Doktrin ak Alyans 2021
21–27 Jen. Doktrin ak Alyans 67–70: “Vo … Tout Richès Tè a”


“21–27 Jen. Doktrin ak Alyans 67–70: ‘“Vo … Tout Richès Tè a”,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanchl: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“21–27 Jen. Doktrin ak Alyans 67–70,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch

Imaj
revelation manuscript book in display case

21–27 Jen

Doktrin ak Alyans 67–70

“Vo … Tout Richès Tè a”

Prepare pou anseye vledi plis pase reflechi sou sa w pral di ak fè kòm enstriktè. Sa dwe enkli konsidere kisa elèv yo ka fè pou youn anseye lòt tou. Kijan ou pral envite manm klas la pataje eksperyans ak enpresyon yo te jwenn pandan yo t ap li ekriti sa yo?

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ou ta ka ekri sou tablo a Semèn sa a Senyè a te anseye mwen … epi envite manm yo nan klas la pou fini pasaj la avèk yon bagay yo te aprann.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 67:1–9

Revelasyon yo ki te bay atravè Joseph Smith yo vrè epi yo soti nan Bondye.

  • Konprann kontèks istorik Doktrin ak Alyans yo 67 la ta ka itil nan yon diskisyon sou seksyon sa a. Petèt yon manm nan klas la ta ka rezime sikonstans yo ki te mennen nan revelasyon sa a (gade Doktrin ak Alyans 67, antèt seksyon an; Sen yo, 1:140–43). Si nou te prezan nan reyinyon kote piblikasyon revelasyon yo te diskite a, ki rezon nou ta ka genyen pou n an favè ide a? Kisa nou ta ka di moun ki te enkyè poutèt enpèfeksyon nan langaj Joseph Smith yo? Kisa seksyon 67 la anseye nou konsènan pwofèt yo ak revelasyon? Manm yo nan klas la ta ka di kijan yo te vin konnen pou tèt pa yo ke revelasyon sa a yo se verite.

Doktrin ak Alyans 68:1–6

Pawòl enspire ki soti nan bouch sèvitè Senyè a se pawòl pa Senyè a.

  • Pou ede manm yo nan klas la diskite Doktrin ak Alyans 68:1–6, ou ta ka envite yo pou yo li vèsè sa yo an ti gwoup epi pataje youn avèk lòt verite yo te aprann konsènan ansèyman yo nan bouch sèvitè Senyè a. Envite gwoup yo pou yo pataje youn avèk lòt kijan prensip yo anseye nan vèsè 4 yo se verite. Manm yo nan klas la ta ka pataje eksperyans yo lè yo te pale oswa anseye dapre “jan Sentespri a te anime yo” (vèsè 3) ak kijan Senyè a te avèk yo epi kanpe bò kote yo (gade vèsè 6).

  • Si w ta renmen diskite sou kjan vèsè sa yo aplike a ansèyman sèvitè Senyè yo bay nan konferans jeneral, deklarasyon Èldè Jeffrey R. Holland nan nan “Resous Adisyonèl yo” ta ka itil. Manm yo nan klas la ta ka pataje mesaj nan dènye konferans lan ki te fòtifye lafwa yo nan doktrin ki nan vèsè sa a yo tou.

Doktrin ak Alyans 68:25–31

Paran yo gen yon responsablite pou anseye pitit yo.

  • Èske gen moun ki paran nan klas ou a—oswa ki pa lwen vin paran? Petèt yo t ap benefisye nan pale konsènan konsèy Senyè a pou paran yo nan seksyon 68 la. Paegzanp, petèt kèk paran nan klas la ta ka chwazi yon prensip nan vèsè 25–28 la epi di kijan yo eseye anseye pitit yo bagay sa a yo (vèsè 29–31 yo gen kèk prensip enpòtan tou). Oubyen manm yo nan klas la ta ka pale kijan paran yo te anseye yo prensip levanjil la.

    Poukisa fwaye a se pi bon kote pou timoun yo aprann levanjil la? Kisa nou t ap di paran ki santi yo enkapab oswa depase pa responsablite pou anseye pitit yo.

    Imaj
    etid familyal

    Bondye bay paran yo responsablite prensipal pou yo anseye pitit yo.

Doktrin ak Alyans 70:1–4

Nou gen pou rann kont pou revelasyon Senyè a ba nou yo.

  • Senyè a te bay kèk nan frè yo responsablite espesyal osijè revelasyon yo pou yo te pote yo al Missouri epi sipèvize piblikasyon yo. Nan ki sans nou konsidere tèt nou kòm entandan pou revelasyon yo? Ki lòt ansèyman nan seksyon sa a konsènan responsablite ki ka aplike pou nou?

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Bondye pale ak nou jodia.

Èldè Jeffrey R. Holland te pataje kijan prensip la yo anseye nan Doktrin ak Alyans 68:4 la aplike pou konferans jeneral: “Mwen mande nou pou nou reflechi nan jou k ap vini yo non sèlman sou mesaj nou te tande yo men tou sou fenomèn espesyal ke konferans jeneral la reprezante limenm—kisa noumenm kòm Sen Dènye Jou nou kwè konferans sa yo ye ak kisa nou envite mond lan tande ak obsève konsènan yo. Nou temwaye pou chak nasyon, fanmi, lang, ak pèp ke Bondye non sèlman vivan men li ap pale tou, ke pou tan ak epòk pa nou an konsèy nou te tande yo, selon direksyon Sentespri a, ‘se volonte Senyè a, … se pawòl Senyè a, … se vwa Senyè a, ak pouvwa Bondye pou sali’ [Doktrin ak Alyans 68:4]” (“Yon anblèm pou Nasyon yo,” Ensign oswa Lyawona, Me 2011, 111).

Amelyore ansèyman nou

Ede manm klas yo pou youn sipòte lòt. “Chak moun nan klas ou a se yon sous temwayaj, ide, ak eksperyans abondan nan viv levanjil la. Envite yo pou youn pataje ak lòt epi pou youn elve lòt” (Anseye nan fason Sovè a,5).