Doktrin ak Alyans 2021
19–25 Jiyè. Doktrin ak Alyans 81–83: Kote “Moun Resevwa anpil, y ap mande l anpil”


“19–25 Jiyè. Doktrin ak Alyans 81–83: Kote ‘Moun Resevwa anpil, y ap mande l anpil,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanchl: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“19–25 Jiyè. Doktrin ak Alyans 81–83:” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Kris la avèk jenòm rich la

Kris la avèk jen Dirijan rich la,, pa Heinrich Hofmann

19–25 Jiyè.

Doktrin ak Alyans 81–83

Kote “Moun Resevwa anpil, y ap mande l anpil”

Sonje ke manm klas ou a ap kontinye fè eksperyans espirityèl pandan y ap etidye ekriti yo lakay yo. Konsidere nan lapriyè kijan ou ka ankouraje yo pou yo pataje eksperyans pa yo pou sipòte youn lòt.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas la pou yo chwazi yon pasaj apati chak nan sekyon ki pi ba yo ki ta ka sèvi kòm yon bon tit pou seksyon nan: Doktrin ak Alyans 81, 82, ak 83. Poukisa yo te chwazi tit sa yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 81:5; 82:18–19

Nou chak ta dwe chèche “enterè pwochen [nou] yo.”

  • Plan leson semèn sa a nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun yo ak Fanmi yo sigjere kesyon pou nou medite osijè Doktrin ak Alyans 81:5la. Sa yo ta ka sèvi kòm bon kesyon pou diskisyon pou klas ou a. Anvizaje tou pou pataje yon eksperyans pèsonèl kote ou te santi w “fèb” yon fason kèlkonk epi sèvis yon moun te sipòte oswa fòtifye ou. Manm klas la ka gen menm kalte eksperyans yo pou tèt pa to pou yo pataje. Ou ta ka gade tou videyo sou “Travay Bondye yo” (ChurchofJesusChrist.org) pou enspire manm klas la pou sèvi youn lòt. Ou ta ka pataje tou deklarasyon Prezidan M. Russell Ballard la nan “Resous Adisyonèl yo.”

  • Anvizaje pou mande manm klas la pou yo etidye Doktrin ak Alyans 82:18–19, pou yo jwenn prensip ki ede yo konprann objektif ak benediksyon yo nan sèvi lòt moun. Apresa kite yo pataje sa yo te aprann. Ou ta ka montre tou videyo sou “Ansèyman Thomas S. Monson yo: Sekouri moun ki nan Bezwen” (ChurchofJesusChrist.org). Kijan manm yo nan pawas evèk Monson lan se egzanp sou sa vèsè 18–19 yo anseye?

Doktrin ak Alyans 82:8–10

“Mwen menm Senyè a m anba obligasyon lè nou fe sa m di.”

  • Pou ede manm klas la konprann relasyon ant volonte nou pou nou obeyi ak benediksyon Bondye pwomèt yo, ou ta ka li Doktrin ak Alyans 1:37–38; 82:10; 130:20–21 ansanm oswa an ti gwoup. Kisa ekriti sa yo anseye nou konsènan Senyè a? Petèt manm klas la ta ka drese lis mo ki dekri karaktè li, sou baz vèsè sa yo.

  • Apre lekti vèsè 10 yo, manm klas la ta ka pale konsènan sa Senyè a te pwomèt nou ak fason Senyè a te kenbe pwomès li yo. Istwa Sè Virginia H. Pearce la ki nan “Resous Adisyonèl yo” ta ka ede manm klas la wè ke Senyè a beni nou dapre pwòp sajès li, men se pa toutjou nan fason nou vle oswa espere.

  • Kisa nou aprann nan Doktrin ak Alyans 82:8–10 konsènan rezon Papa nou ki nan Syèl la ba nou kòmandman yo? Peetèt manm klas la ta ka jwenn ide nan vèsè sa yo ki ka sèvi nan ede yon zanmi oswa yon timoun ki panse ke kòmandman yo plis mete limitasyon (gade sou “Moun ki kenbe Kòmandman Bondye yo Beni ak Kontan,” ChurchofJesusChrist.org). Oswa yo ta ka pataje eksperyans ki te ede yo aprann gade kòmandman yo kòm benediksyon.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Vrè relijyon.

Prezidan M. Russell Ballard te anseye:

“Paske nou se disip, nou gen anpil obligasyon, ak responsablite. Toutfwa, gen kèk aktivite ki dwe toujou rete kòm priyorite nou paske nou se manm legliz la. ‘Se poutèt sa,’ Senyè a kòmande, ‘rete fidèl; kanpe nan ofis mwen te lonmen w lan; pote sekou pou moun ki fèb, leve men ki pandye yo, epi ranfòse jenou ki fèb yo’ [Doktrin ak Alyans 81:5; italik ajoute].

“Sa se Legliz la an aksyon! Sa se vrè relijyon an! Sa se levanjil la nan vrè sans li lè nou pote sekou, sipòte, ak fòtifye moun ki nan bezwen espirityèl ak tanporèl yo! Pou nou fè sa mande ke nou vizite yo epi asiste yo [gade Jak 1:27], pou temwayaj lafwa yo nan Pè Selès la ak Jezikri ak Ekspyasyon li an ka rete ankre nan kè yo” (“Kado Presye Bondye yo,” Ensign oswa Lyawona, Me 2018, 11).

Senyè a beni nou nan pwòp fason mèveye li.

Sè Virginia H. Pearce, ansyen manm nan Prezidans Jeneral Jènfi yo,te rakonte istwa yon fi ki te gen sousi konsènan pitit li yo ki te egare. Li te fikse bi pou l te al nan tanp pi souvan epi pou l te santi asirans ke Senyè a t ap onore sakrifik ekstraòdinè sa a nan chanje kè pitit li yo. Fi a te rapòte:

“Apre dizan ak pi plis vizit nan tanp ak priyè sanrete, mwen regrèt pou m di ke timoun mwen yo te toujou fè menm chwa yo. …

“Men mwen te chanje. Mwen se yon fi diferan. … Mwen refize mete pwòp limit tan pa m epi m kapab rete tan Senyè a. Sa m t ap atann yo te chanje. Olye m rete tann pou timoun mwen yo chanje, m ap atann mizerikòd sanrete sa yo epi mwen ranpli ak rekonesans pou yo. … Senyè a travay nan fason mèvèye, epi mwen vrèman ranpli ak lapè ki depase tout konpreyansyon an” (nan “Priyè: Yon Bagay tou piti ak Senp,” Sou Chè a [2017], 288–89).

Amelyore ansèyman nou

Envite jèn yo pou yo patisipe nan leson ou lan. Bay jèn yo opòtinite pou youn anseye lòt. Tande temwayaj oswa eksperyans youn lòt ka gen enfliyans. Selon bezwen yo, ede jèn yo prepare pou anseye, epi montre yo kisa sa vledi pou anseye nan fason Sovè a (gade Anseye nan Fason Sovè a, 27–28).