Doktrin ak Alyans 2021
28 Desanm–3 Janvye. Doktrin ak Alyans 1: “Koute, Noumenm Pèp”


“28 Desanm–3 Janvye. Doktrin ak Alyans 1: “Koute, Noumenm Pèp” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“28 Desanm–3 Janvye. Doktrin ak Alyans 1” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon fanmi ki ap li ekriti yo

28 Desanm–3 Janvye

Doktrin ak Alyans 1

“Koute, Noumenm Pèp”

Panse a Doktrin ak Alyans 1 an kòm entwodiksyon pèsonèl Senyè a pou liv revelasyon dènye jou l sa yo. Kisa l vle w konnen konsènan Doktrin ak Alyans? Medite sou kesyon sa a, epi ekri tout enpresyon ou genyen pandan w ap li seksyon 1 an.

Ekri enpresyon ou

An Novanm 1831, Legliz retabli Jezikri a te apèn gen ennan edmi. Malgre li t ap grandi, li te toujou yon ti gwoup kwayan enkoni ki t ap viv nan yon zòn ki pa t tèlman peple, ki te dirije pa yon pwofèt ki te nan mitan trantèn ni. Men Bondye te konsidere kwayan sa yo kòm sèvitè l ak mesaje li epi li te vle pou revelasyon l te ba yo yo te pibiliye pou mond lan.

Doktrin ak Alyans Seksyon 1 an se prefas Senyè a pou konpilasyon revelasyon sa yo, e li montre klèman ke menm si kantite manm Legliz la te piti, pa t gen anyen ki te piti nan mesaj Bondye te vle pou Sen l yo pataje a. Se yon “vwa avètisman” pou tout “abitan tè a,” pou anseye yo pou yo repanti epi pou yo etabli “alyans etènèl” Bondye a(vèsè 4, 8, 22). Sèvitè ki ap pote mesaj sa a se “moun ki fèb ak moun ki senp yo,” men sèvitè enb sa yo se egzakteman sa Bondye bezwen—lè sa a ak kounyeya—pou fè Legliz li a “sòti nan tenèb ak fènwa” (vèsè 23, 30).

Pou plis enfòmasyon sou istwa ki dèyè Doktrin ak Alyans 11 lan, gade Sen yo, 1:140–43.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 1

Senyè a envite m pou m “sonde kòmandman sa yo.”

Yon prefas sèvi pou entwodui yon liv. Li prezante tèm ak bi liv la epi li ede lektè yo prepare yo pou yo li. Pandan w ap li seksyon 1 an—prefas Senyè a pou Doktrin ak Alyans yo (vèsè 6)—chèche tèm ak bi Senyè a te bay pou revelasyon l yo. Kisa w aprann nan seksyon 1 an ki ap ede w jwenn plis benefis nan etid ou sou Doktrin ak Alyans yo? Pa egzanp, ou ta kapab medite sou kisa “tande vwa Senyè a” nan revelasyon sa yo (vèsè 14) oubyen “sonde kòmandman sa yo” vle di (vèsè 37).

Gade entwodiksyon pou Doktrin ak Alyans yo tou.

Doktrin ak Alyans 1:1–6, 23–24, 37–39

Bondye pale palentèmedye sèvitè l yo, epi sa l di yo ap fèt.

Seksyon 1 an kòmanse epi l fini avèk deklarasyon Bondye ki di ke l pale palentèmedyè sèvitè li chwazi yo (gade vèsè 4–6, 23–24, 38). Ekri sa w aprann nan revelasyon sa a konsènan Senyè a ak vwa li. Kisa w aprann konsènan sèvitè Senyè a? Kilè w te tande vwa Senyè a nan vwa sèvitè l yo? (gade vèsè 38).

Imaj
sesyon konferans jeneral

Pwofèt yo ak Apot yo anseye nou kòmandman Bondye yo.

Doktrin ak Alyans 1:3, 24–28, 31–33

Si mwen enb, reprimand Senyè a kapab mennen m nan repantans.

Remake ke nan vèsè 3 a ak vèsè 24–28 yo, Senyè a te di ke peche ak erè moun yo t ap devwale. Nan youn nan ka yo, sa se yon eksperyans ki penib ak douloure, epi nan lòt ka a, sa enstriktif. Poukisa sitiyasyon sa yo diferan konsa? Reflechi sou fason w reyaji lè w pran konsyans de peche w ak feblès ou. Ki kalite w jwenn nan vèsè 24-28 yo ki kapab ede w reyaji nan fason kòrèk la? Kisa vèsè sa yo, ansanm avèk vèsè 31–33yo, anseye w sou fason Senyè a wè feblès ou ak peche ou?

Gade Pwovèb 3:11–12; Etè 12:27; Mowoni 6:8 tou.

Doktrin ak Alyans 1:12–30, 35–36

Senyè a te retabli levanjil li a pou ede m fè fas a pwoblèm dènye jou yo.

Malgre seksyon 1 an bay avètisman sou jou penib ki gen pou vini yo, li gen yon mesaj rasiran ladan l tou: “Mwenmenm Senyè a, paske m konnen kalamite ki dwe tonbe sou abitan tè yo, m te rele sèvitè m nan, Joseph Smith, pitit la, epi m te pale avèk li depi nan syèl la” (vèsè 17).

Note sou ki kalamite Senyè a te bay avètisman (gade, pa egzanp, vèsè 13–16, 35). Ki lòt kalamite ou remake nan mond lan jodia—oubyen nan pwòp lavi pa w? Vèsè 17-30 yo dekri sa Senyè a fè pou ou kòm previzyon kont kalamite sa yo. Anvizaje fè yon lis sou sa w jwenn yo.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 1:1–6, 37–39.Pou kòmanse yon diskisyon sou avètisman Senyè a bay yo, ou ta kapab pale de avètisman nou resevwa nan men lòt moun konsènan danje nou pa kapab wè—tankou yon planche ki glise, yon tanpèt vyolan, oswa yon machin k ap vin sou ou. Kisa egzanp sa yo anseye nou sou avètisman Senyè a? Daprè Doktrin ak Alyans 1:1–6, 37–39, kijan Senyè a avèti nou? Sou kisa l te ba nou avètisman resamman? Petèt ou ta kapab gade oswa li kèk pati nan mesaj dènye konferans jeneral yo epi chèche egzanp “vwa avètisman” Bondye.

Doktrin ak Alyans 1:16Kisa “etabli jistis [Senyè a]” vle di? Kijan nou ka gen asirans ke n ap fè sa olye ke nou mache “nan fason pa nou”?

Doktrin ak Alyans 1:30.Kisa sa vle di lè nou di ke Legliz la “vrè e vivan”? Pou fè fanmi w reflechi sou kesyon sa a, petèt ou ta kapab montre yo foto bagay ki vivan ak bagay ki pa vivan. Ou ta kapab diskite sou sa w ka fè antanke fanmi tou, pou ede “[Legliz] la sòti nan tenèb ak fènwa.”

Doktrin ak Alyans 1:37.Anvizaje planifye, antanke fanmi, kijan w pral “sonde kòmandman sa yo” ki nan Doktrin ak Alyans yo ane sa a. Kijan w pral fè etid ekriti w vin yon aktivite regilye nan lavi fanmi w? Ki ide pou etid ki ka ede w aprann nan ekriti yo? (Gade “Ide pou amelyore etid ekriti familyal ou” nan kòmansman manyèl sa a.)

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Suis les prophètes,” Chants pour les enfants, 110–11, espesyalman dènye kouplè a.

Amelyore etid pèsonèl

Chèche Jezikri. Bi ekriti yo se pou rann temwayaj konsènan Sovè a ak levanjil li a. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 1an, anvizaje make oubyen note vèsè ki anseye w yon bagay konsènan Jezikri.

Imaj
Liv Kòmandman yo

Premye revevlasyon Legliz retabli a te resevwa yo te konpile nan Liv Kòmandman yo.