Doktrin ak Alyans 2021
11–17 Janvye. Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65: “Kè Pitit Yo Pral Retounen sou Papa Yo.”


“11–17 Janvye. Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65: ‘Kè Pitit yo Pral Retounen Sou Papa yo,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“11–17 Janvye. Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65,”: “Kè pitit yo pral retounen sou papa yo,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
Mowoni parèt devan Joseph Smith

Li te Rele m Pa Non m, Pa Michael Malm

11–17 Janvye.

Doktrin ak Alyans 2; Istwa—Joseph Smith 1:27–65

“Kè Pitit yo Pral Retounen Sou Papa yo”

Sentespri a ka anseye w chcak fwa w ap li ekriti yo—menm pasaj ekriti ou deja li plizyè fwa anvan yo. Konsa, se pou w prepare pou w resevwa nouvo ide ak enspirasyon.

Ekri enpresyon ou

Sa te fè twa mwa depi Bondye Papa a ak Pitit Gason l lan, Jezikri, te parèt devan Joseph Smith nan boskè a, men Joseph pa t resevwa okenn lòt revelasyon depi lè sa a. Li te kòmanse doute de sitiyasyon l devan Senyè a. Menmjan ak nou tout, li te konn fè erè, epi li te santi erè l yo te kondane li. Men, Bondye te gen yon travay pou l te fè. Epi travay Joseph te aple pou l fè a konekte avèk sa Senyè a mande nou. Joseph ta pral fè Liv Mòmon an parèt; kisa yo mande nou pou nou fè avèk li? Joseph t apral resevwa kle prètriz pou tounen kè pitit yo sou papa yo; kijan n ap tounen kè nou sou zansèt nou yo? Yo te pale Joseph de pwofesi ki ta pral akonpli byento; kisa pati pa nou an ye nan ede akonpli yo? Lè nou patisipe nan travay Bondye, nou ka atann pou nou rankontre lopozisyon e menm pèsekisyon, menmjan sa te ye pou Pwofèt la. Men tou, nou ka gen lafwa ke Senyè a ap fè nou vin enstriman nan men l, menmjan l te fè pou Joseph la.

Gade Sen yo, 1:20–48 tou.

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Istwa—Joseph Smith 1:27–33

Bondye gen yon travay pou m fè.

Pandan w ap li Istwa—Joseph Smith 1:27–33 a, konsidere ke Bondye gen yon travay pou ou pou w fè, jan l te genyen pou Joseph Smith la. Reflechi sou envitasyon Prezidan Russell M. Nelson an: “Mande Pè Selès la, nan non Jezikri, kisa l panse de oumenm ak misyon w isit sou tè a. Si w mande avèk entansyon reyèl, lè moman an rive, Lespri a ap chichote w kèk verite ki ka chanje lavi w. … Mwen pwomèt ou ke lè w kòmanse kapte menm yon apèsi sou fason Pè Selès la wè ou, ak sa l konte sou ou pou w fè, lavi a p ap janm menm nan ankò!” (“Vin vrè milenè” [devosyon mondyal pou jèn adilt yo, 10 Jan. 2016], broadcasts.ChurchofJesusChrist.org).

Ou gen dwa pafwa konn santi w jan Joseph te santi l nan vèsè 28–29 la. Kisa w aprann nan egzanp Joseph la sou sa pou w fè lè aksyon w pa konsistan avèk travay Bondye aple w pou w fè a?

Istwa—Joseph Smith 1:34–65

Liv Mòmon an gen “plenitid Levanjil etènèl la.”

Pandan w ap li Istwa—Joseph Smith 1:34–65 la, reflechi sou detay nan vèsè sa yo ki te ka atire atansyon w si w pa t janm te tande pale de Liv Mòmon an anvan sa. Antanke yon kwayan, poukisa resi sa a enpòtan pou temwayaj ou konsènan Liv Mòmon an?

Panse sou fason Liv Mòmon an akonpli pwofesi ki nan Ezayi 29:4, 11–18 yo.

Istwa—Joseph Smith 1:36–41

Retablisman levanjil la akonpli ansyen pwofesi yo.

Mowoni te site plizyè pwofesi Ansyen ak Nouvo Testaman an pou Joseph, tankou Ezayi 11; Travay 3:22–23; ak Jowèl 2:28–32. Poukisa pwofesi sa yo dwe te enpòtan pou Joseph konnen? Poukisa l enpòtan pou w konnen yo?

Doktrin ak Alyans, 2

Kisa Eli te retabli?

Prezidan Henry B. Eyring te di: “Li enpòtan pou nou konn poukisa Senyè a te pwomèt li t ap voye Eli. Eli sete yon gran pwofèt ki te gen gwo pouvwa Bondye te ba li. Li te gen pi gwo pouvwa Bondye bay pitit li yo: li te gen pouvwa sèlman an, pouvwa pou lye sou tè a ak pou lye nan syèl la” (“Des coeurs enlacés,” Ensign oswa Liahona, Me 2005, 78).

Gade tou Doktrin ak Alyans 110:13–16; David A. Bednar, “Se pou Kay sa a Bati nan Non Mwen,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2020, 84–87.

Imaj
Tanp Palmyra Nouyòk la an otòn

Tanp Palmyra a nan Nouyòk. Fanmi yo sele nan tanp pa pouvwa ki te retabli palentèmedyè Eli a.

Doktrin ak Alyans, 2

Eli te vin fè kè m tounen sou zansèt mwen yo.

Kisa mo tankou “enplante,” ak “otòn” nan seksyon sa a anseye w sou misyon Eli a ak benediksyon kle prètriz li te retabli yo? Èske w konn santi kè w tounen sou zansèt ou yo? Panse a fason w ka santi kalite santiman sa yo pi souvan. Petèt ou ta ka mande yon manm fanmi w pou l pataje yon istwa avèk ou sou youn nan zansèt nou pataje yo–pi bon toujou, ou gen dwa anrejistre l. Petèt ou ta ka chèche jwenn yon zansèt ki mouri ki pa t janm resevwa òdonans levanjil yo epi apresa fè travay pou li nan tanp.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou etid ekriti familyal ak sware familyal

Joseph Smith—Istwa 1:28–29Kijan Joseph Smith te santi l osijè erè l yo? Kisa l te fè lè l te santi bagay sa yo? Kisa nou aprann nan men l sou sa pou nou fè lè nou komèt erè?

Istwa—Joseph Smith 1:33–54.Ou ka mande yon manm fanmi w pou l li yon pati oubyen tout mesaj Mowoni an ki nan Istwa—Joseph Smith 1:33–42 a fò pandan kat fwa (paske Mowoni te repete mesaj sa a kat fwa). Apre chak fwa yo, mande lòt manm fanmi yo pou yo di kisa yo sonje nan mesaj li a, san yo pa gade ekriti yo. Poukisa Senyè a repete mesaj enpòtan yo plizyè fwa? Ki lòt fason Senyè a anseye nou atravè repetisyon?

Doktrin ak Alyans 2:2.Pou ede timoun yo konprann “pwomès yo te fè papa yo,” ou ka li Abraham 2:9–11 ansanm avèk yo oubyen gade videyo “Temwen Espesyal Kris la—Prezidan Russell M. Nelson” (ChurchofJesusChrist.org). Idantifye pwomès Bondye te fè kòm pati alyans li avèk Abraam nan. Kijan nou ka “plante” pwomès sa yo nan kè nou?

Doktrin ak Alyans 2:23.Pou ede manm fanmi yo vire kè yo sou papa yo (oswa zansèt yo), ou gen dwa envite yo pou yo aprann sou yon zansèt epi pataje sa yo aprann nan avèk rès fanmi an. Poukisa Senyè a vle nou aprann sou manm fanmi nou ak akonpli òdonans tanp pou yo? Ki benediksyon nou resevwa lè nou patisipe nan travay tanp ak istwa familyal? (gade Dale G. Renlund, “Travay Tanp ak Istwa Familyal: Sèlman ak gerizon,” Ensign oswa Liahona, Me 2018, 46–49).

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Ma généalogie,” Chants pour les enfants, 100.

Amelyore etid pèsonèl nou

Itilize èd pou etid ekriti yo. Zouti tankou nòt anba paj, Gid pa Sijè, Diksyonè Bib la, ak ChurchofJesusChrist.org kapab ede w pi byen konprann moun yo, evenman yo, ak fraz nan ekriti yo.

Imaj
Mowoni k ap bay Joseph Smith plak lò yo

Joseph resevwa plak yo, pa Gary E. Smith