Doktrin ak Alyans 2021
12–18 Jiyè. Doktrin ak Alyans 77–80: “M ap Dirije Nou”


“12–18 Jiyè. Doktrin ak Alyans 77–80: ‘M ap Dirije Nou’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“12–18 Jiyè. Doktrin ak Alyans 77–80,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
mouton k ap suiv Jezi

Retounen Lakay, tablo Yongsung Kim

12–18 Jiyè.

Doktrin ak Alyans 77-80

“M ap Dirije Nou”

Senyè a te di Joseph ke l ta pral “pale pawòl sajès nan zòrèy [li]” (Doktrin ak Alyans 78:2). Ki pawòl sajès ou resevwa pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 77-80 an?

Ekri enpresyon ou

Mwens pase dezan apre Legliz Jezikri a te fin etabli, li te grandi rive plis pase 2.000 manm epi li t ap devlope rapidman. An Mas 1832, Joseph Smith te rankontre avèk lòt dirijan Legliz yo pou yo te “diskite sou zafè Legliz la”: bezwen pou pibliye revelasyon yo, achte tè pou yo ka rasanble, ak pran swen pòv yo (gade Doktrin ak Alyans 78, antèt seksyon an). Pou yo te reponn bezwen sa yo, Senyè a te aple yon ti gwoup dirijan nan Legliz la pou yo te fòme ‘Firme Unie’ an, yon gwoup ki ta pral ini efò yo pou yo fè “avanse kòz” Senyè a (vèsè 4) nan domèn sa yo. Men, menm nan zafè administratif sa yo, Senyè a te konsantre sou bagay letènite yo. An definitif, rezondèt yon enprimri oswa yon magazen—tankou tout lòt bagay nan wayòm Bondye a—se pou prepare pitit li yo pou yo resevwa “yon plas nan mond selès la” ak “richès letènite yo” (vèsè 7, 18). Epi, si benediksyon sa yo difisil pou n konprann pou moman an, nan mitan okipasyon lavi kotidyèn nou yo, li rasire nou: “Fè kè nou kontan, paske m ap dirije nou” (vèsè 18).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 77

Bondye revele mistè li bay moun k ap chèche konnen yo.

Douzan apre Premye Vizyon an, envitasyon nan Jak 1:5 la pou nou “mande Bondye” a te kontinye ap gide Joseph Smith lè l te manke bon konprann. Lè limenm ak Sidney Rigdon te gen kesyon sou liv Revelasyon an pandan yo t ap travay sou tradiksyon enspire Bib la, Joseph te tou natirèlman al chèche sajès nan men Bondye. Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 77 la, panse pou w ekri enpresyon ou sou chapit korespondan yo nan liv Apokalips la.

Epitou, reflechi sou fason w ka suiv egzanp Pwofèt Joseph la lè w ap etidye ekriti yo. Ou ta gen dwa mande Pè Selès la: “Kisa pou m konprann ladan?”

Imaj
Joseph Smith ak Sidney Rigdon k ap li

Tradiksyon Bib la, tablo Liz Lemon Swindle

Doktrin ak Alyans 78

Kisa ‘Firme Unie’ an te ye?

Yo te fonde ‘Firme Unie’ an pou yo te ka jere zafè piblikasyon ak zafè komèsyal Legliz la nan Ohio ak Missouri. Moun ki te konpoze li sete Joseph Smith, Newel K. Whitney, ak lòt dirijan nan Legliz la ki te mete sa yo te genyen ansanm pou yo te ka reponn bezwen tanporèl Legliz la ki t ap grandi a. Malerezman, Firme Unie an te tonbe nan dèt epi li te kraze an 1834 lè yo te vin pa t ka jere dèt yo.

Gade tou: “Newel K. Whitney et la Firme Unie,” Révélations dans leur contexte, 142–47; “Firme Unie,” Sujets de l’histoire de l’église, ChurchofJesusChrist.org/study/church-history.

Doktrin ak Alyans 78:1–7

Mwen ka ede “avanse kòz” Legliz la.

Senyè a te di Joseph Smith ak lòt dirijan Legliz yo ke jere yon magazen ak yon enprimri t ap ede “avanse kòz la, ke yo te anbrase a” (Doktrin ak Alyans 78:4). Selon oumenm, kisa ki “kòz” Legliz la? Reflechi sou sa pandan w ap li Doktrin ak Alyans 78:1-7 la. Petèt panse a vèsè sa yo ta ka enfliyanse fason w ap ranpli apèl ou nan Legliz la oubyen fason w ap sèvi fanmi ou. Kijan sèvis ou ka ede “avanse kòz” Senyè a? Kijan sa prepare w pou “yon plas nan mond selès la”? (vèsè 7).

Doktrin ak Alyans 78: 17–22

Senyè a ap dirije mwen.

Èske w janm santi w tankou yon timoun piti, petèt akoz yon bagay ou “poko konprann” oubyen ou “pa kapab sipòte”? (Doktrin ak Alyans 78:17–18). Chèche konsèy nan vèsè sa yo ki ka ede w “pran kouraj”(vèsè 18) nan moman sa yo. Poukisa w panse Senyè a pafwa rele disip li yo “timoun piti”? (vèsè 17). Ou gen dwa medite sou fason Senyè a ka “ap dirije ou” tou (vèsè 18).

Doktrin ak Alyans 79–80

Apèl pou sèvi Bondye a gen plis enpòtans pase kote m ap sèvi a.

Konsènan Doktrin ak Alyans 80 an, Èldè David A. Bednar te anseye: “Petèt youn nan leson Sovè a ap anseye nou nan revelasyon sa a sèke li nesesè ak enpòtan pou nou resevwa yon tach pou nou travay nan yon andwa byen espesifik men sa se yon bagay ki segondè parapò avèk travay la” (“Aple nan travay la,” Ensign oswa Liahona, Me 2017, 68). Panse ak apèl ou genyen kounyea ak apèl pase yo nan Legliz la. Ki eksperyans ki te ede w aprann ke pawòl Èldè Bednar yo se verite? Ki leson adisyonèl ou ka jwenn nan Doktrin ak Alyans 79:-80 an ki ta ka ede yon moun ki fèk resevwa yon nouvo apèl?

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 77:2.Lè yo fin li vèsè sa yo, ou ta gen dwa manm fanmi fanmi an pou yo desine “bèt, … reptil, … [oswa] zwazo nan syèl la” ke Bondye kreye. Kisa nou aprann sou kreyasyon Bondye yo nan vèsè sa yo? (gade Doktrin ak Alyans 59:16-20 tou). Nou gen dwa chante yon kantik sou kreyasyon Bondye yo tou, tankou: “Mon Père Céleste m’aime” (Chants pour les enfants, 16–17), epi montre yo tablo ki akonpaye plan leson sa a.

Doktrin ak Alyans 77:14.Vèsè sa a eksplike ke Jan te vale yon liv ki te reprezante misyon li ki sete rasanble Izrayèl. Kisa senbòl vale a sigjere nou sou fason nou dwe konsidere wòl nou nan rasanbleman Izrayèl la oubyen nan fè lòt bagay Senyè a vle pou nou fè? Men kèk lòt ekriti kote yo itilize manje pou anseye yon verite espirityèl: Jan 6:48–51; 2 Nefi 32:3; Mowoni 4. Petèt ou ta ka prepare yon manje fanmi an renmen pou nou ta manje ansanm pandan diskisyon sa a.

Doktrin ak Alyans 78:17–19.Manm fanmi yo gen dwa desine foto sou benediksyon Bondye ba yo ki fè yo rekonesan. Kisa nou fè pou nou eksprime remèsiman nou pou benediksyon sa yo? Ou ta gen dwa pale de fason fanmi w ap suiv konsèy pou resevwa “tout bagay avèk remèsiman” an (vèsè 19). Kisa Jezikri pwomèt moun ki sa yo?

Doktrin ak Alyans 79:1.Pataje temwayaj ou sou “pouvwa” w te resevwa lè yo te òdone w oubyen mete w apa pou apèl ou nan Legliz la. Ki don ak enspirasyon espesifik Senyè a te akòde w pandan w t ap sèvi nan apèl ou a?

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Gade “Compte les bienfaits,” Cantiques, no. 156.

Amelyore ansèyman nou

Fè yon desen. Ansanm nan fanmi an, nou gen dwa li kèk vèsè, epi apresa, bay manm fanmi yo tan pou yo desine yon bagay ki anrapò avèk sa yo li a. Mete desen yo nan tout kay la pou raple fanmi an prensip yo te aprann yo.

Imaj
yon jaden avèk bèt

Jaden Bondye a, tablo Sam Lawlor