Doktrin ak Alyans 2021
18–24 Janvye. Doktrin ak Alyans 3–5: “Travay Mwen ap Pousuiv”


18–24 Janvye. Doktrin ak Alyans 3–5: ‘Travay Mwen ap Pousuiv’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

18–24 Janvye. Doktrin ak Alyans 3–5:” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
moun k ap travay nan jaden

Epòk rekòlt an Frans, pa James Taylor Harwood

18–24 Janvye

Doktrin ak Alyans 3–5: “Travay mwen ap pousuiv”

“Travay Mwen ap Pousuiv”

Ekri sa w aprann ak sa w santi pandan w ap etidye ekriti yo. Sa ap ede w sonje enpresyon sa yo ak pataje yo avèk lòt moun.

Ekri enpresyon ou

Pandan premye ane l yo antanke pwofèt Senyè a, Joseph Smith potko konn tout bagay konsènan “travay mèveye” li te aple pou l te fè a. Men, yon bagay premye eksperyans li yo te anseye l sete ke, pou l te kalifye pou fè travay Senyè a, li te bezwen vrèman gen “je l fikse sou laglwa Bondye” (Doktrin ak Alyans 4:1, 5). Paregzanp, si Senyè a te ba l yon konsèy ki ta pral ale kont pwòp dezi pa li, li te bezwen suiv konsè Senyè a. Epi, menmsi li te gen “anpil revelasyon, ak … pouvwa pou l fè anpil gwo travay,” si pwòp volonte pa l t ap vin pi enpòtan nan je l pase volonte Bondye, li “t ap tonbe” (Doktrin ak Alyans 3:4). Men, Joseph te aprann yon lòt bagay ki te osi enpòtan tou sou fè travay Bondye a: “Bondye gen mizèrikòd,” epi, si Joseph te repanti sensèman, li t ap “toujou chwazi l” (vèsè 10)). Apre tou, travay Bondye a se yon travay redanmsyon. Epi, travay sa a “pa kapab kontrarye” (vèsè 1).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 3:1–15

Mwen dwe fè Bondye konfyans olye ke m pè lòm.

Nan kòmansman ministè Joseph Smith la, li te difisil pou l te jwenn bon zanmi—espesyalman zanmi tankou Martin Harris, yon mesye respektab ak rich, ki te nan pozisyon pou l te pote yon sipò presye ba li. Epi, Martin te soutni Joseph ak tout kè l, malgre ke sa te vin fè zanmi pa t respekte li, e malgre sa te mande sakrifis lajan.

Konsa, li fasil pou nou wè poukisa Joseph te vle onore demann Martin an pou l te pran premye pati tradiksyon Liv Mòmon an al montre madanm ni, ki te doute de verasite Liv Mòmon an. Joseph te kontinye mande Senyè a pou reponn demann sa a, menm apre Senyè a te entèdi li, jiskaske finalman, apre Joseph te fin mande yon twazyèm fwa, Senyè a te di wi. Trajikman, maniskri a te pèdi pandan l te nan men Martin, epi Senyè a te reprimande Joseph ak Martin sevèman (gade Sen yo, 1:51–53).

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 3:1–15 la, medite sou fason opinyon lòt moun ka enfliyanse ou. Ou gen dwa note tou ke, anplis ke l te reprimande Joseph Smith, Senyè a te adrese l kèk pawòl plen mizèrikòd tou. Kisa w aprann nan fason Senyè a te korije ak ankouraje Joseph? Ki konsèy ou jwenn ki ka ede w lè w gen tantasyon pou w krenn lòt moun plis pase Bondye?

Gade “Les contributions de Martin Harris tou,” Revelations dans leur contexte, 1–9, history.ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans, 4

Senyè a mande m pou m sèvi l ak tout kè m.

Seksyon 4 la souvan aplike pou misyonè aplentan yo. Sepandan, sa enteresan pou nou note ke revelasyon sa a te adrese a Joseph Smith, papa a, ki pa t aple pou l t al nan misyon men ki te toujou gen “dezi pou l sèvi Bondye” (vèsè 3).

Yon fason pou w li seksyon sa a se imajine l kòm yon deskripsyon tach pou yon moun ki vle fè travay Senyè a. Kisa kalifikasyon vledi? Poukisa talan oubyen karakteristik sa yo nesesè? Petèt, nan lapriyè, ou ta ka chwazi yon bagay ou ta ka fè pou w ta pi byen “kalifye [tèt ou] pou travay la” (vèsè 5).

Doktrin ak Alyans 5

M ka akeri pwòp temwayaj pa m sou Liv Mòmon an.

Imaj
Martin Harris

Martin Harris, pa Lewis A. Ramsey

Si w te aple pou w temwaye de verasite Liv Mòmon an devan yon tribinal, ki prèv ou t ap prezante? Te gen yon kesyon konsa nan lespri Martin Harris lè madanm ni, Lucy, te depoze yon plent ki te di ke Joseph Smith t ap twonpe moun yo nan pretann ke l tradui plak yo. (gade Sen yo, 1:56–58). Konsa, Martin te mande Joseph pou l te ba l plis prèv ke plak lò yo te reyèl.. Doktrin ak Alyans 5 la se yon revelasyon l te resevwa pou demann Martin an.

Kisa nou aprann nan Doktrin ak Alyans 5 la sou bagay sa yo:

Doktrin ak Alyans 5:1–10

Jenerasyon sa a ap resevwa pawòl Bondye a palentèmedyè Joseph Smith.

Kisa Doktrin ak Alyans 5:1–10 anseye w sou wòl enpòtan Joseph Smith nan dispansasyon nou an—ak nan lavi ou? Reflechi sou fason w te resevwa pawòl Bondye a palentèmedyè Pwofèt Joseph Smith. Panse pou w ekri nan yon jounal oubyen pale avèk yon moun de rekonesans ou pou verite ki te retabli oubyen klarifye palentèmedyè l yo.

Gade 2 Nefi 3:6–24 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 3:1–4.Mande yon manm fanmi w pou l mache sou yon liy “kwochi” epi apresa sou yon liy “dwat.” Kisa sa vle di pou fanmi nou lè yo konnen ke “chemen [Bondye] yo dwat”?

Doktrin ak Alyans 3:7–10.Lè yon moun ap ba nou presyon pou nou dezobeyi Bondye, ki verite nan vèsè sa yo ki ka ede nou rete fidèl. Petèt manm fanmi yo ta ka jwe yon wòl sou yon sitiyasyon kote yon moun rete fidèl malgre presyon pou l dezobeyi Bondye.

Doktrin ak Alyans 4.Pandan fanmi w ap diskite sou kisa sa vle di pou n travay nan jaden Bondye, yo ta ka fè kèk travay nan yon jaden (oubyen pretann ke y ap fè sa). Ki zouti nou bezwen pou n travay nan jaden? Kisa Bondye dekri nan seksyon 4 la ke n ta ka konsidere kòm zouti nou bezwen pou n fè travay la? Fanmi a ka di poukisa chak zouti yo enpòtan nan travay Bondye a.

Doktrin ak Alyans 5:7.Ki kèk egzanp sou verite nou kwè men nou pa ka wè? Kijan nou ta ka reponn yon zanmi ki mande nou prèv ke Liv Mòmon an vrè?

Pou plis ide pou anseye timoun yo, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Je serai vaillant,” Chants pour les enfants, 85.

Amelyore etid pèsonèl nou

Memorize yon pasaj ekriti. “Memorize yon pasaj ekriti se tankou kreye yon nouvo amitye. Se tankou dekouvri yon nouvo moun ki ka ede nan moman bezwen, ki ka bay enspirasyon ak rekonfò, epi ki ka yon sous motivasyon lè yon chanjman nesesè” (Richard G. Scott, “Le pouvoir des Ecritures,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2011, 6).

Imaj
Joseph Smith ak paran li

Pwa devastan 116 paj yo, pa Kwani Povi Winder