepare pou ogmante aprantisaj timoun nan Doktrin ak Alyans yo.

Video ak Bagay Atistik

Ilistrasyon, videyo, ak lòt medya kapab ede oumenm ak timoun yo vizyèlman reprezante doktrin ak istwa ki an rapò avèk ekriti yo. Vizite Gospel Media Library nan ChurchofJesusChrist.org pou fè yon koudèy sou koleksyon resous medya Legliz la. Resous sa yo disponib tou nan app Medya Levanjil la, epi n ap jwenn anpil imaj tou nan Liv Ilistrasyon Levanjil la.

Revelasyon nan Konteks yo (Révélations dans leur contexte)

Revelasyon nan kontèks yo: Istwa ki dèyè Seksyon ki nan Doktrin ak Alyans yo se yon seri tèks kout konsènan istwa ki antoure revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans yo. Kontèks ki nan resous sa a ka ede w pi konprann kisa pawòl Senyè a nan Doktrin ak Alyans yo te siman vledi pou premye Sen yo.

Les Saints

les Saints se naratif istwa Legliz la an plizyè volim. Volim 1, L’étandard de la vérité, ak volim 2 a, Aucune main impure, kouvri menm peryòd istwa Legliz la avèk Doktrin ak Alyans yo. Istwa sa yo ka ba w ide sou kontèks ki antoure revelasyon w ap etidye nan Doktrin ak Alyans yo.

Sijè sou Istwa Legliz la

Ou ka jwenn plizyè atik konsènan moun, kontèks, jeografi, ak evènman Legliz la nan ChurchofJesusChrist.org/study/history/topics.

Anseye nan fason Sovè a

Manyèl sa a ka ede w aprann ak aplike prensip pou anseye nan fason Kris la.