Doktrin ak Alyans 2021
25–31 Janvye. Doktrin ask Alyans 6–9: “Sa se Lespri Revelasyon an”


“25–31 Janvye. Doktrin ask Alyans 6–9: “Sa se Lespri Revelasyon an,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“25–31 Janvye. Doktrin ak Alyans 6–9,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
sekretè k ap ekri sou papye

25–31 Janvye

Doktrin ak Alyans 6–9

“Sa se Lespri Revelasyon an”

Senyè a revele nou verite nan lespri nou ak nan kè nou (gade Doktrin ak Alyans 8:2–3). Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 6–9 la, ekri enpresyon w resevwa yo.

Ekri enpresyon ou

Nan lotòn 1828, yon jèn pwofesè ki te rele Oliver Cowdery te jwenn yon jòb kòm pwofesè lekòl nan Palmira, nan Nouyòk, epi l te rete lakay Lucy ak Joseph Smith, papa a. Oliver te tande pale de pitit yo a, Joseph, ki t ap viv nan Amoni lè sa a, nan Pennsilvani, epi Oliver, ki te konsidere tèt li kòm moun k ap chèche laverite, te vle konn plis toujou. Smith yo te dekri vizit zanj yo, yon ansyen anal, ak don pou tradui pa pouvwa Bondye. Olivye te kaptive. Èske sa te ka vre? Lucy ak Joseph, papa a, te ba l yon konsèy ki aplike pou tout moun k ap chèche laverite: priye epi mande Senyè a.

Oliver te fè sa, epi Senyè a te reponn, li te mete lapè ak reyasirans nan lespri Oliver. Oliver te dekouvri ke revelasyon ka pèsonèl—yon bagay li t ap aprann nan yon fason ki te menm pi pwofon toujou nan mwa k t ap gen pou vini yo. Revelasyon pa rezève pou pwofèt sèlman; li la pou tout moun ki vle l epi k ap chèche li. Oliver pa t ko konn tout bagay, men li te konn ase pou l te pase nan pwochen etap la. Senyè a t ap fè yon bagay enpòtan atravè Joseph Smith, epi Oliver te vle patisipe ladan l.

Pou plis enfòmasyon sou istwa ki dèyè Doktrin ak Alyans 6–9 la, gade Sen yo, 1:58–64; “Days of Harmony” (video, ChurchofJesusChrist.org).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 6; 8–9

Pè Selès la pale avèk mwen palentèmedyè “Lespri verite a.”

Nan prentan 1829, Oliver Cowdery te vwayaje al Harmony epi l te ofri pou l te vin sekretè Joseph Smith pandan l t ap tradui Liv Mòmon an. Kounyeya, Oliver te ka obsève pwosesis tradiksyon fonde sou revelasyon an. Eksperyans la te anchante li, epi li te mande tèt li si l te ka jwenn benediksyon don pou tradui a. Senyè a te kite l eseye tradui, men resevwa revelasyon sete yon bagay nouvo pou Oliver, epi tantatif la pa t byen mache. Li te gen anpil bagay pou l te aprann toujou, epi Doktrin ak Alyans 6, 8, ak 9 yo montre ke Senyè a te dispoze pou l te anseye li.

Pandan w ap li seksyon sa yo, note sa Senyè a te anseye sou revelasyon pèsonèl. Kijan pawòl sa yo koresponn avèk eksperyans ou konn fè—oubyen ou ta renmen fè?

Paregzanp, kisa Doktrin ak Alyans 6:5–7; 8:1; 9:7–8 sigjere sou sa Senyè a mande w anvan pou l revele w volonte li?

Kisa w aprann nan Doktrin ak Alyans 6:14–17, 22–24; 8:2–3; 9:7–9 yo sou diferan fason revelasyon ka vini?

Èske gen yon lòt bagay ou aprann sou revelasyon nan seksyon sa yo?

Pou w aprann plis sou revelasyon, gade Russell M. Nelson, “Revelasyon pou Legliz la, Revelasyon pou lavi nou,” Ensign oswa Liahona, Me 2018, 93–96; Julie B. Beck, “Et sur les servantes, dans ces jour-là, je répandrai mon esprit,” Ensign oswa Liahona, Me 2010, 10–12. Pou plis enfòmasyon sou “don Aawon” an yo dekri nan seksyon 8 la, gade “Don Oliver Cowdery’,” Revelation nan kontèks yo, 15–19.

Doktrin ak Alyans 6:18–21, 29–37

Gade sou Kris la nan chak panse;

Byenke Joseph te deja fè eksperyans “sikonstans difisil” pandan l t ap fè travay Senyè a (Doktrin ak Alyans 6:18), limenm ak Oliver pa t gen okenn ide sou kijan sikonstans yo ta pral vin difisil nan ane apre yo. Men Senyè a te konnen, epi li konn eprèv n ap gen pou n travèse nan fiti nou tou. Konsèy li te bay Joseph ak Oliver la nan Doktrin ak Alyans 6:18–21, 29–37 yo ka ede w tou. Kijan w Joseph ak Oliver te siman santi yo apre yo te fin tande pawòl sa yo? Kisa w jwenn nan vèsè sa yo ki ede w gen konfyans nan Senyè a. Kijan w ka gade Kris la plis nan lavi w?

Imaj
Oliver Cowdery

Oliver Cowdery, pa Lewis A. Ramsey

Doktrin ak Alyans 6–7; 9:7–14

“Se pou sa fèt jan w vle l nan menm nan.”

Remake konbyen fwa pawòl tankou “vle” oswa “ta vle” yo repete nan seksyon 6 ak 7 la. Kisa w aprann nan seksyon sa yo sou enpòtans Bondye mete nan dezi nou? Poze tèt ou kesyon Senyè a poze nan Doktrin ak Alyans 7:1 an: “Kisa ou vle?”

Youn nan dezi jis Oliver te genyen yo—pou tradui jan Joseph Smith t ap fè a—pa t akonpli. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 9:3, 7–14 la, ki enpresyon w resevwa ki ta ka ede w lè dezi jis ou yo pa akonpli?

Gade Doktrin ak Alyans 11:8; Dallin H. Oaks, “Desire,” Ensign oswa Liahona, Me 2011, 42–45 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 6:7, 13Kijan w ka ede manm fanmi w konprann ke vrè “richès” la, se nan lavi etènèl y ap jwenn ni? (vèsè 7). Ou gen dwa envite yo pou yo konfeksyone fo lajan epi ekri oubyen desine sou li kèk benediksyon fanmi w te resevwa gras ak levanjil retabli a.

Doktrin ak Alyans 6:15, 22–23; 8:2–3; 9:7–9.Lekti vèsè sa yo sou fason Bondye pale avèk pitit li kapab yon bèl opòtinite pou w di fanmi w kijan l konn pale avèk ou.

Doktrin ak Alyans 6:33–37.Manm fanmi w ta ka pataje fason yo ka “fè byen,” menm lè yo santi yo pè. Sa ka bon tou si nou ta gade tout oubyen kèk pati nan mesaj Èldè Ronald A. Rasband nan “Se pou nou pa twouble” (Ensign oswa Liahona, Nov. 2018, 18–21). Kisa sa vledi pou nou “gade sou [Kris la] nan chak panse”? (vèsè 36). Ki kèk lòt egzanp ou ka bay sou moun ki vire gade Senyè a pou yo ka simonte dout ak laperèz? (gade, paregzanp, Etè 4; Alma 26:23–31).

Doktrin ak Alyans 8:10.Sa ta ka yon bèl opòtinite pou w pataje kijan lafwa nan Jezikri fòtifye oumenm avèk fanmi ou. Poukisa l enpòtan pou nou “mande ak lafwa”? Ki benediksyon w konn wè nan chèche repons oubyen èd ak lafwa?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Fais donc le bienChants pour les enfants, 80.

Imaj
senbòl vwa retablisman yo

Pwofèt Retablisman yo

Tradiksyon Liv Mòmon An

An Avril 1829, mwa kote l te resevwa seksyon 6–9 Doktrin ak Alyans yo, travay prensipal Joseph Smith sete tradiksyon Liv Mòmon an. Lè yo te mande nan apre pou l di kijan l te tradui anal sa yo, Joseph te di ke “sa pa t prevwa pou yo rakonte mond lan tout detay.”1 Li te souvan deklare senpleman ke l te tradui “pa don, ak pouvwa Bondye.”2

Nou pa konn anpil detay sou pwosesis mirakile tradiksyon an, men, nou konnen ke Joseph Smith sete yon vwayan, ki te jwenn èd atravè enstriman Bondye te prepare: de wòch transparan ki rele Oumim ak Toumim ak yon lòt wòch yo rele yon wòch vwayan.3

Deklarasyon sa yo, ki te fèt pa moun ki te temwen pwosesis translation an, kore temwayaj Joseph la.

Imaj
Kòf an bwa Hyrum Smith la ki te gen plak lò yo

Nou kwè ke kòf sa a, ki sete kòf Hyrum Smith, te itilize tanporèman pou kache plak lò yo.

Emma Smith

Imaj
Emma Smith

“Lè mari m t ap tradui Liv Mòmon an, m te ekri yon pati ladan, kote l te dikte m chak fraz, mo pa mo, epi lè l te rive nan kèk non pwòp li pa t ka pwononse, oubyen mo long, li te eple yo, epi, pandan m t ap ekri yo, si m te fè fot dòtograf, li te konn stope m epi korije òtograf la malgre l te enposib pou l te wè kijan m t ap ekri yo nan moman sa a. Menm mo Sara a li pa t ka pwononse toudabò, men li te oblije eple l, epi m te pwononse l pou li.”4

“Plak yo te konn souvan depoze sou tab la san okenn efò pou kache yo, vlope nan yon ti napwon len ke m te ba li pou l te mete yo. Yon fwa, m te touche plak yo, pandan yo te depoze sou tab la, kote m te suiv kontou yo ak fòm yo. Yo te sanble yo te ka pliye tankou papye epè, epi yo te bay yon son metalik lè w te touche pwent yo avèk pous ou, jan yon moun fè pafwa pou touche pwent yon liv. …

“Kwayans mwen sèke Liv Mòmon an gen otantisite divin—mwen pa gen okenn dout apwopo sa. Mwen satisfè dèske okenn moun pa t ap ka dikte ekri maniskri a sof si l te enspire; paske, lè m t ap sèvi kòm sekretè l la, [Joseph] te konn dikte m lè apre lè; epi, lè nou retounen apre nou fin manje, oubyen apre nou te entèwonp li, li te tousuit rekòmanse kote l te stope a, san l pa t wè maniskri a, e san okenn moun pa li yon pati pou li. Sete yon bagay li te konn fè tout tan. Li pa pwobab ke yon moun save ta ka fè bagay sa a, epi, pou yon moun ki te si inyoran ak pa enstwi jan l te ye a, sa te senpleman enposib.”5

Imaj
Emma Smith k ap ede nan tradiksyon an

Ilistrasyon Emma ak Joseph Smith pa Michael T. Malm

Oliver Cowdery

Imaj
Oliver Cowdery

“Mwen te ekri tout Liv Mòmon an avèk pwòp plim pa m (eksepte kèlke paj) jan l t ap soti nan bouch pwofèt la, pandan l t ap tradui l pa don ak pouvwa Bondye, pa mwayen Ourim ak Toumim nan, oubyen, jan liv la rele yo a, entèprèt sakre yo. Mwen te wè ak je m, epi m te touche ak men m, plak lò yo ki te sèvi pou l te tradui yo a. Mwen te wè entèprèt yo tou.”6

Nòt

  1. Minutes, 25–26 Oktòb 1831,” Minute Book 2, 13, josephsmithpapers.org.

  2. Nan “Church History,” Times and Seasons, 1e Mas 1842, 707; gade Enseignements des présidents de l’église: Joseph Smith (2007), 441 tou.

  3. Pou plis enfòmasyon, gade “Tradiksyon Liv Mòmon an,” Gospel Topics, topics.ChurchofJesusChrist.org; Richard E. Turley Jr., Robin S. Jensen, ak Mark Ashurst-McGee, “Joseph the Seer,” Ensign, Okt. 2015, 48–55.

  4. Edmund C. Briggs, “A Visit to Nauvoo in 1856,” Journal of History, vol. 9, no. 4 (Oct. 1916), 454; site nan Russell M. Nelson, “A Treasured Testament,” Ensign, Jiyè 1993, 62.

  5. Nan “Last Testimony of Sister Emma,” Saints’ Herald, Okt. 1, 1879, 290; òtograf modènize.

  6. Nan jounal Ruben Miller, 21 Okt 1848, Bibliyotèk Istwa Legliz la, Salt Lake City, òtograf, ponktyasyon, ak majiskil modènize.

Imaj
Joseph Smith ak Oliver Cowdery k ap tradui plak lò yo

Joseph Smith ak Oliver Cowdery te aprann anpil atravè pwosesis tradiksyon plak lò yo.