Doktrin ak Alyans 2021
31 Me– 6 Jen. Doktrin ak Alyans 60–62: “Tout kò Fizik nan men mwen”


“31 Me– 6 Jen. Doktrin ak Alyans 60–62: Doktrin ak Alyans 60–62: ‘Tout kò Fizik nan men mwen,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“31 Me– 6 Jen. Doktrin ak Alyans 60–62,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
Rivyè Missouri

Kan sou Missouri a, pa Bryan Mark Taylor

31 Me– 6 Jen

Doktrin ak Alyans 60–62

“Tout kò Fizik nan men mwen”

Èldè Ronald A. Rasband te di: “Nou chak dwe fòtifye tèt nou spirityèlman toudabò epi apre fòtifye moun bò kote nou. Medite sou ekriti yo regilyèman, epi sonje panse ak santiman nou te fè eksperyans yo pandan nou t ap li yo” (“Pou Ou pa Bliye,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2016, 114).

Ekri Enpresyon ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Ou ka enspire yon diskisyon enteresan nan envite manm klas la pou yo reponn yon kesyon espesifik oswa yon ide ki gen rapò ak ekriti yo te li lakay yo. Paegzanp, ou ta ka envite yo pou yo pataje yon bagay yo te aprann semèn sa konsènan Pè Selès la oswa Jezikri.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 60:2–3, 7, 13–14; 62:3, 9

Senyè a kontan lè nou louvri bouch nou pou nou pataje levanjil la.

  • Kòm manm nan legliz la, nou konnen ke levanjil retabli a se yon gwo trezò ki beni lavi pitit Bondye yo. Donk poukisa pafwa nou ezite pou nou pataje temwayaj nou avèk lòt moun? Anvizaje envite manm klas la pou yo drese sou tablo yon lis kèk rezon poukisa nou ka pa louvri bouch nou pou nou pataje levanjil la. Manm klas la ta ka apresa li Doktrin ak Alyans 60:2–3, 7, 13–14; 62:39, pou jwenn mo oswa pasaj ki enspire yo pou yo pataje levanjil la. Yo ta ka drese lis sou sa yo jwenn yo sou tablo a. Petèt manm klas la ta ka pataje yon eksperyans kote yo te simonte krent yo epi pataje levanjil la avèk yon moun.

  • Atravè Doktrin ak Alyans 60–62, genyen anpil ansèyman, ki deklare oswa souzantandi, konsènan pataje levanjil la. Pou ede manm klas la dekouvri ansèyman sa a yo, ou ta ka mande chak moun pou repase youn nan seksyon sa a yo epi pataje nenpòt bagay yo jwenn ki anseye yo konsènan pataje levanjil la. Li ka amelyore diskisyon an si nou li egzanp misyonè lòt kote nan ekriti yo (gade, paegzan, Ak 8:27–40; Alma 19:16–17) epi diskite kisa nou aprann ladan yo. Ki egzanp nou ka pataje apati pwòp lavi nou? Èske nenpòt manm klas la ka pataje kijan yo te premye tande pale de levanjil la ak kijan yo te santi yo konsènan moun ki te ba yo ansèyman sa? Klas ou an ta ka benefisye nan nan fè yon demonstrasyon diferan wòl kote nou ka “louvri bouch [nou]” epi pataje levanjil la.

    Imaj
    misyonè ki nan yon bis.

    Bondye vle pou nou pataje levanjil la avèk lòt moun.

Doktrin ak Alyans 60:2–4; 61:1–2, 20, 36–38; 62:1, 6

Ekriti yo ba nou ansèyman nou konsènan Jezikri.

  • Envite manm klas la pou ekri sou tablo a nenpòt bagay yo te aprann konsènan Sovè a semèn sa apati etid yo nan seksyon 60–62 a, ansanm ak vèsè ki an rapò yo. Oswa yo ta ka chèche nan Doktrin ak Alyans 60:2–4; 61:1–2, 20, 36–38; 62:1, 6 pou jwenn bagay ki anseye konsènan Sovè a. Ki istwa apati ekriti yo oswa pwòp lavi pa nou ki ilistre wòl ak atribi yo sou Sovè a ke nou te aprann? (paegzanp, Jan 8:1–11; Etè 2:14–15). Ou ta ka envite manm klas la pou yo pataje temwayaj yo sou Jezikri oswa an prive reflechi sou kisa li reprezante pou yo.

Doktrin ak Alyans 60:5; 61:22; 62:5–8

Senyè a vle pou nou pran kèk desizyon “selon jan sa sanble bon pou [nou].”

  • Anvizaje pou envite manm klas la pou yo li Doktrin ak Alyans 60:5; 61:22; 62:5–8 ak yon patnè oswa an ti gwoup epi pataje kisa yo santi ki ta ka reprezante mesaj Senyè a. Kilè yo te santi ke yo ta dwe itilize pwòp jijman pa yo nan pran yon desizyon? Panse pou w pataje deklarasyon Prezidan Dallin H. Oaks la nan seksyon “Resous adisyonèl” la kòm yon pati diskisyon an. Nan ki fason paran yo kapab ede pitit yo aprann prensip enpòtan sa a?

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Aji dapre pi bon jijman nou.

Prezidan Dallin H. Oaks te anseye:

“Yon dezi pou kite Senyè a dirije nou ka reprezante yon pwenfò, men li bezwen pou l akonpaye ak yon konpreyansyon ke Pè Selès nou an kite anpil desizyon selon chwa pèsonèl nou yo. Pran desizyon pèsonèl se youn nan sous pou pwogresyon nou gen pou nou fè eksperyans ak li nan mòtalite a. Moun ki eseye deplase tout desizyon y ap pran sou Senyè a epi sipliye pou jwenn revelasyon pral avan lontan rive nan sitiyasyon kote yo priye pou gidans epi pa resevwa li. Paegzanp, sa pi pwobab pou li ta rive nan anpil nan sitiyasyon yo kote nou fè chwa frivòl oswa okenn nan chwa yo pa akseptab.

“Nou ta dwe etidye bagay yo nan lespri nou, pandan n ap itilize pouvwa larezon Kreyatè a mete nan nou yo. Apresa nou ta dwe priye pou n jwenn gidans epi apresa aji an konsekans si nou resevwa li. Si nou pa resevwa gidans, nou dwe aji selon pi bon jijman nou”(“Pwenfò nou ka Tounen Rezon chit nou,” Ensign, Okt. 1994, 13–14).

Amelyore ansèyman nou

Konnen moun ki gen anpil difikilte yo. Li ka pa fasil pou ou detekte moun w ap anseye yo ki gen anpil difikilte yo. Men avèk èd Sentespri a ak dirijan ou yo, ou ka konnen pi bon fason pou lonje menm bay moun sila yo. (Gade nan Anseye nan Fason Sovè a, 8–9.)