Doktrin ak Alyans 2021
10–16 Me Doktrin ak Alyans 49–50: “Sa Ki Soti nan Bondye Se Limyè”


“10–16 Me Doktrin ak Alyans 49–50: ‘Sa Ki Soti nan Bondye Se Limyè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“10–16 Me Doktrin ak Alyans 49–50,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon etan lè solèy leve

10–16 Me

Doktrin ak Alyans 49-50

Doktrin ak Alyanss 49–50: “Sa ki soti nan Bondye se limyè”

“Yon moun ki resevwa limyè epi ki kontinye nan Bondye, li resevwa plis limyè; epi limyè sa a vin pi klere jistan l fè jou klè.” (Doktrin ak Alyanss 50:24). Reflechi sou fason w ap resevwa limyè nan pèsevere nan Bondye.

Ekri enpresyon ou

Sovè a se “bon bèje” nou (Doktrin ak Alyans 50:44). Li konnen pafwa brebi yo konn egare epi dezè a gen anpil danje. Konsa, li kondui nou avèk amou vin nan sekirite doktrin ni an, lwen danje tankou “fo lespri, ki ale sou tè a pou yo twonpe mond lan” (Doktrin ak Alyans 50:2). Suiv li souvan vledi abandone ide ak tradisyon ki pa kòrèk yo. Sa te vre pou Leman Copley ak lòt nan Ohio ki te aksepte levanjil retabli a men ki te toujou rete atache a kèk kwayans ki pa t kòrèk. Nan Doktrin ak Alyans 49, Senyè a te deklare verite ki te korije ansyen kwayans Leman yo sou kèk sijè tankou maryaj ak Dezyèm Vini Sovè a. Epi, lè konvèti nan Ohio yo te “resevwa … lespri [yo] pa t kapab konprann,” Senyè a te anseye yo kijan pou yo te detekte vrè manifestasyon Lespri yo (Doktrin ak Alyans 50:15). Bon Bèje a te gen pasyans; li te konnen premye Sen sa yo—tankou nou tout—sete “timoun piti” ki te “bezwen grandi nan lagras ak nan konesans verite a” (Doktrin ak Alyans 50:40).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 49:5–23

Verite levanjil yo ka ede m rekonèt fo ansèyman.

Anvan l te antre Legliz la, Leman Copley te fè pati yon gwoup relijye yo te rele Sosyete Ini Kwayan nan Dezyèm Aparisyon Kris la, ke yo te rekonèt kòm Shakers tou (gade “Leman Copley et les Shakers,” Révélations dans leur contexte, 117-21). Apre yon konvèsasyon avèk Leman, Joseph Smith te chèche klarifikasyon nan men Senyè a apwopo kèk nan ansèyman Shakers yo, epi Senyè a te reponn ni avèk revelasyon ki nan sesyon 49 la.

Ou ka jwenn kèk nan kwayans Shakers yo ki mansyone nan antèt seksyon 49 la. Panse pou w make oubyen ekri verite ki nan vèsè 5–23 yo ki korije kwayans sa yo. Panse a lòt fo ansèyman oswa tradisyon ki egziste nan mond lan jodia. Ki verite levanjil ki ka ede pwoteje w kont yo?

Doktrin ak Alyans 49:15–17

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay esansyèl nan plan Bondye a.

Ki verite konsènan maryaj ou aprann nan Doktrin ak Alyans 49:15-17 la? Selon oumenm, poukisa maryaj ant yon gason ak yon fi esansyèl nan plan Papa nou ki nan Syèl la? Èldè David A. Bednar te bay de rezon: “Premye rezon: Nati espri maskilen ak espri feminen yo konplete youn lòt epi youn pèfeksyone lòt, e se poutèt sa, gason ak fi yo dwe pwogrese ansanm al nan egzaltasyon. … Dezyèm rezon: Pa dekrè diven, yon gason ak yon fi nesesè pou mennen timoun nan mòtalite a ak pou founi meyè ankadreman pou elve ak nouri timoun” (“Maryaj esansyèl nan plan etènèl li a,” Ensign, Jen 2006, 83–84).

Gade tou: Jenèz 2:20–24; 1 Korentyen 11:11; “Fanmi an: Yon Pwoklamasyon pou Mond lan,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 145.

Imaj
yon koup ki deyò yon tanp

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone.

Doktrin ak Alyans 50

Ansèyman Senyè a bay yo ka pwoteje m kont twonpri Satan.

Nouvo konvèti nan Ohio yo te anvi resevwa manifestasyon espirityèl yo pwomèt nan ekriti yo, men Satan te prese pou l twonpe yo tou. Yo t ap mande tèt yo: Lè yon moun rele fò oubyen li dekonpoze, èske sa se enfliyans Lespri a?

Imajine yo ta mande w pou w te ede nouvo konvèti sa yo konprann kijan pou yo rekonèt vrè manifestasyon Sentespri yo ak kijan pou yo evite imitasyon Satan yo twonpe yo. Ki prensip ou jwenn nan Doktrin ak Alyans 50 la ke w ta ka itilize? (gade espesyalman vèsè 22–25, 29–34, 40–46).

Gade 2 Timote 3:13–17 tou.

Doktrin ak Alyans 50:13–24

Enstriktè yo ak elèv yo edifye ansanm pa Lespri a.

Yon fason ou ta ka etidye Doktrin ak Alyans 50:13-24 la se fè desen yon enstriktè ak yon elèv epi, akote yo chak, fè yon lis mo ak fraz nan vèsè sa yo ki anseye w yon bagay osijè aprann ak anseye levanjil la. Ki eksperyans ou te fè ki te anseye w enpòtans Lespri a nan anseye ak nan aprann? Reflechi sou sa w kapab fè pou amelyore efò ou antanke yon moun k ap aprann ak anseye levanjil la.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 49:2.Kisa sa vledi pou nou “gen dezi konnen yon pati nan verite a, men pa tout”? Petèt ou ta ka montre yo yon foti ki kouvri amwatye epi fè manm fanmi w yo devine kisa l ye. Kisa k rive lè nou aksepte yon pati sèlman nan verite a? (gade 2 Nefi 28:29). Ki fason plenitid levanjil la se yon benediksyon pou nou?

Doktrin ak Alyans 49:26–28.Nan ki fason nou beni pa pwomès Senyè a ki di: “M prale devan [yo] epi se mwen k ap avangad [yo]” a? Manm fanmi yo gen dwa pataje eksperyans kote yo te santi Senyè a “ale devan [yo]” oubyen kote yo te santi ke l te “nan mitan [yo].”

Doktrin ak Alyans 50:23–25.Ou ta gen dwa reyini fanmi an nan yon sal fènwa pou yo li Doktrin ak Alyans 50:23–25 la epi gradyèlman ajoute plis limyè kote w ap limen balèn oubyen limen limyè yo youn apre lòt. Nou ta gen dwa li vèsè sa yo ansanm pandan n ap gade solèy la k ap leve nan maten tou. Kisa nou ka fè pou limyè levanjil nou an ka kontinye grandi? Lè manm fanmi yo aprann yon bagay nouvo sou levanjil la pandan semèn nan, ankouraje yo pou yo pataje l avèk fanmi an kote y ap ekri yon nòt epi tache l sou yon lanp oubyen yon lòt limyè nan kay la.

Doktrin ak Alyans 50:40–46.Lè nou fin li Doktrin ak Alyans 50:40-46 la ansanm, ou gen dwa montre yo foto Sovè a ki nan plan leson sa a epi poze kesyon tankou sa yo: Kijan nou ka wè ke Sovè a renmen brebi a? Kijan Sovè a se tankou yon bèje pou nou? Ki fraz nan ekriti yo ki reflete ide ke Sovè a se yon bèje epi nou se brebi l la?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primèa.

Chan yo sigjere: “Petite est la lumière en moi,” Chants pour les enfants, 144.

Amelyore ansèyman nou

Se pou ou fleksib. Pi bon moman ansèyman yo, espesyalman nan fwaye a, souvan spontane ak sanzatann: yon repa ansanm ka enspire yon diskisyon sou fè festen ak pawòl Bondye a, epi yon lapli ta kapab bay okazyon pou nou temwaye de dlo vivan. Si w prepare espirityèlman, Senyè a ka ba ou “nan moman an menm, kisa pou w di” (Doktrin ak Alyans 100:6).

Imaj
Jezi kenbe yon ti mounton

Gentil berger, pa Kim Yongsung