Doktrin ak Alyans 2021
28 Jen– 4 Jiyè. Doktrin ak Alyans 71–75: “Pa gen okenn zam ki fòme kont nou k ap pwospere”


“28 Jen– 4 Jiyè. Doktrin ak Alyans 71–75: ‘Pa gen okenn zam ki fòme kont nou k ap pwospere,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“28 Jen– 4 Jiyè. Doktrin ak Alyans 71–75,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Jezi avèk mouton yo

Aux bergers elles sont chères, pa Simon Dewey

28 Jen– 4 Jiyè.

Doktrin ak Alyans 71–75

“Pa gen okenn zam ki fòme kont nou k ap pwospere”

Pandan w ap li Doktrin ak Alyans 71–75 la, panse avèk moun w ap anseye yo. Kisa w konnen osijè yo? Kisa yo gen bezwen?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Envite manm klas la pou yo pataje kèk nan verite yo te jwenn pandan etid yo nan Doktrin ak Alyans 71–75. Ki eksperyans yo te fè avèk verite sa yo?

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 71

Nou ka suiv gidans Sentespri a pandan nou kanpe pou defann sa nou kwè.

  • Èske w konn janm santi w pè oubyen pa alèz pou defann kwayans ou? Petèt ou ta ka envite manm klas la pou yo ekri sou tablo a mo oswa pasaj yo jwenn nan Doktrin ak Alyans 71 la ki dekri kijan Senyè a te mande Joseph ak Sidney pou yo te reponn ak kritik Ezra Booth ak lòt moun yo. Manm klas la ta ka diskite apresa an ti gwoup kisa enstriksyon sa yo ka vledi pou nou jodia. Poukisa li enpòtan pou nou aji “daprè pòsyon Lespri” Senyè a ba nou an? (vèsè 1).

    Sa ta ka ede tou si nou gade videyo “Everyday Example: When Beliefs Are Questioned” nan (ChurchofJesusChrist.org). Manm klas la ta ka chèche jwenn fason verite yo nan seksyon 71 yo demontre nan videyo a. Petèt yo te ka pataje tou egzanp yo sou fason Sovè a te reponn ak kritik li yo (paegzanp, gade Matye 22:15–22; 26:59–64; Jan 10:37–38).

Doktrin ak Alyans 72:8–16

Evèk yo se entandan sou zafè espirityèl ak tanporèl yo nan wayòm Senyè a.

  • Kijan enstriksyon Senyè a pou Newel K. Whitney a, lè l te resevwa apèl li kòm evèk nan Kirtland nan, ka ede moun w ap anseye yo apresye evèk yo aple pou sèvi yo a? Ou ta ka mande manm klas la pou yo chèche nan Doktrin ak Alyans 72:8–16, pou jwenn kèk nan responsablite Evèk Whitney epi apresa konpare yo ak responsablite evèk yo jodia (gade deskripsyon rezidan Gordon B. Hinckley sou responsablite yon evèk nan “Resous Adisyonèl yo” oswa videyo ki anrapò ak “Ofis Evèk la” [ChurchofJesusChrist.org]). Petèt manm klas la ta ka pataje kijan yo te beni pa sèvis yon evèk. Kisa nou ka fè pou bay evèk nou pi plis sipò?

    Imaj
    barik yo ak sak manje

    Evèk yo ede manm yo satisfè bezwen tanporèl yo.

Doktrin ak Alyans 73

Nou ka chèche opòtinite pou nou pataje levanjil la.

  • Senyè a te di Joseph Smith ak Sidney Rigdon pou yo te preche levanjil la “toutotan sa posib” (Doktrin ak Alyans 73:4) pandan yo t ap travay sou tradiksyon sou Bib la. Petèt manm klas la ta ka pataje kèk fason yo te wè k “posib“—oswa reyalis—pou yo pataje levanjil la pami lòt responsablite yo. Yo ta ka jwenn kèk konsèy itil nan mesaj Èldè Dieter F. Uchtdorf la “Travay Misyonè: Pataje Sa ki nan kè nou” an nan (Ensign oswa Lyawona, Me 2019, 15–18).

Doktrin ak Alyans 75:2–16

Bondye vle pou nou “travay avèk tout fòs [nou].”

  • Enstriksyon Senyè a te bay plizyè ansyen konsènan fason pou pataje levanjil la ta ka enspire manm klas la pou pataje levanjil la avèk plis dilijans. Ou ta ka ekri sou tablo a Travay avèk tout fòs nou epi mande manm klas la pou yo drese lis mo ak pasaj ki vini nan lespri yo lè yo panse ak yon moun ki travay avèk tout fòs li pou pataje levanjil la. Yo ta ka diskite tou kisa sa vledi pou “pran tan” oswa “fè parese” nan pataje levanjil la. Kisa Doktrin ak Alyans 75:2–16 anseye nou konsènan fason Sovè a sipòte moun yo ki sèvi li fidèlman?

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Responsablite yon evèk genyen.

Prezidan Gordon B. Hinckley te anseye:

“Mwen genyen anpil apresyasyon nan kè mwen pou evèk nou yo. Mwen pwofondeman rekonesan pou revelasyon Toupuisan an te bay ki te pèmèt ofis sa te kreye ak fonsyon li yo. …

“… Nou atann pou ou kanpe kòm gran prèt k ap prezide sou pawas la, yon konseye pou moun yo, yon defansè ak èd pou moun ki gen pwoblèm yo, yon konsolatè pou moun ki nan tristès yo, yon sous sèvis pou moun ki nan bezwen. Nou atann pou ou kanpe kòm gadyen ak pwotektè pou doktrin lan ki ap anseye nan pawas ou an, pou kalite ansèyman an, ak chwazi moun pou pakèt ofis yo ki se yon nesesite. …

“… Ou gen pou devwa pou asire ou ke pèsonn pa rete grangou ni san rad oswa abri. Ou dwe konnen sitiyasyon tout moun ke w ap prezide sou yo.

“Ou dwe sèvi kòm yon konsolatè ak yon gid pou pèp ou a. Pòt ou dwe toujou rete louvri pou tande vwa tout moun ki an detrès. Do ou dwe solid ase pou ede pote fado yo. Ou dwe disponib pou montre lanmou menm pou moun ki mal aji yo” (“Bèje yo nan Twoupo a,” Ensign, Me 1999, 52–53).

Amelyore Ansèyman Nou

Vin tounen yon enstriktè ki plis tankou Kris la. Anvizaje pou itilize kesyon evalyasyon pèsonèl yo nan paj 37 nan Anseye nan Fason Sovè a pou ede ou aprann kijan ou ka anseye pi plis tankou Sovè a.