Doktrin ak Alyans 2021
17–23 Me. Doktrin ak Alyans 51–57: “Yon Responsab ki fidèl, ki jis, epi ki saj”


“17–23 Me. Doktrin ak Alyans 51–57: “Yon Responsab ki fidèl, ki jis, epi ki saj’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“17–23 Me. Doktrin ak Alyans 51–57,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon fèmye avèk bèf

Premier sillon pa James Taylor Hanwood

17–23 Me.

Doktrin ak Alyans 51-57

“Yon Responsab ki fidèl, ki jis, epi ki saj”

Etidye ekriti yo ap ede w rekonèt vwa Senyè a, paske se limenm ki te bay ekriti yo atravè Lespri li (gade Doktrin ak Alyans 18:34-36).

Ekri enpresyon ou

Pou manm Legliz nan ane 1830 yo, rasanbleman Sen yo ak bati vil Siyon an sete travay espirityèl ak tanporèl alafwa, avèk anpil aspè pratik pou yo te adrese: fòk yon moun te achte ak distribye tè kote Sen yo ta ka enstale yo. Fòk yon moun te enprime liv ak lòt bagay pou pibliye. Epi, fòk yon moun te ouvri yon magazen pou l te ka founi atik pou moun nan Siyon yo. Nan revelasyon ki nan Doktrin ak Alyans 51–57 la, Senyè a te deziye epi enstwi moun ki pou te jere bagay sa yo, epi li te deziyen Independence, nan Missouri, kòm “pwen santral” Siyon (Doktrin ak Alyans 57:3).

Men, pandan ke talan nan bagay tankou achte tè, enprimri, ak jere yon magazen yo se bagay ki presye pou edifikasyon tanporèl Siyon an, revelasyon sa yo anseye ke Senyè a vle pou Sen yo vin espirityèlman diy pou yo te rele yo pèp Siyon tou. Li mande nou chak pou nou “responsab ki fidèl, ki jis, epi ki saj,” ki gen yon lespri kontri, ki “dwe kanpe tennfas” nan responsablite yo ba li yo (gade Doktrin ak Alyans 51:19; 52:15; 54:2). Si nou ka fè sa—kèlkeswa kapasite tanporèl nou—Senyè a ka itilize nou pou bati Siyon, epi l “ap prese bati vil la nan tan pa l” (Doktrin ak Alyans 52:43).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 51

Senyè a vle pou m se yon entandan fidèl, ki jis, epi ki saj.

Si w te yon manm Legliz la nan ane 1831 an, yo t ap siman envite w pou w te viv lwa konsekrasyon an kote w t ap siyen yon papye bay evèk la pou w te transfere pwopriyete ou bay Legliz la. Lè sa a, nan pifò ka, li t ap remèt ou sa w te bay la, pafwa avèk yon bagay anplis. Men, se pa t ap byen pa w ankò l t ap ye—li t ap jis sou responsablite w.

Jodia pwosede yo diferan, men prensip konsekrasyon ak entandans lan toujou enpòtan nan travay Senyè a. Reflechi sou pawòl sa yo Èldè Quentin L. Cook te di: “N ap viv nan yon epòk danjere kote anpil moun kwè ke nou pa gen pou nou rann Bondye kont epi nou pa gen okenn responsablite pèsonèl ni nou rann kont devan tèt nou ak devan lòt moun. Anpil moun nan mond lan konsantre sou satisfè tèt yo … [epi] yo pa kwè ke yo se gadyen frè yo. Nan Legliz la, sepandan, nou kwè ke responsablite sa yo se responsablite sakre” (“L’intendance, responsabilité sacrée,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2009, 91).

Pandan w ap li seksyon 51an, panse sou sa Bondye ba w responsab. Kisa mo “responsab” (vèsè 19) ak “konsakre” (vèsè 5) yo vledi, e kisa yo enplike konsènan sa Bondye ap tann nan men nou? Ki prensip ou wè nan seksyon 51 an ak nan pawòl Èldè Cook yo ki anseye w kisa sa vledi pou w se yon responsab? (gade espesyalman vèsè 9, 15–20).

Gade tou: Matye 25:14–30; videyo “Lwa Konsekrasyon an,” nan ChurchofJesusChrist.org.

Doktrin ak Alyans 52:14–19

Bondye te bay yon metòd pou evite nou twonpe.

Avèk anpil moun ki t ap deklare ke yo te resevwa manifestasyon espirityèl, premye Sen yo te pè pou yo pa t twonpe. Kijan yo t ap fè konnen kiyès “[Bondye] te aksepte”? (vèsè 15). Nan Doktrin ak Alyans 52:14–19, Senyè a te bay yon metòd ki itil. Kijan w ka aplike metòd sa a pou w detekte fo mesaj yo nan mond lan? Ou ta gen dwa itilize metòd sa a pou evalye tèt ou tou: panse pou w itilize fraz nan vèsè sa yo pou w ekri kesyon tankou : “Lè m ap pale, èske lespri m kontri?”

Doktrin ak Alyans 54

Mwen ka al jwenn Senyè a lè m blese pa chwa lòt moun.

Kòm pati nan rasanbleman nan Ohio a, yon gwoup Sen ki te dirije pa Newel Knight te rive Colesville, nan Nouyòk, epi yo te bezwen yon kote pou yo te rete. Leman Copley te gen yon gwo fèm tou pre Kirtland, epi li te pwomèt pou l te kite Sen yo enstale yo sou pwopriyete l la. Men, byenvit apre yo te kòmanse ap enstale yo a, lafwa Copley te febli, li te kraze alyans li a, epi li te chase Sen yo soti sou pwopriyete l la (gade Les Saints, 1:125–28).

Jan sa ekri nan seksyon 54 la, Senyè a te di Newel Knight kisa pou Sen yo te fè nan sitiyasyon sa a. Kisa w wè nan revelasyon sa a ki ka ede w lè yon lòt moun kraze angajman l te pran anvè ou oubyen lè w afekte pa move chwa lòt moun?

Imaj
jaden

Sit fèm nan Ohio a Leman Copley te pwomèt Legliz la.

Doktrin ak Alyans 56:14-20

Benediksyon pou moun ki gen kè pi.

Nan vèsè sa yo, Senyè a te pale avèk ni rich ni pòv; sa ta ka enteresan pou w ta konpare konsèy li a avèk de gwoup sa yo. Kisa nan vèsè sa yo ou santi ki konsène w pèsonèlman? Kijan konsantre sou richès ka “wouye” nanm ou? (vèsè 16). Kisa sa vle di pou w gen “kè pwòp” (vèsè 18) nan zafè bagay materyèl?

Gade Jakòb 2:17–21 tou.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 51:9.Ou gen dwa jwe yon jwèt fanmi an renmen epi apresa pale de fason jwèt la ta ka diferan si yon moun te triche. Poukisa li enpòtan pou nou youn “aji avèk onètete” avèk lòt? Kijan onètete ede nou “fè yon sèl”?

Doktrin ak Alyans 52:14–19.Pandan w ap diskite sou metòd yo dekri nan vèsè sa yo, fanmi an ta ka kontan gade lòt metòd ou itilize tou—tankou modèl patwon pou koud rad oubyen pou fè atizana. Ansanm, nou ta gen dwa travay pou fè yon bagay apati yon modèl pandan n ap pale sou modèl Senyè a te bay pou nou evite twonpri a.

Doktrin ak Alyans 53:1.Panse pou w pataje avèk fanmi ou yon eksperyans kote, menmjan ak Sidney Gilbert, ou te entèwoje Senyè a “konsènan apèl ou a.”

Doktrin ak Alyans 54:2; 57:6–7.Kisa savledi pou nou “kanpe tennfas” (Doktrin ak Alyans 54:2) nan sa Bondye mande nou pou nou fè? Ou te gen dwa envite manm fanmi ou pou yo kanpe epi site yon bagay Bondye te mande yo pou yo fè.

Doktrin ak Alyans 55.Kijan Senyè a te itilize kapasite William Phelps kòm ekriven ak enprimè? (paregzanp, gade pawòl li nan liv kantik la pou w ka wè lis chan li te ekri). Petèt manm fanmi w yo ta ka pale de talan ak kapasite youn wè nan lòt. Kijan talan nou ka kontribye nan travay Bondye a?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Kantik yo sigjere: “‘Donne,’ dit le ruisseau, ,” Chants pour les enfants, 116.

Amelyore etid pèsonèl nou

Kenbe yon jounal pèsonèl. Petèt li ta bon pou w ta itilize yon jounal oubyen yon kaye pou ekri panse, ide, kesyon, oswa enpresyon ou te resevwa pandan w t ap etidye a.

Imaj
manm ki ap remèt Edward Partridge byen yo

L’évêque Partridge reçoit des biens consacrés, pa Albin Veselka