Doktrin ak Alyans 2021
5–11 Jiyè. Doktrin ak Alyans 76: “Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral etènèl”


“5–11 Jiyè. Doktrin ak Alyans 76: ‘Doktrin ak Alyans 76: “Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral etènèl,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“5–11 Jiyè. Doktrin ak Alyans 76,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
galaksi nan lespas

Refij, pa Shaelynn Abel

5–11 Jiyè

Doktrin ak Alyans 76

“Rekonpans yo pral gran epi laglwa yo pral etènèl”

Tankou anpil vizyon ki anrejistre nan ekriti yo, vizyon ki nan seksyon 76 la te vini apre Joseph Smith ak Sidney Rigdon “te medite sou” ekriti yo (vèsè 19). Ou ka resevwa revelasyon tou—enkli gidans konsènan kijan pou w anseye—lè ou medite sou Doktrin ak Alyans 76 la.

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ede manm klas la pale konsènan sa yo te li nan Doktrin ak Alyans 76 la, ou ta ka envite yo imajine ke yon zanmi nan yon lòt legliz mande kisa yo kwè konsènan lavi apre lanmò. Ki vèsè nan seksyon 76 la yo t ap pataje avèk zanmi yo? Manm klas la ta ka pataje tou yon bagay nan “Vwa Retablisman yo: Temwayaj sou ‘Vizyon an’” ki te enpresyone yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 76

Sali vini atravè Jezikri, pitit gason Bondye a.

  • Anpil moun, lè y ap panse ak seksyon 76 la, yo panse ak plan sali a ak twa wayòm laglwa yo. Kijan ou ka ede manm klas la reyalize ke eleman santral nan revelasyon sa a se Sovè a, Jezikri? Ou ta ka mande manm klas la pataje yon vèsè yo te jwenn nan seksyon 76 la ki te fòtifye lafwa yo nan Jezikri. Si yo bezwen èd, ou ta ka oryante yo nan vèsè tankou 1–5, 20–24, 39–43, 69, 107–8.

  • Pou ede manm klas la eksplore diferans ant moun ki eritye twa degre laglwa yo, ekri sou tablo a Selès, vèsè 50–70, 92–96; Terès, vèsè 71–79, 97; ak Telès, vèsè 81–90, 98–106, 109–12. Manm klas la ta ka seleksyone youn nan twa gwoup vèsè sa yo epi jwenn pasaj ki dekri relasyon ant Jezikri ak moun ki eritye wayòm ki koresponn nan. Kisa vèsè sa yo anseye w sou lefèt ke w se yon disip Jezikri? Kijan nou ka ranfòse relasyon nou avèk Li epi avèk Papa a? Kijan yo tabli kominikasyon avèk nou? Kisa sa vledi pou nou rete “vayan nan temwayaj nou sou Jezi”? (vèsè 79).

    Imaj
    chanm yon kay nan diznevyèm syèk la

    Joseph Smith te resevwa vizyon sou twa degre laglwa yo nan yon chanm tankou sila a.

Doktrin ak Alyans 76:5–10, 113–18

Mistè Bondye yo, nou ka sèlman “konprann yo pa pouvwa Sentespri a.”

  • Li ta ka enteresan pou manm nan klas la ta konnen ke se pa tout manm nan legliz la ki fasilman aksepte revelasyon an ki nan seksyon 76 la. Paegzanp, Brigham Young te di: “Tradisyon mwen yo sete tankou, lè m te resevwa vizyon premye fwa, li te direkteman kontrè ak opoze ak edikasyon m anvan sa. M te di, Tann yon moman. Mwen pa te rejte li; men mwen pa t ka konprann li.” Li te eksplike ke li te oblije “reflechi epi priye, jistan mwen te konprann li totalman pou tèt pa mwen” (nan “Vizyon an,” Revelasyon nan Kontèks, 150). Kisa nou aprann apati eksperyans li a ki ka ede nou lè Bondye revele bagay ki diferan de sa nou konprann kounyea? Kisa Doktrin ak Alyans 76:5–10, 113–18 anseye nou konsènan fason nou ka resevwa “sekrè yo sou volonte [Bondye] yo”? (vèsè 10).

Doktrin ak Alyans 76:50–70, 92–95

Bondye vle pou tout pitit li yo jwi laglwa selès la avèk Li.

  • Pou kèk moun, sa ka parèt dekourajan oswa akablan pou panse sou tout bagay ki genyen kòm egzijans pou nou kalifye pou wayòm selès la. Anvizaje kijan ou ka ede manm klas la pou jwenn espwa “pa mwayen Jezi medyatè a” (vèsè 69). Paegzanp, ou ta ka envite yo pou yo li vèsè 50–70 ak 92–95. Envite yo pou yo pataje kijan yo ta ka reponn yon moun ki di, “Viv levanjil la nan mond la jodia difisil anpil; mwen pa sèten ke sa vo lapèn” oswa “m jis pa kwè mwen bon ase pou wayòm selès la.” Kisa nou ta ka fè pou enspire oswa ankouraje moun sa a?

Amelyore Ansèyman Nou

Rete fokis sou Sovè a ak doktrin ni an. “Kontinye mande tèt ou, ‘Nan ki fason sa m ap anseye yo ap ede manm klas mwen yo devlope lafwa yo nan Kris la, repanti, fè ak kenbe alyans avèk Bondye, e resevwa Sentespri a?’” (Anseye nan Fason Sovè a, 20).