Doktrin ak Alyans 2021
12–18 Jiyè. Doktrin ak Alyans 77–80: “M ap Dirije Nou”


“12–18 Jiyè. Doktrin ak Alyans 77–80: ‘“M ap Dirije Nou,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“12–18 Jiyè. Doktrin ak Alyans 77–80,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
ti mouton k ap suiv Jezi

Sou wout pou lakay, pa Yongsung Kim

12–18 Jiyè.

Doktrin ak Alyans 77–80

“M ap Dirije Nou”

Sonje ke aktivite yo ki nan plan leson sa yo se sigjesyon yo ye sèlman. Pandan w ap etidye Doktrin ak Alyans 77–80 la nan lapriyè, Lespri a ap gide w pou w ka konn pi bon fason pou w anseye manm klas la.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Kèk manm nan klas ou a ta ka plis gen dezi pou pataje enpresyon pa yo si w mande yo fè sa davans. Anvizaje kontakte kèk nan yo kèk jou avan klas la pou mande yo si yo ta ka vini prepare pou pataje yon bagay ki te enpresyone yo nan Doktrin ak Alyans 77–80 an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 77

Bondye revele mistè li yo bay moun ki chèche konnen yo.

  • Manm klas la ta ka pataje enpresyon yo te jwenn konsènan senbòl yo ki nan liv Revelasyon an pandan yo t ap etidye nan seksyon 77 semèn sa a. Pale konsènan repons Joseph Smith te resevwa yo ta ka mennen nan yon diskisyon konsènan fason manm klas la ka chèche pou yo konprann sa yo etidye nan ekriti yo. Kisa nou ka aprann apati diferan kesyon Joseph te poze yo? Manm klas la ta ka gen dezi pou pataje eksperyans kote kesyon yo te genyen sou levanjil la te pèmèt yo rive jwenn plis konpreyansyon.

Doktrin ak Alyans 78:17–19

Senyè a ap kontinye dirije nou.

  • Pou kòmanse yon diskisyon sou Doktrin ak Alyans 78:17–19, ou ta ka montre foto kèk manm nan klas la lè yo te timoun (mande yo lontan alavans pou yo pote foto sa yo nan klas la). Kite klas la devine kiyès ki nan chak foto yo. Manm klas la ki te pote foto yo ta ka pale konsènan fason yo te chanje depi lè yo te pran foto sa a yo. Apresa klas la ta ka li Doktrin ak Alyans 78:17–19 epi medite sou kesyon tankou sila yo: Kijan nou se tankou timoun piti devan Senyè a? Nan ki fason li vle nou rete tankou timoun piti (gade Mozya 3:19), ak nan ki fason li vle pou nou grandi? Ki konsèy li ba nou nan vèsè sa a yo ki ede nou pou nou grandi?

    Pou amelyore konpreyansyon manm klas la sou fason Senyè a ka “kontinye dirije [nou]” (vèsè 18), anvizaje pataje deklarasyon an ki nan Resous Adisyonèl yo.

Doktrin ak Alyans 79–80

Apèl pou sèvi Bondye a gen plis enpòtans pase kote n ap sèvi a.

  • Kapab genyen moun nan klas ou an ki te santi desepsyon nan kòmansman avèk yon apèl yo te resevwa nan pawas oswa branch lan oswa avèk kote yo te voye yo pou al sèvi kòm yon misyonè. Kèk nan yo ka gen dezi pou yo ta pataje eksperyans pa yo. Kijan konsèy Senyè a nan Doktrin ak Alyans 80:3 a ta ka ede nou nan sikonstans sa yo? Kisa fraz “sa pa twò enpòtan” an ta ka vledi? Oswa pasaj “ou pa kapab pèdi” a? Kisa ki ka pi enpòtan pou Senyè a nan sa ki gen pou wè ak apèl nou yo? Refleksyon Èldè David A. Bednar yo sou seksyon 80 an nan diskou li a “Apèl pou Travay la” ta ka ede tou (Ensign oswa Lyawona, Me 2017, 68).

  • Revelasyon yo nan seksyon 79 ak 80 te adrese orijinalman ak moun ki te jwenn apèl pou preche levanjil la, men yo gen prensip ki ka aplike ak nou tout pandan n ap sèvi Senyè a. Pou ede manm klas la jwenn prensip sa a yo, ou ta ka mande yo pou yo pretann yo te gen yon zanmi ki te apèn rantre nan legliz la epi li te fèk resevwa premye apèl li. Envite manm klas la pou yo ekri yon lèt voye bay zanmi yo a pou sipòte ak konseye l, epi ankouraje yo pou itilize sitasyon nan seksyon 79 ak 80 yo pou yo fè sa. Apresa kèk manm nan klas la ta ka pataje sa yo te ekri.

    Imaj
    fi k ap pale

    Senyè a kontan lè nou sèvi li ak lòt moun.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Senyè a ap dirije nou atravè Sentespri a.

Prezidan Henry B. Eyring te pataje yon eksperyans kote li te priye pou gidans sou yon desisyon trè enpòtan epi li te aprann kijan Senyè a te dirije li:

“Mwen te priye, men pandan plizyè èdtan pa t sanble te gen okenn repons. Jis avan devanjou, yon santiman te anvayi mwen. Plis pase okenn lòt moman depi lèsa mwen te tounen yon timoun, se konsa m te santi m. Kè mwen ak panse m yo sanble te grandi vin trankil. Mwen te ka santi lapè melanje ak trankilite.

“Avèk anpil etònman pou mwen, m te siprann tèt mwen ka p priye, ‘Pè Selès, sa mwen vle a pa gen enpòtans. M pa fè okenn sousi pou sa mwen vle a. Mwen sèlman vle ke se volonte ou ki fèt. Se tout sa mwen vle. Tanpri di mwen kisa pou m fè.’

“Nan moman sa a mwen te santi yon nivo trankilite enteryè ke m pat janm santi avan sa. Epi mesaj la te vini, epi mwen te sèten nan kimoun li te soti. Sa m te gen pou m fè a te klè. Mwen pa t resevwa okenn pwomès sou rezilta a. Te sèlman gen asirans ke m sete yon timoun ki te resevwa enstriksyon sou ki wout ki t ap mennen nan kèlkeswa sa l te vle pou mwen an” (“Tankou yon Timoun,” Ensign oswa Lyawona, Me 2006, 16).

Amelyore ansèyman nou

Kòmanse avèk ekriti yo. Anvan w ale nan resous siplemantè yo, se pou w etidye ak medite sou ekriti yo ak dilijans. Sa ap envite Lespri a pou ede w itilize sa w te etidye a pandan w ap anseye (gade Anseye nan fason Sovè a, 12).