Doktrin ak Alyans 2021
10–16 Me. Doktrin ak Alyans 49–50: “Sa ki soti nan Bondye se Limyè”


“10–16 Me. Doktrin ak Alyans 49–50: ‘Sa ki soti nan Bondye li se limyè,’” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: Doktrin ak Alyans 2021 (2020)

“10–16 Me. Doktrin ak Alyans 49–50,” Vini, Suiv Mwen—Pou Lekòldidimanch: 2021

Imaj
yon letan pandan solèy ap leve

10–16 Me.

Doktrin ak Alyans 49–50

“Sa ki soti nan Bondye li se limyè”

Nan bi pou “preche pawòl verite a pa mwayen Konsolatè a” (Doktrin ak Alyans 50:17), chèche enspirasyon divin nan medite sou Doktrin ak Alyans 49–50. Apresa rete dispoze pou jwenn direksyon Bondye pandan w ap anseye.

Ekri Enpresyon Ou

Imaj
senbòl pataj

Envite pataj

Anplis ke yo pataje ide ke yo te resevwa pandan yo t ap etidye ekriti yo, manm klas la ka benefisye de diskisyon sou fason moun resevwa lide sa yo. Ou ta ka envite manm klas la pou youn pataje avèk lòt ide yo konsènan yon vèsè nan Doktrin ak Alyans 49–50 epi diskite kisa ki te mennen yo nan ide sa yo.

Imaj
senbòl ansèyman

Anseye doktrin nan

Doktrin ak Alyans 49; 50:1–36

Verite yo nan levanjil la ka ede mwen rekonèt fo ansèyman yo.

  • Seksyon 49 la te vini pou afime vrè doktrin ki korije sa lòt moun t ap anseye yo (gade plan leson semèn sa nan Vini, Suiv Mwen—Pou Moun ak Fanmi yo pou jwenn kèk kontèks istorik). Pou ede manm klas la eksplore seksyon sa a, ou ta ka divize yo an gwoup epi bay chak gwoup youn nan sijè sou doktrinal yo kouvri yo (dapre lis ki nan antèt seksyon 49 la). Gwoup yo ta ka diskite kesyon ki pi ba yo: Ki verite Senyè a te anseye sou sijè sa a nan seksyon 49 la? Kisa moun kwè konsènan sijè sa a nan epòk nou an? Ki lòt verite Senyè a te anseye konsènan sa palentèmedyè pwofèt modèn nou yo? Bay manm klas la yon opòtinite pou pataje gratitid yo pou verite ki revele yo nan epòk nou an.

  • Tankou ansyen yo nan Kirtland nan ki “pa t konprann diferan fason espri a te manifeste yo” (Doktrin ak Alyans 50, antèt seksyon an), pafwa nou ap mande tèt nou si yon bagay nou santi oswa wè se nan Lespri a li soti oswa nan yon lòt sous. Kisa nou ka aprann nan Doktrin ak Alyans 50:1–36 la pou ede nou rekonèt enfliyans Lespri a? Ou ta ka kite manm klas la chwazi yon gwoup vèsè pou yo etidye epi apresa mande yo pou yo pataje sa yo jwenn.

Doktrin ak Alyans 49:15–17

Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay ki esansyèl nan plan Bondye a.

  • Paske maryaj fondamantal nan plan Pè Selès la, Satan pa janm sispann kreye konfizyon konsènan li. Klas ou a ta ka tire benefis nan drese yon lis sou tablo a sou verite yo ke Senyè a te revele konsènan maryaj yo. Paegzanp, ki verite konsènan maryaj nou aprann nan Doktrin ak Alyans 49:15–17 la? Lòt ekriti ki ka itil yo enkli Jenèz 2:20–24; 1 Korentyen 11:11; oswa lòt nou jwenn nan “Mayaj, Marye” nan Gid pou Ekriti yo (scriptures.ChurchofJesusChrist.org). Manm klas yo ta ka jwenn verite tou nan “Fanmi an: Yon Pwoklomasyon pou Mond lan.” Baze sou sa nou aprann nan resous sa yo, poukisa maryaj ant yon gason ak yon fi esansyèl nan plan Bondye a? (gade “Resous Adisyonèl”).

    Imaj
    yon koup ki deyò yon tanp

    Maryaj ant yon gason ak yon fi se yon bagay Bondye òdone.

Doktrin ak Alyans 50:13-22

Enstriktè ak elèv yo dwe edifye ansanm pa Lespri a.

  • Enstriksyon Senyè a bay sou preche ak resevwa verite a ka founi yon bon opòtinite pou diskite wòl nou genyen ansanm kòm enstriktè ak manm klas la nan ankouraje aprantisaj levanjil la. Anvizaje mande manm klas la pou repase Doktrin ak Alyans 50:13–22 avèk yon patnè epi diskite sou wòl Lespri a, enstriktè yo, ak elèv yo. Kèk nan gwoup yo ta kapab pataje avèk klas la sa yo aprann. Èske gen kèk “lòt fason” nou pafwa eseye anseye oswa aprann levanjil la? (vèsè 17). Kijan nou kapab vin pi bon nan resevwa selon Lespri a? Kisa nou jwenn enspirasyon pou nou fè nan fwaye nou ak nan legliz la pou amelyore ansèyman ak aprantisaj nou nan levanjil la?

Imaj
senbòl resous adiyonèl

Resous adisyonèl

Maryaj se yon bagay esansyèl nan plan Pè Selès la.

Èldè David A. Bednar te eksplike poukisa maryaj esansyèl nan plan Bondye pou sali a:

“Selon manda diven, gason ak fi la pou yo pwogrese ansanm pou rive nan pèfeksyon ak yon plenitid laglwa. Poutèt tanperaman ak kapasite yo ki diferan, gason ak fi yo chak pote pèspektiv ak eksperyans san parèy nan yon relasyon maryaj. Gason an ak fi a kontribye diferaman men egalman nan yon inyon ak yon inite ki pa ka akonpli nan okenn lòt fason. Gason an konplete epi pèfeksyone fi a epi fi a konplete ak pèfeksyone gason an pandan y ap aprann ansanm ak fòtifye mityèlman epi beni youn lòt. …

“Yon fwaye ki gen yon mari eman ak lwayal ak yon madanm se anviwònman siprèm ki ap pèmèt timoun yo grandi nan lanmou ak ladwati epi se kote bezwen espirityèl ak fizik timoun sa yo ka satisfè. Menmjan karakteristik espesifik pou gason ak fi yo kontribye nan rann yon relasyon maryaj konplè a, konsa tou karakteristik sa yo vital pou ede grandi, elve, ak anseye timoun yo” (“Maryaj se yon bagay Esansyèl nan Plan Etènèl Li a,” Ensign, Jen 2006, 83–84).

Amelyore Ansèyman Nou

Dirije diskisyon ki enspire. Chak moun gen yon bagay pou yo pote, men pafwa se pa tout moun ki jwenn chans pou fè sa. Dapre jan ou santi enfliyans Lespri a, chèche jwenn fason pou w ogmante kantite manm nan klas la ki pataje panse ak santiman yo.