Doktrin ak Alyans 2021
24–30 Me. Doktrin ak Alyans 58–59: “Gen bon dezi pou angaje nan yon bon kòz”


“24–30 Me. Doktrin ak Alyans 58–59: ‘Gen bon dezi pou angaje nan bon kòz,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“24–30 Me. Doktrin ak Alyans 58–59,“ Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch

Imaj
Ri nan Independance Missouri

Independence, Missouri, pa Al Rounds

24–30 Me

Doktrin ak Alyans 58–59

“Gen bon dezi pou angaje nan bon kòz”

Apre ou fin li Doktrin ak Alyans 58–59, refelechi sou kesyon sa yo: Kisa ou santi w enspire pou w pataje avèk klas la? Kisa ou espere ke yo pral dekouvri? Kijan ou pral ede yo dekouvri bagay sa yo?

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Pou ankouraje manm klas yo pataje sa yo te aprann nan etid yo sou ekriti yo, ou ta kapab ekri kesyon sa yo sou tablo a: Kisa nou te aprann? Kijan nou pral viv sa nou te aprann yo? Manm klas yo ta kapab drese lis verite yo te jwenn nan Doktrin ak Alyans 58–59 yo anba premye kesyon an. Apre sa, yo ta kapab pase kèk minit ap diskite ide pou ede yo viv selon verite sa yo epi ekri ide yo anba dezyèm kesyon an.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 58:1–5, 26–33

Benediksyon yo vini selon tan pa Bondye ak dilijans nou.

  • Doktrin ak Alyans 58 anseye verite ki ka pote lapè nan moman eprèv yo. Manm klas yo kapab te dekouvri kèk nan verite sa yo pandan etid yo nan seksyon sa a; envite yo pou yo pataje sa yo te jwenn. Oubyen yo ta ka chèche nan vèsè 1–5, 26–33 nan klas la, endividyèlman oswa an gwoup, pou yo ta jwenn yon bagay ki ta ka itil pou yon moun ki ap sibi advèsite oubyen ki ap tann yon benediksyon yo te pwomèt li. Apre yo fin pataje sa yo jwenn, petèt kèk nan manm klas yo ta ka pataje eksperyans oswa lòt ekriti ki te konfime verite ki nan vèsè sa yo.

  • Kòm yon pati nan diskisyon sou prensip sa a, ou ta ka pase pou yo videyo “Hope Ya Know, We Had a Hard Time” la (ChurchofJesusChrist.org) epi diskite sa nou ta ka fè pou ede moun ki ap travèse moman difisil. Sitasyon Sè Linda S. Reeves la nan “Resous Adisyonèl” yo ta ka ede tou nan diskisyon w lan. Kijan pawòl Sè Reeves yo afekte fason nou konsidere eprèv nou yo?

Doktrin ak Alyans 58:26–29

Nou ka “reyalize anpil lajistis;” avèk “pwòp volonte pa nou.”

  • Kisa manm klas yo te aprann nan etid yo sou Doktrin ak Alyans 58:26–29 la semèn sa a? Petèt ou ta ka divize klas la an gwoup epi envite manm klas yo pou yo diskite nan gwoup yo pasaj yo te twouve ki gen enpòtans nan vèsè sa yo. Kijan vèsè sa yo ka enspire nou pou nou “reyalize anpil lajistis”? (vèsè 27). Poukisa Senyè a pa vle pou nou se moun “yo fòse fè tout bagay,”? (vèsè 26). Kisa vèsè sa yo sigjere konsènan sa Senyè vle pou nou devni?

Doktrin ak Alyans 59:9–19

Saba a se jou pa Senyè a.

  • Pou ede manm klas la eksplore sa Senyè a te anseye premye Sen yo nan Missouri konsènan Saba a, ou ta ka envite yo pou chèche nan Doktrin ak Alyans 59:9–19 epi fè yon lis sou sa chak vèsè anseye nou konsènan Saba a sou tablo a. Manm klas la ta ka pataje tou kijan temwayaj yo sou Saba a te grandi pandan yo te sanktifye jou saba a. Sabbath.ChurchofJesusChrist.org gen kèk videyo ki ta ka ede demare yon diskisyon.

  • Nan Doktrin ak Alyans 59, Senyè a te anseye konsènan jou Saba a avèk mo tankou “rejwisans,” “bon aparans,” ak “kè kontan,” (vèsè 14–15). Manm klas la ta ka chèche jwenn mo tankou sa yo nan vèsè 9–19. Apre sa, yo ta ka pataje sa yo fè pou yo gen lajwa nan jou Saba a. Kijan nou ta ka itilize vèsè sa yo pou nou anseye lòt moun poukisa nou onore jou Saba a?

  • Diskisyon sa a ta ka tounen yon opòtinite tou pou manm klas la pataje ide yo konsènan fason yomenm ak fanmi yo itilize Saba a pou fè fwaye yo tounen sant pou aprantisaj levanjil la pou yo. Envite yo pataje kijan efò yo te ede yo rete “pi pwoteje … kont salte mond lan” (vèsè 9).

    Imaj
    pen ak kèp sentsèn yo

    Sentsèn nan se yon pati esansyèl nan onore Saba a.

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Tribilasyon nou yo ka gide nou rive kote Sovè a.

Linda S. Reeves, ansyen manm nan Prezidans Jeneral Sosyete Sekou a, te anseye:

“Senyè a pèmèt nou sibi tès ak eprèv, pafwa jis nan nivo kapasite maksimòm nou. Nou konn wè lavi moun nou renmen—epi petèt pwòp lavi nou—boule rapyetè nan sans figire e nou konn mande poukisa yon Pè Selès eman ak sousye fè kite bagay konsa rive. Men li pa abandone nou nan sann yo; li kanpe avèk bra li tou louvri, ap envite nou avèk ensistans pou nou vin jwenn Li. …

“… Li vle ede nou, rekonfòte nou, ak soulaje lapenn nou si nou konte sou pouvwa Ekspyasyon an ak onore alyans nou. Eprèv ak tribilasyon n ap sibi yo se ka petèt egzakteman bagay k ap gide nou al jwenn ni ak fè nou akwoche nan alyans nou yo pou nou kapab retounen nan prezans li pou n resevwa tout sa Papa a genyen yo” (“Reklame Benediksyon Alyans Nou yo,” Ensign oswa Lyawona, Nov. 2013, 119–20).

Amelyore Ansèyman Nou

Asire w ke w ap anseye vrè doktrin nan. “Toujou mande tèt ou: ‘Nan ki fason sa m ap anseye yo ap ede manm klas mwen yo devlope lafwa yo nan Kris la, repanti, fè ak kenbe alyans avèk Bondye, e resevwa Sentespri a?’“ (Anseye nan Fason Sovè a, 20).