Doktrin ak Alyans 2021
9–15 Out. Doktrin ak Alyans 88: “Etabli … yon Kay Bondye”


“9–15 Out. Doktrin ak Alyans 88: ‘Etabli … yon Kay Bondye’” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“9–15 Out. Doktrin ak Alyans 88,” Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo: 2021

Imaj
yon pyès kay avèk chèz ak ban

9–15 Out.

Doktrin ak Alyans 88

“Etabli … yon Kay Bondye”

Prezidan Russell M. Nelson te di: “Mwen pwomèt nou ke, si nou travay ak dilijans pou nou transfòme fwaye nou vin tounen yon sant aprantisaj levanjil, … enfliyans advèsè a nan lavi nou ak nan fwaye nou ap diminye” (“Vin Yon Sen Dènye Jou Egzanplè,” Ensign oswa Liahona, Nov. 2018, 113).

Ekri enpresyon ou

Tanzantan, Senyè a ba nou yon ti apèsi sou “majeste ak pouvwa” li (Doktrin ak Alyans 88:47) atravè revelasyon li bay pwofèt li yo. Doktrin ak Alyans 88 se yon revelasyon konsa—yon revelasyon sou limyè ak laglwa ak wayòm ki ka fè preyokipasyon terès nou yo parèt ensiyifyan pa konparezon. Menmsi nou pa ka kapte tout sa Senyè a ap anseye nou, nou ka omwen santi ke gen plis bagay nan letènite a pase sa nou konprann pou moman an. Natirèlman, Senyè a pa t pale se gran mistè pou entimide nou oubyen pou fè nou santi nou piti. Anfèt, li pwomèt: “Jou a pral rive kote nou pral menm konprann Bondye” (vèsè 49; italk ajoute). Petèt se te nan bi elve sa a Senyè a te egzòte Sen nan Kirtland yo pou yo te fòme Lekòl Pwofèt la. Li te di: “Òganize tèt nou.” “prepare tout bagay ki nesesè; epi etabli yon kay Bondye” (vèsè 119). Paske se nan mezon sakre Bondye a—ak nan fwaye nou—ke l kapab, plis pase nenpòt lòt kote, elve vizyon nou ale odela mond mòtèl sa a, pou l “devwale [nou] fas li,” ak prepare nou pou nou “demere nan yon glwa selès” (vèsè 68, 22).

Imaj
senbòl etid pèsonèl

Ide pou Etid Ekriti Pèsonèl

Doktrin ak Alyans 88

Sovè a ofri nou esperans ak lapè.

Kèlke jou sèlman apre l te fin avèti ke lagè ta pral “gaye sou tout nasyon yo” (Doktrin ak Alyans 87:2), Senyè a te bay Joseph Smith yon revelasyon ki te rele yon “‘fèy oliv la … ki te soti nan Pyebwa Paradi a, mesaj lapè Senyè a ba nou an” (Doktrin ak Alyans 88, antèt seksyon an). Kijan revelasyon sa a tankou yon fèy oliv, yon senbòl tradisyonèl lapè? (gade Jenèz 8:1 tou). Ki verite nan seksyon sa a ki ede w santi esperans ak lapè nan Kris la?

Doktrin ak Alyans 88:6–67

Limyè ak lwa ki soti nan Jezikri.

Mo limyè ak lwa yo repete plizyè fwa nan seksyon 88 la. Yo itilize pawòl sa yo nan lòt ekriti pou dekri Jezikri ak levanjil li a tou, (paregzanp, gade Ezayi 60:19; Jan 1:1–9; 3 Nefi 15:9). Make oubyen ekri nòt sou vèsè kote w wè mo sa yo nan Doktrin ak Alyans 88:6-67 la, epi ekri sa w aprann osijè Sovè a, limyè, ak lalwa. Vèsè sa yo ka enspire w pou w pote chanjman nan lavi w pou w ka pi fidèlman resevwa limyè ak viv “lwa Kris la” (vèsè 21).

Gade Sharon Eubank, “Kris la: Limyè ki briye nan fènwa a,” Ensign oswa Liahona, Me 2019, 73–76.

Imaj
yon fanmi k ap li ekriti yo

Ekriti yo gen lwa Kris la.

Doktrin ak Alyans 88:62–126

Prepare tout bagay ki nesesè.

Nan yon fason, n ap viv nan tan Senyè a di “tout bagay pral toumante; epi an verite, kè lèzòm pral sote” a (Doktrin ak Alyans 88:91). Pandan w ap li vèsè 62–126 yo, reflechi kijan konsèy Senyè a ka ede w prepare pou Dezyèm Vini Sovè a. Men kèk kesyon pou w konsidere:

Vèsè 62–76.Pandan w ap metide sou vèsè sa yo, kisa w santi w enspire pou w fè pou w ka “pwoche” kot Bondye? (vèsè 63). Reflechi ak sa kòmandman Senyè a pou nou “sanktifye tèt nou” an vledi pou ou (vèsè 68).

Vèsè 77–80, 118–26.Poukisa li “nesesè pou nou konprann” sijè doktrinal ak sijè tanporèl yo? (vèsè 78). Kijan w ap suiv konsèy pou w “chèche aprann” nan (vèsè 118). Kisa w panse savle di pou nou aprann “pa letid epi pa lafwa tou”?

Vèsè 81–116.Panse pou w note pwofesi sou Dezyèm Vini Sovè a ki nan vèsè sa yo? Poukisa w panse Senyè a vle w konnen bagay sa yo?

Vèsè 117–26.Panse pou w li vèsè sa yo avèk tanp la nan lespri ou; kisa w jwenn ladan yo ki ta ka ede w prepare w pou w antre nan kay Senyè a?

Gade D. Todd Christofferson, “Prepare pou retou Senyè a,” Ensign oswa Liahona, Me 2019, 81–84; David A. Bednar, “Chèche aprantisaj pa lafwa,” Ensign, Sept. 2007, 61–68; Les Saints, 1:164–66; “Une école et une dotation,” Révélations dans leur contexte, 174–82.

Imaj
senbòl etid familyal

Ide pou Etid Ekriti Familyal ak Sware Familyal

Doktrin ak Alyans 88:14–33, 95–101.Kisa nou aprann osijè Rezirèksyon an nan vèsè sa yo? Kijan verite sa yo ka enfliyanse chwa n ap fè?

Doktrin ak Alyans 88:33.Ou gen dwa derape yon diskisyon sou vèsè sa a nan mande manm fanmi an pou yo pale de don yo resevwa—sa yo te resevwa ak lajwa ak lòt yo pa t resevwa ak lajwa tou. Kijan nou ka montre Senyè a ke nou rejwi nan don glwa selès li ofri nou an? Kijan nou rejwi nan “moun ki bay don an”?

Doktrin ak Alyans 88:63, 68.Vèsè sa yo gen kèk mo aksyon ki ta ka enspire w pou w panse ak fason kreyatif pou w anseye mesaj yo ki nan vèsè yo pou pitit ou yo. Paregzanp, ou te gen dwa jwe yon jwèt kachkach pou diskite sou fraz ki di “chèche m avèk dilijans epi n ap jwenn mwen” an (vèsè 63; italiik ajoute).

Doktrin ak Alyans 88:81.Ansanm an fanmi, chèche idantifye kèk siy avètisman andedan kay la oubyen toutotou kay la, tankou etikèt avètisman sou medikaman oubyen pano siyalizasyon sou wout pou chofè yo. Nan ki fason avètisman sa yo ede nou? Sou kisa Papa nou ki nan Syèl la vle nou “avèti pwochen [nou]”?

Doktrin ak Alyans 88:119.Pou enspire fanmi w pou yo fè fwaye a vin sanble avèk deskripsyon ki nan vèsè 119 la, eseye yon bagay tankou sa a: Ekri kèk fraz ou pran nan vèsè sa a sou moso papye, epi itilize yo pou w kouvri yon foto tanp. Li Doktrin ak Alyans 88:119 la ansanm epi fè manm fanmi an retire chak moso papye chak fwa yo tande fraz ki koresponn nan nan vèsè a. Kisa nou ka fè pou fè fwaye nou vin yon “kay Bondye”? (vèsè 119).

Pou plis ide pou anseye timoun, gade plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Primè a.

Chan yo sigjere: “Mon Dieu, plus près de toi,” Cantiques, no 54.

Amelyore ansèyman nou

Bay timoun yo posiblite pou yo eksprime kreyativite yo. Lè w mande timoun yo pou yo kreye yon bagay ki anrapò avèk yon prensip nan levanjil la, ou non sèlman ede yo konprann prensip la pi byen, men ou ba yo yon rapèl reyèl sou sa yo aprann nan tou (gade Anseye nan fason Sovè a, 25).

Imaj
Jezi avèk disip yo

Jezikri ofri nou lapè. M ap Kite Lapè Avèk Nou tablo Walter Rane