Doktrin ak Alyans 2021
Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou


“Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon mesye k ap li ekriti yo

Ide pou amelyore etid ekriti pèsonèl ou

Men kèk fason senp pou w amelyore etid ou sou pawòl Bondye a nan ekriti yo:

Priye pou enspirasyon

Ekriti yo se pawòl Bondye, se pou w mande L pou l ede w konprann yo.

Chèche verite osijè Jezikri yo

Ekriti yo anseye nou ke tout bagay temwanye konsènan Kris la (gade 2 Nefi 11:4; Moyiz 6:63), konsa, konsidere pou w note oubyen make vèsè ki temwaye konsènan Sovè a, ki apwofondi amou ou pou li, epi ki anseye kijan pou w suiv Li yo.

Chèche mo ak fraz ki enspire

Ou ka petèt jwenn kèk mo ak fraz nan ekriti yo ki enpresyone w, kòmsi sete pou ou espesyalman yo te ekri yo. Yo gen dwa touche w pèsonèlman e enspire w ak motive ou. Panse pou w make yo nan ekriti yo oubyen ekri yo nan yon jounal etid.

Chèche verite levanjil yo

Pafwa verite levanjil yo (ke yo souvan rele doktrin oswa prensip) fòmile dirèkteman, e pafwa yo souzantandi nan yon egzanp oubyen nan yon istwa. Mande tèt ou: “Ki verite etènèl yo anseye nan vèsè sa yo?”

Koute Lespri a

Se pou w pote atansyon a sa w panse ak sa w santi yo, menmsi yo pa anrapò avèk sa w ap li a. Enpresyon sa yo se gen dwa egzakteman sa Pè Selès la ta renmen pou w aprann.

Konpare ekriti yo avèk lavi ou

Reflechi sou fason istwa ak ansèyman w ap li yo aplike ak lavi ou. Paregzanp, ou gen dwa mande tèt ou: “Ki eksperyans mwen te fè ki sanble avèk sa m ap li la a?” oubyen “Ki fason m ka suiv egzanp moun sa a nan ekriti yo?”

Poze Tèt ou Kesyon Pandan W Ap Fè Etid la

Pandan w ap li ekriti yo, kesyon ka vin nan lespri w. Kesyon sa yo gen dwa anrapò avèk sa w ap li a oubyen avèk lavi w an jeneral. Medite sou kesyon sa yo epi chèche repons pandan w ap kontinye etidye ekriti yo.

Itilize Èd pou Etid Ekriti yo

Pou w ka jwenn ide adisyonèl sou vèsè w ap li yo, itilize referans yo bay anba paj yo, Gid pa sijè a, Diksyonè Bib la, Gid ekriti yo nan (scriptures.lds.org), ak lòt èd pou etid.

Konsidere Kontèks Ekriti yo

Ou ka jwenn ide siyifikatif sou yon pasaj ekriti lè w konsidere kontèks li, ansanm avèk sikonstans oubyen pozisyon kote l sòti a. Paregzanp, paske w konn antesedan ak kwayans yon pèp yon pwofèt ap pale, sa ka ede w konprann ki objektif pawòl li yo vize.

Ekri Panse w ak Santiman Ou

Gen anpil fason pou w ekri enpresyon w resevwa pandan w ap fè etid yo. Paregzanp, ou gen dwa make yon mo oubyen yon fraz ki siyifikan pou ou epi ekri sa k vin nan lespri w yo kòm yon nòt nan liv ekriti w yo. Ou gen dwa fè yon jounal kote w ap ekri ide, panse, ak enpresyon w resevwa yo tou.

Etidye pawòl Pwofèt ak Apot Dènye Jou yo

Li sa pwofèt ak apot modèn yo anseye sou prensip ou jwenn nan ekriti yo (paregzanp, gade nan conference.lds.org ak nan revi legliz yo).

Pataje Ide

Pale sou ide w jwenn nan etid pèsonèl ou yo se non sèlman yon bon fason pou w anseye lòt moun, men sa ede ranfòse konpreyansyon w sou sa w li yo tou.

Aplike Sa W Aprann yo

Etid ekriti yo dwe non sèlman enspire nou—men sa dwe fè nou chanje fason n ap viv tou. Koute sa Lespri a enspire w pou w fè pandan w ap li a, epi apresa, pran angajman pou w aplike enspirasyon sa yo.

Imaj
yon fi k ap li ekriti yo

Èlder David A. Bednar te di: “Nou pa ta dwe atann ke Legliz la antanke òganizasyon ap anseye oswa di nou tout sa nou dwe konnen ak tout sa nou dwe fè pou nou ka vin disip devwe epi pèsevere avèk vanyans jiska lafen. Olyesa, responsablite pèsonèl nou se pou nou aprann sa nou dwe aprann, pou nou viv jan nou konnen nou dwe viv la epi pou nou vin tounen moun Mèt la ta renmen nou vin tounen an. Epi fwaye nou se andwa prensipal pou nou aprann, viv ak vin tounen sa” (“Prepare pou Nou Jwenn Tout Sa Ki Nesesè,” Ensign oubyen Lyawona, Me 2019, 102).